Konferans Jeneral
Leson Diven sou Elve Timoun
Konferans Jeneral Oktòb 2023


Leson Diven sou Elve Timoun

Paran yo antre nan yon asosyasyon avèk Pè Selès la pou gide pitit presye yo retounen nan syèl la.

Èske w janm konn kenbe yon nouvone nan bra ou? Gen yon limyè ki briye nan chak nouvone, ki pote yon lyen lanmou espesyal ki ka ranpli kè paran yo ak lajwa.1 Yon ekriven Meksiken te ekri, “Mwen aprann ke lè yon nouvone sere men papa l pou premye fwa nan ti men li, li akwoche avèk li ajamè.”2

Eksperyans kòm paran se youn nan eksperyans ki pi ekstraòdinè nan lavi a. Paran yo antre nan yon asosyasyon avèk Pè Selès la pou gide pitit presye yo retounen nan syèl la.3. Jodia mwen ta renmen pataje kèk leson sou paran ke nou jwenn nan ekriti yo e ke pwofèt vivan yo anseye pou ede nou kite eritaj parantal nou.

Grenpe nan Degre ki pi Wo nan Kilti Levanjil la

Nou dwe grenpe al nan degre pi wo nan kilti levanjil la avèk fanmi nou. Prezidan Russell M. Nelson te deklare: “Fanmi yo merite gidans ki sot nan syèl la. Paran yo pa ka konseye pitit yo konvenableman apati eksperyans pèsonèl, laperèz, oswa senpati.”4

Byenke orijin kiltirèl nou, estil nou kòm paran, ak eksperyans pèsonèl nou gendwa itil pou nou kòm paran, kapasite sa yo pa ase pou ede pitit nou yo retounen nan syèl la. Nou bezwen gen aksè a yon “seri valè ak … pratik,”5 pi elve, yon kilti lanmou ak atant, kote nou aji avèk pitit nou yo “nan yon fason pi elve, pi sen.”6 Prezidan Dallin H. Oaks te dekri kilti levanjil la kòm “yon mòd lavi espesyal, yon ansanm valè, atant, ak pratik. … Kilti levanjil sa a soti nan plan sali a, nan kòmandman Bondye yo, ak nan ansèyman pwofèt yo. Li gide nou nan fason nou elve fanmi nou ak fason nou viv lavi endividyèl nou.”7

Jezikri se sant kilti levanjil sa a. Adopte kilti levanjil la nan fanmi nou enpòtan pou kreye yon anviwonman rich kote semans lafwa a kapab fleri. Pou nou grenpe pi wo, Prezidan Oaks envite nou “pou nou renonse a tout tradisyon oswa pratik pèsonèl oubyen familyal ki kontrè a ansèyman Legliz Jezikri yo.”8 Paran, si nou gen timidite pou nou etabli kilti levanjil la, sa ka pèmèt advèsè a pran pye nan fwaye nou oubyen, menm pi mal, nan kè pitit nou yo.

Si nou chwazi pou nou fè kilti levanjil la domine nan fanmi nou, enben, atravè enfliyans puisan Sentespri a,9 stil parantal nou, tradisyon, ak pratik parantal nou yo ap vin netwaye, aliyen, rafine, ak amelyore.

Fè Fwaye a vin Sant Aprantisaj Levanjil la

Prezidan Russell M. Nelson anseye ke fwaye a dwe se “sant aprantisaj levanjil la.”10 Objektif tout sa n ap aprann nan levanjil la se pou “apwofondi konvèsyon nou nan Pè Selès la ak nan Jezikri ak pou ede nou vin pi plis tankou Yo.”11 An nou konsidere twa responsablite parantal enpòtan pwofèt ak apot yo dekri, ki ka ede nou etabli yon kilti levanjil pi elve nan fwaye nou.

Premyèman: Anseye Libreman

Papa nou ki nan Syèl la te enstwi Adan konsènan Jezikri ak doktrin Li a. Li te anseye li “pou l ansenye pitit [li] yo bagay sa yo.”12 Otremandi, Papa nou ki nan Syèl la te anseye Adam pou l anseye bagay sa yo libreman, avèk jenewozite, e san kontrent.13 Ekrriti yo di nou ke “Adan ak Èv te beni non Bondye, epi yo te fè tout pitit gason ak pitit fi yo konnen tout bagay.”14

Nou anseye pitit nou yo avèk jenewozite lè nou pase tan siyifikatif avèk yo. Nou anseye san kontrent lè nou diskite sou sijè delika tankou “tan y ap pase devan ekran,” kote n ap itilize resous Legliz la mete disponib yo.15 Nou anseye libreman lè nou etidye ekriti yo avèk pitit nou yo kote nou itilize Vini, Suiv Mwen an epi nou pèmèt Lespri a vin enstriktè yo.

Dezyèmman: Modèl Disip

Nan liv Jan an, nou li ke lè Juif yo te kesyone Sovè a sou konduit Li, Jezi te dirije atansyon yo sou modèl pa L, Papa Li. Li te anseye, “Pitit Bondye a pa fè anyen pou kò li. Sa l wè Papa a fè, se sa l fè tou: Tou sa Papa a ap fè, Pitit la fè l tou.”16 Paran, kisa nou bezwen ye kòm modèl pou pitit nou yo? Disip.

Kòm paran, nou ka anseye enpòtans pou mete Bondye anpremye lè n ap pale de premye kòmandman an, men nou demontre li lè nou mete distraksyon monden yo akote epi nou kenbe jou Saba a sen chak semèn. Nou ka anseye enpòtans alyans tanp yo lè nou pale de doktrin maryaj selès la, men nou ka demontre li lè nou onore alyans nou yo, lè nou trete konjwen nou avèk diyite.

Twazyèmman: Envite pou Aji

Lafwa nan Jezikri ta dwe nan kè temwayaj n ap rann pitit nou yo, epi temwayaj sa yo dwe transmèt a chak timoun atravè revelasyon endividyèl.17 Pou ede pitit nou yo bati temwayaj yo, nou ankouraje yo pou yo itilize libabit yo a pou yo chwazi sa ki byen18 epi prepare yo pou tout yon lavi sou chemen alyans Bondye a.19

An nou envite yo chak pou yo pran temwayaj yo konsènan Jezikri ak levanjil Li a anchaj, pou yo travay pou li, pou yo nouri li pou l ka grandi, pou yo nouri l avèk laverite, epi pou yo pa kite fo filizofi gason ak fi ki enkwayan yo gate li.20

Edikasyon Parantal Jis ak Entansyonèl

Papa nou ki nan Syèl la te devwale entansyon diven Li kòm paran nan yon revelasyon Li te bay Moyiz: “Paske gade, sa a se travay mwen ak laglwa mwen—pou m reyalize imòtalite ak lavi etènèl lòm.”21 Prezidan Nelson ajoute, “Bondye ap fè tout sa L kapab, sof vyole libabit nou, pou ede nou pa rate pi gwo benediksyon nan tout letènite yo”22

Antanke paran, nou se ajan Bondye nan pran swen pitit nou yo.23 Nou dwe fè tout sa nou kapab pou kreye yon anviwonman kote pitit nou yo ka santi enfliyans diven Li.

Papa nou ki nan Syèl la pa t janm vle pou noumenm, antanke paran, pou nou chita akote kòm spektatè, ap gade lavi espirityèl pitit nou yo dewoule. Kite m ilistre ide sou parante entansyonèl sa a avèk yon eksperyans pèsonèl. Lè m te konn ale nan Primè nan yon ti branch nan Guatemala, paran m te kòmanse anseye m sou valè benediksyon patriyakal. Manman m te pran tan pou l te pataje eksperyans li lè l t ap resevwa benediksyon patriyakal presye l la. Li te anseye m doktrin ki anrapò avèk benediksyon patriyakal yo, epi li te temwaye de benediksyon yo pwomèt yo. Edikasyon delibere l la te enspire m pou m te gen dezi pou m te resevwa benediksyon patriyakal mwen.

Lè m te gen 12 ane, paran m te ede m fè rechèch pou m te jwenn yon patriyach. Sa te nesesè paske pa t gen okenn patriyach nan distri kote nou t ap viv la. Mwen te vwayaje al kay yon patriyach ki te nan yon pieu ki te a yon distans 156 kilomèt. Mwen distenkteman sonje lè patriyach la te mete men l sou tèt mwen pou l te beni m nan. Mwen te konnen atravè konfimasyon espirityèl puisan, san okenn dout, ke Papa m ki nan Syèl la te konnen mwen.

Pou yon tigason 12 ane ki te soti nan yon ti vil, sa te vledi tout bagay pou mwen. Kè m te vire al jwenn Papa m ki nan Syèl la jou sa a gras ak edikasyon parantal entansyonèl manman m ak papa m, e m ap toujou rekonesan anvè yo.

Sè Joy D. Jones, ansyen Prezidant Jeneral Primè, te anseye “Nou pa kapab tann pou konvèsyon senpleman rive pou pitit nou yo. Konvèsyon pa aksidan se pa yon prensip nan levanjil Jezikri a.”24 Lanmou ak envitasyon enspire nou kapab fè yon diferans nan fason pitit nou yo ap itilize libabit yo. Prezidan Nelson te souliyen,“Okenn lòt travay pa pi enpòtan pase edikasyon parantal jis ak entansyonèl!”25

Konklizyon

Paran, mond sa a plen filozofi, kilti, ak ide k ap fè konpetisyon pou kapte atansyon pitit nou yo. Gwo kay byen laj la ap fè piblisite pou manm li yo chak jou, kote l itilize kanal medya ki pi aktyèl yo. “Men nan fè don Pitit Gason L lan,” pwofèt Mowoni te anseye, “Bondye te pare yon chemen san parèy.”26

Si nou asosye avèk Bondye atravè alyans yo epi nou vin ajan Li nan pran swen pitit nou yo, l ap sanktifye entansyon nou yo, enspire ansèyman nou yo, epi tanpere envitasyon nou yo “pou pitit nou yo kapab konnen nan ki sous pou yo chèche padon pou peche yo.”27 Nan non Jezikri, Amèn.

Nòt

  1. Gade Sòm 127:3.

  2. Johnny Welch, “The Puppet,” repwodui nan inspire21.com/thepuppet; gade tou Johnny Welch, Lo que me ha enseñado la vida (1996).

  3. Sa ka parèt yon tach ki entimidan men, jan Èldè Jeffrey R. Holland te di, “Avèk èd Pè Selès la, nou ka kite plis eritaj parantal ke nou ta sipoze” (“Men Zansèt yo,” Ensign, Jiyè 1999, 15

  4. Russell M. Nelson, “Tu n auras pas d autres dieux,” Ensign, Me 1996, 15.

  5. Dallin H. Oaks, “Kilti Levanjil la,” Ensign, Mas. 2012, 22.

  6. Russell M. Nelson, “Patizan Lapè,” Lyawona, Me 2023, 99.

  7. Dallin H. Oaks, “The Gospel Culture,” 22.

  8. Dallin H. Oaks, , “Kilti Levanjil la,” 22.

  9. Gade Mowoni 10:5.

  10. Russell M. Nelson, “Vin Tounen Sen Dènye Jou Egzanplè,” Liahona, Nov. 2018, 113.

  11. Konvèsyon Se Objektif Nou,“ nan Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: Nouvo Testaman 2023,, v.

  12. Moyiz 6:58.

  13. Gade American Dictionary of the English Language, “libreman,” webstersdictionary1828.com/Dictionary/freely.

  14. Moyiz 5:12.

  15. Gade “Taking Charge of Technology” ak Pou Fòs Jèn yo: Yon Gid pou Fè Chwa (2022),

  16. Jan 5:19.

  17. Gade “Matye 16:17–18. Revelasyon Endividyèl Nesesè pou yon Temwayaj konsènan Jezikri,” nan Manyèl Etidyan Nouvo Testaman (2018), 52.

  18. Gade Dale G. Renlund, “Chwazi Jodia,” Liahona, Nov. 2018, 104: “Bi Pè Selès la kòm paran se pa pou pitit Li yo sa ki byen; men se pou pitit Li yo chwazi pou yo fè sa ki byen epi finalman vin menmjan avèk Li.”

  19. Gade “Apendis: Prepare Pitit Ou yo pou tout yon Lavi sou Chemen Alyans lan,” nan Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: Nouvo Testaman 2023, Bibliyotèk Levanjil la.

  20. Gade Russell M. Nelson, “Venk Mond lan epi Jwenn Repo,” Liahona, Nov. 2022, 97.

  21. Moyiz 1:39. Nan vèsè sa a, Jezikri ap pale nan plas Papa a.

  22. Russell M. Nelson, “Chwa pou Letènite}” (devosyon mondyal pou jèn adilt yo, 15 Me, 2022), Bibliyotèk Levanjil.

  23. Gade Russell M. Nelson, , “Sali ak Egzaltasyon,” Liahona, Me 2008, 10:“Pa eseye konwtole pitit nou yo. Men olyesa, koute yo, ede yo aprann levanjil la, enspire yo, epi dirije yo al nan direksyon lavi etènèl. Nou se ajan Bondye nan pran swen pitit Li konfye nou yo. Kite enfliyans divin ni demere nan kè nou pandan n ap anseye ak pèsyade.”

  24. Joy D. Jones, “Konvèsasyon Esansyèl,” Lyawona, Me 2022, 12.

  25. Gade Russell M. Nelson, “Saba a se yon Delis,” Lyawona, Me 2015, 129–32.

  26. Etè 12:11.

  27. 2 Nefi 25:26.