Konferans Jeneral
Don Lespri yo
Konferans Jeneral Oktòb 2023


Don Lespri yo

Konpayi konstan Sentespri a se youn nan pi gwo don espirityèl ke Sen Dènye Jou yo jwi.

Entwodiksyon

Resamman, rega mond spòtif la te konsantre sou Koup Dimond Feminen 2023 a ki te òganize an Ostrali ak Nouvèl Zelann. Atlèt tout klas mondyal ki te reprezante plis pase 200 ekip nasyonal nan tout mond lan te demontre kouraj, devouman, talan, ak atletis pandan yo t ap fè konpetisyon pou distenksyon ki te pi wo nan mond foutbòl la.

Nou emèveye pa anpil atis nan plizyè espò ak lòt disiplin ki atenn nivo ki pi wo nan sa yo reprezante yo. Nou pale de talan oswa don natirèl Bondye ba yo. Sa enkli moun ki gen don nan dans, jimnastik, mizik, bagay atistik, teyat, matematik, syans, ak plis toujou. Chak moun sa yo demontre don Bondye ba yo ke apresa yo rafine ak pèfeksyone atravè yon lavi travay di, etid ak pratik. Don Bondye bay yo pwodui moun ki gen talan.

Egzèse Don Espirityèl yo

Bondye, k ap gade atravè miwa levanjil la, dote pitit Li yo avèk anpil don espirityèl, sa ki fè yo vin moun ki espirityèlman plen talan. Manm nan Legliz la ki respekte alyans yo resevwa don Lespri yo, ki enkli don pou yo genyen yon temwayaj konsènan Jezikri kòm Sovè nou, don Sentespri a, don lafwa pou geri moun ak pou jwenn gerizon, don disènman, don pou resevvwa mirak, ak don sajès ak konesans.1 Senyè a envite nou pou nou onètman chèche pi bon don yo, menm don espirityèl yo. Li bay don espirityèl pou beni nou ak pou nou itilize pou beni lòt moun.2

Pou m retounen nan analoji nou an sou atis plen talan yo, li enpòtan pou nou sonje ke yon don poukont li pa p fè w vin mastè. Sepandan, malgre yon talan natirèl ekstraòdinè, se atravè anpil pratik ak gwo efò ke atis yo rafine ak pèfeksyone talan yo pou yo atenn pi wo nivo nan bagay atistik yo a. Menm don fizik sa yo ke resevwa ak devlope a souvan akonpaye pa langaj redoute ki di “travay asanblaj nesesè” a.

Menmjan tou, mwen obsève yon koub aprantisaj ki asosye avèk don espirityèl yo. Egzèse don espirityèl yo mande egzèsis espirityèl. “Pou nou jwenn gidans Sentespri a nan lavi nou, sa mande travay espirityèl. Travay sa a enkli priyè fèvan ak etid ekriti konsistan. Li enkli kenbe alyans nou yo ak kòmandman Bondye yo tou. Sa enkli pou nou pran sentsèn diyman chak semèn.”3

Ki fwi nou jwenn lè nou egzèse don espirityèl yo? Yo enkli enspirasyon nan men Sentespri a ki ede nou fè fas a bezwen kotidyen nou yo e ki montre nou kisa pou nou fè ak sa pou nou di ak benediksyon lapè ak rekonfò. Pandan n ap koute ak aji sou enspirasyon espirityèl sa yo, Sentespri a ap agrandi abilte ak kapasite nou pou depase sa nou kapab fè poukont nou. Don espirityèl presye sa yo ap ede nou nan tout aspè nan lavi nou.4

Konpayi konstan Sentespri a se youn nan pi gwo don espirityèl ke Sen Dènye Jou yo jwi.

Nan ki pwen don sa a enpòtan? Prezidan Russell M. Nelson te reponn kategorikman lè l te deklare ke: “nan jou k ap vini yo, li p ap posib pou nou siviv spirityèlman san gid, san direksyon, rekonfò, ak enfliyans konstan Sentespri a.”5

Kijan pou nou Envite ak Rekonèt Enspirasyon Lespri a

Pandan ministè m nan, mwen wè yon aspirasyon inivèsèl ke tout moun genyen ki se konnen kijan pou yo envite ak rekonèt enspirasyon Lespri a. Enspirasyon Lespri a bay yo trè pèsonèl epi yo vini nan fason diferan. Men, nou beni dèske nou gen pawòl pwofèt yo, ansyen ak modèn, ki ba nou ide valab sou fason pou nou resevwa direksyon nan men Lespri a.

Kite m ofri kat prensip enpòtan ki ka petèt pote asistans pou nou lè n ap envite ak rekonèt enspirasyon Lespri a.

Kanpe nan Kote ki Sen

Premye a se kanpe nan kote ki sen.6 Dènyèman m te pasitipe nan pòt ouvèt Tanp Tokyo Japon an. Repons pou envitasyon ofisyèl nou yo te voye bay medya yo ak Pèsonaj Enpòtan yo te depase sa yo te atann. Dè santèn moun te vini nan vizit tanp gide sa yo. Envite yo te pwofondeman touche pa bote tanp lan, enkli desen ak motif ki te gen gwo koneksyon tradisyonèl Japonè pwofon. Pi enteresan toujou sete reyaksyon respektye plen reverans envite yo te genyen lè yo te dekri òdonans ansestral yo nan sal kote yo pral pase a. Men sa k te pi plis puisan sete chichotman Lespri yo.

Youn nan moman sa yo avèk yon manm enpòtan nan gouvènman an rete grave nan lespri mwen. Apre yon moman silans plen meditasyon nan sal selès la, kote li te emosyonèlman e pwofondeman touche, li te chichote nan zòrèy mwen, “Menm lè m respire nan sal sa a parèt diferan.” Mwen te rekonèt ke l t ap eseye dekri prezans Sentespri a ki, anfèt, demere nan lye ki sakre. Si w espere santi Lespri a, ale nan yon lye kote Lespri a ka fasilman abite.

Tanp nou yo ak fwaye nou se lye ki pi sakre nan andwa konsakre sa yo. Ladan yo, nou pi fasilman envite ak rekonèt Lespri a. Lòt lye sakre yo enkli chapèl yo, batiman seminè ak enstiti yo, ak sit istorik Legliz yo ak sant vizitè yo. Kanpe nan kote ki sen yo

Kanpe kote moun ki Sen

Dezyèmman, kanpe bò kote moun ki sen. Mwen pral dekri dezyèm prensip enpòtan an avèk yon lòt souvni.

Mwen p ap janm bliye lè m te patisipe nan yon devosyon ki te fèt nan yon estad espò popilè. Abityèlman, estad sa a konn ranpli fanatik ki ap fè anpil bri pou yo aklame ekip yo e petèt menm lè yo wè lòt ekip advès la. Men jou swa sa a, atmosfè a te trè diferan. Estad la te ranpli avèk dè milye jèn moun ki te rasanble pou onore ak komemore lavi Pwofèt Joseph Smith. Reverans yo, ton kalm yo, rekonesans yo ak kè yo ki te plen lapriyè te ranpli estad la avèk prezans Sentespri a. Mwen te literalman wè sa nan figi yo. Sete don Sentespri a an aksyon, pou konfime temwayaj Joseph Smith ak Retablisman an.

Nou pa ka anpeche Lespri a prezan nan yon rasanbleman moun ki sen. Si w espere santi Lespri a, rete avèk moun ke Lespri a kapab fasilman demere kote yo. Sovè a te di l nan fason sa a: “Kote de ou twa moun rasanble ansanm nan non mwen, mwen la nan mitan yo” ”7 Pou jèn moun yo, konsidere rasanbleman moun ki sen nou yo: klas ak kowòm yo, konferans PFJ yo, ak seminè , ak aktivite pawas ak pieu yo—menmkoral pawas yo. Chwazi pou nou rete bò kote moun ki jis ak ale nan lye kote n ap jwenn bagay ki jis. Jwenn fòs nou nan kantite. Chèche bon zanmi. Rete bon zanmi. Se pou youn sipòte lòt kèlkeswa kote nou ye. Rete bò kote moun ki sen.

Temwanye sou Verite ki Sen yo

Twazyèmman, temwaye de verite ki sen yo osi souvan nou kapab. Konsolatè a souvan pataje vwa Li lè nou temwaye avèk vwa nou. Lespri a rann temwanyaj bay moun k ap pale a osibyen a moun k ap koute a.

Mwen sonje yon fwa m te fè yon trajè 45 minit nan taksi nan New York. Apre yon bèl konvèsasyon sou levanjil avèk chofè a pandan tout dire trajè ale ayewopò a, mwen te peye l epi m te prepare pou m te soti nan taksi a. Epi m te reyalize ke m pa t rann ni yon temwayaj apwopo sa m te pataje avèk li yo. Mwen te fè yon ti poz, epi m te pataje yon senp temwayaj kout, ki te envite Lespri a, ki te pote dlo nan je nou toulède.

Si nou chèche epi nou pwofite de opòtinite pou nou pataje temwayaj nou avèk lòt moun, n ap kreye moman pou rekonèt Lespri a pou tèt pa nou.

Koute Sentespri a

Dènye prensip la se koute Sentespri a. Li kapab konpayon konstan nou men, Li pale nan ton ki piti ak diskrè. Pwofèt Eli te twouve ke vwa Senyè a pa t nan van an, ni nan tranblemandtè a, ni nan dife a——men li sete “yon ti vwa trankil.”8 Se “pa t yon vwa loraj,” men olyesa, sete “yon ti vwa trankil nèt, kòm si sete yon chichotman”, men li ka “pèse menm nanm nou.”9

Prezidan Boyd K. Packer te deklare: “Lespri a pa atire atansyon nou nan fè gwo bri oubyen sekwe nou avèk yon men lou. Olyesa li chichote. Se yon karès ki si dousman ke si nou preyokipe, nou gen dwa pa santi l ditou.”10 Mwen konn obsève ke pafwa vwa Li si piti, oubyen mwen si preyokipe ke se yon moun mwen renmen ki kapte l pou mwen. Anpil fwa, mwen resevwa enspirasyon Sentespri a atravè madanm mwen, Lesa. Paran oubyen dirijan ki jis yo ka resevwa gidans enspire pou nou.

Bri, klamè, ak kerèl ki nan mond lan kapab leve pi wo pase enpresyon dous ak pezib Sentespri a. Chèche yon andwa trankil, yon lye sen kote w ka chèche resevwa direksyon nan men Lespri a.

Kèk Pawòl Avètisman11

Pandan w ap konsidere prensip sa yo pou envite ak rekonèt Lespri a, reflechi sou pawòl avètisman sa yo pou ede w asire enpresyon espirityèl ou yo.11

Konfime enpresyon espirityèl nou. Paregzanp, enpresyon ki soti nan Sentespri a ap konfòm avèk ekriti yo ak ansèyman pwofèt vivan yo.

Asire nou ke santiman nou resevwa yo konsistan avèk tach nou. Sof si ou aple pa bon otorite a, ou p ap resevwa enpresyon nan men Lespri a pou w konseye oswa korije lòt moun.

Nou pa ka fòse bagay espirityèl yo. Ou ka kiltive yon atitid ak yon anviwonman ki envite Lespri a, epi ou ka prepare tèt ou, men ou pa ka chwazi kòman ak kilè enspirasyon an ap vini. Gen pasyans ak konfyans ke w ap resevwa sa w bezwen lè moman an rive.

Itilize pi bon jijman ou. Pafwa nou vle pou Lespri a dirije nou nan tout bagay. Men, souvan Senyè a vle pou nou itilize entelijans Bondye ba nou an nan fason ki konsistan avèk pi bon konpreyansyon nou. Prezidan Dallin H. Oaks te anseye:

“Yon dezi pou kite Senyè a dirije nou ka reprezante yon pwenfò, men li bezwen pou l akonpaye ak yon konpreyansyon ke Pè Selès nou an kite anpil desizyon selon chwa pèsonèl nou yo. Moun ki eseye plase tout desizyon y ap pran sou Senyè a epi ki sipliye pou yo jwenn revelasyon nan chak chwa yo pral avan lontan twouve yo nan sitiyasyon kote yo priye pou gidans epi yo pa resevwa li.

“Nou dwe etidye bagay yo nan lespri nou. … Apresa nou dwe priye pou gidans epi aji an konsekans. … Si nou pa resevwa gidans, nou dwe aji selon pi bon jijman nou.”12

Konklizyon avèk yon Envitasyon

Kòm konklizyon, Sen Dènye Jou yo se yon pèp ki kenbe alyans. Sepandan, li rete a nou chak pou nou chèche egzèse don espirityèl nou yo epi apresa envite ak aprann rekonèt enspirasyon Lespri a. Kat prensip enpòtan pou asiste nou nan travay espirityèl enpòtan sa a se:

  1. Kanpe nan kote ki sen.

  2. Rete bò kote moun ki sen.

  3. Temwanye de verite sakre yo.

  4. Koute Sentespri a.

Kapasite nou pou envite ak rekonèt enspirasyon Lespri yo ap devlope yon etap alafwa. Vin pi an amoni avèk langaj Lespri a se tankou aprann yon lòt lang. Se yon pwosesis gradyèl ki mande efò dilijan ak pasyans.”13

Ann retounen kote nou te kòmanse a, epi tanpri sonje ke antanke Sen Dènye Jou, ou gen talan. Imajine sèn familye Dimanch jèn sa a, ke yo te dekri pou mwen resamman. Yon jèn timoun, kanpe sou yon tabourè, apèn vizib sou estrad la. Papa l kanpe bò kote li pou ba l ankourajman ak pou ese l nan mimire dousman nan zòrèy li pandan l ap di fyèman, “Mwen se pitit Bondye.”

Pwochen temwayaj ki te suiv la sete yon jèn adilt sèl ki te kòmanse avèk yon vwa enkyè: “Mwen swete m ta gen yon moun k ap chichote nan zòrèy mwen konsa.” Apresa, li te gen yon flach enspirasyon epi l temwaye, “Anfèt, mwen gen yon moun k ap chichote nan zòrèy mwen konsa—se Sentespri a!”

M ap fini avèk yon envitasyon espesyalman pou jèn yo! Anpil nan nou kòmanse jounen nou nan kanpe devan yon miwa. Demen, semèn sa a, ane sa a, tout tan, fè yon ti poz pandan n ap gade tèt nou nan miwa a. Panse ak tèt nou, oubyen di byen fò si nou ta renmen: “Waw, gade mwen!” Mwen enkwayab! M se yon Pitit Bondye! Li konnen mwen! Li renmen mwen! Dote avèk Sentespri a kòm konpayon konstan mwen!”

M ap ajoute temwayaj mwen pou noumenm, Sen Dènye Jou ki gen talan yo, konsènan Bondye Papa a, Jezikri, ak Sentespri a, ki rann temwayaj konsènan Yo. Nan non Jezikri, amèn.