![](https://www.churchofjesuschrist.org/imgs/https%3A%2F%2Fassets.churchofjesuschrist.org%2Fe6%2F22%2Fe622bcfac48f7729ef7c0fb7ad4106d1316828bb%2Fe622bcfac48f7729ef7c0fb7ad4106d1316828bb.jpeg/full/!250,/0/default)
Ouvri Fenèt Syèl yo
Fenèt syèl yo ouvri nan anpil fason. Fè kalandriye Senyè a konyans, benediksyon yo toujou vini.
Chè frè ak sè m yo, pandan m te an Amerik di Sid resamman, Frè Rodger Parra ki se moun Venezyela, te pataje eksperyans sa a avèk mwen.
“An 2019, Venezyela te souke pa yon seri pwoblèm ki te koze yon blakawout pandan senk jou.
“Dezòd ak anachi t ap reye nan lari yo, epi anpil malere pa t gen ase manje.
“Kèk ladan yo te kòmanse piye biznis ki gen manje yo, yo te detwi tout sa ki te sou wout yo.
“Antanke pwopriyetè yon ti boulanje, mwen te gen anpil enkyetid pou biznis nou an. Antanke fanmi, nou te deside pou nou distribiye tout manje ki te nan boulanje nou an bay moun ki te nan bezwen.
“Pandan yon nuit ki te fè nwa anpil, te gen krazebrize tout kote. Sèl preyokipasyon m se te pou sekirite madanm mwen ak timoun byeneme mwen yo.
“Nan devanjou m te ale nan boulanje nou an. Tristeman, vòlè yo te detwi tout biznis manje ki te nan zòn nan, men mwen te etone anpil pou m te wè ke boulanje nou an te entak. Anyen pa t detwi. Mwen te enbleman di Papa m ki nan Syèl la mèsi.
“Lè m te rive lakay, m te pale fanmi m de benediksyon ak pwoteksyon Bondye.
“Yo te rekonesan anpil.
“Pi gran tigason m nan, Rogelio, ki te gen sèlman douzan, te di: ‘Papa! M konnen poukisa magazen nou an te jwenn pwoteksyon. Oumenm ak manmi toujou peye dim nou.’”
Frè Parra te konkli: “Pawòl Malachi yo te vin nan lespri m. ‘Mwen p ap kite cheni vini pou detwi rekòt jaden nou ankò, ni pou anpeche pye rezen nou yo donnen.’[Malachi 3:11]. Nou te mete nou ajenou epi nou te di Papa nou ki nan Syèl la mèsi avèk rekonesans pou mirak Li a.”1
Mete M Aleprèv pou Nou Wè
Se nan Bondye tout sa nou genyen ak tout sa nou ye soti. Antanke disip Kris la, nou pataje volontèman avèk moun ki bò kote nou.
Nan tout sa Senyè a ba nou yo, Li mande nou pou nou bay Limenm ak wayòm Li an sou tè a 10 pousan nan revni nou. Li pwomèt nou ke si nou onèt nan dim nou yo, L ap “ouuvri … fenèt syèl la epi L ap vide … yon benediksyon sou nou ki ap tèlman anpil p ap gen kote pou nou resevwa l.”2 Li pwomèt ke L ap pwoteje nou kont mal.3 Pwomès sa yo tèlman sèten,4 Senyè a deklare: “Se pou nou fè sa pou nou wè si mwen p ap kenbe pawòl mwen vre”5 yon pasaj nou pa jwenn okenn lòt kote nan ekriti yo.
Fenèt syèl yo ouvri nan anpil fason. Gen kèk ki tanporèl, men gen anpil ki espirityèl. Gen kèk ki sibtil e ki fasil pou moun neglije. Fè kalandriye Senyè a konyans, benediksyon yo toujou vini.
Nou pataje lapenn moun ki ap lite pou yo jwenn bagay ki nesesè nan lavi a. Resaman Legliz la te fè yon don 54 milyon dola ameriken pou pote sekou a timoun ak manman vilnerab toupatou nan mond lan.6 Epi avèk ofrann ki soti nan jèn nou fè chak mwa yo, chak semèn evèk nou yo ede dè milye moun ki bezwen manje sou tab yo, rad sou yo ak kote pou yo rete. Sèl solisyon pèmanan pou povrete nan mond sa a se levanjil Jezikri.7
Yon Zafè Lafwa
Apot Pòl te avèti ke sajès lèzòm konprann bagay lèzòm yo men gen difikilte pou konprann bagay Bondye yo.8 Mond lan pale de dim kòm lajan nou, men lwa sakre dim lan se sitou yon bagay ki konsène lafwa nou. Peye dim nou onètman se yon fason pou nou montre volonte nou pou nou mete Senyè an premye nan lavi nou, pi wo pase pwòp tèt nou ak enterè nou. Mwen pwomèt nou ke si nou mete konfyans nan Senyè a, benediksyon syèl yo ap vini.
Jezi te di: “Bay Seza sa ki pou Seza; epi bay Bondye sa ki pou Bondye.”9 Senyè resisite a te mande Nefit yo pou yo ekri nan rejis yo pwomès Li yo ke nou jwenn nan Malachi.10 Nan epòk pa nou an, Senyè a te rekonfime lwa diven dim lan, an deklaran: “Epi yo pral peye yon dizyèm nan tout enterè yo chak ane; epi sa pral yon lalwa regilye pou yo pou tout tan. Epi [yo] dwe peye yon dizyèm nan tout enterè yo chak ane; epi sa pral yon lwa pèmanan pou yo pou tout tan.”11
Senyè a te bay enstriksyon klè sou jan pou dim lan depanse, lè L te di: “Pote tout ladim lan nèt nan tanp lan,”12 sa vledi pote tout dim yo nan wayòm retabli L la, Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo.13 Li te bay enstriksyon ki di itilizasyon dim sakre sa yo dwe fèt nan lapriyè pa yon konsèy ki fòme avèk Premye Prezidans lan, Kolèj Douz Apot yo, Episkopa Prezidan an, “epi avèk vwa pa mwen m ap ba yo, deklarasyon Senyè a.”14
Fon Sakre Senyè a
Fon sakre sa yo, se pa pou dirijan Legliz la yo ye. Se pou Senyè a yo ye. Sèvitè L yo pafètman okouran de nati sakre entandans yo a.
Prezidan Gordon B. Hinckley te rakonte eksperyans sa a ke li fè l te timoun: “Lè m te piti, m te soulve yon kesyon avèk papa m … konsènan depans fon Legliz la. Li te raple m ke se yon obligasyon Bondye ban mwen pou m peye dim ak ofrann mwen. Lè m fè sa, [papa m te di], sa m bay la pa pou mwen ankò. Se pou Senyè a ke m konsakre l la li ye.” Papa l te ajoute: “Sa otorite yo nan Legliz la fè avèk li pa konsène [ou, Gordon]. Yo responsab devan Senyè a, ki pral mande yo pou yo bay eksplikasyon detaye pou aksyon yo.”15
Nou pwofondeman santi pwa “responsablite nou devan Senyè a.”.
Dim ak Ofrann Jenere
Apati dim ak ofrann jenere nou te konsakre pou Senyè a, ane pase, plis pase yon milya dola ameriken te sèvi pou beni moun ki nan nesesite.16
Nan responsablite kapital nou genyen pou nou pote levanjil retabli a toupatou nan mond lan, nou gen 69,000 misyonè ki ap sèvi nan 414 misyon.17 Akoze dim ak ofrann nou yo, misyonè yo kapab sèvi kèlkeswa sitiyasyon finansye fanmi yo.
Gen tanp ki ap bati toupatou nan mond lan an kantite ki pa t janm te egziste avan. Pou kounyeya, gen 177 tanp ki an fonksyon, gen 59 ki an konstriksyon oswa renovasyon, epi gen 79 lòt ki nan faz planifikasyon oswa konsepsyon.18 Dim nou yo ap pèmèt benediksyon tanp yo rantre yon seri kote sèl Senyè a te ka prevwa.
Gen plis pase 30,000 kongregasyon ki reyini nan dè milye chapèl ak lòt fasilite nan 195 peyi ak teritwa.19 Akoz dim fidèl nou yo, Legliz la ap tabli nan yon seri de kote byen lwen ke nou gendwa pa p janm vizite, pami sen jis ou gendwa pa p janm konnen.
Pou kounyeya, Legliz la sponsorize senk enstitisyon ansèyman siperyè.20 Enstitisyon sa yo sèvi plis pase 145,000 etidyan. Gen san di mil (110,000) kou yo anseye chak semèn ak nan seminè ak enstiti nou yo.21
Benediksyon sa yo ak anpil lòt ankò vini an gran pati gras ak jèn moun ak moun aje nan tout kalite sikonstans ekonomik ki peye yon dim onèt.
Se pa avèk kantite lajan moun bay yo mezire pouvwa espirityèl lwa diven dim lan, paske ni moun ki gen anpil lajan ni moun ki pòv resevwa kòmandman nan men Senyè a pou yo bay 10 pousan nan revni yo.22 Pouvwa a soti nan plase konfyans nan Senyè a.23
Abondans anplis Senyè a ki transmèt atravè dim jenere nou yo ranfòse rezèv Legliz la, lè l bay opòtinite pou l fè travay Senyè a avanse pi lwen pase nenpòt eksperyans nou fè deja. Senyè a konn tout bagay, e lè moman an rive, n ap wè bi sakre L yo reyalize.24
Benediksyon Vini nan Plizyè Fason
Benediksyon dim yo vini nan plizyè fason. In 1998, mwen te akonpaye Èldè Henry B. Eyring nan yon gwo reyinyon Legliz nan zòn Utah ke moun konnen kounyeya kòm Silicon Slopes, yon kominote ki gen gwo inovasyon nan teknoloji. Se te yon epòk pwosperite san rete, e Èldè Eyring te avèti Sen yo pou yo te pridan apwopo konpare sa yo te genyen avèk lòt ak nan vle plis. M ap toujou sonje pwomès li, ke lè yo peye yon dim onèt, dezi yo pou plis byen materyèl la ap diminye. Nan espas dezan, endistri teknoloji yo a te kraze. Anpil moun te pèdi travay yo, epi konpayi yo te lite pandan peryòd ajisteman finansye sa a. Moun ki te suiv konsèy Prezidan Eyring yo te beni.
Pwomès li a te raple m yon lòt eksperyans. M te rankontre Charlotte Hlimi ki te gen 12 an tou pre Carcasonne, Frans, an 1990 pandan m t ap sèvi kòm prezidan misyon. Hlimi yo se te yon fanmi fidèl, enb ki t ap viv nan yon ti apatman avèk uit timoun. Yo te gen yon foto Sovè a ak yon foto pwofèt la sou mi an. Nan entèvyou pou benediksyon patriyakal li a, m te mande Charlotte si li te peye yon dim onèt. Li te reponn: “Wi, Prezidan Andersen. Manman m anseye m ke gen benediksyon tanporèl ak benediksyon espirityèl ke nou resevwa lè nou peye dim nou. Manman m anseye m ke si nou toujou peye dim nou, nou p ap janm manke anyen. E Prezidan Andersen, nou pa janm manke anyen.”
Lè l te ban m pèmisyon pou m pataje istwa l la, Charlotte, ki gen 45 lane kounyea epi ki sele nan tanp, te di: “Temwayj sou ladim te trè reyèl nan moman an, e li menm pi solid kounyea. Mwen pwofondeman rekonesan pou kòmandman sa a. Pandan m ap viv la, mwen kontinye jwenn anpil benediksyon.”25
Yon jou, nou chak ap fini vwayaj nou sou tè a. Sa gen 24 ane, sèlman kèk jou avan bèlmè m, Martha Williams, te mouri anba kansè, li te resevwa yon ti chèk pa lapòs. Imedyatman li te mande Kathy chekye l la pou l te peye dim li. Kòm manman l te tèlman fèb epi li pa t kapab menm ekri, Kathy te mande l si l te ka ekri chèk la pou li. Manman l te reponn: “Non Kathy. M vle fè l pou kont mwen.” Epi apre sa li te ajoute trankilman:“M vle gen rezon devan Senyè a.” Youn nan dènye bagay Kathy te fè pou manman l se te renmèt evèk li a anvlòp dim li an.
Travay Enpòtan Bondye a
Frè m ak sè m yo, Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo “soti nan tenèb,”26 pou l pote benediksyon sou tout tè a. Ap gen moun ki ankouraje ak motive nou epi moun ki pa fè sa. M panse a pawòl nonm saj ki te rele Gamalyèl la, ki lè l te wè mirak Apot Pyè ak Jan yo, te avèti konsèy la nan Jerizalèm:
“Pa okipe [mesye sa yo] ankò: Si … travay yo a soti nan lèzòm, li gen pou l disparèt:
“Men, si l soti nan Bondye, nou p ap kapab kraze li; atansyon pou se pa avèk Bondye nou gen zafè!”27
Oumenm avèk mwen, nou fè pati travay enpòtan Bondye sou tè a. Li p ap disparèt men l ap kontinye avanse toupatou nan mond lan, pandan l ap prepare wout la pou retou Sovè a. Mwen temwaye de pawòl Prezidan Russell M. Nelson te deklare yo: “Nan jou k ap vini yo, nou pral wè pi gran manifestasyon pouvwa Sovè a ke mond lan pa t janm wè. Ant kounyeya ak lè Li retounen … Li pral vide anpil privilèj, benediksyon, ak mirak sou moun ki fidèl yo.”28
Sa se temwayaj mwen. Jezi se Kris la. Sa a se travay sakre Li. L ap vini ankò. Nan non Jezikri, amèn.