Konferans Jeneral
Konpayon Konstan Nou an
Konferans Jeneral Oktòb 2023


Konpayon Konstan Nou an

ak mwen gen opòtinite pou nou gen Sentespri a kòm konpayon konstan nou.

Frè ak sè byeneme m yo, nan konferans sa a nou beni avèk anpil revelasyon. Sèvitè a Jezikri te pale epi pral pale pawòl verite, ankourajman, ak direksyon.

Temwayaj ki te rann nan konferans sa a te touche m pou m konnen ke Senyè a pale ak nou pèsonèlman atravè Sentespri a. Temwayaj yo ki pataje nan konferans sa a te touche e m konnen Senyè a pale ak nou pèsonèlman atravè Sentespri a.

Nou te tande Prezidan Russell M. Nelson avèti nou ankò ke: “nan jou k ap vini yo, li p ap posib pou nou siviv spirityèlman san gid, san direksyon, rekonfò, ak enfliyans konstan Sentespri a.”1

Avètisman pwofetik sa a te pouse m pou m medite sou sa m ta ka anseye timoun mwen yo, pititpitit, ak grangranpitit mwen yo konsènan kijan pou genyen gidans krisyal sa a nan jou difisil k ap tann yo pi devan.

Donk mesaj sa a jodia se yon tibout lèt pou desandan mwen yo ki gendwa ede yo lè mwen pa avèk yonan jou ekstraòdinè k ap vini yo. Mwen vle yo konnen sa mwen vin konprann ki ta ka ede yo.

Mwen vin konprann pi byen sa li pral mande pou yo ka genyen enfliyans konstan Sentespri a nan epòk ya p viv kounya. Epi mwen te santi m enspire pou pale jodia sou eksperyans pèsonèl mwen nan envite Sentespri a, pi pre ke mwen kapab, pou rete kòm konpayon kosntan mwen. Priyè mwen sèke mwen ka gen posiblite pou ankouraje yo.

Mwen ta renmen yo kòmanse reflechi sou pitit gason Elaman yo, Nefi ak Leyi, ak lòt sèvitè Senyè a ki t ap travay avèk yo. Yo te fè fas ak opozisyon fewòs. Yo t ap sèvi nan yon anviwònman mechan epi te oblije fè fas ak ipokrizi terib. M jwenn kouraj, e nou kapab tou, nan grenn vèsè sa a nan rejis Elaman an.

“Epi, nan swasann diznevyèm ane a, te kòmanse gen anpil diskisyon. Men, se te konsa, Nefi ak Leyi, ak anpil nan frè yo ki te konnen bon pwen doktrin yo, yo te gen anpil revelasyon chak jou, se poutèt sa, yo te tèlman preche pèp la, yo te sispann diskisyon yo nan menm ane sa a.”2

Resi sa aankouraje m, epi li ka ankouraje nou. Pitit gason Elaman yo te jwenn ansèyman ak gidans yon seri eksperyans avèk Sentespri a. Sa banm asirans ke nou ka jwenn ansèyman ak aprantisaj nan men Lespri a liy apre liy, resevwa sa nou bezwen, epi apresa lè nou pare, n ap resevwa plis.

Nan menm fason an mwen te ankouraje pa istwa Nefi a ki te jwenn rekèt pou l retounen nan Jerizalèm pou jwenn plak Laban yo. Nou sonje chwa li te fè a. Men li te di: “M prale e m ap fè sa Senyè a kòmande a.”3

Eksperyans Nefi a avèk Sentespri a nan misyon sa a te ban m ankourajman anpil fwa lè mwen te anbake nan responsablite m te konnen ki asiyasyon ki soti de a Senyè a men ki te sanble lwen ak eksperyans pase mwen epi odela sa m te kòm kapasite m.

Ou sonje as Nefi te di konsènan eksperyans li a: “Epi se te nan nuit; e m te fè [frè m yo] kache kò yo deyò miray yo. Epi lè yo te fin kache kò yo, mwen menm Nefi, m te glise kò m nan vil la e m te ale nan direksyon kay Laban.”

Li te kontinye pou l di, “Epi Lespri a te dirije m, san m pa konnen anvan ki sa m ta dwe fè.”4

Mwen te ankouraje pa konesans ke Nefi te jwenn gidans Lespri a minit pa minit pandan tout nuit la nan misyon l pou Senyè a.

Nou bezwen, epi ou pral bezwen, konpayi konstan Sentespri a. Bon, nou dezire li, men nou konnen pa eksperyans ke li pa fasil pou akonpli l. Nou chak panse, di, ak fè bagay nan lavi chak jou nou ki ka ofanse Lespri a.

Lè sa rive, e li pral rive, nou gendwa santi Senyè a dezapwouve nou. Epi nou gendwa tante pou nou santi n poukont nou. Li enpòtan pou nou sonje pwomès sèten nou resevwa chak semèn pandan nou repanti ak pran sentsèn nan, “pou yo kapab toujou gen Lespri l avèk yo.”5

Si nou te santi enfliyans Sentespri a jodia, nou ka pran sa kòm evidans ke Ekspyasyon an ap aji nan lavi nou.

Jan Eldè Jeffrey R. Holland te di: “Nenpòt lè moman ekstrèm sa yo rive sou nou, nou pa dwe sede devan krent ke Bondye te abandone nou oswa ke Li pa tande priyè nou yo. Li vrèman tande nou. Li vrèman wè nou. Li vrèman renmen nou.”6

Asirans sa a te ede m. Lè m santi m lwen Senyè a, lè repons pou priyè m yo sanble an reta, mwen te aprann suiv konsèy Prezidan Nelson an pou repase lavi m pou jwen opòtinite pou repanti. Li raple nou, ”Repantans chak jou se chemen ki mennen nan purte, epi purte pote pouvwa.”7

Si ou twouve tèt ou nan difikilte pou santi Sentespri a, ou gendwa medite si genyen nenpòt bagay ki mande pou nou repanti epi resevwa padon.8 Ou ka priye avèk lafwa pou konnen kisa pou fè pou nou vin netwaye epi konsa preske pi kalifye pou konpayi konstan Sentespri a.

Si ou vle resevwa konpayi Sentespri a, ou dwe vle li pou rezon apwopriye yo. Objektif ou dwe se objektif Senyè a. Si motivasyon ou yo twò egoyis, ou pral jwenn li difisil pou resevwa enpresyon Lespri a.

Kle a se pou w vle sa Sovè a vle. Motivasyon nou yo bezwen pou yo gide pa lanmou pur Kris la. Priyè nou yo dwe se se “Tout sa mwen vle se sa ou vle. Se pou volonte ou fèt.”

Mwen eseye sonje sakrifis Sovè a ak lanmou Li pou mwen. Lèsa, lè m priye Pè Selès la pou ba l remèsiman, mwen santi lanmou ak asirans ke Li tande priyè mwen epi m pral resevwa tout sa ki pi bon pou mwen ak pou moun mwen renmen yo. Sa fòtifye temwayaj mwen.

Nan tout bagay Sentespri a temwaye de yo, sa ki pi presye pou nou an gendwa se ke Jezi se Kris la, Pitit gason Bondye vivan an. Sovè a te pwomèt: “Lè Konsolatè a vini, sila m pral voye pou ou soti nan Papa a, ki se Lespri verite a, ki avanse soti nan Papa a, li pral temwaye de mwen.”9

Sa gen kèk ane, mwen te resevwa yon apèl telefonik de yon manman afole. Li te di m ke pitit fi li te deplase al viv lwen lakay li. Li te santi apati kontak limite li te genyen avèk pitit fi li ke gen yon bagay teribleman mal ki te pase. Li te sipliye m pou m te ede l.

M te twouve kiyès ki te enstriktè nan fwaye pou pitit fi li a. Ou ka di dapre non an ke sa gen anpil tan depi l te pase. M te rele li. Li te jèn. Men li te di m ke li ak konpayon toude te reveye nan lannuit avèk non sèlman sousi pou pitit fi a men avèk enspirasyon ke li te preske fè chwa ki t ap pote tristès ak soufrans. Avèk sèlman enspirasyon sa a ki soti de Lespri a, yo te soti al vizite l.

Odepa, li pa te vle pale yo de sitiyasyon l. Yo te sipliye l pou l te repanti epi chwazi vwa Senyè a te trase pou li a. Li te reyalize apresa, dapre mwen pa Lespri a, ke sèl fason yo te ka konnen sa yo te konnen konsènan lavi li sete apati Bondye Yon manm te remèt enkyetid lanmou li bay Pè Selès la ak Sovè a. Sentespri a te voye enstriksyon bay enstriktè nan fwaye sa yo paske yo te gen volonte pou sèvi Senyè a. Yo te suiv konsèy ak pwomès yo nou jwenn nan Doktrin ak Alyans yo:

“Se pou zantray ou tou chaje avèk charite pou tout moun, ak pou frè nan lafwa yo, epi se pou vèti gani panse ou san rete; apre sa konfyans ou ap grandi anpil nan prezans Bondye; epi doktrin prètriz la ap koule nan nanm ou tankou lawouze ki soti nan syèl la.

“Sentespri a ap konpayon ou tout tan, pwoteksyon ou san chanje, pwoteksyon lajistis ou ak verite ou; epi dominasyon ou ap yon dominasyon etènèl, epi san presyon l ap koule vin jwenn ou pou toujou ajamè.”10

Mwen temwaye ke Senyè a te kenbe pwomès Li. Sentespri a ap delege pou al jwenn manm fidèl ki fè alyans yo nan Legliz Jezikri a. Eksperyans ou yo pral unik pou ou, epi Lespri a pral gide nan fason ki pi apwopriye ak lafwa ak kapsite w pou resevwa revelasyon pou ou ak pou sila yo ou renmen ak sèvi yo. Mwen priye avèk tout kè mwen pou konfyans ou ka grandi.

Mwen rann temwayaj ke Bondye Papa a ap viv. Li renmen ou. Li tande chak grenn priyè w. Jezikri te priye pou Pap a voye Sentespri a pou gide, konsole, ak temwaye laverite pou nou. Papa a ak Pitit Gason Byeneme L la te parèt kote Joseph Smith nan yon touf pyebwa. Pwofèt Joseph Smith te tradui Liv Mòmon an pa don ak pouvwa Bondye.

Mesaje selès te retabli kle prètriz yo. Prezidan Russell M. Nelson se pwofèt vivan Bondye a pou tout tè a.

Kòm yon temwen pou Jezikri, mwen konnen ke Li vivan epi L ap dirije Legliz Li a. Ou ak mwen nou gen opòtinite pou genyen Sentespri kòm konpayon konstan nou epi resevwa konfimasyon verite sa yo pandan n ap sonje ak renmen Sovè a, repanti, ak mande pou lanmou Li demere nan kè nou. Mwen priye pou nou ka gen benediksyon ak konpayi Sentespri a jodia epi chak jou nan lavi nou Mwen renmen nou. Nan non sakre Jezikri, amèn.