Konferans Jeneral
Pouvwa Sèlman an
Konferans Jeneral Oktòb 2023


Pouvwa Sèlman an

Pouvwa sèlman an rann sali endividyèl ak egzaltasyon fanmi an inivèsèlmam disponib pou pitit Bondye yo.

Yo te bay pwofesi depi omwen epòk Ezayi a1 ke nan dènye jou yo ansyen pèp alyans Senyè a, kay Izrayèl la, t ap “tounen rasanble soti nan dispèsyon pwolonje yo a, soti nan zile sou lanmè yo, epi soti nan kat kwen tè a”2 epi retabli “nan peyi eritaj yo.”3 Prezidan Russell M. Nelson pale souvan e avèk pouvwa konsènan rasanbleman sa a ,“bagay ki pi enpòtan k ap fèt sou latè jodia.”4

Ki objektif rasanbleman sa a?

Selon revelasyon L te bay Pwofèt Joseph Smith, Senyè a te idantifye youn nan objektif yo kòm pwoteksyon pèp alyans la. Li te di, “Rasanbleman ansanm sou tè Siyon an, ak nan pieu li yo, [pral] fèt kòm yon defans, epi kòm yon refij kont siklòn, epi kont kòlè ki pral vide san mezi sou tout tè a.”5 “Kòlè” nan kontèks sa a gendwa entèprete kòm konsekans natirèl pou dezobeyisans jeneralize kont lwa ak kòmandman Bondye yo.

Sa ki pi enpòtan toujou, rasanbleman an se nan objektif pou pote benediksyon sali ak egzaltasyon yo bay tout moun ki pral resevwa yo. Sa se fason pwomès alyans Abraram te resevwa yo reyalize. Senyè a te di Abraram ke atravè desandans ak prètriz li a “tout fanmi ki sou tè a [t ap] beni, menm avèk benediksyon Levanjil la, ki se benediksyon delivrans yo, menm lavi etènèl.”6 Prezidan Nelson te eksprime l nan fason sa a: “Lè nou anbrase levanjil la epi nou batize, nou pran non sakre Jezikri sou tèt nou. Batèm se pòt ki mennen nan vin koeritye tout pwomès Senyè a te bay Abraram, Izaak, Jakòb ak posterite yo nan tan lontan an.”7

An 1836, Moyiz te parèt devan Joseph Smith nan Tanp Kirtland nan epi l te “remèt… kle rasanbleman Izrayèl yo soti nan kat kwen tè a.”8 Nan menm okazyon sa a, Elyas te parèt epi l te “remèt dispansasyon levanjil Abraram nan, lè l te di ke nan nou ak atravè nou tout jenerasyon apre nou yo pral beni.”9 Avèk otorite sa a, kounya nou pote levanjil Jezikri a—bòn nouvèl redanmsyon atravè Li a—bay tout kwen ak tout pèp sou tè a epi nou rasanble tout moun ki vle antre nan alyans levanjil la. Yo vin tounen “desandan Abraram, epi legliz la ak wayòm nan, ak moun Bondye chwazi.”10

Nan menm okazyon sa a nan Tanp Kirtland lan, te genyen yon twazyèm mesaje selès ki te parèt devan Joseph Smith ak Oliver Cowdery. M ap pale de pwofèt Eli, epi se kle ak otorite li te retabli yo ke m ap pale de yo jodia.11 Pouvwa pou valide tout òdonans prètriz yo epi rann yo irevokab alafwa sou tè a ak nan syèl la—pouvwa sèlman an—vital pou rasanbleman an ak preparasyon yon pèp alyans sou toude bò vwal la.

Dèzane avansa, Mowoni te eksplike klèman pou Joseph Smith ke Eli t ap pote otorite prètriz esansyèl la: “Mwen pral revele Prètriz la, anba men Eli pwofèt la.”12 Nan apre, Joseph Smith te eksplike: “Poukisa yo te voye Eli? Paske li detni kle otorite pou administre nan tout òdonans yo nan Prètriz la; epi [si] yo te bay otorite a, òdonans yo pa t ap ka administre nan lajistis”13—ki vledi, òdonans yo pa t ap valid ni pou letan ni pou letènite.14

Nan yon ansèyman ki kanonize kounyea nan Doktrin ak Alyans yo, Pwofèt la te deklare: “li ka sanble pou kèk moun ke doktrin n ap pale a twò dirèk—yon pouvwa ki anrejistre oubyen ki lye sou tè epi ki lye nan syèl la. Sepandan, nan tout epòk nan mond lan, nenpòt lè Senyè a bay nenpòt moun yon dispansasyon prètriz la pa mwayen revelasyon reyèl oubyen pa lantremiz yon gwoup moun, yo toujou resevwa pouvwa sa a. Konsa, nenpòt bagay moun sa yo te fè avèk otorite, nan non Senyè a, epi si yo te fè l an verite avèk lafwa, epi si yo kenbe yon rejis fidèl ki apwopriye sou sa, li vin tounen yon lalwa sou tè a ak nan syèl la, epi li pa t kapab anile, daprè dekrè gran Jewova.”15

Nou gen tandans panse ke otorite sèlman an aplike sèlman pou kèk nan òdonans tanp yo, men otorite sa a nesesè pou rann nenpòt òdonans valid sou tè a ak nan syèl la.16 Pouvwa sèlman an konfere yon so legitim sou batèm ou, paregzanp, pou ke yo rekonèt li isit la ak nan syèl la. Alafen, tout òdonans prètriz ki akonpli anba kle Prezidan Legliz la, epi jan Prezidan Joseph Fielding Smith te eksplike a; “Li [Prezidan Legliz la] ba nou otorite, li mete pouvwa sèlman an nan prètriz nou an, paske li detni kle sa yo.”17

Gen yon lòt objektif esansyèl nan rasanbleman Izrayèl la ki gen yon siyifikasyon espesyal lè nou pale konsènan sèlman sou tè a ak nan syèl la—ki se konstriksyon ak operasyon tanp yo. Jan Pwofèt Joseph Smith te eksplike: “Kisa ki te bi rasanbleman … pèp Bondye a nan tout epòk nan mond lan? … Bi prensipal la se te pou te bati pou Senyè a yon kay kote Li ka revele bay pèp li a òdonans kay Li yo ak laglwa wayòm Li yo, ak pou anseye pèp la chemen sali a; paske gen kèk òdonans ak prensip ki, lè y ap anseye yo ak pratike yo, dwe fèt nan yon andwa oubyen yon kay ki bati pou bi sa a.”18

Validite ke pouvwa sèlman an bay òdonans prètriz yo enkli, evidaman, òdonans pa pwokirasyon yo ki akonpli pa vivan yo pou mò yo nan plas ke Senyè a deziyen an—tanp Li a. Ladan nou wè majeste ak sentete pouvwa sèlman an—li rann sali endividyèl ak egzaltasyon fanmi an inivèsèlmam disponib pou pitit Bondye nenpòt kote ak nenpòt lè yo ka te viv sou tè a . Okenn lòt teyoloji oswa filozofi ni otorite pa ka matche opòtinite ki enkli tout moun nèt. Pouvwa sèlman sa a se manifestasyon pafè jsitis, mizerikòd, ak lanmou Bondye.

Avèk aksè nan pouvwa sèlman an, nou natirèlman vire kote moun ki te ale avan nou yo. Rasanbleman nan dènye jou yo nan alyans la travèse antre nan vwal la. Nan lòd pafè Bondye a, vivan yo pa ka fè eksperyans lavi etènèl nan plenitid li san fòje lyen dirab avèk “papa yo,” zansèt nou yo. Konsa tou, pwogresyon moun ki deja nan lòt bò vwal la, oubyen ki pral yon jou travèse vwal lanmò a san benefis sèlman yo, pa konplè jiskaske òdonans pa pwokirasyon yo liye yo avèk noumenm, desandan yo, e noumenm avèk yo nan lòd diven an.19 Angajman pou ede youn lòt atravè vwal la ka klasifye kòm yon pwomès alyans, yon pati nan nouvo alyans etènèl la. Selon pawòI Joseph Smith, nou vle pou nou “sele avèk mò nou yo pou yo leve soti [avèk nou] nan premye rezirèksyon an.”20

Manifestasyon pi elve ak pi sakre pouvwa sèlman an se nan inyon etènèl yon gason ak yon fi nan maryaj avèk koneksyon limanite atravè tout jenerasyon yo. Paske otorite pou ofisye nan òdonans sa yo si sakre, Prezidan Legliz la pèsonèlman sipèvize delegasyon li bay lòt moun. Prezidan Gordon B. Hinckley te di nan yon okazyon, “Mwen te di anpil fwa ke si pa t gen okenn lòt bagay ki te soti nan tout lapenn ak agoni ak doulè retablisman an pase pouvwa sèlman prètriz sen an pou lye fanmi yo ansanm pou tout tan an, sa t ap vo tout sa l koute a.”21

San sèlman yo ki kreye fanmi etènèl yo epi ki lye jenerasyon yo isit la ak nan lavi apre a, nou t ap abandone nan letènite san okenn rasin ni branch—ki vledi, san okenn zansèt ni posterite. Se sitiyasyon dekonekte ak ensèten sa a nan moun yo, sou yon bò, oswa koneksyon ki defye maryaj ak relasyon familyal Bondye te etabliyo,22 sou lòt bò a, ki ta p kontrekare vrè objektif kreyasyon tè a. Si sa ta vin tounen nòmal la, se t ap ekivalan pou tè a ta frape pa yon malediksyon oswa “literalman gaspiye” lè Senyè a vini.23

Nou ka wè poukisa “maryaj ant yon gason ak yon fi òdone pa Bondye epi ke fanmi an se eleman santral nan plan a pou destine etènèl pitit Li yo.”24 Nan menm tan an, nou rekonèt ke nan prezan enpafè sa a, se pa yon reyalite oswa menm yon posiblite reyalis pou kèk moun. Men nou gen espwa nan Kris la. Pandan n ap apiye sou Senyè a, Prezidan M. Russell Ballard raple nou ke “ekriti yo ak pwofèt dènye jou yo konfime ke chak moun ki fidèl nan kenbe alyans levanjil yo ap gen opòtinite pou yo jwenn egzaltasyon”25

Gen kèk moun ki fè eksperyans sikonstans familyal malere ak malsen epi yo santi yon tikras dezi pou asosye avèk fanmi yo pou letènite. Èldè David A. Bednard te fè obsèvsyon sa a: “Pou nou ki te fè eksperyans chagren yon divòs nan yon fanmi oswa te santi agoni yon vyolasyon konfyans, tanpri sonje [ke modèl Bondye pou fanmi yo] kòmanse ankò avèk ou! Yon lyen nan chenn nan jenerasyon w yo gendwa kase, men lòt lyen jis yo ak sa ki rete nan chenn nan rete toutfwa etènèlman enpòtan. Ou ka ajoute fòs nan chenn ou an epi petèt menm ede restore lyen ki kase yo. Travay sa a pral akonpli youn pa youn.”26

Nan sèvis fineray Sè Pat Holland, madanm Èldè Jeffrey R. Holland, Jiyè pase a, Prezidan Russell M. Nelson te anseye: “Lè moman an rive, Patricia ak Jeffrey pral reyini. Yo pral apresa rejwenn pitit yo ak posterite yo ki fidèl nan alyans lan pou fè eksperyans plenitid lajwa ke Bondye genyen an rezèv pou pitit fidèl Li yo. Konesan sa, nou konprann ke dat ki pi enpòtan nan lavi Patricia se pa dat nesans li ni dat lanmò li. Dat ki pi enpòtan pou li sete 7 Jen 1963, lè limenm ak Jeff te sele nan Tanp St. George la. … Poukisa bagay sa a enpòtan konsa? Paske vrè rezon tè a te kreye sete pou fanmi yo te ka fòme epi sele youn ak lòt. Sali se yon bagay endividyèl, men egzaltasyon se yon bagay familyal. Pèsonn pa ka egzalte poukont li.”

Sa pa gen lontan, madanm mwen avèk mwen te rejwenn yon bon zanmi nan yon sal sèlman nan Tanp Bountiful Utah a. Mwen te rankontre zanmi sa a pou lapremyè fwa lè l te yon timoun nan Cordoba, Ajantin. Konpayon misyonè m avèk mwen t ap kontakte moun nan vwazinaj la jis a kèk blòk distans de biwo misyon an, epi li te louvri pòt la lè nou te rive lakay li. Nan moman apropriye, limenm ak manman l ak kèk manm fanmi l te antre nan Legliz la, epi yo toujou rete manm fidèl. Kounyea li se yon fi chaman, epi jou sa a nou te nan tanp lan pou l te sele paran l yo ki te mouri youn ak lòt epi apresa sele avèk yo.

Yon koup ki apre anpil ane te vin bon zanmi yo te reprezante paran l yo sou lotèl la. Sete yon moman plen emosyon ki te vin tounen pi enteresan toujou lè zanmi Ajantin nou an te sele avèk paran l yo. Te genyen jis sis nan nou prezan nan yon aprèmidi trankil lwen mond lan, e poutan sete youn nan bagay ki pi enpòtan ki te janm rive sou a. Sa te gratifyan pou mwen dèske wòl mwen ak asosyasyon m te boukle totalman soti nan moman kote kòm yon jèn misyonè m te frape nan pòt la rive jodia, apre pil ane sa yo, pou akonpli òdonans sèlman ki konekte l avèk paran li yo ak jenerasyon pase yo.

Sa se yon sèn ki dewiyke konstaman tout kote nan mond lan nan tanp yo. Sa se etap final la nan rasanbleman pèp alyans lan. Sa se pi gwo privilèj pou yon manm nan Legliz Jezikri a. Mwen pwomèt ke si nou fidèlman chèche privilèj sa a, nan letan oswa nan letènite, l ap rive asireman pou ou.

Mwen temwaye ke pouvwa ak otorite sèlman an ki retabli sou tè a atravè Joseph Smith la reyèl, ke an konsekans, sa ki lye sou tè a vrèman lye nan syèl la. Mwen temwaye ke Prezidan Russell M. Nelson, kòm Prezidan Legliz la, se sèl gason sou tè a jodia ki dirije itilizasyon pouvwa diven sa a atravè kle l yo. Mwen temwaye ke Ekspyasyon Jezikri a te fè imòtalite tounen yon verite epi posiblite relasyon fanmi egzalte yo yon reyalite. Nan non Jezikri, amèn.