Konferans Jeneral
Jezikri Se Trezò a
Konferans Jeneral Oktòb 2023


Jezikri Se Trezò a

Konsantre sou Jezikri. Li se Sovè ak Redanmtè nou, “liy” kote nou dwe gade a, ak pi gran trezò nou an.

An 1907, yon mesye Anglè rich ki te rele George Herbert, senkyèm Baron nan Carnarvon,1te demenaje al an Ejip epi l te vin enterese nan Akeyoloji. Li te apwoche l de yon Ejiptològ renome, Howard Carter, epi l te pwopoze l pou yo te asosye. Carter t ap sipèvize travay fouy akeoloji yo a, epi Carnarvon an t ap finanse l.

Ansanm, yo te eksplore yon varyete lokalite avèk siksè. Apresa, yo te resevwa pèmisyon pou yo te fè fouy nan Vale Wa yo, ki lokalize tou pre Luxor tan-modèn nan, kote yo te vin jwenn tonb anpil nan farawon yo. Yo te deside chèche tonb Wa Tutankhamun. Tutankhamun te monte sou twòn Ejip la plis pase 3,000 ane pase epi l te reye pou 10 ane avan lanmò sibit li a.2 Yo te konnen li te antere nan Vale Wa yo,3 men, plas tonbo a te enkoni.

Carter ak Carnarvon te pase senkan ap chèche tonb Tutankhamun nan san siksè. Alafen, Carnarvon te enfòme Carter ke li te fini avèk travay san rezilta sa a. Carter te sipliye l pou l te fè yon lòt sezon ap fouye, epi Carnarvon te chanje lide, li te aksepte finansman an.

Carter te reyalize ke tout etaj Vale Wa yo te deja fouye metodikman—eksepte yon zòn nan baz kan pa yo a. Nan lespas kèlke jou ap fouye kote sa a, yo te jwenn premye eskalye yo ki te mennen desann nan tonbo a.4

Lè Carter te finalman fè yon koudèy andedan antichanm tonbo Tutankhamun nan, li te wè lò tout kote. Apre prèske twa mwa ap kataloge bagay ki te nan antichanm nan, yo te ouvri kòfrefò tonbo sele yo an Fevriye 1923—sa gen 100 ane. Sete dekouvèt akeyolojik ki pi selèb nan ventyèm syèk la.

Pandan ane rechèch san rezilta sa yo, Carter ak Carnarvon pat pote atansyon a bagay ki te literalman anba pye yo a. Pwofèt Liv Mòmon an, Jakòb te di ke, lè nou pa valorize, oubyen manke valorize bagay ki tou pre nou, se kòmsi n ap “gade pi lwen liy nan.” Jakòb te predi ke pèp Jerizalèm nan pa t ap rekonèt Mesi pwomi an lè L te vini. Jakòb te pwofwtize ke yo t ap yon “pèp [ki] meprize pawòl ki klè … epi yo [t ap chèche] bagay yo pa kapab konprann. Se poutèt sa, paske yo avèg, yo te avèg poutèt yo gade pi lwen liy nan, yo dwe tonbe.”5 Otreman di, yo te pral trebiche.

Prediksyon Jakòb la te pwouve l egzat. Pandan ministè Jezi a, anpil moun te gade pi lwen liy n, pi lwen Li. Yo te gade pi lwen Sovè mond lan. Olye yo te rekonèt wòl Li nan akonpli plan Papa a, yo te kondane L ak krisifye L. Yo te chèche ak ret tann yon lòt moun pou pote sali ba yo.

Tankou pèp Jerizalèm nan, epi tankou Carter ak Carnarvon, noumenm tou ka dispoze pou gade pi lwen liy nan. Nou dwe pwoteje nou kont tandans sa a pou nou pa rate Jezikri nan lavi nou ak manke rekonèt pakèt benediksyon Li ofri nou yo. Nou bezwen Li. Yo konseye nou pou nou repoze “antyèman sou merit Limenm ki gen pouvwa pou l sove a. ”6

Li se liy nou. Si nou imajine enkòrèkteman ke gen nesesite pou yon bagay pi lwen pase sa L ofri a, nou nye oubyen diminye enpak ak pouvwa Li ka genyen nan lavi nou. Li reklame dwa mizèrikòd Li genyen epi Li lonje mizèrikòd sa a ban nou.7 Li se “sous orijinal [kote nou ta dwe] chèche remisyon pou peche [nou] yo.”8 Li se Avoka nou devan Papa a ak chanpyon nan fè sa Papa a te vle depi lontan, pou nou ka retounen kote L kòm eritye wayòm Li an. Nou bezwen, daprè pawòl pwofèt Alma, pou “voye je [nou] gade epi kòmanse kwè nan Pitit Gason Bondye a, kwè Li gen pou L vin rachte pèp Li a, Li gen pou L soufri epi pou L mouri pou L kapab ekspiye peche [nou] yo; epi Li gen pou L leve ankò nan pami mò yo, se sa ki pral reyalize rezirèksyon an.”9 Jezikri se trezò nou.

Sovè a ban nou anpil fason pou nou konsantre sou Li entansyonèlman, sa ki enkli opòtinite chak jou pou repanti. Kèkfwa, nou souzestime grandè benediksyon sa a Li ofri nou an. Lè m te gen yuitan, papa m te batize m. Apresa, m te kenbe men l pandan nou ta p al travèse yon lari chaje aktivite. M pa t ap pote atansyon epi m te desann sou twotwa a egzaktemen lè yon gwo kamyon t ap kouri pase. Papa m te rale m soti nan lari a, remonte sou twotwa a. Si l pat fè sa, kamyon an t ap frape m. Etandone m konnen jan m natirèlman dezòd, m te panse, “Petèt li t ap pi bon si kamyon an te touye m, paske m pap janm osi pwòp ke mwen ye kounyea apre batèm mwen.”

Kòm yon timoun-yuitan, m te fè erè pou m asime ke dlo batèm nan lave peche. Se pa sa. Nan ane yo depi apre batèm mwen an, m aprann ke se atravè pouvwa sakrifis ekspyatwa Jezikri a peche nou lave lè nou fè ak kenbe alyans batèm.10 Apresa, atravè don repantans la, nou ka rete pwòp. M te aprann tou ke sentsèn nan pote yon sèk vèti puisan nan lavi nou, ki fè nou kapab kenbe remisyon peche nou yo.11

Tankou trezò ki te anba pye Carter ak Carnarvon nan, benediksyon presye sentsèn nan disponib pou nou chakfwa nou patisipe nan reyinyon sentsèn. Nou gen pwomès ke Sentespri a ap konpayon konstan nou si nou apwoche sentsèn nan fason yon nouvo konvèti apwoche batèm ak konfimasyon, avèk kè brize ak lespri kontri, epi yon detèminasyon pou viv selon alyans batèm nan. Sentespri a beni nou avèk pouvwa sanktifyan Li a pou nou ka toujou kenbe remisyon peche nou yo, semèn apre semèn.12

Fondasyon spirityèl nou ranfòse atravè repantans, epi lè nou prepare konsyansyezman pou nou pran sentsèn nan avèk diyite. Se sèlman avèk yon fondasyon spirityèl ki solid nou ka sipòte lapli, van, ak delij senbolik n ap konfwonte nan lavi nou.13 Kontrèman, fondasyon spirityèl nou afebli lè nou sote reyinyon sentsèn nan volontèman oubyen nou pa konsantre sou Sovè a pandan sentsèn nan. San rann nou kont, nou ka “ekate [tèt nou] lwen Lespri Senyè a, pou l ka pa gen plas nan [nou] pou gide [nou] nan chemen sajès pou [nou] ka beni, pwospere, ak prezève.”14

Lè nou gen Sentespri a avèk nou, n ap enspire ak gide pou nou fè ak kenbe lòt alyans, tankou sa nou fè nan tanp yo. Nan fè sa nou apwofondi relasyon nou avèk Bondye.15 Ou ka te note anpil nouvo tanp te anonse nan ane ki sot pase yo pou pote tanp yo pi pre toujou a manm yo.16 Paradoksalman, lè tanp yo vin pi aksesib, li ka pi fasil pou nou vin pi san neglijan pou ale nan tanp. Lè tanp yo lwen, nou planifye tan nou ak resous nou pou vwayaje al nan tanp pou adore ladan l. Nou priyorize vwayaj sa yo.

Lè yon tanp disponib toupre nou, sa ka fasil pou nou kite ti bagay anpeche nou ale, nou di tèt nou, “Ebyen, m a ale yon lòt lè.” Lè nou abite pre yon tanp, sa ban nou anpil fleksiblite nan orè tan nou nan tanp la, men, menm fleksibilitte sa a ka fè l pi fasil pou nou souzestime tanp la. Lè nou fè sa, nou “manke liy nan,” nou souzestime opòtinite pou nou avanse pi pre Sovè a nan kay sen Li a. Angajman nou pou nou ale ta dwe omwen osi fò lè tanp la pre ak lè l lwen.

Apre Carter ak Carnarvon te fouye lòt kote nan Vale Wa yo ap chèche tonb Tutankhamun nan, yo te reyalize yo te gade pi lwen. Nou pa bezwen travay san siksè, jan yo te fè pandan yon bon tan, pou nou jwenn trezò nou. Ni tou, nou pa bezwen konsèy nan sou egzotik, peye chè pou sous tounèfepi panse konsèy konsa ap plis eklere nou pase sa nou ka resevwa nan men yon enb pwofèt Bondye.

Jan sa rapòte nan Ansyen Testaman an, lè Naman t ap chèche gerizon pou maladi lèp li a, li te endiye paske yo te mande l al plonje kò l set fwa nan yon rivyè òdinè. Men, li te pèsyade pou l suiv konsèy pwofèt Elize, olye pou l konte sou nosyon jijman pa l sou fason mirak la ta dwe fèt. Kòm rezilta, li te geri.17 Lè nou fè pwofèt Bondye ki sou latè a jodia konfyans, epi nou aji daprè konsèy li, n ap jwenn kè kontan. Nou pa bezwen gade pi lwen.

Frè m ak sè m yo, mwen ankouraje nou pou nou sonje Jezikri epi toujou konsantre sou Li. Li se Sovè ak Redanmtè nou, “liy” kote nou dwe gade a, ak pi gran trezò nou an. Lè nou vin jwenn Li, n ap rekonpanse avèk fòs pou fè fas devan difikilte lavi yo, kouraj pou fè sa ki byen, ak abilite pou akonpli misyon nou nan mòtalite. Nou dwe valorize opòtinite pou nou repanti, privilèj pou nou pran sentsèn, benediksyon pou nou fè ak kenbe alyans tanp yo, ak lajwa ke nou gen yon pwofèt vivan.

Mwen rann temwayaj sèten e solanèl mwen ke Bondye, Papa Etènèl la, se Papa nou ki nan Syèl la epi Li vivan; Jezi se Kris la; Li se Zanmi selès janti ak saj nou,18 epi sa a se Legliz retabli Li a. Mèsi pou lafwa nou ak fidelite nou. M priye pou nou beni, pwospere, ak prezève nan non Jezikri, amèn.

Nòt

  1. Non konplè senkyèm maki Carnarvon an se George Edward Stanhope Molyneux Herbert.

  2. Yon tomografi sou konpitè(CT) ki te fèt an 2005 endike Wa Tutankhamun ka te soufri yon frakti ouvè nan yonn nan zo janm li yo, petèt ki te mennen nan yon enfeksyon ak lanmò.

  3. Majorite nan Nouvo Wayòm Farawon Ejip la te antere nan Vale Wa yo. Majorite tonm sa yo te idantivye epi pi piye nan epòk antikite yo.

  4. Istwa sa a sou dekouvèt tonb Tutankhamen nan baze an premye sou Eric H. Cline, “King Tut’s Tomb,” nan Archaeology: An Introduction to the World’s Greatest Sites (2016), 60-66.

    Anpil faktè kontribye a chwa Carter ak Carnarvon pou yo te fouye kote yo te fouye a—ak kote yo pat fouye—nan Vale Wa yo. Zòn alantou premye etaj kan an pat imedyatman atiran pou yo fouye. Zòn triyangilè a te bay vizitè yo aksè a tonb Ramses VI, konsa fouye nan kote sa a te patikilyèman twoublan. Zòn nan te kouvri avèk, dapre pawòl Carter “yon kantite ti kay ki te bati pou ouvriye, ke sanble travayè tonb Ramses yo te itilize, [ak] pit twa pye tè ki chita anba yo.” Sa pa t pwobab ke tikay t ap bati anlè antre yon tonm (gade Howard Carter and A. C. Mace, The Tomb of Tut-ankh-Amen: Discovered by the Late Earl of Carnarvon and Howard Cartervol. 1 [1923], 124–128, 132).

    Pou lòt kontrandi sou dekouvèt tonm Tutankhamun nan, gade nan Zahi Hawass, Tutankhamun and the Golden Age of the Pharaohs2005); Nicholas Reeves, The Complete Tutankhamun: The King, the Tomb, the Royal Treasure1990), 80–83; and Nicholas Reeves and Richard H. Wilkinson, The Complete Valley of the Kings: Tombs and Treasures of Ancient Egypt’s Royal Burial Site2008), 81–82.

  5. Jakòb 4:14.

  6. 2 Nefi 31:19.

  7. Gade Mowoni 7:27–28

  8. 2 Nefi 25:26.

  9. Alma 32:22.

  10. Gade Doktrin ak Alyans 76:52.

  11. Gade nan David A. Bednar, “Teach to Build Faith in Jesus Christ” (mesaj li te bay nan seminè pou nouvo dirijan misyon yo, 23 jen, 2023); Rachel Sterzer Gibson, “Teach to Build Faith in Jesus Christ, Elder Bednar Instructs,” Church News, 23 jen, 2023, thechurchnews.com.

  12. Sepandan, sentsèn nan pat enstitye kòm yon mwayen presi pou sekirize remisyon pou peche nou yo (gade nan James E. Talmage, A Study of the Articles of Faith48th edition, Salt Lake City, Utah, 1967, page 175). Yon moun pa ka peche volontèman nan Samdi pou l espere ke tout sa l dwe fè se manje yon moso pen ak bwè yon vè dlo Dimanch pou l vin pwòp majikman. Men, efè siyifikatif Sentespri a ka netwaye tout moun ki repanti avèk yon kè sensè ak entensyon reyèl.

  13. Gade 3 Nefi 18:12–13.

  14. Mozya 2: 36.

  15. Prezidan Russell M. Nelson te di: “Bonye gen amou espesyal pou chak moun ki fè yon alyans avè L nan dlo batèm nan. Epi lanmou diven apwofondi pandan alyans adisyonèl ap fèt e kenbe fidèlman” (Russell M. Nelson, “Chwa pou Letènite}” [devosyon mondyal pou jèn adilt yo, 15 Me, 2022], Libreri Levanjil). Bann alyans ki sou chemen alyans la pa sèlman nan lòd, men, yonn ajoute sou lòt epi yo koòdone ansanm. Yo fasilite yon koneksyon ki pipre epi ki pifò avèk Bondye. Yon koneksyon konsa fè nou transfòme nan yon nivo pou imaj Li reflete sou aparans nou epi kè nou vin chanje grandman ak an pèmanans (gade nan Alma 5:14).

  16. Prezidan Nelson te eksplike, Seyè a “ap fè tanp Li yo pi aksesib. L ap akselere vitès nou nan konstwi tanp yo. L ap ogmante kapasite nou pou ede rasanble Izrayèl la. Epitou li rann li pi fasil pou nou chak vin espirityèlman rafine” (“Konsantre sou Tanp lan,” Liahona, Nov. 2022, 121).

  17. Gade nan 2 Wa 5:9–14.

  18. Gade nan “Je sais qu il vit, mon Rédempteur,” Cantiques, no. 73.