Konferans Jeneral
Wayòm Laglwa yo
Konferans Jeneral Oktòb 2023


Wayòm Laglwa yo

Nou gen yon Papa eman ki nan Syèl la ki ap asire ke nou resevwa tout benediksyon ak tout avantaj ke pwòp dezi nou ak chwa pa nou pèmèt.

Yo souvan mande manm Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo, “Nan kisa legliz ou a diferan de lòt legliz kretyen yo? Pami repons nou bay yo, gen plenitid levanjil Jezikri a. Esansyèl nan doktrin sa a se lefèt ke Papa nou ki nan Syèl la renmen tout pitit Li yo sitèlman ke Li vle pou nou tout al viv nan yon wayòm laglwa pou tout tan. Anplis, Li vle nou viv avèk Li ak Pitit Gason L lan, Jezikri, etènèlman. Li ba nou ansèyman ak opòtinite pou nou fè chwa ki ap asire nou destine ak lavi nou chwazi a.

I.

Dapre revelasyon modèn nan, nou konnen ke destine final tout moun ki viv sou tè a se pa ide enkonplèki vle syèl la pou moun jis yo ak soufrans etènèl lanfè pou tout rès yo. Plan eman Bondye pou pitit Li yo enkli reyalite sa a ke Sovè nou an, Jezikri, te anseye a: “Lakay Papa a gen anpil kote pou moun rete.”1

Doktrin revele sou Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou ki retabli a anseye ke tout pitit Bondye yo—avèk eksepsyon twò limite pou nou ta konsidere yo la a—ap finalman eritye youn nan twa wayòm laglwa yo, kote pi piti a “depase tout konpreyansyon.”2 Apre yon peryòd kote moun dezobeyisan yo pral soufri pou peche yo, soufrans ki prepare yo pou sa ki pral suiv la, yo tout ap resisite epi ale nan Jijman Final Senyè Jezikri a. La, Sovè eman nou an, ki, jan yo anseye nou, “glorifye Papa a epi sove tout zèv men Li yo,”3 pral voye tout pitit Bondye yo nan youn nan wayòm laglwa sa yo selon dezi yo te manifeste atravè chwa yo.

Yon lòt doktrin ak pratik unique Legliz retabli a genyen se kòmandman ak alyans revele ki ofri tout pitit Bondye yo privilèj sakre pou yo kalifye pou degre laglwa ki pi wo a nan wayòm selès la. Destinasyon pi elve sa a—egzaltasyon nan wayòm selès la——se fokis Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo.

Nan revelasyon modèn nan, Sen Dènye Jou yo gen konpreyansyon unique sa a sou plan bonè Bondye a pou pitit Li yo. Plan sa a kòmanse avèk lavi nou antanke espri anvan nou te fèt, epi li revele bi ak kondisyon vwayaj nou chwazi nan mòtalite a ak destinasyon nou vle nan apre a.

II.

Nou konnen apati revelasyon modèn nan ke “Tout wayòm gen yon lalwa;”4 epi wayòn laglwa nou resevwa nan Jijman Final la detèmine pa lwa nou chwazi suiv yo nan vwayaj nou nan mòtalite a. Anba plan eman sa a, gen anpil wayòm——anpil palè—pou tout pitit Bondye yo ka eritye yon wayòm laglwa kote y ap kapab konfòtableman “sipòte” tout lwa ladan l yo.

Pandan n ap dekri nati ak kondisyon chak nan twa wayòm yo nan plan Papa a, nou kòmanse avèk pi wo a, ki se fokis kòmandman ak òdonans diven Bondye revele atravè Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo. Nan laglwa “selès” la5 genyen twa nivo,6 kote sa ki pi elve a se egzaltasyon nan wayòm selès la. Sa se abitasyon moun “ki resevwa nan plenitid li, ak laglwa li,” se poutèt sa, “yo se bondye, yo se pitit gason [ ak pitit fi] Bondye ”7 epi yo “rete nan prezans Bondye ak Kris li a pou tout tan.”8 Atravè revelasyon, Bondye revele lwa etènèl, òdonans, ak alyans ke nou dwe obsève pou n devlope kalite diven ki nesesè pou nou reyalize potansyèl diven nou. Sa se objektif Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo paske bi Legliz retabli sa a se pou prepare pitit Bondye yo pou sali nan laglwa selès la epi, espesyalman, pou egzaltasyon nan degre ki pi wo a.

Plan Bondye a, ki fonde sou verite etènèl, egzije ke egzaltasyon kapab atenn sèlman atravè fidelite nan alyans yon maryaj etènèl ant yon gason ak yon fi nan tanp sakre a,9 kote maryaj ap finalman aksesib pou tout fidèl yo. Se pou rezon sa a nou anseye ke “Maskilen ak feminen se yon karakteristik esansyèl pou idantite ak objektif premòtèl, mòtèl, ak etènèl.”10

Yon ansèyman espesyalman enpòtan pou ede nou prepare pou egzaltasyon se pwoklamasyon sou fanmi ki te fèt an 1995 lan.11 Deklarasyon l yo klarifye kondisyon selès ki prepare nou pou n al viv avèk Bondye Papa a ak Pitit Gason L lan, Jezikri. Moun ki pa totalman konprann plan eman Papa a pou pitit Li yo ka konsidere pwoklamasyon sou fanmi sa a kòm jis deklarasyon sou chanjman yon règ. Okontrè, nou afime ke pwoklamasyon sou fanmi an, ki fonde sou yon doktrin irevokab, defini kalite relasyon familyal mòtèl kote pati ki pi enpòtan nan devlopman etènèl nou an ka fèt.

Apot Pòl dekri twa degre laglwa yo, li konpare yo avèk laglwa solèy la, lalin nan, ak zetwal yo.12 Li rele pi wo a “selès” epi dezyèm nan “terès.”13 Li pa deziyen sa k pi ba a, men yon revelasyon Joseph Smith te ajoute non li: “telès.”14 Yon lòt revelasyon dekri nati moun ki pral asiyen nan yo chak tou. Moun ki pa chwazi pou yo “pa sipòte lwa yon wayòm selès”15 yo ap eritye yon lòt wayòm laglwa, ki pi piti pase selès la men ki adapte a lwa yo te chwazi e kote yo ka konfòbleman “demere.” Mo demeresa a, ki si komen nan ekriti yo, vledi yon anplasman an sekirite.16 Paregzanp, moun nan wayòm terès la—konparab a konsèp popilè sou syèl la—“se moun sa yo ki rantre nan prezans Pitit Gason an, men, pa nan plenitid Papa a.”17 Yo se “moun onorab yo sou tè a, moun sa yo riz lèzòm te avegle yo,”18 men “ki pa vanyan nan temwayaj Jezi yo.”19

Deskripsyon revelatris sou moun yo voye nan wayòm laglwa ki pi ba a, telès la, se moun “ki pa kapab sipòte lalwa yon wayòm terès.”20 Sa dekri moun ki rejte Sovè a epi ki pa obsève okenn limit divin pou konpòtman yo. Se wayòm kote moun mechan yo abite, apre yo fin soufri pou peche yo. Yo dekri moun sa yo nan revelasyon modèn nan kòm “moun ki pa t resevwa levanjil Kris la, ni temwayaj Jezi a. …

“Moun sa yo se moun ki mantè yo, ak sòsye yo, ak adiltè yo, ak fònikatè yo, ak nenpòt moun ki renmen manti epi ki fabrike manti.”21

Pandan l t ap pale de twa wayòm Laglwa yo avèk vizyon pwofetik li, Prezidan Russell M. Nelson te ekri: “Lavi nan kondisyon mòtèl la se fraksyon segond konpare avèk letènite. Men ala fraksyon segond sa a enpòtan! Reflechi byen sou kijan sa mache: Pandan lavi mòtèl sa a ou gen pou chwazi lwa ke w dispoze pou w obeyi yo——sa wayòm selès la, oubyen terès la, oubyen telès la——epi, konsa, nan ki wayòm laglwa ou pral viv pou tout tan. Ala yon plan! Se yon plan ki konplètman onore libabit libabit ou.”22

III.

Apot Pòl te anseye ke ansèyman ak kòmandman Senyè a bay yo, li bay yo pou nou tout ka atenn “mezi totalite Kris la.”23 Pwosesis sa a mande plis pase akeri konesans. Sa pa menm ase pou nou konvenki de levanjil la; nou dwe aji ak panse yon fason pou ke li konvèti nou. Kontrèman a lòt predikasyon, ki anseye nou pou nou konnen yon bagay, levanjil Jezikri a ba nou defi pou nou vin yon bagay.

Apati ansèyman sa yo nou konkli ke Jijman Final la se pa jis yon evalyasyon sou yon sòm total bon oswa move aksyon—nou te . Se yon konstatasyon sou efè definitif aksyon nou ak panse nou—sa nou devni Nou kalifye pou lavi etènèl atravè yon pwosesis konvèsyon. Jan yo anplwaye l la a, mo ki gen anpil siyifikasyon sa a vledi yon chanjman nati pwofon. Sa pa ase pou yon moun jis aji mekanikman. Kòmandman yo, òdonans yo, ak alyans levanjil yo yo pa yon lis depo pou nou fè sou yon kont selès. Levanjil Jezikri a se yon plan k ap montre nou kijan pou nou vin tounen sa Papa nou ki nan Syèl la vle nou tounen an.24

IV.

Gras ak Jezikri ak Ekspyasyon L lan, lè nou fè erè nan lavi sa a, nou ka repanti epi rejwenn chemen alyans ki mennen nan sa Pè Selès la vle pou nou an.

Liv Mòmon an anseye ke “lavi sa a se moman pou [nou] prepare pou nou rankontre Bondye.”25 Men, limitasyon difisil sa a nan “lavi sa a” te bay nan yon kontèks ki pote lespwa (omwen pou kèk moun) atravè sa Senyè a te revele Prezidan Joseph F. Smith, ki ekri kounyea nan Doktrin ak ALyans, seksyon 138. Pwofèt la te ekri, “Mwen te wè ansyen yo ki fidèl nan dispansasyon sa a, lè yo te kite vi mòtèl la, yo te kontinye travay yo nan preche levanjil repantans ak redanmsyon an, pa mwayen sakrifis Sèl Pitit Gason Literal Bondye a, pami moun ki nan tenèb ak anba esklavaj peche yo, nan gran mond dèzespri mò yo.

“Mò ki repanti yo pral rachte atravè obeyisans nan òdonans yo nan kay Bondye a,

“Epi apre yo fin peye chatiman pou transgresyon yo, epi yo lave pwòp, yo pral resevwa rekonpans yo daprè zèv yo, paske yo se eritye sali a.”26

Anplis, nou konnen ke milenyòm nan, mil ane ki suiv Dezyèm Vini Sovè a, se ap yon tan pou nou akonpli òdonans nesesè pou moun ki pa t resevwa yo nan lavi mòtèl yo.27

Gen anpil bagay nou pa konnen osijè twa gran peryòd yo nan plan sali a: (1) mond lespri premòtèl la, (2) mòtalite a, epi (3) lavi apre a, ak relasyon yo youn ak lòt. Men nou konnen verite etènèl sa yo: “Sali se yon bagay endividyèl, men egzaltasyon se yon zafè familyal.”28 Nou gen yon Papa eman ki nan Syèl la ki ap asire ke nou resevwa tout benediksyon ak tout avantaj ke pwòp dezi nou ak chwa pa nou pèmèt. Epitou, nou konnen ke Li p ap fòse okenn moun antre nan yon relasyon sèlman kont volonte li. Benediksyon yo nan yon relasyon ki sele asire pou tout moun ki kenbe alyans yo men se pa janm nan fòse yon relasyon sele sou yon lòt moun ki pa diy ni ki pa dispoze pou sa.

Frè m ak sè m yo, mwen temwaye konsènan verite bagay sa yo. Mwen temwaye konsènan Senyè nou an, Jezikri, “otè ak konsomatè lafwa [nou]”29 ke Ekspyasyon L lan, selon plan Papa nou ki nan Syèl la, rann tout bagay sa yo posib la, nan non Jezikri, amèn.