Konferans Jeneral
Gen Imilite pou Aksepte ak Suiv
Konferans Jeneral Oktòb 2023


Gen Imilite pou Aksepte ak Suiv

Imilite se yon kondisyon obligatwa pou nou ka prepare pou retounen nan prezans Bondye.

Nan senyèm chapit Almaa , yon kesyon ki mande refleksyon ki di: “Èske nou ta ka di, si nou te gen pou nou mouri kounyeya pou tèt pa nou, nou te gen ase imilite?”1 Kesyon sa a vle di imilite se yon kondisyon obligatwa pou nou ka prepare pou retounen nan prezans Bondye.

Nou tout renmen panse ke nou gen ase imilite, men, gen kèk eksperyans nan lavi a ki fè nou reyalize ke fi oubyen gason ògèye ki natirèl la souvan vivan nan nou.

Sa gen kèk ane, lè de pitit fi nou yo te abite lakay nou, m te deside montre yomenm ak madanm mwen sektè antrepriz m te jere nan konpayi kote m t ap travay la.

Vrè objektif mwen sete pou m te montre yo yon andwa kote, kontrèman a nan fwaye nou, tout moun fè egzakteman sa m di yo fè san poze m kesyon. Lè nou te rive nan baryè sou devan an ki te konn ouvri otomatikman lè machin mwen apwoche, mwen te etone dèske li pat ouvri fwa sa a. Olyede sa, yon ajan sekirite ke m pa t janm te konn wè anvan te vini bò machin nan epi l te mande m pou m te montre l badj idantifikasyon mwen.

Mwen te di l ke m pat janm te konn bezwen yon badj idantite pou m te antre sou pwopriyete a avèk machin mwen epi m te poze l kesyon klasik ki plen ògèy la: “Èske w konnen avèk kiyès w ap pale a?”

A kesyon an, li te reponn, “Ebyen, etandone ke w pa gen badj idantite konpayi an, m pa ka konnen kiyès ou ye, epi toutotan m nan baryè sa a, ou pa p otorize pou w antre sou pwopriyete a san idantifikasyon.”

Mwen te gen ide pou m te gade nan retwovizè a pou m te wè reyaksyon pitit fi m yo sou tout sa, men, m te konnen yo t ap savoure chak moman bagay sa a! Madanm mwen bòkote m t ap souke tèt li an dezapwobasyon pou konpòtman mwen. Dènye sa m te ka fè sete mande gad la eskiz epi pou m te di l mwen regrèt anpil dèske m te trete l mal konsa. Li te di, “M padone ou, men, san yon badj idantite konpayi an, ou p ap antre jodia!”

Lè sa a, mwen te kondi trè dousman retounen lakay al pran badj idantite mwen, paske m te aprann leson valab sa a: Lè nou chwazi pou nou pa gen imilite, nou fini pa imilye.

Nan Pwovèb, nou jwenn, “Ògèy yon òm pral desann li ba: men, onè pral leve moun ki gen imilite nan espri.”2 Pou nou ka devlope imilite, nou dwe konprann kisa l reyèlman vle di nan kontèks levanjil la.

Kèk moun konfonn imilite avèk lòt bagay, tankou, paregzanp, povrete. Men, aktyèlman, gen anpil moun ki pòv epi ki gen ògvèy ak anpil tou ki rich epi ki gen imilite. Gen lòt moun ki timid anpil oubyen ki manke estim tèt yo ki ka gen yon aparans imilite, men, nan fon andedan, yo kèkfwa chaje avèk ògèy.

Konsa, kisa imilite ye? Daprè Preche Levanjil mwen an, se yon “volonte pou soumèt devan volonte Senyè a. … Se lè moun ka aprann. … [Li] se yon eleman esansyèl pou devlòpman espirityèl.”3

Sètènman, gen anpil opòtinite pou nou tout amelyore kalite kretyen sa a. Premyèman, m ta renmen egzamine kijan nou gen oubyen ta dwe gen imilite nan konsèy sa a ki soti nan men pwofèt nou an. Yon tès pou nou chak ta ka:

  • Èske nou mansyone non Legliz la konplè nan tout entèraksyon nou? Prezidan Russell M. Nelson te di, “Retire non Senyè a nan Legliz Senyè a se yon gwo viktwa pou Satan.”4

  • Èske n ap aksepte envitasyon byen presi pwofèt nou an pou nou kite Bondye gen priyorite nan lavi nou an? “Jodia, m ap mande manm nou yo toupatou nan mond lan pou yo bay egzanp lan nan abandone atitid ak aksyon prejije.”5

  • Èske n ap gen viktwa sou mond la, nan mete konfyans nan doktrin Kris la plis pase nan filozofi lèzòm, jan pwofèt nou an te anseye a?6

  • Èske nou tounen patizan lapè k ap di bagay pozitif devan moun ak konsènan moun? Prezidan Nelson te anseye nou bagay sa a nan dènye konferans jeneral la: “Si gen nenpòt bagay ki gen vèti, emab oubyen gen bon rapò oubyen diy pou louwanj, nou ka di l konsènan yon lòt —moun—devan figi l oubyen dèyè do l—sa ta dwe prensip kominikasyon pa nou.”7

Sa yo se enstriksyon senp men, ki puisan. Sonje, tout sa pèp Moyiz la te gen pou te fè pou yo te geri sete gade sèpan eren an Moyiz te leve a.8 Men, “poutèt senplisite fason an, oubyen poutèt fasilite l, te gen anpil ki te peri.”9

Pandan konferans sa a nou te tande epi nou pral tande konsèy enfayib pwofèt ak apot nou yo. Se yon okazyon pafè pou devlope imilite epi pou kite opinyon solid nou yo anglouti anba yon konviksyon ki ankò pi solid ki fè nou konnen ke Senyè a pale atravè dirijan chwazi sa yo.

Sa k pi enpòtan an, pandan n ap devlope imilite a, nou dwe konprann ak aksepte tou ke nou pa kapab simonte difikilte nou yo oubyen akonpli potansyalite total nou atravè efò pa nou sèlman. Oratè, ekriven, antrenè ak enfliyansè plen motivasyon nan tout mond lan, espesyalman sou platfòm elektwonik yo, ap di nou ke tout bagay depann sèlman de noumenm ak aksyon nou. Mond lan kwè nan bra lachè.

Men, atravè levanjil retabli a, nou aprann ke nou depann grandman de byenveyans Papa nou ki nan Syèl la ak sakrifis ekspyatwa Sovè nou an, Jezikri, “paske nou konnen se atravè lagras nou sove, apre tout sa nou ka fè.”10 Se poutèt sa li enpòtan anpil pou nou fè ak kenbe alyans avèk Bondye, paske lè nou fè sa, sa ap ban nou aksè total a pouvwa gerizon, kapasite, ak pèfeksyon Jezikri a atravè ekspyasyon Li a.

Lè nou al nan reyinyon sentsèn chak semèn epi nou adore nan tanp regilyèman pou patisipe nan òdonans yo epi pou nou resevwa ak renouvle alyans nou, se siy ke nou rekonèt depandans nou sou Papa nou ki nan Syèl la ak Jezikri. Sa pral envite pouvwa Yo nan lavi nou pou ede nou atravè tout pwoblèm nou epi finalman pou nou ranpli mezi kreyasyon nou.

Sa pa gen lontan, nivo imilite m ak konpreyansyon m de depandans mwen sou Senyè a te teste yon fwa ankò. M te nan yon taksi pou m t al nan ayewopò pou m pran yon ti vòl kout pou m t al yon kote ki te gen yon sitiyasyon difisil pou rezoud. Chofè taksi a ki te yon manm Legliz la, te gade m nan miwa a epi l te di, “M ka wè ke w pa byen jodia!”

“Ou ka wè sa?” Mwen te mande.

“Natirèlman,” li te di. Apresa, li te di yon bagay tankou, “Aktyèlman ou antoure avèk yon ora trè negatif!”

Mwen te eksplike l ke m te gen yon sityasyon ase difisil pou m t al regle, epi l te mande m, “Èske w fè tout sa k nan pouvwa pa w pou w rezoud sa?”

M te reponn li ke m te fè tout sa m te kapab.

Apresa li te di yon bagay m pa janm bliye: “Enben, kite l nan men Bondye, epi tou bagay ap byen pase.”

Mwen konfese ke m te tante pou m te mande l, “Èske w konnen avèk kiyès w ap pale a?” Men, m pat fè sa! Sa m te fè sete imilye m devan Seyè a pandan tout vòl avyon inèdtan an, ap mande èd divin. Pandan m t ap kite avyon an, mwen te aprann ke sityasyon difisil pou m t al rezoud la te deja regle epi prezans mwen pa t ap menm nesesè ankò.

Frè m ak sè m yo, kòmandman, envitasyon ak pwomès Senyè a klè epi yo rekonfòtan: “Se pou w gen imilite; epi Senyè Bondye w la ap dirije men w, pou l ba ou repons pou priyè w yo.”11

M wenswete pou nou gen imilite pou nou suiv konsèy pwofèt nou yo epi aksepte ke se sèl Bondye ak Jezikri ki ka transfòme nou—atravè òdonans ak alyans nou resevwa nan Legliz Li a—pou nou tounen meyè vèsyon tèt nou nan lavi sa a, epi yon jou, pou L fè nou vin pafè nan Kris la. Nan non Jezikri, amèn.