Konferans Jeneral
Pouvwa Jezikri nan lavi nou chak jou
Konferans Jeneral Oktòb 2023


Pouvwa Jezikri nan lavi nou chak jou

Sous fòs nou se lafwa nan Jezikri pandan n ap entansyonèlman chèche pou nou vin jwenn Li chak jou.

Chè frè m ak sè m yo, sa a se Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo. Ala yon lajwa pou nou rasanble antanke Legliz Li a. Mwen rekonesan dèske Prezidan Russell M. Nelson te raple nou pou nou itilize non kòrèk Legliz Senyè a souvan pou nou kapab sonje Legliz kiyès li ye ak ansèyman kiyès n ap suiv.

Pezidan Nelson te di: “Nan jou k ap vini yo, nou pral wè pi gran manifestasyon pouvwa Sovè a ke mond lan pa t janm konn wè. L ap bay fidèl yo anpil privilèj, benediksyon ak mirak.”1

Youn nan pi gwo privilèj ak opòtinite pou mwenmenm ak madanm mwen, Renee, se rankontre Sen yo kote nou sèvi yo. Nou tande istwa yo, nou temwen pèt yo, nou pataje lapenn yo, epi nou kontan pou siksè yo. Nou temwen anpil nan benediksyon ak mirak Sovè a bay fidèl yo. Nou rankontre moun ki pase atravè sitiyasyon enposib, ki soufri anba sa ki enkwayab.

Imaj
Prezidan José Batalla ak madanm li, Sè Valeria Batalla.
Imaj
Flavia Cruzado avèk papa li.

Nou te wè manifestasyon pouvwa Sovè a nan yon vèv ki te pèdi mari l pandan yo te nan sèvis Senyè a nan Bolivi.2 Nou te wè li nan yon jènfi nan Ajantin ke yo te pouse anba yon tren epi ki pèdi janm li, jis paske yon moun te vle vòlè telefòn selilè li.3 Ak nan papa selibatè li, ki kounye a dwe soutni ak fòtifye pitit fi l la apre yon zak mechanste inesplikabl konsa. Nou te wè li nan fanmi ki te pèdi kay yo ak tout sa yo te genyen pandan dife nan peyi Chili jis de jou anvan Nwèl an 2022 a.4 Nou te wè li nan moun ki soufri apre yon divòs twomatizan ak nan moun inosan ki viktim anba abi.

Imaj
Dife nan Chili yo.

Kisa ki ba yo pouvwa pou yo simonte bagay difisil sa yo? Kisa ki bay yo ton ti fòs anplis pou yo ale annavan menm lè tout bagay sanble yo pèdi?

Mwen te remake ke sous fòs sa a se lafwa nan Jezikri pandan n ap entansyonèlman chèche pou nou vin jwenn Li chak jou.

Pwofèt Jakob te anseye: “Epi li vini nan mond lan pou l kapab sove tout moun ki koute vwa l; paske gade, li soufri doulè tout moun, wi doulè tout kreyati vivan, ni gason, ni fi, ak timoun ki fè pati nan fanmi Adan an.”5

Pafwa, gen lafwa nan Jezikri ka sanble yon bagay enposib, prèske ireyalizab. Nou kapab panse ke vin jwenn Kris la mande yon fòs, pouvwa, ak pèfeksyon nou pa genyen, epi nou jis pa ka jwenn enèji pou fè tout bagay. Men, sa m aprann nan men tout moun sa yo sèke lafwa nan Jezikri se sa ki ban nou enèji pou nou kòmanse vwayaj la. Pafwa nou ka panse, “Mwen bezwen ranje lavi m anvan m vin jwenn Jezi,” men verite a sèke nou vin jwenn Jezi pou ranje lavi nou atravè Li.

No pa vinn jwenn Jezi paske nou pafè. Nou vinn jwenn Li paske nou gen defo epi nan Li nou ka “vinn pafè.”6

Kijan nou ka kòmanse egzèse yon ti kras lafwa chak jou? Pou mwen li kòmanse nan maten: Lè mwen reveye, olye m gade telefòn mwen, mwen fè yon priyè. Menm yon lapriyè senp. Apre sa, mwen li yon ekriti. Sa ede m avèk alyans mwen fè chak semèn lè m pran Sentsèn nan pou m “toujou sonje Li.”7 Lè m kòmanse jounen m avèk yon priyè ak yon ekriti, m ka “sonje L” lè m gade telefòn mwen. Mwen ka “sonje Li” lè m ap fè fas ak pwoblèm ak konfli, epi mwen eseye fè fas avèk yo menmjan Jezi t ap fè.

Lè m “sonje Li,” mwen santi yon dezi pou m chanje, pou m repanti. Mwen jwenn sous enèji pou m kenbe alyans mwen yo, epi mwen santi enfliyans Sentespri a nan lavi m “epi respekte kòmandman li ban m yo; pou [mwen] ka toujou gen Lespri l.”8 Li ede m pèsevere jiska lafen.9 Oubyen jiska fen jounen an omwen! Epi nan jou m pa sonje Li tout jounen an, Li toujou la, Li renmen m epi Li di m, “sa OK; ou ka eseye ankò demen.”

Byenke nou enpafè nan sonje Li, Papa byeneme nou an ki nan Syèl la pa janm manke sonje nou.

Youn nan erè nou fè souvan se panse ke kenbe alyans yo, oswa pwomès nou fè Bondye yo, se tankou yon tranzaksyon nou fè avèk li: mwen obeyi, epi Li pwoteje m kont nenpòt mal ki ka rive m. Mwen peye dim mwen, e m p ap janm pèdi travay mwen ni dife p ap boule kay mwen. Men, lè bagay yo pa pase jan nou te espere a, nou kriye nan pye Senyè a, “Èske w pa pè pou m pa peri?”10

Alyans nou yo se pa senpleman yon tranzaksyon; yo transfòmatif.11 Atravè alyans mwen yo, mwen resevwa pouvwa Jezikri ki sanktifye m, fòtifye m, ki pèmèt mwen vin yon nouvo moun, pou m padone sa ki enpadonab, simonte sa ki enposib. Sonje Jezikri entasyonèlman toujou puisan; sa ban m plis fòs pou m “obsève kòmandman li ban [mwen] yo”.12 Li ede m pou m pi emab, pou m souri san rezon, pou m fè lapè,13 pou m evite konfli, pou m kite Bondye triyonfe nan lavi m.14

Lè doulè nou oswa doulè yon moun nou renmen sitèlman anpil ke nou pa ka sipòte l, sonje Jezikri epi vini jwenn Li ka aleje fado a, adousi kè nou, epi soulaje doulè a. Sa a se pouvwa a ki pèmèt yon papa sipase kapasite natirèl li pou l soutni pitit fi l nan doulè fizik ak emosyonèl lè li pèdi janm li an.

Imaj
Flavia Cruzado ak Èldè Ulisses Soares.

Lè Èldè Soares te vizite Ajantin nan mwa Jen ki sot pase a epi li te poze Flavia kesyon sou aksidan trajik li a, li te reponn fidèlman, “Mwen te fè eksperyans boulvèsman, mekontantman, kòlè, ak rayiman lè [sa a te rive]. Yon bagay ki te ede m se pa t mande: ‘poukisa se mwen?’ men ‘pou kisa?’ … Sa a te yon bagay ki te fè m pi pre lòt moun ak Senyè a. … Olye pou m te pran distans mwen avèk Li, mwen te rete kole avèk Li.”15

Prezidan Nelson te anseye: “Rekonpans ki genyen nan kenbe alyans nou fè avèk Bondye yo se pouvwa selès—pouvwa ki fòtifye nou pou n pi byen reziste devan eprèv yo, tantasyon yo, ak chagren yo. … Kidonk, moun ki kenbe alyans yo gen dwa a yon repoki espesyal.”16 Sa a se kalite repo ak lapè mwen te wè nan je vèv la, malgre doulè li te santi paske l te sonje mari l chak jou.

Imaj
Tampèt sou Lanmè Galile a

Nouvo Testaman an pale de yon epòk kote Jezi ak disip Li yo te sou yon bato:

“Epi te gen yon gwo tanpèt van, ak vag kap frape sou bato a. …

“Epi li t ap dòmi sou yon zòrye: epi yo reveye l, yo di l, Mèt, eske w pa enkyete w pou nou peri?

“Epi li te leve, epi l te reprimande van an, epi l di lanmè a, lapè, rete trankil. …

Li te di yo: “Poukisa nou pè konsa? kijan k fè nou pa gen lafwa?”17

Mwen te toujou entrige pa istwa sa a. Èske Senyè a te atann pou yo te itilize ak lafwa yo pou kalme tanpèt la? Pou reprimande van yo? Lafwa nan Jezikri se santiman lapè pou nou reziste anba tanpèt la, paske nou konnen nou p ap peri paske Li nan bato a avèk nou.

Sa a se kalite lafwa nou te wè lè nou te vizite fanmi yo apre dife yo nan Chili a Kay yo te boule konplètman. yo te pèdi tout bagay. Men, pandan nou t ap mache kote kay yo te abitye ye a epi yo t ap rakonte nou eksperyans yo, nou te santi ke nou te kanpe sou tè ki sen. Yon sè te di madanm mwen, “Lè m te wè kay ki toupre yo t ap boule, mwen te santi ke kay nou an ta pral boule, ke nou ta pral pèdi tout bagay. Olye de dezespwa, mwen te gen yon santiman lapè endèskriptib. Yon fason kèlkonk, mwen te santi ke tout bagay ta pral OKE.” Mete konfyans nou nan Bondye epi kenbe alyans nou fè avèk Li yo pote pouvwa nan feblès nou yo ak rekonfò nan chagren nou.

Mwen rekonesan pou opòtinite Renee avèk mwen te genyen pou nou te rankontre kèk nan Sen ekstraòdinè sa yo, pou anpil egzanp lafwa, fòs, ak pèseverans yo. Pou istwa chagren ak desepsyon ki pwobableman pa p janm nan premye paj yon jounal oswa pa p janm vin popilè. Pou foto ki pa pran sou dlo k ap koule nan je ak priyè ki ofri apre yon pèt oswa yon divòs twomatizan, ak pou mesaj ki pa janm pibliye sou fason laperèz, lapenn, ak doulè vin sipòtab gras a lafwa nan Jezikri ak Ekspyasyon L lan. Moun sa yo ranfòse pwòp lafwa pa m, e pou sa mwen pwofondman rekonesan.

Mwen konnen ke sa a se Legliz Jezikri. Mwen konnen ke Li pare pou dote nou avèk pouvwa Li, si nou vin jwenn Li chak jou. Nan non Jezikri, amèn.