Konferans Jeneral
Sipòte Jou a nan Kris
Konferans Jeneral Oktòb 2023


Sipòte Jou a nan Kris

Jezikri rann li posib pou nou “sipòte jou a.”

Se te yon jou ki te ranpli ak parabòl presi ak dirèk, anpil kesyon konplèks, ak doktrin ki pwofon. Apre Li te fin pwononse yon reprimand pike pou tout moun ki te tankou “tonm yo blanchi nan simityè, deyò yo parèt byen bèl, anndan yo plen ak zosman mò ak tout kalite vye bagay pouri,”1 Jezi te anseye twa lòt parabòl ankò osijè preparasyon espirityèl ak chemen disip la. Youn nan yo se te parabòl dis vyèj yo.

“Se konsa, wayòm syèl la sanble ak dis vyèj ki te pran lanp yo, epi yo te soti al rankontre mesye marye a.

“Senk te tèt chaje, senk lòt yo te ge bon konprann.

“Tèt chaje yo te pran lanp yo ase. Yo pa t pote gaz rezèv.

“Men sa ki te gen bon konprann yo te pote yon boutèy plen gaz ansanm ak lamp yo.

“Pandan yo t ap tan mesye marye a ki te anreta, yo tout pran kabicha, dòmi vòlò yo.

“Epi nan mitan lannuit la, yon rèl pati: Men mesye marye a; ann al rankontre li.

“Dis vyèj yo leve, yo pran pare lanp yo.

“Epi tèt chaje yo mande sa k gen bon konprann yo: Tanpri, ban nou ti gout nan gaz nou pote a, paske lanp pa nou yo ap mouri.

“Men, sa ki te gen bon konprann yo reponn: Non, nou pa kapab, paske pa gen ase pou nou tout. Pito n al achte nan men machann yo.

“Antan tèt chaje yo al achte gaz la, mesye marye a vin rive. Senk vyèj ki te pare yo antre ansanm avè l nan kay nòs la. Yo fèmen pòt la dèyè yo.

“Pita, lè lòt vyèj yo vin rive, yo di: Mèt, Mèt, louvri pou nou.”2

“Men mesye marye a reponn yo: Sa m ap di nou la a, se vre wi, nou pa konnen m menm.”3

“Se poutèt sa, pa kite dòmi pran nou, paske, nou pa konnen ni ki jou, ni ki lè pitit Gason Lòm va rive.”4

Prezidan Dallin H. Oaks te poze yon kesyon ki mande refleksyon sou lè Mesye Marye a va tounen:5 “E si jou pou Li retounen an ta demen? Si nou te konnen nou ta pral rankontre Senyè a demen—atravè yon lanmò ki rive bonè oubyen si Li ta deside vini san nou pa atann—kisa nou t ap fè jodi a?”6

Mwen aprann apati eksperyans pèsonèl ke preparasyon espirityèl pou lè Senyè a va vini an pa sèlman esansyèl men se sèl mwayen pou n jwenn lapè ak lajwa.

Se te yon jounen frechè nan otòn lè premye fwa m te tande mo “Ou gen kansè” a. Mwenmenm ak mari m te sezi! Pandan nou t ap kondui retounen lakay nou an silans ap reflechi sou nouvèl la, kè m t ap panse ak twa pitit gason nou yo.

Nan lespri m mwen te mande Pè Selès la, “Èske m pral mouri?”

Sentespri a te soufle, “Tout bagay ap oke.”

Apresa mwen te mande, “Èske m ap viv?”

Ankò, repons la te vini, “Tout bagay ap oke.”

M te nan konfizyon. Poukisa mwen te resevwa menm repons la pou si m ap mouri ak pou si m ap viv la?

Epi toudenkou tout zantray mwen te ranpli ak yon lapè absoli pandan m te sonje: Nou pa t bezwen kouri ale lakay nou pou n montre pitit nou kijan pou yo priye. Yo konn kijan pou yo resevwa repons ak rekonfò nan lapriyè. Nou pa t bezwen kouri ale lakay nou pou n anseye yo ekriti yo oubyen pawòl pwofèt vivan yo. Pawòl sa yo te deja yon sous yo konnen ki bay fòs ak konpreyansyon. Nou pa t bezwen kouri ale lakay nou pou n anseye yo kisa Repantans ye, Rezirèksyon an, Retablisman an, Plan Sali a, fanmi etènèl, oubyen menm doktrin Jezikri a ye.

Nan moman sa a tout leson nan sware familyal nou yo, sesyon etid ekriti nou yo, priyè lafwa nou te ofri yo, benediksyon nou te bay yo, temwayaj nou te pataje, alyans nou te fè epi kenbe yo, lè nou te ale nan kay Senyè a, ak jan nou te obsève jou Saba a, yo tout te enpòtan—o, ala yo te enpòtan! Li te twò ta pou nou te mete gaz nan lanp nou. Nou te bezwen chak gren gout, e nou te bezwen li kounyea!

Gras a Jezikri ak levanjil retabli Li an, si m te mouri, fanmi mwen t ap gen rekonfò, fòs, epi yon jou yo te ka retabli. Si m te viv, mwen t ap jwenn aksè nan pi gran pouvwa ki genyen sou tè a pou ede delivre m, soutni m, ak geri mwen. Alafen, gras ak Jezikri, tout bagay ka byen pase.

Nou aprann nan yon etid detaye nan Doktrin ak Alyans yo kisa “byen pase” vle di:

“Epi nan jou sa a, lè m vini nan laglwa mwen, parabòl m te pale konsènan dis vyèj yo pral akonpli.

“Paske, moun saj yo ki te resevwa verite a, epi ki te pran Sentespri a pou gid yo, epi ki pa t egare yo—an verite m di w, yo p ap rache jete nan dife, men, y ap sipòte jou a.”7

Jezikri rann li posib pou nou “sipòte jou a.” Sipòte jou a pa vle di pou n ajoute ankò sou yon lis ki toujou ap ogmante. Reflechi sou sa yon loup fè. Objektif prensipal li se pa sèlman pou l fè yon bagay parèt pi gwo. Li kapab rasanble ak konsantre limyè pou fè l pi puisan. Nou bezwen senplifye, konsantre efò nou yo, epi vin moun ki rasanble Limyè Jezikri a. Nou bezwen plis eksperyans ki sen e ki bay revelasyon.

Nan nòdwès Izrayèl, gen yon chèn montay ke moun souvan rele “montay fèy ki pa chanje koulè.” Mòn Kamèl8 rete vèt pandan tout ane a grandman akozde yon ti kantite lawouze. Nourisman an fèt chak jou. Tankou “lawouze nan Kamèl yo,”9 lè nou chache nouri nanm nou “avèk nouriti lajistis,”10 “ti bagay senp yo,”11 temwayaj nou ak temwayaj pitit nou va viv!

Kounyea, nou gendwa ap panse, “Men Sè Wright, ou pa konn fanmi mwen. Nou vrèman nan difikilte e nou pa sanble a anyen konsa.” Ou gen rezon. Mwen pa kon fanmi w. Men yon Bondye avèk lanmou, gras, pouvwa, konesans, ak lagwa enfini konnen yo.

Kesyon ou gendwa ap poze yo se kesyon ou gen nan kè w ki lakoz yon doulè nan fon nanm ou. Nou ka jwenn kesyon konsa nan ekriti sent yo:

“Mèt, se mouri [fanmi m] ap mouri wi! Sa pa di Ou anyen?”12

“Kote ki gen lespwa pou mwen ankò?”13

“Kisa pou [m] fè pou nyaj tenèb sa a kapab sispann kouvri [mwen]?”14

“Kote nou ka jwenn konesans lan? Kote bon konprann lan ye menm?”15

“Kòman n ap fè aksepte tout bon bagay?”16

“Kisa W ta renmen M Fè?”17

Epi repons yo vini avèk anpil dousè:

“Èske w kwè nan sali pouvwa Kris la?”18

“Èske Senyè a te kòmande okenn moun pou yo pa patisipe nan bonte L?”19

“Èske nou kwè [Li] ka fè sa pou nou?”20

“Èske w kwè sa pwofèt yo di?”21

“Èske nou egzèse lafwa nan redanmsyon moun ki te kreye nou an?”22

“Èske Bondye k ap jije tout moun sou tè a ap fè lenjistis?”23

Chè zanmi m yo, nou paka pataje gaz nou, mwen nou kapab pataje Limyè Li. Gaz nan lanp nou an ap non sèlman ede nou “sipòte jou a” men an menm tan tout li kapab vin yon mwayen pou n mete limyè sou chemen ki mennen moun nou renmen yo al jwenn Sovè a, ki kanpe tou pre “avèk bra l ouvri pou l resevwa” yo.24

“Men sa Senyè a di; Sispann rèl ou yo. Siye dlo nan je ou. Sa ou te fè pou pitit ou yo p ap pèdi, …y ap tounen soti nan peyi lènmi yo.

“Gen bèl espwa pou demen, pitit ou yo pral tounen nan peyi yo. Se mwen menm Senyè a ki di sa.”25

Jezikri se “espwa pou demen.” Anyen nou ka genyen, oubyen nou ka fè, ka ale pi lwen pase kote sakrifis etènèl ak enfini Li an ka rive. Li se rezon ki fè istwa nou pa p janm fini.26 Se poutèt sa, nou “dwe avanse avèk fèmte nan Kris la, avèk yon esperans pafètman klè, e avèk yon lanmou pou Bondye ak tout moun. Se poutèt sa, si [nou] kenbe fèm, nou fè yon festen ak pawòl Kris la, e si nou pèsevere jiska lafen, gade Papa a di: N ap gen lavi etènèl.”27

Lavi etènèl se lajwa. Lajwa nan lavi sa a, kounyea—pa malgre pwoblèm jounen nou yo men gras ak èd Sovè a bannou pou n aprann de yo ak finalman simonte yo—ak lajwa san mezi nan lavi ki gen pou vini an. Dlo nan je ka seche, kè brize ka repare, nou ka jwenn sa ki te pèdi, enkyetid ka jwenn solisyon, fanmi ka retabli, e tout sa Papa an genyen ka vin pou nou.28

Gade Jezikri pou w kapab viv29 se temwayaj mwen nan non sakre ak sen “gadò nou an, k ap veye sou nanm nou,”30 Jezikri, amèn.

Nòt

  1. Matye 23:27.

  2. Matye 25:1–11.

  3. Tradiksyon Joseph Smith, Matye 25:11 (nan Matye 25:12, referans a).

  4. Matye 25:13.

  5. Eldè James E. Talmage te anseye: “Mese Marye a se Senyè Jezi; festen maryaj la se senbòl lè L ap vini nan tout glwa Li, pou resevwa nan Limenm Legliz la sou latè tankou lamarye Li. Vyèj yo senbolize moun ki pwofese yon kwayans nan Kris la, epi ki, poutèt sa, ak konfyans gen espwa pou yo pami moun ki ap beni pou yo fè pati nan festen an. Lamp ki limen an, ke chak jenn fi yo te pote, se ekspresyon vizib yon kwayans ak pratik Kretyen; e nan rezèv gaz fi ki te gen bon konprann yo nou ka wè fòs espirityèl ak abondans ke sèl dilijans ak devosyon nan sèvis Bondye ka pwomèt” (Jesus the Christ [1916], 578-79).

  6. Dallin H. Oaks, “Preparasyon pou Dezyèm Vini an,” Lyawona, Me 2004, 9.

  7. Doktrin ak Alyans 45:56-57; italik ajoute.

  8. “Lawouze ofri yon kantite imidite ki limite menm nan sechrès sezon ete an, epi li enpòtan pou rekòt sezon ete an tankou melon dlo. Pi pre rejyon an ye ak lanmè, gen plis chans pou gen lawouze menm nan nuit ki san van yo paske tè a vin pi frèt pase van ki touche sifas li a. An jeneral, plenn ki nan kotyè a gen plis lawouze pase rejyon ki entèn yo; pi rich lan se Mòn Kamèl, ki gen yon mwayèn 250 nuit ak lawouze chak ane” (Efraim Orni ak Elisha Efrat, Geography of Israel, 3zyèm rev. ed. [1971], 147).

  9. Doktrin ak Alyans 128:19.

  10. Mozya 23:18.

  11. Alma 37:6.

  12. Mak 4:38.

  13. Jòb 17:15.

  14. Elaman 5:40.

  15. Jòb 28:12.

  16. Mowoni 7:20.

  17. Travay 9:6.

  18. Alma 15:6.

  19. 2 Nefi 26:28.

  20. Matye 9:28.

  21. Travay 26:27.

  22. Alma 5:15.

  23. Jenèz 18:25.

  24. Mòmon 6:17.

  25. Jeremi 31:16– 17; italik ajoute.

  26. Gade Camille N. Johnson, “Envite Kris la Ekri Istwa Ou,” Lyawona, Nov. 2021, 82: “Kite advèsite ak afliksyon ki fè pati tout bèl istwa a vin yon mwayen pou w ka pwoche pi plis, epi vin plis tankou Jezikri.”

  27. 2 Nefi 31:20.

  28. Gade Doktrin ak Alyans 84:38.

  29. Gade Alma 37:47.

  30. 1 Pyè 2:25.