Konferans Jeneral
Mesye, Nou Ta Renmen Wè Jezi
Konferans Jeneral Oktòb 2023


Mesye, Nou Ta Renmen Wè Jezi

Nou vle wè Jezi pou moun Li ye a epi santi lanmou L.

Avègleman fasyal

Yon jou nan prentan 1944, yon jèn gason te reveye nan yon lopital militè. Li te gen chans dèske l te vivan—yo te tire l egzakteman dèyè zòrèy li, men doktè yo te opere l, epi kounye a li te vin kapab mache ak pale nòmalman.

Malerezman, bal la te andomaje pati nan sèvo l la ki ka rekonèt vizaj yo. Kounyea li t ap gade madanm li san li pa t rekonèt li menm yon ti kras; li pa t rekonèt pwòp manman l. Menm figi l nan glas la te etranje pou li—li pa t kapab di si se te yon gason oubyen yon fi.1

Li te vin gen avègleman fasyal—yon kondisyon ki afekte dè milyon moun.2

Moun ki avègleman fasyal grav konsa yo pa rekonèt figi, yo eseye idantifye lòt moun nan memorize kèk règ—yo ka petèt rekonèt yon pitit fi dapre fòm tach ki sou vizaj li oubyen yon zanmi pa demach li.

Grandi

Men yon dezyèm istwa, touprè lakay: lè m te yon jèn ti gason, mwen te konn souvan wè manman m kòm moun ki te etabli règ yo. Li te deside kilè m te ka jwe ak kilè m te dwe ale nan kabann mwen oubyen, pi mal, kilè pou m te rache zèb nan lakou a.

Li aparaman te renmen mwen. Men, twò souvan epi wont pou mwen, mwen te wè l sèlman kòm “Moun Ke Mwen Te Dwe Obeyi a.”

Se sèlman kèk ane aprè mwen te vin wè l kòm yon moun reyèl. Mwen wont pou m di ke m pa t janm remake sakrifis li ni mwen pa t janm te mande m poukisa pandan plizyè ane li te konn sèlman ap mete menm de vye jip ize yo (pandan ke m te gen nouvo rad pou lekòl) oubyen poukisa, nan fen jounen an, li te si fatige epi l t ale nan kabann sitèlman bonè konsa.

Nou Ka Petèt Gen Avègleman Fasyal

Petèt ou remake ke de istwa sa yo se reyèlman yon sèl istwa——pandan twòp ane, mwen te, an efè, gen avègleman fasyal. Mwen pa t rive wè manman m kòm yon moun reyèl. Mwen te wè règ li yo men mwen pa t wè lanmou li landan yo.

Mwen rakonte w de istwa sa yo pou m souliyen yon bagay: Mwen sispèk ke w konn yon moun (petèt ou se yon moun) ki soufri avèk yon kalite avègleman fasyal espirityèl.

Ou petèt ap lite pou w wè Bondye kòm yon Papa ki gen lanmou. Ou petèt gade syèl la epi w pa wè figi ki gen lanmou ak mizèrikòd la, men yon bann règ ke w dwe suiv pou w ka avanse sou chemen an. Petèt ou kwè ke Bondye ap dirije nan syèl Li yo, Li pale atravè pwofèt Li yo, epi Li renmen sè w la men an sekrè w ap mande tèt ou èske Li renmen ou.3 Petèt ou konn santi bafè a nan men w men ou poko goute lanmou Sovè w la ke li mennen w vè Limenm nan.4

Mwen sispèk ke w konnen moun konsa paske pandan yon bon bout tan, mwen te yon moun konsa—mwen te espirityèlman avèg.

Mwen te panse ke lavi m sete pou m te suiv règ epi mete m alawotè prensip abstrè. Mwen te konnen Bondye renmen nou pafètman, men mwen pa t santi l mwenmenm. Mwen pè ke m te panse plis sou rantre nan syèl la olye pou m te panse rete avèk Papa m ki nan Syèl la.

Si oumenm, menmjan avèk mwen, kapab pafwa sèlman bat bouch nou, men san “chante mizik lanmou Redanmtè a,”5 kisa nou ka fè?

Repons lan, jan Prezidan Russell M. Nelson fè nou sonje a, se toujou Jezi.6 Epi sa se yon trè bon nouvèl.

Mesye, Nou Ta Renmen Wè Jezi

Gen yon vèsè kout nan Jan ke mwen renmen. Li pale konsènan yon gwoup etranje ki te pran wout pou yo t al wè disip li a avèk yon demann enpòtan. Yo di: “Mèt, nou ta renmen wè Jezi.”7

Se sa nou tout vle—wè Jezi pou ki moun Li ye epi santi lanmou L. Sa ta dwe rezon pou pifò bagay ke nou fè nan Legliz la— epi asireman chak reyinyon sentsèn. Si w pa janm mande ki kalite leson pou w anseye, ki kalite reyinyon pou w planifye, epi si w jis abandone dyak yo epi w ap jwe dòdjbòl, ou ka petèt pran vèsè sa a antanke gid ou: èske sa ap ede moun yo wè ak renmen Jezikri? Si non, petèt eseye yon lòt bagay.

Lè m te reyalize ke m te espirityèlman gen avègleman fasyal, ke m te wè règ yo men pa vizaj mizèrikòd Papa a, mwen te konnen ke se pa t fòt Legliz la. Se pa t fòt Bondye, epi sa pa t vledi ke tout bagay te pèdi; se yon bagay nou tout dwe aprann. Menm premye temwen Rezirèksyon yo te souvan vin fasafas avèk Senyè resisite a men yo pa t rekonèt Li; depi soti nan Tonm ki nan Jaden an pou rive nan rivaj Galile yo, premye disip Li yo te “wè Jezi kanpe, men yo pa t konnen ke sete Jezi.”8 Yo te oblije aprann rekonèt Li, epi se menm bagay la pou noumenm tou.9

Charite

Lè m te reyalize ke m te espirityèlman gen avègleman fasyal, mwen te kòmanse suiv konsèy Mòmon an pou m priye “avèk tout enèji kè m” pou m te ranpli avèk lanmou disip Li yo te pwomèt la—lanmou mwen pou Li ak lanmou Li pou mwen—e pou m “wè li … epi gen lespwa sa a.”10 Mwen te priye pandan anpil ane pou m te kapab suiv premye gran kòmandman an pou renmen Bondye epi pou m santi “premye gwo verite … ki di Bondye renmen nou avèk tout kè Li tout fòs Li, lespri L ak tout fòs Li.”11

Levanjil yo

Mwen li epi m reli ak reli ankò kat Levanjil yo—fwa sa a mwen pa t li yo pou m te retire règ yo men pou m te wè kiyès ke Li ye ak kisa Li renmen. Epi, aprè yon tan, mwen te baleye atravè rivyè lanmou ki t ap koule nan Li a.

Jezi te anonse nan kòmansman an ke L te vini “pou geri moun ki gen kè brize yo, pou pwoklame libète pou prizonye yo, epi pou avèg yo ka vin wè ankò”.12

Se pa t jis yon lis bagay pou L te fè oubyen bon Relasyon Piblik; se sa L ye epi se fòm lanmou Li.

Ouvri Levanjil yo pa aza; nan prèske chak paj nou wè Li k ap pran swen moun k ap soufri—sosyalman, espirityèlman, ak fizikman. Li te touche moun yo te konsidere ki sal ak ki pa pwòp13 yo epi li te nouri moun ki grangou yo.14

Ki istwa sou Jezi ou pi renmen? Mwen sispèk ke l montre Pitit Gason Bondye a k ap lonje lamen bay yon moun sosyete a te mete sou kote—lepre a,15 Samariten moun te rayi a,16 pechè ki te fè eskandal ke yo te akize a,17 oubyen enmi nasyonal la.18 Kalite lagras sa a etonan.

Eseye ekri chak fwa Li fè lwanj oubyen geri oswa manje ak yon etranje, epi w ap manke lank anvan ou kite Lik.

Mwen te wè sa e kè m te bat nan rekonesans pou lanmou, e mwen te kòmanse santi ke Li ka petèt renmen m. Jan Prezidan Nelson te anseye a, “Plis ou aprann konsènan Sovè a, li pral pi fasil pou ou fè konfyans ak mizèrikòd Li, lanmou enfini Li a.”19 Epi se plis w ap fè konfyans ak renmen Papa w ki nan Syèl la.

Èldè Jeffrey R. Holland te anseye nou ke Jezi te vini pou L te montre “nou kiyès ak kisa Bondye Papa Etènèl nou an ye, kòman Li konplètman devwe ak pitit Li yo nan tout laj ak tout nasyon.”20

Pòl di Bondye se “Papa [tout] mizèrikòd, epi Li se Bondye tout rekonfò.”21

Si nou wè L yon fason ki diferan, kontinye eseye.

Alyans yoak Anbrasad Bondye

Pwofèt yo envite n pou nou chèche fas Li.22 Mwen pran sa kòm yon rapèl ke nou adore Papa nou, se pa yon fòmil, epi nou pa fini jiskaske nou wè Jezi kòm vizaj lanmou Papa nou an;23 pou nou suiv Li, pa sèlman jis suiv règ Li yo.24

Lè pwofèt ak apot yo pale konsènan alyans yo, yo p ap pale kòm antrenè k ap rele anlè graden (an vlou wouj yo) pou di nou “fè plis efò!” Yo vle nou wè ke alyans nou yo se fondman konsènan relasyon25 epi yo kapab vin yon remèd pou avègleman espirityèl.26 Yo se pa règ pou nou jwenn lanmou Li; Li deja renmen nou pafètman. Defi pa nou se pou nou konprann ak modle lavi nou selon lanmou sa a.27

Nou eseye wè atravè alyans nou yo, menmjan atravè yon fenèt, figi mizèrikòd Papa a ki parèt deyè l.

Alyans yo se modèl anbrasad Bondye.

Rivyè Lanmou Bondye a

Finalman, nou ka aprann pou wè Li pandan n ap sèvi L. “Paske, kòman yon nonm ap fè rekonèt yon mèt ke li pa sèvi?”28

Sa gen kèk ane, mwen te resevwa yon nouvo apèl ke m pa t santi m alawotè pou li. Mwen te leve bonè, mwen te strese—men ak yon fraz nan tèt mwen ke m pa t tande anvan: ke sèvi nan Legliz sa a se kanpe nan rivyè lanmou Bondye a pou pitit Li yo. Legliz sa a se yon gwoup moun ki gen pikwa ak pèl, k ap eseye ede netwaye kanal la pou rivyè lanmou Bondye a rive atenn pitit Li yo nan fen ranje a.

Kèlkeswa moun ou ye a, kèlkeswa pase w, gen yon plas pou ou nan Legliz sa a.29

Pran yon pikwa ak yon pèl epi vin antre nan ekip la. Ede pote lanmou Li a bay pitit Li yo epi yon pati pral tonbe sou ou.30

Annou chèche vizaj eman Li, anbrasad alyans Li, epi apre annou mete men nan lamen avèk pitit Li yo, epi ansanm nou va chante “Sauveur d Israel”:

Retabli, Sovè byeneme m nan, (Rends-nous, cher Sauveur),

Limyè figi ou; (La clarté de ton nom);

Nanm m ou kontan pou pataje konfò; (Accorde-nous ton réconfort)

Epi kite bèll anvi (Que notre désir)

Pou plas sen w lan (d habiter ta maison)

Pote lespwa bay kè dezole mwen (En nous sois l espoir le plus fort).31

Se pou nou chèche vizaj eman Li an epi apresa pou nou vin veso mizèrikòd Li pou pitit Li yo.32 Nan non Jezikri, Amèn.

Nòt

  1. Gade nan Hadyn D. Ellis and Melanie Florence, “Bodamer’s (1947) Paper on Prosopagnosia,” Cognitive Neuropsychology, vol. 7, no. 2 (1990), 84–91; Joshua Davis, “Face Blind,” Wired, Nov. 1, 2006, wired.com.

  2. Gade nan Dennis Nealon, “How Common Is Face Blindness?,” Harvard Medical School, Feb. 24, 2023, hms.harvard.edu; Oliver Sacks, “Face-Blind,” New Yorker, Aug. 23, 2010, newyorker.com.

  3. “Kèk manm nan Legliz la aksepte kòm verite doktrin, prensip, ak temwayaj nou bay toutan sou chè sa a nan Sant Konferans lan ak nan kongregasyon lokal yo atravè mond lan—epi yo petèt toujou ap lite pou yo kwè ke verite etènèl sa yo ka aplike espesyalman nan lavi yo ak nan sikonstans pa yo(David A. Bednar, “Demere nan Mwen, e Mwen nan Ou; Se Poutèt Sa, Mache Avèk Mwen,” Liahona, Me 2023, 125).

  4. Gade nan 1 Nefi 8:19; 15:23. “Li difisil pou respekte kòmandman Senyè a san lafwa ak konfyans nan Li” ” (Henry B. Eyring, “Lafwa pou nou Mande epi Apresa pou nou Aji,” Liahona, Nov. 2021, 75).

  5. Alma 5:26.

  6. Gade Russell M. Nelson, “Repons la se Toujou Jezikri,” Liahona, Me 2023, 127–28.

  7. Jan 12:21.

  8. Jan 20:14. Yo te wè l, men yo pa t konnen L sou wout Emayis la (gade Lik 24:16), nan yon chanm fèmen (gade Lik 24:37), sou rivaj Galile a ( gade Jan 21:4), ak sou Tonm ki nan Jaden an (gade Jan 20:14).

  9. Si nou chèche L ak tout kè nou, epi nou kontinye mache avèk lafwa, n ap jwenn Li.

    “Se mwen ki konnen sa m gen nan tèt mwen pou nou. Se mwen menm Seyè a k ap pale. Se byen nou mwen ta vle wè, pa malè nou. …

    Epi n ap chèche m, epi n ap jwenn mwen, lè n ap chèche m ak tout kè nou” (Jeremi 29:11, 13).

    “Jou a pral rive pou nou konprann menm Bondye, paske n ap vivifye nan li epi akoz li.

    Lè sa a n ap konnen nou te wè m, m egziste,” (Doktrin ak Alyans 88:49–50).

    “Tout nanm ki abandone peche yo epi ki vin jwenn mwen, epi ki rele non mwen, epi ki obeyi vwa mwen, epi ki respekte kòmandman m yo, ap wè fas mwen epi l ap konnen m egziste.”(Doktrin ak Alyans 93:1).

  10. Mowoni 7:48. Pòl konekte charite tou avèk kapasite nou genyen pou wè ak klè. Nan konklizyon gwo prèch li a sou charite, li te ekri sa menm “kounye a nou wè atravè yon vè, ki nan fènwa,” pita nou pral wè “fasafas: … Lè sa a, na konnen nèt ale menm jan Bondye konnen nou an.”(1 Korentyen 13:12).

  11. Jeffrey R. Holland, “Demen Senyè a Pral Akonpli Mèvèy nan Mitan Nou,” Liahona, Me 2016, 127. “Pi gwo definisyon ‘lanmou pi Kris la’… se pa sa nou antanke kretyen nou eseye men nou echwe prensipalman pou demontre l anvè lòt moun men pito se sa Kris la totalman reyisi demontre anvè noumenm. Vrè charite a te demontre yon sèl fwa. Li ilistre pafètman ak nan fason ki pi nan lanmou inebranlab, siprèm, ak ekspyatwa Kris la genyen pou nou” (Jeffrey R. Holland, Christ and the New Covenant: The Messianic Message of the Book of Mormon [1997], 336).

  12. Lik 4:8, Nouvo Vèsyon Wa Jak la.

  13. Gade nan Matye 8:3; 9:25.

  14. Gade nan Matye 14:13–21.

  15. See Matye 8:1–3.

  16. Gade nan Jan 4:7–10; Li fè lwanj Samariten an (gade nan Lik 10:25–37).

  17. Gade nan Matye 21:31; Lik 7:27–50; 15:1–10; Jan 8:2–12.

  18. Gade Matye 8:5–13.

  19. Russell M. Nelson, “Kris Vivan an: Lafwa nan Li Ap Deplase Montay,” Liahona, Me 2021, 103.

  20. Jeffrey R. Holland, ““Grandè Bondye,” Lyawona,, Nov. 2018. “Moun ki wè m, li wè Papa a” (Jan 14:9).

  21. 2 Korentyen 1:3.

  22. Gade Sòm 27:6; Doktrin ak Alyans 88:68.

  23. Gade nan 2 Korentyen 4:6; Pap Francis, “Misericordiae Vultus: Toro Entwodiksyon Jibile Ekstrwòdinè Mizerikòd la,” Apostolic Letters, vatican.va.

  24. Sa a se yon sijè ki enpòtan. Se pa sèlman travay sali a ak egzaltasyon an, men se travay sali ak ekzaltasyon Li a (gade nan Manyèl Jeneral la: Sèvi nan Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo, 1.2, Bibliyotèk Levanjil la). Mwen pa jis ale nan yon tanp men nan kay Senyè a; se pa Legliz Mòmon an men se Legliz Jezikri a (gade nan Russell M. Nelson, “Non Kòrèk Legliz la,” Lyawona, Nov. 2018, 87–89). Dirijan nou yo montre nou epi yo menm raple nou ke “pa gen ankenn antite ki egziste sou non ‘Ekspyasyon an‘ kote nou kapab rele pou sekou, gerizon, padon, oubyen pouvwa. Jezikri se sous la” (Russell M. Nelson, “Rale Pouvwa Jezikri nan Lavi Nou,” Liahona, Me 2017, 40).

  25. “Chemen alyans lan se osijè relasyon nou avèk Bondye”; se “chemen lanmou … kopatisan ki sousye epi lonje lamen youn bay lòt la” (Russell M. Nelson, “Alyans Etènèl la,” Liahona, Okt. 2022, 11).

    Gade nan David A. Bednar, “Lajwa sa pote ak eta Beni an” (diskou ki te bay nan seminè pou nouvo lidè misyon yo, 24 Jen 2022); Scott Taylor, “Èldè Bednar Pataje 7 Leson sou ‘Benediksyon ak Kontantman Sa pote nan Obeyisans,” Church News, 27 Jen 2022, thechurchnews.com.

    “Antre nan alyans sakre yo epi resevwa òdonans prètriz yo an tout diyite pote yo sou nou epi mare nou avèk Senyè a, Jezikri ak Papa nou ki nan Syèl la. Sa senpleman vle di ke nou konfye nou nan Sovè a kòm avoka nou ak Medyatè nou epi nou konte sou merit, mizerikòd, ak gras Li pandan vwayaj nou nan lavi a. …

    Respekte ak renmen angajman nou pran nan alyans yo kreye yon koneksyon avèk Senyè a ki pwofondeman pèsonèl epi ki pwisan espirityèlman. … Lè sa a, Jezi vin pi plis pase karaktè santral la nan istwa ekriti yo; Egzanp ak ansèyman li yo enfliyanse tout dezi, panse ak aksyon nou yo” (David A. Bednar, “Men Nou Pa t Okipe Yo,” Liahona, Me 2022, 15).

    Gade nan D. Todd Christofferson, “Relasyon Nou Avèk Bondye,” Lyawona, Me 2022, 78–80.

  26. “Epi san òdonans prètriz la yo, ak otorite prètriz la, pouvwa Bondye pa manifeste pou lèzòm nan kò fizik yo;

    “Paske san sa, pèsonn moun pa kapab wè figi Bondye, Papa a menm, epi pou l viv” (Doktrin ak Alyans 84:21–22).

  27. Patricia Holland, “A Lavni ranpli ak Lespwa” (devosyon mondyal pou jèn adilt, 8 Jan. 2023), Bibliyotèk Levanjil la:

    “Ou pa bezwen kouri toupatou ap kouri dèyè [lespwa ke L ap ede ou]; ou pa bezwen sa e ou pa ka fabrike sa. Tankou anpil bagay nan domèn lagras la, ou pa ka jwenn ni nan aprann pa pwòp fòs pa w oubyen sou pa yon lòt moun. Pa gen resèt sekrè ni enkantasyon majik ki anplike. …

    “Anfèt, pati nou jwe a enpòtan men li aktyèlman trè piti; Bondye gen pi gwo pati nan tach la. Pati pa nou an se vin jwenn Li nan imilite ak senplisite, epi nou pa dwe pè ni enkyete nou.”

  28. Mozya 5:13; gade tou nan Jan 17:3.

  29. Prezidan Nelson te raple nou plizyè fwa pou nou “elaji sèk lanmou nou an pou anbrase toutantye fanmi imen an” (“Benediksyon pou Patizan Lapè yo,” Liahona, Nov. 2002, 41). Nan mwa me 2022 li te di jèn adilt yo ke “etikèt yo ka rive fè jijman ak malveyans. Nenpòt abi oswa prejije kont yon lòt akozde nasyonalite, ras, oryantasyon seksyèl, sèks, nivo edikasyon, kilti, oubyen tout lòt faktè enpòtan ki idantifye moun se yon ofans nan je Mèt nou an” (“Chwa pou Letènite” [devosyon mondyal pou jèn adilt yo, Me 15, 2022], Bibliyotèk Levanjil la). Epi sa ki enpòtan, li te di: “Sa fè m mal anpil ke frè ak sè ki Nwa nou yo nan mond lan ap andire doulè rasis ak prejije. Jodia, m ap mande manm nou yo toupatou nan mond lan pou yo bay egzanp lan nan abandone atitid ak aksyon prejidis. Mwen sipliye nou pou ankouraje respè pou tout pitit Bondye yo” (“Bay Bondye Priyorite,” Liahona, Nov. 2020, 94).

    “Prejije pa mache avèk pawòl Bondye te revele a. Jwenn favè oswa pa jwenn favè devan Bondye depann sou devosyon nou pou Li ak pou kòmandman L yo, se pa sou koulè po yon moun ni sou lòt kalite.

    Sa gen ladan l tou prejije ki baze sou ras, koulè, nasyonalite, tribi, sèks, laj, andikap, eta sosyo-ekonomik, kwayans oubyen enkwayans relijye, ak oryantasyon seksyèl” (Manyèl Jeneral, 38.6.14, Gospel Library).

  30. Gade nan 1 Nefi 81125.

  31. Sauveur d’Israël,” Cantiques, no. 6.

  32. Gade nan Women 9:23.