Konferans Jeneral
Prezève Vwa Pèp Alyans lan nan Jenerasyon K ap Grandi a
Konferans Jeneral Oktòb 2023


Prezève Vwa Pèp Alyans lan nan Jenerasyon K ap Grandi a

Youn nan responsabilite pi sakre nou yo se pou nou ede pitit nou yo jwenn yon konesans pwofon ak espesifik ke Jezi se Kris la.

Youn nan pi gran evènman ki anrejistre nan Liv Mòmon an se lè Sovè resisite a te vizite moun ki te ozalantou tanp lan nan peyi Abondans lan. Apre yon jou plen ansèyman, gerizon, ak edifye lafwa, Jezi te dirije atansyon pèp la sou jenerasyon ki ap grandi a: “Li te kòmande pou yo mennenn timoun pitit yo.”1 Li te priye pou yo e Li te beni yo en pa en. Eksperyans la te tèlman plen emosyon ke menm Sovè a te kriye anpil fwa.

Apresa, pandan Li t ap pale avèk foul la, Jezi te di:

Men timoun piti nou yo

“Epi lè yo te gade … yo te wè syèl la louvri, e yo te wè zanj k ap desann sòti nan syèl la,” yo t ap rann timoun yo sèvis.2

Mwen souvan panse de eksperyans sa a. Sa te dwe fonn kè chak moun ki te la yo! Yo te wè Sovè a. Yo te manyen Li. Yo te konnen Li. Li te anseye yo. Li te beni yo. Epi L te renmen yo. Sa pa etone m kijan apre evènman sakre sa a, timoun sa yo te grandi pou ede etabli yon sosyete ki te gen lapè, pwosperite, ak yon lanmou Kretyen ki te dire pou anpil jenerasyon.3

Sa ta mèveye si pitit pa nou yo te kapab fè yon eksperyans konsa avèk Jezikri—yon bagay ki te ka mare kè yo ak Sovè a! Li envite nou, menm jan Li te envite paran sa yo nan Liv Mòmon an, pou nou pote timoun piti nou yo ba Li. Nou kapab ede yo konnen Sovè yo ak Redanmtè yo menm jan timoun sa yo te konnen L. Nou kapab montre yo kijan pou yo jwenn Sovè a nan ekriti yo e bati fondasyon yo sou Sovè a.4

Tou dènyèman, yon bon zanmi m te anseye m yon bagay mwen pa t janm te remake anrapò ak parabòl nonm saj la ki te bati kay li sou yon wòch. Dapre resi Lik la, lè nonm saj la te moute fondasyon kay li, li te “fouye tè a byen fon.”5 Se pa t yon travay ki te òdinè oubyen senp—sa te pran efò!

Pou nou bati lavi nou sou wòch Redanmtè nou an, Jezikri, nou bezwen fouye byen fon. Nou retire tout sa ki gen sab oubyen ki initil nan lavi nou. Nou kontinye fouye jiskaske nou jwenn Li. Epi nou anseye pitit nou yo pou yo mare kò yo nan Li atravè òdonans ak alyans sakre yo, pou lè siklòn ak delij opozisyon an vini, paske yo gen pou yo vini, yo pap gen gwo efè sou yo “poutèt sou wòch [yo] bati a.”6

Kalite fòs sa a pa jis rive pa aza. Li pa pase al nan pwochen jenerasyon an tankou yon eritaj espirityèl. Chak moun dwe fouye byen fon pou yo jwenn Wòch la.

Nou aprann leson sa a nan yon lòt istwa nan Liv Mòmon an. Lè Wa Benjamen te bay pèp la diskou final li an, yo te rasanble antanke fanmi pou yo te tande pawòl li yo.7 Wa Benjamen te rann yon temwayaj puisan sou Jezikri, epi pèp la te vreman ranpli ak emosyon akozde temwayaj li an. Yo te deklare:

“Lespri a … te opere gwo chanjman nan nou, oubyen nan kè nou. …

“Epi nou vle fè alyans ak Bondye nou an pou nou fè volonte l … tout rès lavi nou.”8

Nou te ka atann pou timoun piti ki gen paran ki konvèti konsa ta evantyèlman vin konvèti ak fè alyans pou tèt pa yo tou. Men e poutan, pou yon rezon ki pa nan rejis la, alyans paran yo te fè a pa t gen enfliyans sou kèk nan timoun pèp yo. Anpil ane apre sa, “te gen anpil nan jenerasyon ki t ap leve a ki pa t kapab konprann pawòl wa Benjamen yo, yo te timoun piti lè l te pale avèk pèp li a, e yo pa t kwè nan tradisyon papa yo.

“Yo pa t kwè pawòl ki te pale konsènan rezirèksyon mò yo, epi tou, yo pa t kwè konsènan Kris ki te gen pou l vini an. …

“Epi yo pa t vle batize ni rantre nan legliz la. Yo te yon pèp apa daprè lafwa yo.”9

Ala refleksyon fè moun reflechi! Pou jenerasyon ki ap leve a, li pa ase pou lafwa nan Jezikri vin yon “tradisyon papa yo.” Yo dwe pran posesyon lafwa nan Kris la pou tèt pa yo. Antanke pèp alyans Bondye a, kijan nou kapab fòmante nan kè pitit nou yo yon anvi pou yo fè epi kenbe alyans avèk Bondye?

Nou kapab kòmanse pa suiv egzanp Nefi: “Nou pale konsènan Kris la, nou pran plezi nan Kris la, nou preche konsènan Kris la, nou pwofetize konsènan Kris la, epi nou ekri dapre pwofesi nou yo, pou pitit nou yo kapab konnen nan ki sous pou yo chèche padon pou peche yo.”10 Pawòl Nefi yo enplike yon efò ki konstan, san rete, nan anseye pitit nou yo konsènan Kris la. Nou kapab konsantre nou pou vwa pèp alyans la pa toufe anvan l antre nan zorèy jenerasyon ki ap leve a epi sijè Jezi a pa rete pou jou Dimanch sèlman.11

Vwa pèp alyans la disponib nan pwòp pawòl temwayaj nou yo. Nou ka jwenn li nan pawòl pwofèt vivan yo. Epi tou li rezève ak tout puisans nan ekriti yo. Se la pitit nou yo pral rive konnen Jezi epi jwenn repons pou kesyon yo. Se la yo pral aprann pou tèt pa yo doktrin Kris la. Se la yo pral jwenn lespwa. Sa pral prepare yo pou yon lavi kote yo pral chache la verite ak kote yo pral viv sou chemen alyans lan.

Mwen renmen konsèy Prezidan Russell M. Nelson te bay la:

“Ki kote nou kapab ale pou n koute Li?

“Nou ka ale nan ekriti yo. Yo anseye nou osijè Jezikri ak levanjil Li a, grandè Ekspyasyon L lan, ak gwo plan bonè ak redanmsyon Papa nou an. Plonje nou nan pawòl Bondye a chak jou se yon bagay ki enpòtan pou nou siviv espirityèlman, espesyalman nan epòk gwo boulvèsman sa yo. Si nou fè festen ak pawòl Kris yo chak jou, pawòl Kris yo ap di nou kijan pou nou reyaji devan difikilte nou pa t janm panse nou t ap travèse.”12

A kisa sa sanble lè nou fè yon festen ak pawòl Kris la epi nou tande Li? Li sanble ak sa ki mache pi byen pou ou! Li gendwa lè w rasanble avèk fanmi w pou w pale sou sa sentespri a te anseye w nan etid ekriti ou avèk Vini, Suiv Mwen. Li gendwa lè ou rasanble chak jou avèk pitit ou pou w li kèk pasaj nan ekriti yo epi apresa chache opòtinite pou w antre nan konvèsayson sou sa w te aprann pandan n ap pase tan ansanm. Jis chache kisa ki mache pou oumenm ak fanmi ou epi eseye vin yon ti kras pi bon chak jou.

Konsidere pèspektif sa a nan Ansenye nan Fason Sovè a: “Sou plan endividyèl, yon grenn sware familyal, yon sesyon etid levanjil, oswa yon konvèsasyon sou levanjil la gendwa pa sanble tankou l ap akonpli anpil bagay. Men akimilasyon ti efò, senp, ki repete ak konsistans avèk letan, kapab vin pi puisan ak fòtifyan pase yon moman eksepsyonèl oswa yon leson ekstraòdinè. … Donk, pa lage sa, epi pa enkyete w konsènan akonpli yon gwo bagay chak fwa. Jis rete konsistan nan efò w yo.”13

Youn nan responsabilite pi sakre nou yo se pou nou ede pitit nou yo jwenn yon konesans pwofon ak espesifik ke Jezi se Kris la, pitit Gason Bondye Vivan an, Sovè ak Redanmtè pèsonèl yo, ki kanpe alatèt Legliz Li an! Nou pa kapab pèmèt vwa alyans nou vin toufe oubyen rete an silans anrapò ak Limenm.

Ou gendwa santi w on tijan fèb nan wòl sa a, men ou pa janm dwe santi ou poukont ou. Pa egzanp, konsèy pawas yo gen otorizasyon pou yo òganize reyinyon konsèy enstriktè pou paran yo. Nan reyinyon chak trimès sa yo, paran yo ka rasanble pou yo aprann ansanm ak eksperyans youn lòt, pou yo pale sou kijan yo fòtifye fanmi yo, epi aprann prensip ki kle nan yon ansèyman Kretyen. Reyinyon sa dwe fèt pandan dezyèm èdtan nan legliz la.14 Se yon manm nan pawas la ke evèk la te chwazi ki dwe dirije reyinyon an epi li suiv modèl regilye pou reyinyon konsèy enstriktè yo, avèk Anseye nan Fason Sovè a kòm resous prensipal.15 Evèk yo, si pawas ou a aktyèlman poko gen reyinyon konsèy enstriktè pou paran yo, travay ansanm ak prezidan Lekòldidimanch ou a ak konsèy pawas ou a pou w òganize tèt ou.16

Chè zanmi m nan Kris la, w ap fè yon pi bon travay pase sa w panse. Jis kontinye travay sou li. Pitit ou yo ap gade, y ap tande, e y ap aprann. Pandan w ap kontinye anseye yo, w ap rive konnen kiyès yo ye kòm pitit gason ak pitit fi Bondye. Yo gendwa bliye Sovè a pou yon sezon, men mwen pwomèt ou, Li pa p janm bliye yo! Moman sa yo kote Sentespri a pale avèk yo ap rete fidèl nan kè yo ak panse yo. Epi yon jou pitit ou ap eko temwayaj Enos ki di: Mwen konnen paran m te jis, “paske li te preche m … nan nouriti ak avètisman Senyè a—e se pou non Bondye m nan beni poutèt sa”17

Annou aksepte envitasyon Sovè a pou nou pote timoun piti nou yo ba Li. Si nou fè sa, yo pral wè Li. Yo pral santi Li. Yo pral konnen Li. Li pral anseye yo. Li pral beni yo. Epi, ala Li pral renmen yo. Epi, ala mwen renmen Li. Nan non sakre Li, Jezikri, amèn.

Nòt

  1. 3 Nefi 17:11.

  2. 3 Nefi 17:23-24; gade 3 Nefi 17:11-22tou.

  3. Gade 4 Nefi 1:1-22.

  4. Gade Lik 6:47–49; Elaman 5:12.

  5. Lik 6:48.

  6. Elaman 5:12.

  7. Gade Mozya 2:5..

  8. Mozya 5:2, 5. Remake kijan “pa t gen yon nanm, eksepte ti moun piti yo, ki pa t fè alyans, e ki pa t pran non Kris la sou yo.” (Mozya 6:2).

  9. Mozya 26:1–2, 4.

  10. 2 Nefi 25:26.

  11. “Gen anpil bagay pou nou anseye konsènan levanjil retabli Jezikri a—prensip, kòmandman, pwofesi, ak istwa ekriti. Men, tout sa yo se branch menm pyebwa a, paske yo tout gen yon sèl objektif: pou ede tout moun vini jwenn Kris la epi pèfeksyone yo nan Li (gade nan Jawòm 1:11; Mowoni 10:32). Konsa, kèlkeswa sa w ap anseye a, sonje ke w ap reyèlman anseye konsènan Jezikri ak fason pou nou vin tankou Li.” (Anseye nan Fason Sovè a: Pou Enstriktè nan Fwaye ak nan Legliz la [2022], 6).

  12. Russell M. Nelson, “Koute Li,” Liahona, Me 2020, 89.

  13. Anseye nan Fason Sovè a,31.

  14. Adaptasyon espesyal kapab fèt pou paran ki ap anseye nan Primè, tankou yon reyinyon ki fèt nan 20 minit ki pou Peryòd Chante nan Primè a oubyen òganize yon lòt reyinyon nan yon lòt lè (gade nan Manyèl Jeneral: Sèvi nan Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo, 17.4, Bibliyotèk Levanjil la).

  15. Manm yo ak dirijan yo ka fè kòmand Anseye nan Fason Sovè a atravè Sèvis Distribisyon yo. Nou ka jwenn li an fason dijital sou Bibliyotèk Levanjil la.

  16. Gade General Handbook13.5.

  17. Enòs 1:1. Sonje kijan pami jenerasyon enkwayan ki t ap leve yo nan Liv Mòmon an te genyen Alma pi jèn nan ak pitit gason Mozya yo. Lè Alma pi jèn nan te finalman rekonèt li te bezwen chanje lavi li, li te sonje kisa papa li te anseye li konsènan Jezikri—anseyman ke Alma te inyore nan pase l. Men memwa yo te rete fre nan tèt li, epi se te memwa sa a ki te sove Alma espirityèlman (Gade nan Alma 36:17-20).