Konferans Jeneral
Anfan Pwodig la ak Wout Ki Mennen Lakay la
Konferans Jeneral Oktòb 2023


Anfan Pwodig la ak Wout Ki Mennen Lakay la

Byenke kèk chwa ka te mennen nou lwen Sovè a ak Legliz Li a, Mèt Gerisè a kanpe sou wout k ap mennen lakay la, pou akeyi ou.

Yon Mesye te Gen De Pitit Gason

Gen kèk moun ki rele li pi gran istwa kout ki te janm rakonte.1 Paske li te tradui nan plizyè milye lang atravè mond lan, li toutafè posib ke pandan de milenè ki sot pase yo, solèy la pa t kouche san yo pa pran istwa sa a kòm referans yon kote nan mond lan.

Se Jezikri, Sovè ak Redanmtè nou an, ki te rakonte li, Li te vin sou tè a “pou sove sa ki te pèdi a.”2 Li te kòmanse avèk pawòl senp sa yo: “Vwala yon mesye ki te gen de pitit gason.”3

Imedyatman, nou aprann apwopo yon konfli dechiran. Yon pitit gason4 di papa l ke l fini ak lavi lakay la. Li vle libète l. Li vle kite kilti ak ansèyman paran li yo dèyè. Li mande pòsyon eritaj pa li a—kounyea.5

Èske w ka imajine kisa papa a te santi lè li tande sa? Lè l te reyalize ke sa pitit gason l lan te vle plis pase tout bagay sete kite fanmi an epi petèt pa janm retounen?

Gran Avanti a

Pitit gason an dwe te santi yon kontantman pou avanti ak eksitasyon. Anfen, li te poukont li. Libere anba prensip ak règleman nan kilti jenès li yo, li te ka finalman fè pwòp chwa pa li san paran l pa enfliyanse li. Pa gen santi koupab ankò. Li te kapab rejwi nan akseptans yon kominote ki te panse menmjan avèk li epi viv lavi l jan l vle.

Lè l te rive nan yon peyi byen lwen, byen vit li te fè nouvo zanmi epi li te kòmanse viv lavi l li te toujou reve a. Siman anpil moun dwe te renmen l anpil, paske li te depanse san kontwòl. Nouvo zanmi l yo—benefisyè aksyon pwodig li yo—pa t jije li. Yo te selebre l, yo te bat bravo pou li, e yo te sipòte chwa l yo.6

Si te gen rezo sosyal nan epòk sa a, siman, li t ap plen paj yo ak foto anime soou zanmi k ap ri: #Jwilavim! #Mwenpatjanmpikontanpasesa! #Mwentedwefèsadepilontan!

Famin

Men fèt la pa t dire—yo pa janm dire. De bagay te pase: premyèman, lajan a te fin, epi dezyèman, yon epidemi grangou te ravaje peyi a.7

Lè pwoblèm yo te vin pi mal, li te panike. Moun yon fwa ki te san kontwòl sa a, ki t ap byen jwi lavi l la kounyea pa t menm kapab achte yon plat manje, ki dire yon kote pou l te rete. Kijan l t ap fè siviv?

Li te plen jenewozite avèk zanmi l yo—èske yo t ap ede li kounyea? Mwen ka imajine li k ap mande yon ti sipò—jis pou moman an—jiskaske li retounen sou pye l.

Ekriti yo di nou, “Pèsonn moun pa t ba l anyen.”8

Nan dezespwa l pou l te rete vivan, Li te jwenn yon fèm lokal ki te anplwaye li pou l bay kochon manje.9

Sitèlman grangou kounyea, abandone epi poukont li, jèn gason an dwe siman t ap mande tèt li kijan bagay yo te fè vire mal konsa.

Se pat sèlman yon vant vid ki t ap boulvèse li. Sete yon nanm vid tou. Li te sitèlman sèten ke sede a dezi pwofàn li yo t ap fè kè l kontan, ke lwa moral yo sete obstak a kè kontan sa a. Kounyea li te konnen pi byen. E mezanmi, ala yon pri li te oblije peye pou konesans sa a!10

Pandan grangou fizik ak espirityèl li a t ap grandi, li te rekòmanse panse a papa li. Èske li t ap ede m apre tout sa ki te pase yo? Menm pi enb nan sèvitè papa l yo te gen manje pou yo te mange ak yon kote pou yo te dòmi.

Men retounen kay papa li?

Jamè.

Konfese bay vilaj li a ke li te gaspiye eritaj li a?

Enposib.

Fè fas ak vwazen ki siman te avèti li ke l t ap dezonore fanmi li epi brize kè paran li? Retounen vin jwen ansyen zanmi l yo apre l te fin fin vante tèt li pou di kijan l te lib?

Ensipòtab.

Men grangou, solitid, ak remò a te senpleman pa t vle ale—jiskaske “li te rantre nan limenm.”11

Li te konnen sa l te bezwen fè.

Retounen

Kounyea annou retounen sou papa a, mèt kay ki te gen kè brize a. Konbyen santèn, petèt dèmilye èdtan li te pase ap enkyete pou pitit gason l lan?

Konbyen fwa li te gade menm wout sa a pitit gason an te fè a epi reviv menm pèt sa li te santi lè pitit gason an te ale a? Konbyen fwa li te priye nan mitan nuit la, ap mande Bondye pou pitit gason an te an sekirite, pou l te dekouvri laverite, pou li ta retounen?

Epi, yon jou, papa a te gade sou menm wout solitè a—wout ki menm lakay laepi l te wè yon moun byen lwen ki t ap mache vin jwenn li.

Èske sete posib?

Byenke moun nan te byen lwen, papa a te konnen imedyatman ke sete pitit gason l lan.

Li te kouri al jwenn li, li te pase men nan kou li, epi l te bo li.12

Nan pawòl ke l siman te repete yon milye fwa, pitit la te rele, “Papa,” “Mwen peche kont syèl la ak kont oumenm. Mwen pa diy pou yo rele m pitit ou ankò. Tout sa m ap mande se pou w trete m kòm yon sèvitè.”13

Men papa a pa t menm kite l fini. Avèk dlo nan je li, li te kòmande sèvitè l yo: “Pote pi bèl rad nan kay la epi mete l sou pitit mwen an. Mete yon bag nan dwèt li, epi sandal nan pye li. Fè yon fèt pou n selebre. Pitit gason m nan retounen!14

Selebrasyon an

Nan biwo m nan gen tablo yon atis Alman ki rele Richard Burde. Harriet avèk mwen renmen tablo sa a. Li dekri yon sèn touchan nan parabòl Sovè a nan yon pèspektiv ki pi pwofon.

Imaj
Retou Anfan Pwodig la, pa Richard Burde.

Pandan ke tout moun te kontan anpil lè pitit gason an te retounen an, gen youn ki pa t kontan— pi gran frè l la.15

Li gen kèk pwoblèm emosyonèl

Li te la lè frè l la te mande eritaj pa li a. Li se premye moun ki te temwen gwosè chagren papa li.

Depi lè frè l la te ale a, li te eseye soulaje fado papa li. Chak jou, li te travay pou panse kè brize papa li.

Epi, kounyea, timoun ensousyan an tounen, epi tout moun pa t ka sispann bay frè rebèl li a atansyon.

Li te di papa l “tout ane sa yo,” “pa menm yon fwa mwen pa t refize fè yon senp bagay ou mande. Men, nan tout tan sa a, ou pa t janm selebre mwen.”16

Papa a te eksplike, “Chè pitit gason mwen, tout sa mwen genyen se pou ou! Sa a pa konsènan rekonpans ak selebrasyon. Se konsènan gerizon. Se moman nou te espere pandan tout ane sa yo. Frè w la te mouri, epi li vivan ankò! Li te pèdi, men kounyea nou jwenn li!”17

Yon parabòl pou Epòk pa Nou an

Frè ak sè byennemen m yo, chè zanmi mwen, menmjan ak tout parabòl Sovè a yo, sa a pa jis konsènan moun ki te viv sa gen lontan. Li konsène oumenm avèk mwenmenm jodia.

Kiyès pami nou ki pa t soti sou chemen sentete a, ak panse foli ke nou kapab jwen plis kontantman si nou fè pwòp chemen pa nou?

Kiyès pami nou ki pa t santi l enb, kè brize, ak dezespere pou padon ak mizèrikòd?

Petèt kèk nan nou dwe menm ap mande tèt nou, “èske l menm posib pou m retounen? Èske ansyen zanmi yo pa pral make m ajamè, rejte m, ak evite mwen? Èske l pi bon pou m jis rete pèdi? Kòman Bondye ap reaji si m eseye retounen?”

Parabòl sa a ba nou repons lan.

Papa nou ki nan Syèl la ap kouri vin jwenn nou, kè Li ap ranpli ak lanmou ak konpasyon. L ap anbrase nou, mete yon wòb sou nou, yon bag nan dwèt nou, sandal nan pye nou, epi pwoklame, “Jodia, n ap selebre! Paske pitit mwen an, yon fwa ki te mouri a, retounen a lavi!”

Syèl la ap rejwi pou retou nou.

Lajwa Endeskriptib e ki Ranpli Avèk Glwa

Èske m ka pran yon moman kounyea pou m pale avèk ou endividyèlman?

Kèlkeswa sa k te rive nan lavi ou, m ap repete e pwoklame pawòl zanmi byenemem ak kòlèg Apot mwen an, Èldè Jeffrey R. Holland: “”i pa posib pou ou pou w desann pi ba pase kote limyè enfini [sakrifis ekspyatwa] Kris la ka briye.”18

Byenke kèk chwa petèt mennen w lwen Sovè a ak Legliz Li a, Mèt Gerisè a kanpe sou wout ki mennen lakay la, pou akeyi ou. Epi noumenm, antanke manm Legliz Jezikri a, chèche suiv egzanp Li epi anbrase ou kòm frè nou ak sè nou yo, kòm zanmi nou. Nou rejwi epi nou selebre avèk ou.

Retou ou p ap diminye benediksyon lòt moun. Paske bonte Bondye Papa a enfini, e sa ki bay a youn pap diminye nan anyen dwa nesans lòt yo.19

Mwen pa pretann ke retounen an se yon bagay ki fasil pou fè. Mwen ka temwaye de sa. Anfèt, se kapab chwa ki pi difisil w ap janm fè.

Men m ap rann temwayaj ke moman ou deside pou w retounen epi mache nan chemen Sovè ak Redanmtè nou an, pouvwa Li ap antre nan lavi w epi transfòme li.20

Zanj nan syèl yo ap rejwi.

Menmjan avèk noumenm, fanmi w an Kris la. Apretou, nou konnen kisa sa vledi pou w yon anfan pwodij. Nou tout konte chak jou sou pouvwa ekspyatwa Kris la. Nou konnen chemen sa a, epi n ap mache ladann avèk ou.

Non, chemen nou an p ap egzan anba doulè, chagren, oswa tristès. Men nou rive jiskela “gras ak pawòl Kris yo, avèk lafwa fèm nou gen nan li, pandan n ap depann antyèman sou merit limenm ki gen pouvwa pou sove a.” Epi ansanm nou va “avanse avèk fèmte nan Kris la, avèk yon esperans pafètman klè, e avèk yon lanmou pou Bondye ak pou tout [moun].”21 Ansanm,nou va “kontan ak yon kontantman nou pa ka esplike men ki merite lwanj”22 paske Jezikri se fòs nou!23

Priyè mwen se pou nou chak ka tande, nan parabòl pwofon sa a, vwa Papa a ki ap rele nou pou nou antre nan wout ki mennen lakay la—pou nou ke gen kouraj pou nou repanti, resevwa padon, epi suiv chemen k ap mennen nou tounen al jwenn Bondye konpatisan ak mizèrikòdye nou an. Konsènan sa mwen temwaye e m kite benediksyon m pou nou, nan non Jezikri, amèn.

Nòt

  1. Nan Lik 15, parabòl la se youn pami twa (mouton ki pèdi a, pyès lajan ki pèdi a, ak pitit gason ki pèdi a) ki ilistre valè bagay ki pèdi ak selebrasyon ki fèt lè sa ki te pèdi a retwouve.

  2. Lik 19:10.

  3. Lik 15:11.

  4. Pitit gason sa a te pwobableman jèn. Li pa t marye, ki ka yon endikasyon sou jan li t jèn, men li pa t twò jèn pou l pa t kapab mande eritaj pa li epi kite kay la yon fwa li te jwenn li.

  5. Nan lwa ak tradisyon Juif yo, pi gran de pitit gason yo te gen dwa a 2/3 pati eritaj papa a. Se poutèt sa, pi jèn pitit gason an, te gen dwa a yon pòsyon 1/3. (Gade Detewonòm 21:17.)

  6. Gade Lik 15:13.

  7. Gade Lik 15:14.

  8. Lik 15:16.

  9. Pou Juif yo, kochon te konsidere kòm yon bèt “pa pwòp” (gade Deteronòm 14:8) e yo te ofansif. Yon Juif pratikan pa t ap elve kochon, ki endike ke siveyan an sete yon Janti. Li ka sigjere tou nan ki pwen jèn pitit gason a te vwayage byen lwen Juif pratikan yo.

  10. Èldè Neal A. Maxwell te anseye: “Natirèlman li pi bon si nou enb ‘akoz de pawòl la‘ olyede nou enb akoz sikonstans, men dènye sa yo ka mache! (gade Alma 32:13–14). Epidemi grangou ka antrene yon grangou espirityèl,” (“Les séductions et les tentations du monde,” Ensign, Nov. 2000, 45).

  11. Lik 15:17.

  12. Gade Lik15:20.

  13. Gade Lik 15:18–19, 21.

  14. Gade Lik 15:22–24.

  15. Sonje, pi jèn pitit gason an te deja resevwa pati eritaj pa l la. Pou pi gran an sa vle di ke tout lòt bagay apatyen a limenm. Bay pi jèn pitit gason an nenpòt bagay t ap vle di retire l nan pa pitit gason ki te rete a.

  16. Gade Lik 15:29.

  17. Gade Lik 15:31–32.

  18. Jeffrey R. Holland, “Travayè nan Jaden an,” Liahona, Me 2012, 33.

  19. Sa yo bay youn pa diminye nan anyen dwa nesans lòt yo. Sovè a te anseye doktrin sa a lè li te ofri parabòl labourè a nan Matye 20:1–16.

  20. Gade Alma 34:31.

  21. 2 Nefi 31:19–20.

  22. 1 Pyè 1:8.

  23. Gade Sòm 28:7.