Konferans Jeneral
Panse a Bagay Selès!
Konferans Jeneral Oktòb 2023


Panse a Bagay Selès!

Chwa nou yo pral detèmine kote nou pral viv pandan tout letènite, kalite kò nou pral resisite avèk li, epi moun nou pral viv avèk yo pou tout tan.

Chè frè m ak sè m yo, mwen pwofondeman rekonesan pou m pale avèk nou jodi a. Nan laj mwen chak jou nouvo pote sipriz alafwa ekstraòdinè ak difisil. Sa gen twa semèn, mwen te blese mis yo nan do m. Donk, pandan m te delivre plis pase 100 diskou konferans jeneral kanpe sou pye, jodia m te panse m t ap chita pou m fè sa. Mwen priye pou Sentespri a pote mesaj mwen an nan kè nou jodia.

Resaman m te selebre 99èm anivèsè m epi konsan antre nan 100èm ane lavi m. Souvan moun mande m sekrè pou viv lontan konsa. Yon pi bon kesyon se ta “Kisa mwen te aprann nan preske yon syèk ap viv?”

Tan jodia pa pèmèt mwen reponn kesyon sa konplètman, men kite m pataje youn nan leson ki pi krisyal mwen te aprann yo.

Mwen te aprann ke plan Pè Selès la pou nou an mèvèye, ke sa nou fè nan lavi sa a vrèman enpòtan, epi Ekspyasyon Sovè a se sa ki rann plan Papa nou an posib.1

Pandan m t ap redi anba doulè entans blesi resan mwen an te lakòz, mwen te santi apresyasyon ki pi pwofon pou Jezikri ak kado enkonpreyansib Ekspyasyon lI a. Panse sou sa! Sovè a te soufri “doulè ak afliksyon ak tantasyon yo sou tout fòm ”2 pou Li ka rekonfòte nou, geri nou, pote n sekou—nan moman bezwen yo.3 Jezikri te dekri eksperyans Li a nan Jetsemani ak sou Kalvè a: “Kalte soufrans la te lakòz mwen menm, ki se Bondye, pi gran nan tout, pou m tranble akòz doulè, epi pou m senyen nan chak twoudlo (pòr).”4 Blesi mwen an te lakòz mwen reflechi anpil anpil sou “grandè Moun Sen Izrayèl.”5 Pandan m ap geri, Senyè a te manifeste pouvwa diven Li nan fason pezib ak evidan.

Akòz Ekspyasyon enfini Jezikri, plan Pè Selès la se yon plan pafè! Yon konpreyansyon sou plan mèvèye Bondye a retire mistè nan lavi a ak ensètitid nan avni nou. Li pèmèt chak nan nou chwazi fason nou pral viv isist la sou tè a ak kote nou pral viv pou toutan. Nosyon san fondman ke nou ta dwe “manje, bwè, epi pran plezi, paske demen n ap mouri epi tout bagay ap fini byen pou nou an”6 se youn nan manti ki pi irasyonèl nan linivè a.

Me sa ki gwo nouvèl la nan plan Bondye a: bagay yo ki pral vtèman rann lavi mòtèl ou pi bon an se kapab egzakteman menm bagay yo ki pral rann lavi ou padan tout etènite yo pi byen ke li posib! Jodia, pou ede nou kalifye pou pakèt benediksyon Pè Selès la genyen pou nou yo, mwen envite nou pou n adopte abitid “panse a bagay selès!”7 Panse a bagay selès vledi rete spirityèlman fokis. Nou aprann apati pwofèt Jakòb nan Liv Mòmon an ke “rete fokis spirityèlman se lavi etènèl.”8

Mòtalite sa se yon klas metriz pou aprann chwazi bagay yo ki gen pi gwo enpòtans etènèl yo. Gen vrèman twòp moun k ap viv tankou si lavi sa a se tout sa k genyen. Toutfwa, chwa nou yo jodia pral detèmine twa bagay: kote nou pral viv pandan tout letènite, kalite kò nou pral resisite avèk li, epi moun nou pral viv avèk yo pou toutan. Donk, panse a bagay selès.

Nan premye mesaj mwen kòm Prezidan Legliz la, mwen te ankouraje nou pou kòmanse avèk fen an nan lespri nou. Sa vledi mete wayòm selès la kòm bi etènèl nou epi apresa atantivman konsidere kote chak desizyon nou yo pandan nou isit sou tè a pral plase nou nan mond k ap vini an.9

Senyè a te klèman anseye ke se sèlman fi ak gason ki sele kòm mari ak madanm nan tanp la, epi ki kenbe alyans yo, ki pral rete ansanm pandan tout letènite yo. Li te di: “Tout alyans, kontra, bon, obligasyon, sèman, ve, pèfòmans, koneksyon, asosyasyon, oswa atant yo, ki pa fèt, antre nan oswa sele pa Sentespri pwomès … genyen yon fen lè mesye yo mouri.”10

Konsa, si nou enpridaman chwazi pou viv lwa telès yo kounya, nou chwazi pou nou resisite avèk yon telès. Nou chwazi pou nou pa viv avèk fanmi nou yo pou toutan.

Donk, chè frè ak sè mwen yo, kijan ak ki kote epi avèk kimoun nou vle pou nou viv pou toutan? Se ou ki pou chwazi.11

Lè n ap fè chwa yo, mwen envite n pou pran vizyon pi lwen an—yon pèspektiv etènèl. Mete Jezikri an premye, paske lavi etènèl nou depann de lafwa nou nan Li ak Ekspyasyon Li a.12 Sa depann tou sou obeyisans nou pou lwa Li yo. Obeyisans prepare wout la pou nou gen yon lavi kè kontan jodia ak yon gran rekonpans etènèl demen.

Lè nou anfas yon dilèm, panse a bagay selès! Lè tantasyon ap teste nou, panse a bagay selès! Lè lavi a oswa moun ou renmen yo abandone w, panse a bagay selès! Lè yon moun mouri “prematireman,” pandan a bagay selès. Lè yon moun ap soufri avèk yon maladi devastan, panse a bagay selès. Lè presyon lavi a tonbe sou nou, panse a bagay selès! Pandan w ap rekipere de yon aksidan oswa blesi, jan m ap fè kounya, panse a bagay selès!

Lè nou fokis sou panse a bagay selès!, prepare n pou rankontre opozisyon.13 Sa gen kèk deseni, yon kòlèg pwofesyonèl te kritike m paske m te gen “twòp tanp” nan mwen, epi plis pase yon sipèvizè te penalize akoz lafwa mwen. M gen konviksyon, toutfwa, ke panse a bagay selès te amelyore karyè mwen.

Pandan n ap panse a bagay selès!, kè nou pral chanje gradyèlman. Nou pral anvi priye pi souvan ak pi sensèman. Tanpri pa kite priyè nou yo sanble tankou yon lis depans. Pèspektiv Senyè a transande sajès mòtèl nou. Repons Li pou priyè nou yo gendwa siprann nou epi pral ede nou panse a bagay selès.

Konsidere repons Senyè a pou Joseph Smith lè li te sipliye pou pote l sekou nan Prizon Liberty. Seyè a te anseye Pwofèt la ke tretman inimen li yo t ap ba li eksperyans epi se tap pou byen li.14 Senyè a te pwomèt, “si ou sipote byen,” “ Bondye ap leve ou anlè.”15 Senyè a t ap anseye Joseph pou l panse a bagay selès epi anvizaje rekonpans etènèl olye li fokis sou difikilte atwòs yo nan moman an. Priyè nou yo kapab se—epi ta dwe—konvèsasyon andirèk avèk Pè Selès nou an.

Lè nou panse a bagay selès, nou pral nan pozisyon pou evite tout bagay ki prive nou de libabit nou. Tout adiksyon—kit se jwèt, aza, dèt, dwòg, alkòl, kòlè, pònografi, sèks, oswa menm manje—ofanse Bondye. Poukisa? Paske obsesyon nou vin tounen bondye nou. Paske n konte sou sa nan plas Li pou konsolasyon. Si w ap redi avèk yon adiksyon, chèche asistans spirityèl ak pwofesyonèl ou bezwen. Tanpri pa kite yon obsesyon prive w de libète w pou suiv plan mèvèye Bondye a.

Panse a bagay selès pral ede nou obeyi lwa chastete a tou. Pa gen anpil bagay ki pral konplike lavi nou pi rapidman pase vyolasyon lwa diven yo. Pou moun ki te fè alyans avèk Bondye yo, imoralite se youn nan fason ki pi rapid pou pèdi temwayaj nou.

Anpil nan tantasyon ki pi enpitwayab advèsè a enplike vyolasyon purte moral. Pouvwa pou kreye lavi se yon privilèj spesyal divinite a ke Pè Sekès la pèmèt pitit Li yo egzèse nan mòtalite a. Konsa, Bondye tabli prensip klè pou itilizasyon pouvwa diven sa a. Entimite fizik se sèlman pou yon gason ak yon fi ki marye youn ak lòt.

Pifò moun nan mond lan pa kwè sa, men opinyon piblik se pa yon sous verite. Senyè a te deklare ke okenn moun ki pa gen chastete pa p rive nan wayòm selès la. Donk, lè n ap pran desizyon konsènan moralite, tanpri panse a bagay selès! Epi si ou gen pwoblèm chastete, mwen ankouraje ou pou repanti. Vin jwenn Kris epi resevwa pwomès Li pou padon konplè lè ou repanti konplètman pou peche ou yo.16

Lè nou panse a bagay selès, nou pral gade eprèv yo ak opozisyon nan yon fason diferan. Lè yon moun nou renmen atake kwayans nou, panse a bagay selès, epi pa kesyone temwayaj ou. Apot Pòl te pwofetize ke “nan dènye tan yo kèk moun pral abandone lafwa yo, nan prete atansyon ak espri sediktè yo, ak doktrin malen yo.”17

Pa gen yon fen nan twonpri advèsè a. Tanpri prepare nou. Pa janm pran konsèy nan men moun ki pa kwè. Chèche gidans ki soti nan sous ou ka fè konfyans—apati pwofèt yo, vwayan, ak revelatè yo epi apati chichotman Sentespri a, ki “ap montre nou nan tout bagay kisa nou ta dwe fè.”18 Tanpri fè travay spirityèl pou ogmante kapasite nou pou resevwa revelasyon pèsonèl.19

Pandan n ap panse a bagay selès, lafwa nou pral ogmante. Lè m te yon jèn entèn, m te konn touche $15 pa mwa. Yon aswè, madanm mwen Dantzel te mande m si mwen t ap peye ladim sou tikras salè sa a. M pa t ap fè sa. Mwen te repanti rapidman epi kòmanse peye $1.50 adisyonèl la nan dim chak mwa.

Eske Legliz la te vin diferan paske nou te ogmante dim nou? Natirèlman non. Toutfwa, vini yon peyè dim konplè te chanje mwen. Se lèsa mwen te aprann ke peye dim gen pou wè ak lafwa, men pa lajan. Kòm yon peyè dim konplè, fenèt yo nan syèl la te kòmanse louvri pou mwen. Mwen atribye anpil opòtinite pwofesyonèl apresa ak peman konplè dim mwen yo.20

Peye dim mande lafwa, epi tou li bati lafwa nan Bondye ak Pitit Gason Byeneme Li a.

Chwazi pou viv yon lavi vètye nan yon mond seksyalize, politize bati lafwa.

Pase plis tan nan tanp lan bati lafwa. Epi sèvis ak adorasyon ou nan tanp lan pral ede ou panse a bagay selès! Tanp lan se yon lye revelasyon. Ladan yo montre nou kijan pou pwogrese nan direksyon yon lavi selès. Ladan nou rapwoche pi pre Sovè a epi resevwa pi gwo aksè nan pouvwa Li. Ladan nou jwenn gidans nan rezoud pwoblèm yo nan lavi a, menm pwobèm ki pi anbarasan yo.

Ȯdonans ak alyans yo nan tanp lan gen enpòtans etènèl. Nou kontinye ap bati plis tanp pou rann posiblite sakre sa yo yon reyalite nan lavi nou chak. Jodia, mwen rekonesan pou m anonse plan nou pou bati yon nouvo tanp nan chak 20 kote sa yo:

  • Savai’i, Samoa

  • Cancún, Meksik

  • Piura, Pewou

  • Huancayo, Pewou

  • Viña del Mar, Chili

  • Goiânia, Brezil

  • João Pessoa, Brezil

  • Calabar, Niieria

  • Cape Coast, Gana.

  • Luanda, Angola

  • Mbuji-Mayi, Repiblik Demokratik Kongo

  • Laoag, Filipin

  • Osaka, Japon

  • Kahului, Maui, Hawaii

  • Fairbanks, Alaska

  • Vancouver, Washintonn

  • Colorado Springs, Kolorado

  • Tusla, Oklahoma

  • Roanoke, Virginia

  • Ulaanbaatar Mongoli

Senyè a ap gide nou pou nou bati tanp sa yo pou ede nou panse a bagay selès. Bondye vivan. Jezi se Kris la. Legliz Li a te retabli pou beni tout pitit Bondye yo. Mwen temwaye konsa nan non sakre Jezikri, amèn.

Nòt

  1. Gade Jan 6:38.

  2. Alma 7:11.

  3. Gade Alma 7:12.

  4. Doktrin ak Alyans 19:18.

  5. 2 Nefi 9:40.

  6. 2 Nefi 28:7.

  7. Li gendwa parèt pi fasil pou repanti ak pwogrese sprirityèlman isit la, pandan espri nou ini avèk kò nou, pase nan pwochen mond lan ant lè nou mouri ak lè nou resisite. Jan Amilèk te anseye aposta Zoramit yo, “Lavi sa a se moman an … pou prepare pou rankontre Bondye” (gade Alma 34:32–35).

  8. 2 Nefi 9:39.

  9. Gade Mozya 4:30, kote Wa Benjamen avèti pèp li a: “Si nou pa veye tèt nou, ak panse nou yo, ak pawòl nou yo, ak aksyon nou yo, pou nou respekte kòmandman Bondye yo, e kontinye nan lafwa … , nou dwe peri.”

  10. Doktrin ak Alyans 132:7; italik te ajoute.

  11. Evidaman, libabit ou pa ka anile libabit yon lòt moun ak konsekans ki atache yo. Mwen te dezespere ap tann pou m te sele ak paran mwen yo. Toutfwa, mwen te oblije tann yo chwazi pou yo dote yo te gen plis pase laj 80 ane. Lèsa yo te sele kòm mari ak madanm, epi timoun yo nou te sele ak yo.

  12. Ekriti yo temwaye trè souvan ke kado lavi etènèl la posib sèlman merit, mizerikòd ak gras Sovè a Jezikri (gade, pa egzanp, Mowoni 7:41; gade tou 2 Nefi 2:6–8, 27

  13. Gade 2 Nefi 2:11.

  14. Gade Doktrin ak Alyans 122:7.

  15. Doktrin ak Alyans 121:8.

  16. Gade Ezayi 1:16–18; Doktrin ak Alyans 58:42–43.

  17. 1 Timote 4:1. Vèsè apre a kontinye, “Y ap pale manti nan ipokrizi, ou ta di yo boule ak yon fè cho” (vèsè 2 Pòl te deklare tou ke tout moun ki “viv nan sèvis Bondye ansanm ak Jezikri gen pou soufri pèsekisyon” (2 Timote 3:12).

  18. 2 Nefi 32:5, italik ajoute. Si nou mande, nou ka “resevwa revelasyon sou revelasyon, konesans sou konesans” (Doktrin ask Alyans 42:61).

  19. Gade Russell M. Nelson, “Revelasyon pou Legliz la, Revelasyon pou Lavi Nou,” Lyawona, Me 2018, 96.

  20. Sa pa vledi gen yon relasyon koz-ak- konsekans. Kèk moun ki pa janm peye dim resevwa opòtinite pwofesyonèl, pandan kèk moun ki peye dim pa jwenn. Pwomès la seke fenèt yo nan syèl la pral rete louvri pou peyè dim nan. Nati benediksyon yo pral varye.