Konferans Jeneral
Yo Pale Lanmou Isit La
Konferans Jeneral Oktòb 2023


Yo Pale Lanmou Isit La

Ke nou aprann pale ak tande lanmou Li isit la, nan kè nou ak nan fwaye nou, ak nan apèl nou, nan aktivite nou yo, nan sèvis pastoral nou, ak nan sèvis nou nan levanjil la.

Timoun Primè nou yo chante: “Ces Mots d Amour.”1

Yon lè m te bay Sè Gong yon ti medayon. M te fè yo ekri ladan l pwen-pwen, pwen-pwen, pwen-pwen-tirè. Moun ki familye avèk kòd Mòs la ap rekonèt lèt I, I, U yo. Men m te enkli yon dezyèm kòd. An Mandaren Chinwa, “ai” vle di “renmen.” Donk, lè nou dekode toulède, mesaj la se te “Mwen renmen ou.” Susan, cheri, “mwen renmen ou.”

Nou eksprime lanmou nan anpil lang. Yo di m ke fanmi lèzòm pale 7.168 lang.2 Nan Legliz la nou pale 575 lang prensipal ki dokimante, ansanm avèk anpil dyalèk. Nou egalman kominike entansyon nou, enklinasyon nou ak emosyon nou atravè bagay atistik, mizik, dans, senbòl lojik, ekspresyon entèpèsonèl ak ekstrapèsonèl.3

Jodia, an nou pale de twa langaj lanmou nan levanjil la: langaj chalè ak reverans lan, langaj sèvis ak sakrifis la, ak langaj apatenans nan alyans lan.

Dabò, langaj chalè ak reverans levanjil la.

Avèk chalè ak reverans, Sè Gong mande timoun yo ak jèn yo: “Kijan nou fè konnen paran nou ak fanmi nou renmen nou?”

Nan Gwatemala, timoun yo di: “Paran m travay di pou nouri fanmi nou.” Nan Amerik di Nò, timoun yo di: “Paran m li istwa pou mwen epi yo mete m kouche byen nan kabann mwen lèswa.” Nan Tè Sent la, timoun yo di: “Paran m kenbe m an sekirite.” Nan Gana, Afrik de Lwès, timoun yo di: “Paran m ede m nan bi yo pou pwogram Timoun ak Jèn mwen an.”

Gen yon timoun ki te di: “Menm si l trè fatige apre l fin pase tout jounen an ap travay, manman m soti deyò pou l ka jwe avèk mwen.” Manman l te kriye lè l te tande sakrifis li yo enpòtan pou mwen. Yon jèn madanm te di: “Menm si mwenmenm ak manman m konn gen dezakò, m fè manman m konfyans.” Manman l te kriye tou.

Pafwa nou bezwen konnen ke moun tande e apresye lanmou nou pale isit la.

Avèk chalè ak reverans, reyinyon sentsèn ak lòt reyinyon nou yo konsantre sou Jezikri. Nou pale avèk chalè ak reverans de Ekspyasyon Jezikri a, kòm yon bagay pèsonèl ak reyèl, non pa sèlman kòm yon bagay abstrè. Nou rele Legliz retabli Jezikri pa non non Li, Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo. Nou itilize langaj lapriyè ki fèt avèk reverans lè nou ap adrese nou a Papa nou ki nan Syèl la ak respè chalere lè nou youn ap pale avèk lòt. Lè nou rekonèt ke Jezikri nan kè alyans tanp yo, nou refere nou mwens a “ale nan tanp” e plis a “vin jwenn Jezikri nan kay Senyè a.” Chak alyans chichote: “Yo pale lanmou isit la.”

Nouvo manm yo di ke vokabilè Legliz la souvan mande dekodaj. Nou souri lè nou panse ke “stake house (batiman pieu)” ta kapab vle di restoran kote moun manje yon bon vyann bèf; “ward building (batiman pawas)” ta kapab fè nou panse a yon lopital, “egzèsis ouvèti (opening exercises)” ta kapab envite nou chante kantik primè ki di La tête, les épaules, les genoux, les pieds a nan pakin Legliz la. Men, silvouplè, annou konpreyansif ak janti lè nou ap aprann nouvo langaj lanmou yo ansanm. Gen yon nouvo konvèti nan Legliz la yo te di ke jip li yo twò kout. Olye lte fache pou sa, li te reponn se vre, “Kè m konvèti; silvouplè pran yon ti pasyans pandan jip mwen yo ap chèche mete yo opa.”4

Mo nou itilize kapab rapwoche nou pi pre oubyen pi lwen lòt kretyen ak lòt zanmi. Pafwa nou pale de travay misyonè, travay tanp, travay imanitè ak antrèd nan fason ki ka lakoz lòt moun kwè ke nou panse ke nou fè travay sa yo poukont nou. An nou toujou pale avèk yon gratitid ki ranpli avèk chalè ak reverans pou travay Bondye a ak glwa ak merit, mizerikòd ak gras Jezikri ak sakrifis ekspyatwa L la.5

Dezyèmman, langaj levanjil sèvis ak sakrifis la.

Lè nou rasanble ankò chak semèn pou onore ak rejwi nan jou Saba a, nou ka eksprime angajman alyans sentsèn nou an anvè Senyè a e youn anvè lòt atravè apèl nou, amitye, sosyabilite ak sèvis nou nan Legliz la.

Lè m mande dirijan lokal yo nan legliz la kisa ki preyokipe yo, ni frè yo ni sè yo di: “Gen kèk nan manm nou yo ki pa asepte apèl nan Legliz la.” Apèl pou nou sèvi Senyè a epi pou nou youn sèvi lòt nan Legliz Li a bay opòtinite pou nou grandi nan konpasyon, kapasite ak imilite. Lè yo mete nou apa, nou ka resevwa enspirasyon Senyè a pou nou edifye ak fòtifye lòt yo ak noumenm. Natirèlman, sikonstans ak sezon ki ap chanje lavi nou kapab afekte kapasite nou pou nou sèvi, men nou espere ke yo p ap janm afekte dezi nou pou nou sèvi. Nou di avèk Wa Benjamin: “Si m te genyen m tap bay”6 epi nou ofri tout sa nou kapab.

Dirijan nan pieu ak pawas yo, an nou fè pati pa nou an. Lè nou aple (ak relve) frè ak sè pou yo sèvi nan Legliz Senyè a, silvouplè an nou fè sa avèk diyite ak enspirasyon. Ede yo chak santi ke nou apresye yo e ke yo kapab gen siksè. Konsilte epi koute sè ki se dirijan yo. Mwen swete pou nou sonje, jan Prezidan J. Reuben Clarkte anseye a, nan Legliz Senyè a nou sèvi kote yo aple pou nou sèvi a, “ki se plas moun pa ni chèche ni refize.”7

Lè Sè Gong avèk mwen te marye, Èldè David B. Haight te ba nou konsèy sa a: “Nou dwe toujou gen yon apèl nan Legliz la. “Espesyalman lè lavi nou okipe,”li te di “nou bezwen santi lanmou Senyè a pou moun n ap sèvi yo ak pou nou pandan n ap sèvi a.” Mwen pwomèt ke lanmou pale isit la, la a ak tout kote lè nou reponn dirijan Legliz yo “wi” pou nou sèvi Senyè a nan Legliz Li a pa Lespri Li epi atravè alyans nou yo.

Legliz retabli Senyè a kapab yon enkibatè pou yon kominote Siyon. Pandan nou ap adore, sèvi, rejwi, ak aprann lanmou Li ansanm, nou youn kore lòt nan levanjil Li a. Nou gen dwa an dezakò politikman oubyen sou kèk kesyon sosyal men nou jwenn amoni pandan n ap chante ansanm nan koral pawas la. Nou nouri koneksyon epi nou konbat izolman lè nou youn fè vizit pastoral regilyèmn avèk kè nou nan fwaye ak katye youn lòt.

Lè m fè vizit manm pou Prezidan pieu yo, mwen santi lanmou pwofon yo pou manm yo nan chak sikonstans. Pandan nou t ap kondui pase devan kay kèk manm nan pieu l la, gen yon prezidan pieu ki te di kit nou rete nan yon kay ki gen pisin oubyen yon kay kote atè a fèt an tè, sèvis nan Legliz la se yon privilèj ki souvan enkli sakrifis. Sepandan, li te di avèk sajès, lè nou sèvi ak fè sakrifis nan levanjil la ansanm, nou jwenn mwens fot ak yon pi gran lapè. Lè nou pèmèt Li sa, Jezi ede nou pale lanmou L lan la a.

Ete sa a, fanmi nou te rankontre kèk manm ak zanmi mèveye Legliz la nan Loughborough and Oxford, Angletè. Rasanbleman enpòtan sa yo te raple m kijan aktivite sosyal ak sèvis kapak konstwi lyen levanjil nouvo e dirab. Pandan kèk tan m te santi ke, anpil kote nan legliz la, kèk aktivite pawas anplis ki planifye epi aplike natirèlman avèk bi levanjil ta kapab ini nou ansanm avèk yon santiman apatenans ak yon inite ki menm pi gwo.

Yon prezidan aktivite pawas enspire, ansanm avèk komite l la, nouri moun endividyèl ak yon kominote Sen. Aktivite ki byen planifye ede tout moun santi ke yo gen valè, ke yo enkli e ke yo envite pou yo jwe yon wòl ki nesesè. Aktivite sa yo kreye koneksyon ant moun divès gwoup laj ak eksperyans diferan, yo kreye souvni dirab, epi yo ka fèt avèk yon tikras kòb oswa san lajan. Aktivite levanjil agreyab yo envite vwazen ak zanmi tou.

Souvan sosyabilite ak sèvis mache ansanm. Jèn adilt yo konnen ke si w vrèman vle konnen yon moun, enben, kanpe kòtakòt avèk li sou yon nechèl epi pentire ansanm nan yon pwojè sèvis.

Imaj
Jèn adilt k ap pentire nan yon pwojè sèvis.

Natirèlman, okenn moun e okenn fanmi pa pafè. Nou tout bezwen èd pou nou pale lanmou pi byen isit la. “Lanmou pafè chase tout krent.”8 Lafwa, sèvis ak sakrifis ede nou konsantre mwens sou tèt nou pou nou ka vin pi pre Sovè nou an. Plis sèvis nou ak sakrifis nou pou Li konpatisan, fidèl, ak dezenterese, se plis nou kapab kòmanse konprann konpasyon ak gras ekspyatwa enfini Jezikri pou nou.

E sa mennen nou nan langaj levanjil apatenans a alyans lan.

N ap viv nan yon mond kote pifò moun konsantre atansyon yo sou pwòp tèt yo. Ekspresyon ki di “Mwen chwazi tèt mwen (Mwen fè sa m vle” yo vin twò kouran. Se kòmsi nou kwè nou pi byen konnen sa k bon pou nou ak kijan pou nou atenn ni.

Men an reyalite se pa vre. Jezkri pèsonifye verite etènèl puisan sa a:

“Paske, moun ki ta vle sove lavi l va pèdi li; men, moun ki va pèdi lavi l pou tèt mwen, la sove li.

“Paske kisa sa ap sèvi yon moun pou l ta genyen tout mond lan annantye si l ta pèdi nanm li”?9

Jezikri ofri yon meyè fason—relasyon ki fonde sou lafwa nan alyans diven, ki pi solid pase kòd lanmò. Apatenans a alyans avèk Bondye ansanm ak youn ak lòt kapab geri epi sanktifye noumenm ak moun ki chè pou nou yo. Anfèt, Li konnen nou pi byen epi Li renmen nou plis pase nou konnen oswa renmen pwòp tèt pa nou. Anfèt, lè nou fè alyans ak tout noumenm, nou ka vin tounen plis pase sa nou ye a. Pouvwa ak sajès Bondye kapab beni nou avèk tout bon don, nan tan ak fason pa Li.

Entèlijans Atifisyèl jenere a (AI) fè anpil pwogrè nan tradiksyon lang yo. Epòk kote yon konpitè ta kapab tradui ekspresyon idyomatik “Lespri a byen dispoze, men chè a fèb” la ak “Diven an bon, men vyann nan gate” a gen lontan depi l pa alamòd. Yon bagay ki enteresan sèke repete egzanp detaye nan yon lang anseye yon konpitè yon lang pi efikasman ke si yo t ap anseye l règ gramè yo.

Menm jan an tou, repetisyon pwòp eksperyans dirèk e repete pa nou kapab se meyè fason espirityèl pou nou aprann langaj levanjil ki se chalè ak reverans, sèvis ak sakrifis ak apatenans a alyans yo.

Donk, kilè ak kijan Jezi pale avèk ou nan (langaj) lanmou?

Kibò ak kijan ou tande lanmoun L pale isit la?

Ke nou aprann pale ak tande lanmou L isit la, nan kè nou ak nan fwaye nou, ak nan apèl nou, nan aktivite nou yo, nan sèvis pastoral nou, ak nan sèvis nou nan levanjil la.

Nan plan Bondye a, nou chak ap tranzisyone yon jou pou soti nan lavi sa a epi ale nan lavi ki ap vin apre a. Lè nou rankontre Senyè a, mwen imajine L ap di, avèk pawòl enstriksyon ak pwomès: “Yo pale lanmou M isit la.” Nan non sakre Jezikri, amèn.