Konferans Jeneral
Verite etènèl yo
Konferans Jeneral Oktòb 2023


Verite etènèl yo

Nesesite pou nou idantifye laverite a pa t janm pi enpòtan pase kounyea!

Frè m ak sè m yo, mèsi pou devosyon nou anvè Bondye Papa a ak Pitit Gason L lan, Jezikri, epi mèsi pou lanmou nou ak sèvis nou anvè youn lòt. Nou vrèman remakab!

Entwodiksyon

Apre madanm mwen, Anne, ak mwen te fin resevwa yon apèl pou sèvi yon misyon aplentan, fanmi nou te detèmine pou nou aprann non chak misyonè anvan n te rive nan chan misyon an. Nou te jwenn foto, kreye kat revizyon, epi kòmanse etidye vizaj yo ak memorize non yo.

Lè nou te rive, nou te fè konferans pou prezante tèt nou bay misyonè yo. Pandan nou t ap pale, mwen te tande pitit gason nevan m nan k ap di:

“M kontan rankontre ou, Sam!”.

“Rachèl, ki kote w soti?”

“Waw, David, ou wo anpil!”

Alame, mwen t al jwenn pitit gason nou an epi m te chichote, “Hey, sonje ke w dwe rele misyonè yo Èldè oubyen Sè.”

Li te ban m yon rega etone epi l te di, “Papa, m te kwè nou te sipoze memorize nonyo” Pitit gason m nan te fè sa l te panse ki te jis baze sou konpreyansyon li.

Konsa, ki konpreyansyon nou genyen sou laverite nan mond jodia? Nou konstamman bonbade anba opinyon zele, rapò prejije, ak done enkonplè. An menm tan, sous yo ak volim enfòmasyon sa a ap grandi. Nesesite pou nou idantifye laverite a pa t janm pi enpòtan pase kounyea!

Laverite esansyèl pou nou etabli ak ranfòse yon relasyon avèk Bondye, jwenn lapè ak lajwa, epi atenn potansyèl diven nou. Jodia, an nou konsidere kesyon sa yo:

  • Kisa laverite ye, epi poukisa l enpòtan?

  • Kijan nou jwenn laverite?

  • KIlè nou jwenn laverite, kijan nou ka pataje l?

Verite Etènèl

Senyè a te anseye nou ke “verite se konesans bagay jan yo ye, epi jan yo te ye, ak jan yo pral vin ye;” (Doktrin ak Alyans 93:24). Li “pa t kreye oubyen fèt” (Doktrin ak Alyans 93:29) e li pa gen “finisman” (Doktrin ak Alyans 88:66).1 Laverite absoli, fikse, ak inebranlab. Otremandi, laverite etènèl.2

Laverite ede nou evite twonpri,3 disène byen ak mal,4 resevwa pwoteksyon,5 epi jwenn rekonfò ak gerizon.6 Verite a ka gide aksyon nou tou,7 rann nou lib,8 sanktifye nou,9 ak mennen nou nan lavi etènèl.10

Bondye Revele Verite Etènèl

Bondye revele verite etènèl ba nou atravè yon rezo relasyon revelatwa ki enplike Limenm, Jezikri, Sentespri a, pwofèt yo, avèk nou. An nou diskite sou wòl presi men ki konekte chak patisipan ki jwe yon wòl nan pwosesis sa a.

Premyèman, Bondye se sous tout verite etènèl.11 Limenm ak Pitit Gason L lan, Jezikri,12 gen yon konpreyansyon pafè sou laverite epi Yo toujou aji an amoni avèk vrè prensip ak lwa yo.13 Pouvwa sa a pèmèt Yo kreye ak gouvène mond lan14 osi buen renmen, gide, ak nouri nou chak pafètman.15 Yo vle nou konprann ak aplike verite a pou nou ka jwi benediksyon Y ap jwi yo.16 Li ka kominike verite pèsonèlman oswa atravè mesaje tankou Sentespri a, zanj yo, oswa pwofèt vivan yo.

Twazyèman, Sentrespri a temwaye konsènan tout verite.15 Li revele verite yo pou nou dirèkteman epi li temwaye konsènan verite lòt moun anseye. Enpresyon ki soti nan Sentespri a tipikman vini kòm panse nan lespri ak sansasyon nan kè nou.16

Katriyèman, pwofèt yo resevwa verite ki soti nan Bondye epi yo pataje verite sa a avèk nou.17 Nou aprann laverite nan men pwofèt ansyen yo nan ekriti yo18 ak nan men pwofèt vivan yo nan konferans jeneral ak atravè lòt metòd kominikasyon ofisyèl.

Finalman, oumenm avèk mwen jwe yon wòl enpòtan nan pwosesis sa a. Bondye atann pou nou chèche, rekonèt, ak aji sou verite a. Alafen, kapasite nou pou resevwa ak aplike verite a depann sou fòs relasyon nou avèk Papa a ak Pitit Gason an, sou reyaksyon nou devan enfliyans Sentespri a, ak sou aliyman nou avèk pwofèt dènye jou yo.

Nou bezwen sonje ke Satan ap travay pou l anpeche nou jwenn laverite. Li konnen ke san laverite, nou pa ka jwenn lavi etènèl. Li ba nou demi verite melanje avèk filizofi lèzòm pou twouble nou ak anpeche nou jwenn sa Bondye kominike ba nou.19

Chèche, Rekonèt, ak Aplike Verite Etènèl

Pandan n ap chèche verite etènèl la20 de kesyon sa yo kapab ede nou rekonèt si yon konsèp soti nan Bondye oubyen nan yon lòt sous:

  • Èske konsèp la anseye avèk konsitans nan ekriti yo oswa nan pawòl pwofèt vivan yo?

  • Èske konsèp la konfime atravè temwayaj Sentespri a?

Bondye revele verite etènèl yo atravè pwofèt yo, epi Sentespri a konfime verite sa yo pou nou pèsonèlman.21 Nou dwe chèche ak prepare pou nou resevwa enpresyon espirityèl yo lè yo vini.24 Nou pi reseptif pou temwayaj Lespri a lè nou rete enb,23 priye sensèman ak etidye pawòl Bondye yo,24 epi kenbe kòmandman Li yo.25

Lè Sentespri a konfime nou yon verite espesifik, konpreyansyon nou apwofondi pandan n ap mete prensip sa a an pratik. Avèk letan, si nou viv prensip la avèk konsistans, n ap akeri yon konesans ki asire nou de verite sa a.26

Pa egzanp, mwen konn komèt erè epi santi remò pou move chwa mwen. Men, atravè lapriyè, etid, ak lafwa nan Jezikri, mwen konn resevwa yon temwayaj sou prensip repantans lan.27 Pandan m te kontinye repanti, konpreyansyon m sou repantans te grandi vin pi solid. Mwen te santi m pi pre Bondye ak Pitit gason L la. Kounyea mwen konnen ke peche ka jwenn padon atravè Jezikri, paske Mwen te fè eksperyans benediksyon repantans yo chak jou.28

Fè Bondye Konfyans Lè Verite a Pa Ko Revele.

Donk, kisa nou ta dwe fè lè nou sensèman ap chèche jwenn verite ki pa ko revele? Mwen gen anpil konpasyon pou moun k ap chèche repons ki pran tan pou yo vini yo.

Pou Joseph Smith, Senyè a te konseye, “Ret anpè jistan m wè l nesesè pou m fè w konnen tout bagay konsènan sijè sa a.” (Doktrin ak Alyans 10:37).

Epi pou Emma Smith, Li te eksplike, “Pa plenyen poutèt bagay ou pa wè yo, paske yo kache lwen ou ak mond lan, sa a ki se lasajès ki nan mwen menm pou yon lè ki pral rive.” (Doktrin ak Alyans 25:4).

Mwenmenm tou mwen konn chèche repons pou kesyon sensè. Anpil repons konn vini, gen lòt ki pa vini.29 Pandan na p kenbe fèm—konfye nan sajès ak lanmou Bondye, kenbe kòmandman Li yo, epi konte sou sa nou deja konnen—Li ede nou jwenn lapè jistan Li revele verite nan tout bagay yo.30

Konprann Doktrin ak Règleman yo

Lè n ap chèche laverite, sa ede si nou konprann diferans ant doktrin ak règleman. Doktrin fè referans a verite etènèl, tankou nati Divinite a, plan sali a, sakrifis ekspyatwa Jezikri a. Règleman se aplikasyon pwofetik doktrin ki baze sou sikonstans aktyèl. Règleman yo ede nou administre Legliz la nan yon fason òdòne.

Pandan ke doktrin nan pa janm chanje, regleman ka ajiste tanzantan. Senyè a travay atravè pwofèt Li yo pou mentni doktrin Li epi pou modifye règleman yo nan Legliz la selon bezwen pitit Li yo.

Malerezman, pafwa nou konfonn règleman ak doktrin. Si nou pa konprann diferans la, nou riske tonbe nan dezilizyon lè règleman yo chanje, ki lakòz kèk moun kesyone sajès Bondye oswa wòl pwofèt yo nan revelasyon.33

Anseye Revele Verite Etènèl

Lè nou resevwa laverite nan men Bondye, Li ankouraje nou pataje konesans sa a avèk lòt moun.32 Nou fè sa lè nou anseye nan legliz, gide yon timoun, oswa diskite verite levanjil yo avèk yon zanmi.

Objektif nou se pou anseye nan yon fason ki envite pouvwa konvèsyon Sentespri a.35 Kite m pataje yon seri envitasyon senp, konsi, ki soti Senyè a ak pwofèt Li yo ki ka ede.36

  1. Konsantre sou Pè Selès la, sou Jezikri, ak doktrin fondamantal Yo a.37

  2. Rete konekte avèk ekriti yo ak ansèyman pwofèt dènye-jou yo.38

  3. Konte sou doktrin ki etabli atravè plizyè temwen ki gen otorite.39

  4. Evite sipozisyon, opinyon pèsonèl, oswa ide pwofàn.40

  5. Anseye yon pwen doktrin nan kontèks verite ki anrapò avèk verite levanjil yo.41

  6. Itilize metòd ansèyman ki envite enfliyans Lespri a.42

  7. Kominike avèk klate pou evite malantandi.43

Pale Verite a avèk Amou

Fason nou anseye verite a vrèman enpòtan. Pòl te ankouraje nou pou pale verite a avèk amou” (gade Efezyen 4:14–15). Sa vledi verite gen pi bon chans pou beni yon lòt moun lè y ap transmèt li avèk amou Kretyen.44

Verite ki anseye san amou ka lakòz santiman jijman, dekourajman, ak solitid. Sa souvan kondui nan resantiman ak divizyon menm konfli. Sou yon lòt bò, amou san verite vid epi manke pwomès pou pwogrese.

Laverite ansanm ak amou esansyèl pou devlòpman spirityèl nou.45 Laverite founi doktrin, prensip, ak lwa ki nesesè pou jwenn lavi etènèl, pandan pale verite avèk amou anjandre motivasyon ki nesesè pou anbrase ak aji selon sa ki vrè.

Mwen rekonesan pou toujou pou lòt moun ki te gen pasyans pou anseye m verite etènèl avèk amou.

Konklizyon

An konklizyon, kite m pataje verite etènèl ki vin tounen yon pwen dankraj pou nanm mwen yo. Mwen te akeri konesans konsènan verite sa yo nan suiv prensip ki diskite yo jodia.

Mwen konnen ke Bondye se Papa eman nou ki nan Syèl la.46 Li konn tout bagay,47 tou puisan,48 epi pafètman eman.49 Li te kreye yon plan ki fè nou kapab gen lavi etènèl epi vin tankou Li.50

Kòm yon pati nan plan sa a, Li te voye Pitit Gason L lan, Jezikri, pou ede nou.51 Jezi te anseye nou pou nou fè volonte Papa a52 epi pou youn renmen lòt.53 Li te ekspye pou peche nou54 epi Li te bay lavi Li sou kwa a.55 Li te leve soti anba lanmò twa jou apre.55 Atravè Kris la ak lagras Li, n ap resisite,57 nou ka jwenn padon,58 epi nou ka jwenn fòs nan afliksyon.59

Pandan ministè terès Li a, Jezi te etabli Legliz Li a.60 Avèk letan, Legliz sa a te chanje, epi verite yo te vin pèdi.61 Jezikri te retabli Legliz Li a ak verite levanjil yo atravè Pwofèt Joseph Smith.62 Epi jodia, Kris la kontinye dirije Legliz Li a atravè pwofèt ak apot vivan yo.63

Mwen konnen lè nou vin jwenn Kris la, nou ka alafen “vin pafè nan li” (Mowoni 10:32), jwenn “yon plenitid lajwa” (Doktrin Ak Alyans 93:33), epi resevwa “tout sa Papa [a] genyen” (Doktrin ak Alyans 84:38). Konsènan sa, mwen rann temwenyaj mwen, nan non Jezikri, amèn.

Nòt

  1. Gade tou nan Sòm 117: 2; Doktrin ak Alyans 1:39.

  2. “Kontrèman ak dout kèk moun genyen, reyèlman gen yon bagay ki rele byen ak mal ki egziste. Reyèlman gen verite absoli—verite etènèl. Youn nan fleyo epòk nou an sèke kantite moun ki konn kibò pou yo chèche laverite yo twò piti” (Russell M. Nelson, “Verite Pure, Doktrin Pure, ak Revelasyon Pure,” Lyawona, Nov. 2021, 6).

  3. Gade Joseph Smith—Matye 1:37.

  4. Gade nan Mowoni 7:19.

  5. Gade 2 Nefi 1:9; Doktrin ak Alyans 17:8.

  6. Gade Jakòb 2:8.

  7. Gade Sòm 119:105; 2 Nefi 32:3.

  8. Gade Jan 11:35; Doktrin ak Alyans 42:45.

  9. Gade Jan 17:17.

  10. Gade 2 Nefi 31:20.

  11. Gade Doktrin ak Alyans 88:11–13; 93:36.

  12. Gade Jan 5:19–20; 7:16; 8:26; 18:37; Moyiz 1:6.

  13. Gade Alma 42:12–26; Doktrin ak Alyans 88:41.

  14. gade Moyiz 4:22–25.

  15. Gade 2 Nefi 26:24.

  16. Gade Doktrin ak Alyans 82:8-9

  17. Gade Jan 16:13; Jakòb 4:13; Moroni 10:5; Doktrin ak Alyans 50:14; 75:10; 76:12; 91:4; 124:97.

  18. Gade Doktrin ak Alyans 6:22–23; 8:2–3.

  19. Gade Jeremi 1:5, 7; Amòs 3:7; Matye 28:16–20; Mowoni 7:31; Doktrin ak Alyans 1:38; 21:4–6; 43:1–7. Yon pwofèt se “yon moun ki te aple pa Bondye pou pale pou Li. Kòm yon mesaje pou Bondye, yon pwofèt resevwa kòmandman, pwofesi, ak revelasyon yo ki soti de Bondye. Responsablite li se pou fè konnen volonte ak vrè karaktè Bondye pou limanite epi montre siyifikasyon entèaksyon Li avèk yo. Yon pwofèt denonse peche epi predi konsekans li yo. Li se yon predikatè sou lajistis. Pa okazyon, pwofèt yo ka enspire pou predi lavni pou benefis limanite. Responsablite prensipal li, sepandan, se pou rann temwayaj sou Kris la. Prezidan Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo se pwofèt Bondye sou tè a jodia. Manm yo nan Premye Prezidans la ak Douz Apot yo soutni kòm pwoft, vwayan, ak revelatè” (Gid Ekriti yo, “Pwofètt,” Libreri Levanjil). N ap jwenn egzanp sou prensip sa yo nan lavi Adan(gade Moyiz 6:51–62), Enòk (gade Moyiz 6:26–36), Nowe (gade Moyiz 8:19, 23–24Abraham (gade Jenèz 12:1–3; Abraham 2:8–9) Moyiz (gade Egzòd 3:1–15; Moyiz 1:1–6, 25–26), Pyè (gade Matye 16:13–19), ak Joseph Smith (gade Doktrin ak Alyans 5:6–10; 20:2; 21:4–6).

  20. Gade 2 Timote 3:16

  21. (Gade Jan 8:44; 2 Nefi 2:18; Doktrin ak Alyans 93:39; Moyiz 4:4.

  22. Gade 1 Nefi 10:19. Prezidan Oaks te anseye: “Nou bezwen pran prekosyon lè n ap chèche laverite [Bondye a] epi chwazi pou rechèch sa a. Nou pa ta dwe konsidere renome ak otorite pwofàn kòm sous kalifye. Lè n ap chèche laverite osijè relijyon, nou dwe itilize metòd espirityèl ki apwporiye yo pou rechèch sa a: lapriyè, temwayaj Sentespri a, ak etid ekriti yo ak pawòl pwofèt modèn yo” (“Verite ak Plan an,” Lyawona, Nov. 2018, 25).

  23. Elder D. Todd Christofferson te anseye: “Apot ak pwofèt …deklare pawòl Bondye, men anplis, nou kwè ke gason ak fi jeneralman e menm timoun kapab aprann epi gide pa enspirasyon divin an repons a priyè ak etid ekriti yo … Manm Legliz Jezikri yo resevwa don Sentespri a, ki fasilite kominikasyon kontinyèl avèk Papa yo ki nan Syèl la. … Sa pa vle di ke chak manm pale pou Legliz la oubyen ka defini doktrin li yo men chak ka resevwa gidans divin nan jere pwoblèm ak opòtinite nan lavi yo” (“Doktrin Kris la,” Liahona, Me 2012, 89-90, nòt 2).

  24. Gade 1 Nefi 33:1–2

  25. Gade Doktrin ak Alyans 1:28

  26. Gade Mowoni 10:3–5; Doktrin ak Alyans 9:7–9; 84:85.

  27. Gade Doktrin ak Alyans 5:35; 63:23; 93:27-28. Malgre efò sensè nou, kèk nan nou petèt toujou ap lite pou nou santi Lespri a akoz pwoblèm sante mantal. Depresyon, anksyete, ak lòt kondisyon newolojik ka ajoute konpleksite sou rekonèt Sentespri a. Nan ka sa yo, Senyè a envite nou pou nou kontinye viv levanjil la, epi L ap beni nou (gade Mozya 2:41). Nou ka chèche aktivite adisyonèl—tankou koute miziik saakre, angaje nan sèvis, oubyen pase tan nan lanati—ki ka ede nou santi fwi Lespri yo (gade Galat 5:22-23) ak fòtifye koneksyonn nou avèk Bondye.

    Elder Jeffrey R. Holland te di: “Konsa, kòman nou reyaji lè pwoblèm mantal oswa emosyonèl ap konfwonte nou oubyen moun nou renmen? Anwo tout bagay, pa janm pèdi lafwa nan Pè Selès la, ki renmen ou plis pase ou ka konprann. … Fidèlman chèche aktivite espirityèl ki deja fè prèv yo pou mennen Lespri Senyè a nan lavi ou. Chèche konsèy moun ki detni kle pou byennèt espirityèl ou yo. Mande benediksyon prètriz epi cheri yo. Pran sentsèn chak semèn epi kenbe pwomès pèfekjsyon Ekspyasyon Jezikri yo avèk fèmte. Kwè nan mirak. Mwen wè si anpil fèt lè tout lòt endikasyon te montre ke lespwa te pèdi. Lespwa pa janm pèdi” (“Tankou yon Veso Kase,” Liahona, Nov. 2013, 40–41).

  28. Gade nan Jan 7:17; Alma 32:26–34. Alafen, Bondye gen dezi pou nou jwenn verite a “liy apre liy, presèp sou presèp,” jistan nou konprann tout bagay yo (gade Pwovèb 28:5; 2 Nefi 28:30; Doktrin ak Alyans 88:67; 93:28.

  29. Gade 1 Jan 1:9–10; 2:1–2.

  30. Jan Preziden Nelson te anseye a: “Anyen pa pi liberatè, pi nòb ni pi enpòtan pou pwogresyon endividyèl nou pase rete fokis sou repantans chak jou. Repantans se pa yon evenman; se yon pwosesis. Li se kle bonè ak lapè nan lespri. Lè l melanje avèk lafwa, repantans ba nou aksè a pouvwa Ekspyasyon Jezikri a” (“We Can Do Better and Be Better,” Liahona, Me 2019, 67).

  31. Mwen pa konnen tout rezon ke Bondye kenbe kèk nan verite yo lwen nou, men Eldè Orson F. Whitney te ofri yon ide enteresan: “Se yon benediksyon pou kwè san w pa wè, paske egzèsis lafwa pote devlòpman spirityèl, youn nan pi gwo objektif egzistans tèrès lòm; pandan konesans, nan anglouti lafwa, anpeche l eskprime l, konsa li antrave devlòpman sa a. ‘Konesans se pouvwa’; epi nou gen pou vin konnen tout bagay nan bon sezon an. Men konesans prematire—konesans nan move moman an—fatal alafwa pou pwogrè ak bonè” (“Divinite Jezikri a,” (“Divinite Jezikri,” Improvement Era, Jan. 1926, 222; gade tou Liahona, Des. 2003, 14–15).

  32. Gade nan Doktrin ak Alyans 76:5–10. Senyè a konseye Hyrum SMith pou l “pa chèche deklare pawòl mwen an, men toudabò chèche akeri li. … Rete an silans [epi] etidye pawòl mwen an” (Doktrin ak Alyans 11:21-22). Pwofèt Alma bay yon egzanp pou jere kesyon ki pa reponn yo: “Mistè sa yo poko totalman revele pou mwen; se poutèt sa, mwen p ap pale” (Alma 37:11) Li te eksplike tou pou pitit gason l Koryanton ke “genyen anpil mistè ki rete kache, ke okenn moun pa konnen yo eksepte Bondye limenm” (Alma 40:3). Mwen jwenn fòs nan repons Nefi lè yo te poze l kesyon li pa t ka reponn: “Mwen konnen [Bondye] renmen tout pitit li, men, mwen pa konn siyifikasyon tout bagay” (1 Nefi 11:17

  33. Konsa tou, tradisyon kiltirèl yo se pa doktrin ni regleman. Yo ka rete itil si yo ede nou suiv doktrin ak regleman, men yo ka anpeche pwogresyon spirityèl nou tou si yo pa baze sou vrè prensip yo. Nou ta dwe eveite tradisyon yo ki pa bati lafwa nou oswa ede nou pwogrese nan direksyon lavi etènèl

  34. Gade Doktrin ak Alyans 15:5; 88:77–78.

  35. Gade Doktrin ak Alyans 50:21-23

  36. Adapte apati dokiman “Principles for Ensuring Doctrinal Purity,” apwouve pa Premye Prezidans la ak Kowòm Douz Fevriye 2023.

  37. Gade nan 1 Nefi 15:14. Senyè a te dirije sèvitè Li yo pou evite fokis sou prensip oswa konsèp ki pa esansyèl nan levanjil Lia: “Epi w pa dwe pale konsènan doktrin, men ou dwe deklare repantans ak lafwa nan Sovè a, ak padon pou peche nan batèm, epi nan dife, wi, nan Sentespri a menm” (Doktrin ak Alyans 19:31).

    Eldè Neil L. Andersen te eksplike: “An nou rete fokis sou a Jezikri ak kado sakrifis ekspyatwa Li a. Sa pa vle di nou pa kapab rakonte eksperyans ki soti nan pwòp lavi nou oswa pataje yon panse yon lòt moun. Pandan ke sijè nou an ta kapab konsènan fanmi oswa sèvis oswa tanp oswa yon misyon resan, tout bagay … ta dwe fikse sou Senyè a, Jezikri“ (“Nou Pale de Kris la,” Liahona, Nov. 2020, 89–90).

  38. Gade nan Doktrin ak Alyans 28:2–3, 8. Pwofèt Alma te avèti moun yo te chwazi pou preche levanjil la pou “anseye anyen sinon bagay yo m te anseye, epi ki te soti nan bouch sen pwofèt yo” (Mosiah 18:19

    Prezidan Henry B. Eyring te deklare, “Nou dwe anseye doktrin fondamantal yo nan Legliz la jan yo egziste nan ouvraj kanonik yo ak ansèyman pwofèt yo ki gen respnsablite pou l deklare doktrin nan“ (“Senyè a Pral Miltipliye Rekòt la”[apremidi avan wyon Otorite Jeneral, Feb. 6, 1998], nan Teaching Seminary: Preservice Readings [2004], 96).

    Eldè D. Todd Christofferson te temwaye ke “nan legliz la jodia, menmjan ak lontan, etabli doktrin Kris la oswa korije devyasyon doktrinal yo se yon kesyon de revelasyon divin pou moun yo ke Senyè a te dote avèk otorite apostolik” (“The Doctrine of Christ,” (Doktrin Jezikri a,” 86).

  39. Gade 2 Korentyen 13:1; 2 Nefi 11:3; Etè 5:4; Doktrin ak Alyans 6:28. Eldè Neil L. Andersen te obsève: “Kèk moun kesyone lafwa yo lè yo tonbe sou yon deklarasyon ke yon dirijan Legliz la te fè sa gen dè deseni ki sanble diskòdan avèk doktrin nou. Genyen yon prensip enpòtan ki gouvène doktrin nan Legliz la. Se tout 15 manm nan Premye Prezidans yo ak Kolèj Douz yo ki anseye doktrin nan. Li pa kache nan paragraf sekrè yon diskou. Vrè prensip yo anseye frekaman e pa anpil moun. Doktrin nou an pa difisil pou jwenn” ” (“Eprèv Lafwa ou,” Liahona, Nov. 2012, 41).

    Èldè D. Todd Christofferson te anseye konsa tou: “Nou dwe sonje ke se pa tout deklarasyon yon dirijan Legliz fè, nan lepase oubyen kounyea, ki nesesèman konstitye doktrin. Jeneralman nan Legliz la, nou souvan konprann ke yon deklarasyon yon dirijan fè yon sèl fwa souvan reprezante yon opinyon pèsonèl, menm lè l byen fonde, li pa nesesèman destine pou l ofisyèl ni obligatwa pou tout Legliz la” (“Doktrin Kris La,” 88).

  40. Gade 3 Nefi 11:32–40. Prezidan Gordon B. Hinckley te di: “Mwen te pale avansa konsènan enpòtans pou nou kenbe doktrin nan Legliz lka pur. … M gen sousi konsènan sa. Small aberrations in doctrinal teaching can lead to large and evil falsehoods” (Teachings of Gordon B. Hinckley [1997], 620).

    Prezidan Dallin H. Oaks te avèti ke genyen kèk moun “ki seleksyone kèk segman nan ansèyman yon pwofèt epi itilize yo pou sipòte ajennda politik yo oswa lòt objektif pèsonèl. … Defòme pawòl yon pwofèt pou sipòte yon ajennda politik, prive pswa finansye oswa lòt bagay, se eseye pou manipile pwofèt la, men pa pouy suiv li” (“Fòs Nou ka Tounen Echèk mwen” [Brigham Young University devotional, June 7, 1992], 7, speeches.byu.edu).

    Prezidan Henry B. Eyring te avèti: “Doktrin akeri puisans li lè Sentespri a konfime ke li se vereite. … Paske nou bezwen Sentespri a, nou dwe fè atansyon epi pran prekosyon pou n pa anseye anyen plis pase vrè doktrin nan. Sentespri a se Lespri Verite a. Nou envite konfimasyon li lè nou evite sipozisyon oswa entèpretasyon pèsonèl nou. Sa kapab difisil pou fè. Nou gen dwa tante pou n eseye yon bagay nouvo oswa sansasyonèl. Men nou envite Sentespri a kòm konpayon nou lè nou pran prekosyon pou nou anseye sèlman vrè doktrin nan. Youn nan mwayen ki pi asire pou n evite menm rive tou pre fos doktrin se chwazi pou nou senp nan ansèyman nou. Nou jwenn sekirite nan senplisite sa a, epi nou pa pèdi anpil” (“The Power of Teaching Doctrine,” Liahona, Jiyè 1999).

    Eldè Dale G. Renlund te anseye: “Chèche pi plis konpreyansyon se yon pati enpòtan nan devlopman spirityèl nou, men tanpri, pran prekosyon. Larezon pa ka ranplase revelasyon. Sipozisyon p ap mennen pi plis konesans spirityèl, men li ka mennen desepsyon oubyen dewoute fokis nou nan sa ki revele” (“Your Divine Nature and Eternal Destiny,” Liahona,, Me 2022, 74).

  41. Gade nan Matye 22:23. Prezidan Joseph F. Smith te avèti: “Li vrèman pa saj pou pran yon fragman verite epi trete l tankou si sete tout bagay la. … Tout prensip ki revele yo nan levanjil Kris la nesesè ak esansyèl nan plan sali a.” Pi lwen li te eksplike: “Li pa ni yon regleman ni yon doktrin sèn pou pran nenpòt nan sa yo, retire l nan plan konplè verute levanjil la, fè l tounen yon pasyon spesyal, epi depann de li pou sali ak pwogrè pèsonèl nou. … Yo tout nesesè” (Doktrin Levanjil, 5è edisyon [1939], 122).

    Eldè Neal A. Maxwell te eksplike: “Prensip levanjil yo … mande senkwonizasyon. Lè nou separe yo youn ak lòt oswa izole yo, entèpretasyon lèzòm ak enplemantasyon doktrin sa yo ka san limit. Lamou, si l pa kontwole pa setyèm kòmandman an, ka vin tounen chanèl. Aksan louwab senkyèm kòmandman an sou onore paran yo, sof si li kontwole pa premye kòmandaman an, ka pwodui lwayote enkondisyonèl pou paran iresponsab olye pou Bondye. … Menm pasyans dwe balanse pa ‘korije moun kèk fwa dirèkteman, lè Sentespri a anime nou’ [Doktrin ak Alyans 121:43]” (“Behold, the Enemy Is Combined,” Ensign, Me 1993, 78–79).

    Prezidan Marion G. Romney te eksplike, “Sonde [ekriti yo] nan objektif pou dekouvri sa yo anseye jan Jezi te ankouraje a se yon demach pi pwofon pase chèche ladan yo pou jwenn pasaj ki ka jis sèvi pou sipòte yon konklizyon ki tire davans” (“Records of Great Worth,” Ensign, Sept. 1980, 3).

  42. Gade 1 Korentyen 2:4; Mowoni 6:9 Eldè Jeffrey R. Holland te mete anfaz sou nesesite pou kominike levanjil Jezikri a nan yon fason ki kondui nan edifikasyon spirityèl pouvwa Sentespri a: “Senyè a pa te janm bay yon konsèy ki pi kategorik pou Legliz la pase ke nou dwe anseye selon Lespri a, ki se Konsolatè ki gen misyon pou anseye laverite a.’ Èske sou anseye levanjil la ‘selon Lespri laverite a?’ Li te mande. Oswa èske nou anseye l ‘kèk lòt fason? Epi si li fèt kèk lòt fason,’ Li avèti, ‘se pa soti nan Bondye’ [Doktrin ak Alyans 50:14, 17–18]. … Okenn ansèyman etènèl pa ka akonpoli san Lespri a ki soti nan Syèl la pa akselere l. … Se sa manm nou yo vrèman bezwen. … Yo vle lafwa yo fòtifye epi esperans yo renouvle. Anfèt, yo vle nouri pa bon pawòl Bondye a, pou yo fòtifye pa pouvwa syèl yo” (“Yon enstriktè ki soti nan Bondye,” Ensign,, Me 1998, 26).

  43. Gade nan Alma 13:23. Nan pale konsènan Pè Sèlès la, Prezidan Russell M. Nelson te temwaye, “Li kominike nan senplisite, kalm, epi avèk klate etonan ke nou pa kapab pa konprann Li” (“Hear Him,” Lyawona,Me 2020, 89).

  44. Gade Sòm 26:3; Women 13:10; 1 Korentyen 13:1–8; 1 Jan 3:18.

  45. Gade Sòm 40:11

  46. Gade Women 8:16

  47. Gade 1 Samyel 2:3; Matye 6:8; 2 Nefi 2:24; 9:20.

  48. Gade Jenèz 17:1; Jeremi 32:17; 1 Nefi 7:12; Alma 26:35.

  49. Gade Jeremi 31:3; 1 Jan 4:7–10; Alma 26:37.

  50. Gade nan 2 Nefi 9; Doktrin ak Alyans 20:17–31; Moyiz 6:52–62.

  51. Gade Jan 3:16; 1 Jan 4:9–10.

  52. Gade Jan 14:26; 2 Nefi 31:13.

  53. Gade Jan 15:12; 1 Jan 3:11.

  54. Gade Lik 22:39–46

  55. Gade Jan 19:16–30

  56. Gade Jan 20:1–18.

  57. Gade 1 KOrentyen 15:20–22; Mzya 15:20–24; 16:7–9; Doktrin ak Alyans 76:16–17.

  58. Gade Travay 11:17–18; 1 Timote 1:14–16; Alma 34:8–10; Moroni 6:2–3, 8; Doktrin ak Alyans 19:13–19.

  59. Gade Matye 11:28–30; 2 Korentyen 12:7–10; Filipyen 4:13; Alma 26:11–13.

  60. Gade nan Matye 16:18–19; Efezyen 2:20.

  61. Gade Matye 24:24; Travay 20:28–30.

  62. Gade Doktrin ak Alyans 20:1–4; 21:1–7; 27:12; 110; 135:3; Joseph Smith—Istwa 1:1–20.

  63. Gade Doktrin ak Alyans 1:14, 38; 43:1–7; 107:91–92.