Konferans Jeneral
Plis Pase yon Ewo
Konferans Jeneral Oktòb 2023


Plis Pase yon Ewo

Mwen temwaye ke Jezikri se non sèlman ewo nou, Li se Senyè ak Wa nou, Sovè ak Redanmtè limanite.

Soti 1856 rive 1860, dè milye Sen Dènye Jou te rale tout sa yo te posede nan charyo amen pou plis pase 1.000 km pandan yo t ap vwayaje ale nan Vale Salt Lake la. Sa gen san swasannsizan semèn sa a, nan 4 Oktòb 1856, Prezidan Brigham Young te etone aprann ke te gen de konpayi charyo abra, Edward Martin ak James Willie t ap dirije, ki te toujou a dè santèn kilomèt de Salt Lake, pandan livè a t ap apwoche. Nan jou apre a, pa lwen kote nou reyini an jodia, Prezidan Young te kanpe devan Sen yo epi l te deklare, “Anpil nan frè ak sè nou yo nan plèn yo avèk charyo abra, epi nou dwe al chèche yo vin la a. … Ale epi mennen moun sa yo vini nan plèn yo konyea”2

Sèlman de jou apre, premye gwoup sekou yo te pati al chèche pyonye avèk charyo abra yo.

Yon manm nan konpayi Willie a te dekri sitiyasyon dezespere a anvan ekip sekou prensipal la te rive. Li te deklare, “Nan moman menm tout bagay te sanble yo te pèdi, epi te sanble pa te okenn rezon pou nou te viv la, … tankou yon kout loray ki te soti nan syèl klè a, Bondye te reponn priyè nou. Yon ekip sekou, ki te pote manje ak ravitayman …, te rive. … Ale nou te remèsye Bondye pou sekou nou an.”3

Pou pyonye yo, moun ki te pote sekou sa yo sete ewo, ki te pwòp riske lavi pa yo nan kondisyon tan ekstrèm pou yo te mennen otan moun yo te kapap lakay yo an sekirite. Yonn nan ewo sa yo sete Ephraim Hanks.

Nan mitan-Oktòb, kote l pa t menm konnen sityasyon charyo abra yo, Hanks t ap retounen lakay li nan Salt Lake apre yon vwaya lè, pandan nuit la, yon vwa te reveye l, ki te di, “Moun avèk charyo abra yo gen pwoblèm, epi yo bezwen w; èske vle ale pou ede yo?”

Avèk kesyon sa a ki t ap sonnen nan lespri li, li te kouri retounen Salt Lake City. Epi lè l te tande Prezidan Heber C. Kimball mande pou plis volontè, Hanks te mete deyò tousuit nan demen, nan wout, pou pote sekou. Paske l t ap deplase vit, li te depase lòt sovtè yo sou wout la, epi lè l te rive atenn konpayi Martin an, Hanks raple l: “Vizyon ki te devan je m nan lè m te antre nan kan yo pa p ka janm efase nan memwa m … [epi] l te ase pou te touche kè ki te pi andisi a.”4

Ephraim te pase plizyè jou ap mache soti nan yon tant al nan lòt ap beni malad. Li te rakonte ke, “nan anpil okazyon, pandan nou t ap beni malad yo, ak chase maladi yo nan non Senyè Jezikri, moun ki t ap soufri yo te leve imedyatman; yo te geri prèske menm moman an”5 Ephraim Hanks ap rete yon ewo ajamè pou pyonye charyo abra sa yo.

Menmjan avèk sekou remakab sa a, evenman ki fè enpak nan lavi nou yo e menm nan kous listwa yo souvan se rezilta desizyon ak akonplisman gason ak fi endividyèl—gran atis, syantis, dirijan antrepriz, ak politisyen. Nou souvan onore moun ekstraòdinè sa yo kòm “ewo,” avèk moniman ak memoryal nou bati pou komemore eksplwa yo.

Lè m te yon jèn gason, premye ewo m yo sete atlèt yo. Premye souvni m yo sete koleksyone kat bezbòl avèk foto ak statistik jwè Pigran Lig Bezbòl yo. Lè nou piti, “adorasyon ewo” ka amizan ak inosan … tankou lè timoun abiye tankou gran ewo yo prefere yo pou fèt Halloween. Byenke nou admire ak respekte anpil gason ak fi ki gen talan, ki remakab pou kapasite yo ak kontribisyon yo, nan degre nou “revere,” yo a, si nou fè eksè, sa ka ekivalan a pitit Izrayèl yo ki te adore tibèf an lò a nan dezè Sinayi a.

Lè nou adilt, sa ki yon fwa te yon amizman inosan nan anfans nou an ka vin yon pyèdachopman lè “adorasyon ewo” pou politisyen, bloggers, enfliyansè, atlèt oubyen mizisyen yo ka lakoz nou gade “pi lwen pase mak la”6 pou nou pa wè sa ki vrèman enpòtan an.

Pou pitit Izrayèl yo, pwoblèm nan se pa t lò a yo te pote avèk yo pandan vwayaj yo pou ale nan tè pwomiz la, men, sa yo te pèmèt lò a vin tounen an: yon idòl, ki te vin tounen objè adorasyon yo, ki te detounen atansyon yo lwen Jewova ki te separe Lanmè Wouj la epi delivre yo anba esklavaj la. Atansyon yo te bay tibèf la te gen enpak sou kapasite yo pou yo te adore vrè Bondye a.7

Ewo a—ewo nou an, kounyea ak pou tout tan—se Jezikri, epi nenpòt bagay ak nenpòt moun ki detounen nou lwen ansèyman L yo, jan yo ye nan ekriti yo ak nan pawòl pwofèt vivan yo, ka gen enpenk negatif sou pwogrè nou sou chemen alyans lan. Anvan kreyasyon mond sa a, nou te gade sou Jezikri lè sa te vin klè pou nou ke plan Papa nou ki nan syèl te pwopoze a, ki te enkli opòtinite nou pou pwogrese vin tankou L la, te anba atak.

Jezikri sete non sèlman premye moun ki t ap defann plan Papa nou an, men tou, Li te jwe wòl ki pi enpòtan ann nan enplantasyon l tou. Li te reponn apèl Papa a epi L te pòte l volontè pou L te ofri tèt li “kòm ranson pou tout moun,”8 pou peye yon dèt ke nou chak te pral kontrakte atravè peche, ke nou pa t ap ka peye pou tèt pa nou.

Prezidan Dallin H. Oaks te anseye, “Jezikri fè tout bagay ki esansyèl pou vwayaj nou atravè mòtalite a pou n al nan destine ki te planifye nan plan Papa nou ki nan Syèl la.”9

Nan Jaden Jetsemane a, lè L te devan yon tach akablan anpil, Sovè a te di bravman, “Se pa volonte pa m, men se pou volonte pa w ki pou fèt” epi Li te kòmanse pran sou tèt Li, doulè, maladi, ak soufrans konbine pou peche tout moun ki te gen pou yo viv.10 Nan yon zak obeyisans ak angajman pafè, Jezikri te konplete zak ewoyik siprèm sa a pou tout kreyasyon an, ki abouti a Rezirèksyon glorye L la.

Nan dènye konferans jenaral nou an, Prezidan Russell M. Nelson te raple nou: “Nenpòt kesyon oubyen pwoblèm nou genyen, n ap toujou jwenn repons la nan lavi ak ansèyman Jezikri yo. Aprann plis konsènan Ekspyasyon L lan, lanmou Li, mizèrikòd Li, doktrin Li a, ak levanjil gerizon ak pwogresyon L lan ki retabli a. Vire gade Li! Suiv Li!”11 Epi m ta ajoute, “Chwazi Li.”

Nan mond konplèks nou an, nou ka tante pou nou vire gade ewo sosyete yo nan efò nou pou pote klète a lavi a lè l parèt plen konfizyon oswa akablan. Nou achte rad yo sponsorize, nou anbrase politik yo adopte, epi nou suiv sijesyon yo pataje sou rezo sosyal. Sa petèt akseptab pou yon distraksyon tanporè, men nou dwe veye pou fòm adorasyon ewo sa a pa vin tounen tibèf lò pa nou. Chwazi ewo kòrèk la gen konsekans etènèl.

Lè fanmi m te rive an Espay pou nou te kòmanse sèvis nou kòm dirijan misyon, nou te jwenn yon sitasyon ankadre Èldè Neal A. Maxwell te pataje, ki gen relasyon avèk ewo nou chwazi pou nou suiv. Li te di, “Si nou pa chwazi wayòm Bondye a an premye, alafen, sa pa p fè onkenn diferans pou nenpòt sa nou te chwazi olyesa.”12 Frè m ak sè m yo, se lè nou chwazi Jezikri, Wa tout Wa yo, ke nou chwazi Wayòm Bondye a. Nenpòt lòt chwa se ekivalan chwazi ponyèt lachè, oubyen tibèf lò a, epi sa pap ede nou alafen.

Nan ansyen Testaman an, nan Liv DanyèI la, nou li istwa Chadrak, Mechak ak Abèdnego, ki te konnen klèman ki ewo pou yo te chwazi—epi se pa t okenn nan bondye Wa Nebikadneza yo. Yo te deklare avèk asirans:

“Bonye n ap sèvi a ka delivre nou anba founo dife a. …

Men, si sa pa fèt, nou vle w konnen, O wa, ke nou pa p sèvi bondye w yo, ni adore imaj annò a.”13

Jan Apot Pòl te anseye, “Gen anpil bondye,”14 epi, m ka ajoute, anpil swadizan ewo ke yo envite nou pou nou pwostène devan yo, adore yo, ak anbrase yo. Men, jan twa zanmi Danyèl yo te konnen an, gen sèlman Yon moun ki garanti pou L delivre—paske Li fè sa epi L ap toujou fè sa.

Pou noumenm, nan vwayaj nou pou retounen nan prezans Bondye, nan tè pwomiz nou an, se pa politisyen an, mizisyen an, atlèt la, oubyen vlogger a ki pwoblèm nan, men, pito, se lè nou chwazi pou nou kite yo vin tounen prensipal objè atansyon nou, epi nou konsantre sou yo alaplas Sovè ak Redanmtè nou an.

Nou chwazi Limenm, Jezikri, lè nou chwazi onore jou L la menmsi nou lakay oubyen an vakans. Nou chwazi Li lè nou chwazi pawòl Li yo atravè ekriti yo ak ansèyman pwofèt vivan yo. Nou chwazi Li lè nou chwazi pou nou gen yon rekòmandasyon tanp epi viv diy pou nou ka itilize li. Nou chwazi Li lè nou se patizan lapè epi nou refize gen kontansyon, “espesyalman lè nou gen diferans nan opinyon.”15

Oken dirijan pa janm montre plis kouraj, okenn imanitè pa montre plis jantiyès, okenn doktè pa geri plis maladi, epi okenn atis pa pi kreyatif pase Jezikri.

Nan yon mond ki plen ewo, avèk moniman ak mize ki dedye a eksplwa gason ak fi mòtèl, genyen Youn ki kanpe pi wo pase tout lòt yo. Mwen temwaye ke Jezikri se pa sèlman ewo nou, Li se Senyè nou ak Wa nou, Sovè ak Redanmtè limanite. Nan non Jezikri, Amèn.

Nòt

  1. Etid konsakre a konpayi charyo abra Willie ak Martin an enkli LeRoy R. Hafen and Ann W. Hafen, Handcarts to Zion: The Story of a Unique Western Migration, 1856–1860 1960); Rebecca Cornwall and Leonard J. Arrington, Rescue of the 1856 Handcart Companies (1981); Howard K. Bangerter and Cory W. Bangerter, Tragedy and Triumph: Your Guide to the Rescue of the 1856 Willie and Martin Handcart Companies, 2nd ed. (2006); ak Andrew D. Olsen, The Price We Paid: The Extraordinary Story of the Willie Martin Handcart Pioneers (2006).

  2. Brigham Young, “Remarks,” Deseret News,, Okt. 15, 1856, 252.

  3. John Oborn, “Brief History of the Life of John Oborn, Pioneer of 1856,” 2, nan John Oborn reminiscences and diary, circa 1862–1901, Bibliyotèk Istwa Legliz la, Salt Lake City.

  4. Istwa Ephraim K. Hanks, nan Andrew Jenson, “Church Emigration,” The Contributor, Mas 1893, 202-3.

  5. Hanks, nan Jenson, “Church Emigration,” 204.

  6. Jakòb 4:14.

  7. Gade Egzòd 32.

  8. 1 Timote 2:6; gade tou Matye 20:28.

  9. Dallin H. Oaks, “Kisa Sovè nou an te fè pou nou?,” Lyawona, Me 2021, 75.

  10. Gade Lik 22:39–44.

  11. Russell M. Nelson, “Repons La Se Toujou Jezikri,” Lyawona, Me 2023, 127

  12. Atribye a eklezyastik anglè 18tyèm syèk la, William Law; site nan Neal A. Maxwell, “Response to a Call,” Ensign, May 1974, 112.

  13. Gade Danyèl 3:13–18.

  14. 1 Korentyen 8:5.

  15. Russell M. Nelson, “Nou Bezwen Patizan Lapè,” Liahona, Me 2023, 98.