Konferans Jeneral
Karakteristk Bonè yo
Konferans Jeneral Oktòb 2023


Karakteristk Bonè yo

Bati so fondasyon Jezikri esansyèl pou bonè nou.

Sa gen plizyè ane nan yon vòl biznis, mwen te chita bò kote yon mesye ki soti nan Oland. Mwen te enpasyan pou m te pale avè l paske m te sèvi nan Bèljik ak nan Oland antanke yon jèn misyonè.

Pandan nou tap fè konesans, li te ban m kat biznis li ki gen tit inik ki se “pwofesè Bonè”.  Mwen te fè kòmantè sou pwofesyon etonan li epi mwen te mande l kisa yon pwofesè bonè fè. Li te di ke li te anseye moun kijan yo ka gen yon lavi kè kontan nan etabli relasyon ak objektif ki siyifikatif. Mwen te reponn: “Bèl bagay, men e si w ta anseye tou ki jan relasyon sa yo ka kontinye pi lwen pase tonbo a epi reponn lòt kesyon nanm yo, tankou ki objektif lavi a, kijan nou ka simonte feblès nou yo, ak ki kote nou ale apre nou mouri?” Li te admèt ke sa t ap etonan si nou te gen repons pou kesyon sa yo, e mwen te kontan pataje avèk li ke nou genyen yo.

Jodi a, mwen ta renmen revize kèk prensip esansyèl pou vrè bonè ki sanble envizib pou anpil nan mond kofizyon sa a , kote anpil bagay enteresan men kèk ki vrèman enpòtan.

Alma te anseye moun nan epòk li yo, “Paske gade, m ap di nou, gen anpil bagay ki dwe rive; e gen youn ki pi enpòtan pase tout—paske tan an pa lwen pou redanmtè ki vivan an vini nan pami pèp li a.”1

Deklarasyon sa a egalman enpòtan pou nou jodi a pandan n ap antisipe ak prepare pou Dezyèm Vini Kris la!

Se poutèt sa, premye obsèvasyon mwen an se bati sou fondasyon Jezikri a esansyèl pou bonè nou. Sa a se yon fondasyon ki sèten, ”yon fondasyon sou ki si moun bati yo pa ka tonbe.””2 Lè nou fè sa, nou prepare nou pou defi lavi yo, nenpòt kisa vini.

Sa gen anpil ane, mwen te ale nan yon kan ete pou Scout avèk Justin, pitit gason m nan. Pandan aktivite yo te kòmanse, li te anonse avèk eksitasyon ke limenm ak zanmi l yo te vle genyen badj merit tire flèch la. Pou fè sa, ti gason yo te oblije pase yon tès ekri epi frape yon sib ak flèch yo.

Kè m te sere. Nan epòk sa a, Justin te byen frajil akòz fibwoz sistik, yon maladi li t ap goumen depi li fèk fèt. Mwen te mande tèt mwen si li te kapab rale flèch la ase pou l voye l nan sib la.

Pandan li menm ak zanmi l yo te ale nan klas tire flèch la, mwen te priye an silans pou li pa pran imilyasyon nan eksperyans sa a. Apre dezèdtan enkyetid, mwen te wè l ap vini sou wout la vin jwenn mwen avèk yon gwo souri. “Papa!” li te rele. “Mwen resevwa badj merit la! Mwen touche mitan sib la; li te sou sib ki te bò kote pa m nan, men mwen touche mitan an! Li te tire sou kòd la ak tout fòs li epi l te kite flèch la vole, li pat kapab kontwole trajektwa li. Ala rekonesan mwen rekonesan pou konpreyansyon enstriktè sa a ki pa t janm di, “Dezole, move sib!” Olye de sa, lè l te wè limitasyon Justin ak efò serye li, li te reponn avèk jantiyès, “Bon travay!”

Se konsa sa pral ye pou nou si nou fè tout sa nou kapab pou nou suiv Kris la ak pwofèt li yo malgre limit nou genyen. Si nou vin jwenn li lè nou kenbe alyans nou yo ak repanti pou peche nou yo, n ap tande felisitasyon Sovè nou an ak kè kontan: “Byen, ou bon sèvitè fidèl.”3

Mwen rann nou temwayaj mwen konsènan divinite Sovè mond lan ak lanmou redanmsyon l ak pouvwa li pou geri, fòtifye, ak leve nou lè n ap fè efò ak tout kè nou pou nou vin jwenn li. Kontrèman, pa gen okenn fason nou ka deplase ak foul moun yo epi an menm tan ale nan direksyon Jezi. Sovè a te venk lanmò, maladi, ak peche e li te bay yon chemen pou pèfeksyon final nou si nou suiv li ak tout kè nou.4

Dezyèm obsèvasyon m nan sèke li enpòtan pou bonè nou pou nou sonje ke nou se pitit gason ak pitit fi yon Papa Selè ki renmen nou. Konnen ak mete konfyans nan reyalite sa a chanje tout bagay.

Sa gen plizyè ane, pandan nou te nan yon vòl soti nan yon tach Legliz la pou na l lakay nou, Sè Sabin ak mwen te chita dirèkteman dèyè yon gwo gason ki te gen yon gwo tatou figi ki move sou tèt kale li ansanm ak nimewo 439.

Lè nou ateri, mwen te di, “Eskize m, mesye. Èske se yon pwoblèm si mwen mande siyifikasyon nimewo ki nan tatou sou do tèt ou a? Mwen pa t oze mande apropo figi ki move a.

Li te di, “Se mwen. Se moun sa a m ye. Mwen posede tèritwa sa a: 219!”

AktyèlmanKatsan trantnèf [439] te nimewo ki te sou tèt li a, sa te etone m li te twonpe l apwopo yon bagay si enpòtan pou li.

Mwen te panse a kijan sa te tris ke idantite mesye sa a ak pwòp estim tèt li te baze sou yon nimewo ki asosye avèk yon teritwa gang. Mwen te panse nan tèt mwen, mesye ki sanble l danjere sa a sete nan yon tan te pitit gason yon moun ki te toujou bezwen santi l gen valè ak akseptasyon. Si sèlman li te konnen kiyès li ye toutbon e a kiyès li te vrèmanapatni, paske nou tout te “rachte ak yon pri.”5

Gen yon liy saj nan yon chante ki nan fim Prens Lejip la ki di, “Gade lavi w atravè je syèl la.”6 Pandan konesans sou liyaj diven ak potansyèl etènèl nou koule byen fon nan nanm nou, n ap kapab wè lavi a kòm yon avanti ki gen objektif, pou nou aprann ak grandi, menm jan “nou wè pa mwayen yon miwa, ki pa klè,”7 pou yon sezon kout.

Twazyèm karakteristik bonè a se toujou sonje valè yon nanm. Nou fè sa pi byen lè nou suiv avètisman Sovè a “yonn renmen youn lòt; menm jan mwen te renmen ou.”8

Li te anseye tou, “Chak fwa nou te fè sa pou youn nan pi piti pami frè m yo, se pou mwen nou te fè li.”9

Liv Pwovèb la bay konsèy saj sa a: “Pa refize fè sa ki byen pou moun ki gen dwa, lè ou gen pouvwa pou w fè sa.”10

Nou pap janm regrèt ke nou te twò janti. Nan je Bondye, jantiyès se synonym grandè. Yon pati nan jantiyès se pou padonan epi pa jije.

Anpil ane de sa, jèn fanmi nou an ta pral nan sinema pou sware familyal. Nou tout te nan machin nan eksepte youn nan pitit gason nou yo ak madanm mwen, Valerie. Li te gentan fè nwa, epi pandan pitit gason nou an te ouvri pòt la epi li te kouri nan direksyon machin nan, li aksidantèlman choute sa li te panse ki te chat nou an sou galri a. Malerezman pou pitit gason nou an ak madanm mwen, ki te dèyè l , se pa chat nou an, men pito yon bèt piyant trè mekontan, ki te fè yo konnen! Nou tout te retounen nan kay la, kote yo tou de benyen epi lave cheve yo avèk ji tomat, ki sipoze remèd asire ki ka elimine odè bèt piyant la. Lè yo te fin netwaye ak chanje rad yo, nou tout te desensibilize ak odè a, kidonk nou te deside nou te OK pou n t ale nan fim nan apre tou. 

Yon fwa nou te fin chita dèyè nan teyat la, youn pa youn moun ki te bò kote nou yo te toudenkou deside soti al chèche pòpkòn. Sepandan, lè yo te retounen, pèsonn pa t retounen nan plas orijinal yo.

Nou ri lè nou te sonje eksperyans sa a, men imajine si tout peche nou yo te gen yon odè? E si nou ta ka pran sant malonèt, lanvi, jalouzi oswa awogans? Lè pwòp feblès nou yo vizib, nou tap petèt pi konsiderab ak atansyone ak lòt moun, epi, menm jan an tou, yo menm avèk nou pandan n ap fè chanjman ki nesesè nan lavi nou. Mwen renmen sant tabak nan legliz la, paske li endike ke yon moun ap eseye chanje. Yo bezwen bra akeyan nou otou de yo.

Prezidan Russell M. Nelson te di nan sajès li, “Youn nan fason pi fasil pou idantifye yon vrè disip Jezikri se nan jan moun sa a trete lòt moun avèk konpasyon.”11

Pòl te ekri Efezyen yo: “Se pou nou saj youn ak lòt, ki gen bon kè, youn padone lòt, menm jan Bondye padone nou akoz Kris la.”12

Antanke disip Jezikri, yo mande nou pou nou fè Papa nou ki nan Syèl la ak Sovè nou an konfyans epi pou nou pa eseye ranplase yo. Jezikri konnen enpèfeksyon tout moun parfètman e li pral jije yo parfètman.

Katriyèm karakteristik bonè se kenbe yon pèspektiv etènèl. Plan Papa nou an lonje jiska letènite; li fasil pou konsantre sou isit la ak kounye a epi bliye sa ki apre a.

Sa gen plizyè ane, Jennifer pitit fi nou an ki te gen 16 an, te anseye m leson sa a efektivman. Li ta pral fè yon transplantasyon doub poumon, kote senk lob te malad nan poumon l yo ta dwe retire konplètman epi ranplase yo pa de ti lob ki an sante, ke de zanmi enkwayab tankou Kris la te bay. Se te yon pwosedi ki te gen anpil risk, men lannwit anvan operasyon li a, Jennifer te prèske preche m ak tout kò li ki peze 90 liv, li di, “Pa enkyete w, papa! Demen mwen pral reveye ak nouvo poumon, oswa mwen pral reveye nan yon kote pi bon . Nenpòt fason li pral mèveye.” Sa se lafwa; sa se pèspektiv etènèl! Lè w wè lavi a nan yon pwen avantaj etènèl li bay klète, rekonfò, kouraj, ak espwa.

Apre operasyon an, jou nou tap tann depi lontan an te rive pou retire tib respirasyon an epi fèmen vantilatè ki tap ede Jennifer respire a, nou tap tann ak kè sote pou nou wè si poumon li yo pral fonksyone. Lè li te pran premye souf li, li te imedyatman kòmanse kriye. Lè l te wè enkyetid nou, li te di byen vit : “Sa sitèlman bon pou w respire.” 

Depi jou sa a, mwen remèsye Papa nou ki nan Syèl la maten e swa pou kapasite mwen genyen pou m respire. Nou antoure ak anpil benediksyon nou ka fasilman pa bay enpòtans si nou pa pote atansyon. Kontrèman, lè n pa atann anyen epi nou apresye tout bagay, lavi vin majik.

Prezidan Nelson te di: “Chak nouvo maten se yon don Bondye ba nou. Menm lè nou respire a se yon prè lanmou nan men li. Li prezève nou de jou an jou e li sipòte nou nan yon moman kou yon lòt. Se poutèt sa, premye aksyon nòb nou nan maten ta dwe yon priyè rekonesans enb.”13

Sa mennen m sou senkyèm ak dènye obsèvasyon mwen an, ki se ou pap janm gen plis kè kontan pase lè ou rekonesan.

Senyè a te deklare, “Epi yon moun ki resevwa tout bagay avèk remèsiman, l ap glorifye.”14 Petèt sa a se paske rekonesans bay nesans a plizyè bèl lòt kalite.

Ki jan konsyans nou ta chanje si chak maten nou te reveye ak sèlman benediksyon nou te rekonesan pou nwit anvan an. Si nou pa apresye benediksyon nou yo, sa ka lakòz nou gen yon santiman mekontantman, sa ki ka retire kontantman ak lajwa ke rekonesans bay. Moun ki nan gwo bilding ki laj la atire nou pou n gade pi lwen pase bi yo, kidonk fè w manke mak la nèt.

An reyalite, pi gwo bonè ak benediksyon mòtalite a pral disponib nan kalite moun nou ye grasa favè Bondye a pandan n ap fè epi kenbe alyans sakre avèk li. Sovè nou an pral poli ak rafine nou grasa merit sakrifis ekspyatwa l la e li di konsènan moun ki vle suiv li yo, “Yo pral pou mwen nan jou m ap vin fè bijou m yo.”15

Mwen pwomèt nou ke si nou bati lavi nou sou fondasyon Jezikri; bay vrè idantite nou an valè kòm pitit gason ak pitit fi Bondye; sonje valè yon nanm; kenbe yon pèspektiv etènèl; epi avèk rekonesans nou apresye tout benediksyon nou yo, espesyalman envitasyon Kris la pou vin jwenn li, nou ka jwenn vrè bonè n ap chèche a pandan avanti mòtèl sa a. Lavi ap toujou gen defi li yo, men nou pral kapab pi byen fè fas a yo chak ak yon sans objektif ak lapè akòz verite etènèl nou konprann ak viv dapre.

Mwen rann nou temwayaj mwen sou reyalite vivan Bondye, Papa Etènèl nou an ak Pitit Gason Byenneme l la, Jezikri. Mwen temwaye tou konsènan pwofèt vivan, vwayan, ak revelatè yo. Ala yon benediksyon pou nou resevwa konsèy syèl la atravè yo. Jan Sovè a te deklare: “Kit se avèk pwòp vwa pa m oubyen avèk vwa sèvitè m yo, se menm bagay la.”16 Nan non sakre Jezikri, amèn.