Konferans Jeneral
Mache nan yon Relasyon Alyans avèk Kris la
Konferans Jeneral Oktòb 2023


Mache nan yon Relasyon Alyans avèk Kris la

Moun yo te maltrete epi brize pou nou an ap pèmèt mòtalite a fè zèv li nan nou, men li pa mande pou nou fè fas ak pwoblèm sa yo poukont nou.

Se yon bon zanmi m ki rele Ilan ki te fè mwen dekouvri yon santye an Izrayèl. “Li rele Santye Jezi a,” li di, “paske se wout ki soti Nazarèt pou rive Kapènawoum ke anpil moun kwè Jezi te mache.” Mwen te deside nan moman an menm ke m te vle mache nan santye sa a, konsa mwen te kòmanse planifye yon vwayaj an Izrayèl.

Sis semèn anvan vwayaj la, je pye m te kase. Mari m te gen enkyetid akoz blesi a; pi gwo enkyetid pa m se te konnen kòman mwen ta pral fè mache nan “Santye Jezi a” yon mwa apre. Mwen se yon moun ki tèti natirèlman, mwen pa t anile tikè avyon an.

Mwen sonje lè m te rankontre ak gid nou nan peyi Izarayèl la yon bèl mwa Jen nan maten. Mwen te sote sot nan kamyonèt la epi m te pran beki mwen yo ak yon scooter pou jenou. Mya, gid nou an, te voye je l gade plat mwen an epi li te di, “Mmm, m pa kwè w ap kapab mache nan santye sa a nan kondisyon ou ye a.”

Mwen te reponn “Petèt non.” “Men pa gen anyen ki anpeche m eseye.” Li te souke tèt li tou piti, epi nou te kòmanse. Mwen remen l pou sa, paske l te kwè ke m te ka mache sou santye a avèk yon pye kase.

Mwen te mache poukont mwen nan wout difisil epi ki gen wòch la pandan yon tan. Apresa, touche pa senserite konpòtman mwen, Mya rale yon ti kòd fen, epi li te mare l nan gidon scooter m nan, epi li te kòmanse rale l. Li te rale m monte sou kolin yo atravè pye sitwon yo, epi bò kote rivaj Lanmè Galile a. Lè jounen a te fini, mwen te eksprime gratitid mwen bay bèl gid mwen an, ki te ede m akonpli yon bagay mwen pa t ap janm ta ka akonpli poukont mwen.

Lè Bondye te aple Enòk pou l te vwayaje atravè peyi a epi temwanye de Li a, Enòk te ezite.1 Li te jis yon jèn gason, ki te yon tijan bege. Kòman li t ap kapab mache sou chemen sa a nan kondisyon l te ye a? Li te avegle pa sa ki te brize nan li. Senyè a te reponn ak kesyon ki t ap toumante l la yon fason ki senp epi byen rapid: “Mache avè m.”2 Menm jan ak Enòk nou dwe sonje ke Moun yo te maltrete epi brize pou nou an3 ap pèmèt mòtalite a fè zèv li nan nou, men li pa mande pou nou fè fas ak pwoblèm sa yo poukont nou.4 Kèlkeswa jan istwa nou lou, oubyen chemen nou ap pran aktyèlman an reprezante yon fado, Li envite nou pou nou mache avèk Li.5.

Panse ak jèn gason ki te nan moman difikilte a ki te rankontre Senyè a nan yon dezè a. Jakòb te vwayaje ale lwen lakay li. Nan obskirite pandan lannuit la, li te fè yon rèv ki pa t sèlman gen yon echèl, men yon gwo pwomès alyans tou, enkli sa m renmen rele pwomès senk dwèt la.6 Pandan lannuit sa a, Senyè a te chita bò kote Jakòb, epi li te prezante tèt Li Kòm Bondye papa Jakòb la, epi li te pwomèt li:

  • Mwen avèk ou.

  • M ap kenbe w an sekirite.

  • M ap mennen w retounen lakay ou ankò.

  • Mwen pa p abandone w.

  • M ap kenbe pwomès mwen fè w la.7

Jakòb te gen yon chwa pou l fè. Li te gendwa chwazi viv lavi l avèk yon senp konesans de Bondye papa li a, oubyen li te kapab chwazi viv yon lavi angaje nan yon relasyon alyans avèk Li. Kèk ane apre, Jakòb temwanye de yon lavi ke l te viv selon pwomès alyans Senyè a: “Bondye … te reponn mwen nan moman detrès mwen, epi li te avèk mwen nan chemen mwen te suiv la.”8 Menmjan Li te fè l pou Jakòb la, Senyè a ap reponn nou chak nan jou detrès nou si nou chwazi pou nou ankre lavi nou nan Li. Li pwomèt ke L ap mache avèk nou nan chemen an.

Nou rele sa mache sou chemen alyans lan—yon chemen ki kòmanse avèk alyans batèm nan epi ki mennen nou nan alyans ki pi pwofon nou fè nan tanp yo. Petèt lè w tande mo sa yo w ap panse a yon lis bagay pou w tcheke. Petèt, tout sa w wè se yon chemen ki gen egzijans. Men, lè w fè yon ti gade pi pre, w ap wè yon bagay ki pi atiran. Yon alyans se pa sèlman yon kontra, menmsi aspè sa a enpòtan tou. Se yon kesyon relasyon. Prezidan Russell M. Nelson anseye, “Yon relasyon alyans se tout sa ki konsène relasyon nou avèk Bondye.”9

Panse ak alyans maraj la. Dat maryaj la enpòtan menmjan, men sa ki egalman enpòtan tou se relasyon nou pral kreye atravè lavi nou pral viv ansanm apre nou fin mare a. Se menm bagay avèk relasyon alyans avèk Senyè a. Kondisyon yo te fikse epi ap gen atant pandan tout chemen an. Li envite nou tout pou vini jan nou kapab, avèk yon kè ki byen dispoze epi ki gen objektif, epi pou nou “avanse devan”10 avèk li bò kote nou, pandan n ap mete konfyans ke benediksyon Li pwomèt nou yo ap vini. Ekriti yo fè nou sonje ke souvan benediksyon sa yo vini nan moman Li chwazi a ak nan fason Li chwazi: 38 lane,11 12 lane,12 imedyatman.13 Jan chemen an mande a, se konsa sekou L ap ye.14

Se yon misyon kondesandans. Jezikri ap rankontre nou kote nou ye a ak jan nou ye a. Se rezondèt jaden an, kwa a ak tonbo a. Yo te voye Sovè a pou ede nou simonte difikilte.15 Men rete kote nou ye a p ap pote delivrans n ap chèche a. Menmjan li pa t kite Jakòb nan pousyè a, Senyè a pa gen entansyon kite nou kote nou ye a.

Misyon L lan se pou Li voye nou monte. L ap travay avèk nou16 pou elve nou pou nou vin jwenn Li, epi nan pwosesis sa a, L ap pèmèt nou vin menm jan avèk Li. Jezikri te vini pou elve nou.17 Li vle ede nou pou nou vini. Se rezon tanp lan.

Nou dwe sonje, se pa lè nou fè kous la pou kont n ap egzalte, se lè nou fè l nan konpayi––Sovè nou an. Epi se rezon relasyon alyans lan.

Lè m te an Izrayèl la, mwen te vizite Mi Lamantasyon an. Pou Juif yo, se sit ki pi sakre nan Izrayèl. Se sèlman sa ki rete nan tanp yo a. Pifò nan yo mete pi bon rad yo lè yo prale nan lye sakre sa a, chwa rad yo a se yon senbòl devosyon yo ak relasyon yo avèk Bondye. Yo vizite mi a pou li ekriti yo, pou yo adore ak pou yo eksprime priyè yo. Demann pou gen yon tanp nan mitan yo a anvayi yo chak jou, priyè chak jou yo, se dezi pou gen yon mezon alyans. Mwen admire devosyon yo.

Lè m te retounen lakay soti an Izrayèl la, mwen pote plis atansyon a konvèsasyon nan antouraj mwen konsènan alyans yo. Mwen te remake moun ki t ap mande, Poukisa mwen dwe mache nan chemen alyans lan? Poukisa mwen dwe rantre nan yon kay pou m fè alyans? Poukisa mwen dwe mete gaman sakre a? Poukisa mwen dwe envesti nan yon relasyon alyans avèk Senyè a? Repons pou kesyon sa yo senp: li depann de ki nivo relasyon ou vle fè eksperyans avèk Jezikri.18 Chak nan nou ap gen pou nou dekouvri pwòp repons nou pou kesyon pèsonèl ki pwofon sa yo.

Men pa m nan: Mwen mache sou chemen sa a antanke yon pitit fi “byenneme paran selès,”19 ke yo konnen divinman20 epi ke Yo fè anpil konfyans.21 Antanke yon pitit alyans lan, mwen kalifye pou m resevwa benediksyon Yo pwomèt22 yo. Mwen chwazi23 mache avèk Senyè a. Yo aple m24 pou m kanpe kòm yon temwen Kris la. Lè chemen an sanblel akablan, mwen fòtifye25 pa lagras reparatè. Chak fwa mwen mete pye m nan pa pòt Kay Li a, mwen viv yon relasyon alyans pi apwofondi avèk Li. Mwen sanktifye26 avèk Lespri Li, dote27 avèk pouvwa Li, epi mete apa28 pou konstwi wayòm Li an. Atravè yon pwosesis repantans chak jou, ak patisipasyon chak semèn nan sentsèn nan, m ap aprann pou m vini inebranlab29 epi pou m mache ap fè sa ki byen.30 M ap mache nan chemen sa a avèk Jezikri, pandan m ap tann jou Li pwomèt nou L ap retounen an. Epi lè sa a, m pral sele avèk Li31 epi elve kòm yon pitit fi sen32 Bondye.

Se poutèt sa m ap mache nan chemen alyans lan.

Se pou rezon sa a mwen rete akwoche ak pwomès alyans lan.

Se pou rezon sa a mwen rantre nan kay alyans Li a.

Se pou rezon sa a mwen mete gaman sakre a kòm yon rapèl konstan.

Paske mwen vle viv nan yon relasyon alyans angaje avèk Li.

Petèt ou menm tou. Kòmanse kote w ye a.33 Pa kite kondisyon ou anpeche w. Sonje, vitès oswa anplasman sou chemen an pa enpòtan pase pwogresyon an.34 Mande yon moun ou fè konfyans ki sou chemen alyans lan pou l pale w de Sovè li aprann konen an. Aprann plis sou Li. Envesti nan relasyon an nan antre nan alyans avèk Li. Laj ou ak kondisyon w pa enpòtan. Ou kapab mache avèk Li.

Apre nou te fin mache nan Santye Jezi a, Mya pa t repran kòd li a. Li te kite l mare nan scooter m nan. Pandan pwochen jou apre yo, neve m yo ki se adolesan ak zanmi yo te trennen m nan lari Jerizalèm yo.35 Yo te asire yo ke m pa t rate istwa Jezi a. Sa te raple m fòs jenerasyon k ap grandi a. Nou kapab aprann de ou. Ou gen yon dezi natirèl pou w konnen gid la, Jezikri. Ou fè kòd ki lye nou avèk Li a a konfyans. Ou gen don pou gide lòt moun al jwenn Li.36

Erezman, nou mache sou chemen sa a ansanm, pandan n ap pote ankourajmen sou chemen an.37 Pandan n ap pataje eksperyans pèsonèl nou avèk Kris la, n ap fòtifye devosyon pèsonèl nou. Konsènan sa, mwen rann temwenyaj mwen, nan non Jezikri, amèn.

Nòt

  1. Pèp Enòk la te egare nan chemen an, yo te renye Kris la, yo t ap “chèche pwòp konsèy yo nan obskirite” (gade Moyiz 6:27–28). Nan yon moman kote li te pèdi lafwa nan limanite, Enòk te tounen vè Senyè a pou gide l. Apèl sa a pou Enòk la se menm apèl Senyè a lanse ba nou: “Mache avèk mwen” (Moyiz 6:34; gade tou Matye 11:28). Men petèt, menm jan ak Enòk, ou ka pa sèten ke w kapab mache nan chemen sa a nan kondisyon w ye a. Petèt ou santi ke w antrave nan yon fason kèlkonk. Petèt bon rezon ki fè nou bezwen mache nan chemen alyans lan se poutèt kondisyon nou, paske nou antrave nan yon fason kèlkonk epi nou bezwen èd Li.

  2. Gade Moyiz 4:22–25.

  3. Gade “Jesus de Nazareth, Sauveur et roi,” Cantiques, no. 105.

  4. Gade Etè 12:27.

  5. Gade Matye 11:28–30.

  6. Pitit fi m yo vle mimire pwomès senk dwèt sa a bay pitit pa yo chak maten—yon rapèl sou yon Papa ki nan Syèl la kidivinman konnen chak pitit Li.

  7. Gade Jenèz 28:10–22. Alyans Abramik la te egalman mete aksan sou lannuit sa a tou. Eleman sa yo nan alyans Abramik la jwe yon wòl santral nan lavi nou ak nan levanjil Jezikri a: (1) pwomès yon eritaj etènèl (vèsè 13); (2) posterite etènèl (vèsè 14); ak (3) benediksyon ak responsabilite pou beni tout nasyon sou latè (vèsè 14).

  8. Jenèz 35:3; italik ajoute. Paran Jakòb te mande pou li pou l te kite lakay la pou li te chape, akòz Ezayi te menase pou te touye li, epi pou l te gen opòtinite pou l te rankontre yon moun pou l te ka marye nan alyans lan (gade nan Jenèz 27:41–45; 28:1–2, 5).

  9. Russell M. Nelson, “Alyans Etènèl la,” Liahona, Okt. 2022, 11.

  10. 2 Nefi 31:20.

  11. Gade nan Jean 5:5, istwa pisin Bethesda a.

  12. Gade nan Mak 5:25, istwa fi ki te touche wòb Kris la.

  13. Gade Matye 14:31, istwa Pyè ki t ap mache sou dlo a.

  14. Gade “Quels fondements fermes,” Cantiques, no. 42.

  15. Gade 1 Nefi 11:16–33.

  16. Gade Filipyen 1:6; 2:13; Pawòl Mòmon yo 1:7.

  17. Gade Jan 12:32.

  18. Yon wout souvan defini pa karakteristik kle tankou poto ki pou endike oswa makè kilomèt. Se yon fason pou w sèten ke ou nan bon chemen an oswa w ap fè pwogrè nan bon direksyon an. Yon relasyon ka defini apati karakteristik kle tou. Kèk kote nou ka jwenn atant sa yo (gade nan Jeremi 29:11; Doktrin ak Alyans 132:7); soumisyon (gade nan Mozya 3:19; Alma 7:23; 13:28); imilte, obeyisans, pasyans, randman, konfyans (gade nan Pwovèb 3:5); ak lanmou (gade Romen 8:31–39).

  19. Tèm Jènfi yo,” Libreri Levanjil, italik ajoute; gade tou Bonnie H. Cordon, “Pitit Fi Byeneme,” Liahona, Nov. 2019, 67.

  20. Gade Jan 4:1–29, fè rezime fraz ki nan istwa dam ki te bò pui a.

  21. Gade Alma 38:1–3.

  22. Gade Nonm 6:23–27.

  23. Gade Gade Jozye 24:22.

  24. Gade Doktrin ak Alyans 25:3, istwa Emma Smith.

  25. Gade 1 Korentyen 15:9–10.

  26. Gade 2 Kwonik 20:1–17, espesyalman vèsè 14.

  27. Gade Doktrin ak Alyans 109:1–46.

  28. Gade nan 1 Samyèl 16:11–13.

  29. Gade Estè 4:16, istwa Estè.

  30. Gade nan Travay 10:38.

  31. Gade Ezayi 43:1–5.

  32. Gade nan Detewonòm 28:1–9.

  33. Gen yon bon zanmi ki te raple m ke yon apèl alaksyon enpòtan nan nenpòt relasyon.

  34. Konvèsasyon avèk Kristen Olsen, Sept. 2023.

  35. Pou Mack Oswald, Camden Oswald, Ashton Matheny, ak Jack Butler, mèsi dèske w ede m avanse.

  36. “N ap sonje ke m te envite jèn yo nan Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo pou yo anwole nan batayon Senyè a pou yo ka patisipe nan gran koz sou tè a jodia—rasanbleman Izrayèl la. Mwen lanse envitasyon sa a bay jèn nou yo paske yo eksepsyonèlman gen don pou lonje lamen bay lòt moun epi pataje sa yo kwè nan yon fason konvenkan” (Russell M. Nelson, “Temwen, kolèj Prètriz Aawon, ak Jènfi,” Liahona, Nov. 2019, 39).

  37. “Wayòm Bondye a … se tankou yon vil asyeje ki ansèkla pa lanmò tout kote. Chak gason gen plas li sou miray la pou defann epi okenn moun pa ka kanpe kote yon lòt kanpe, men ‘anyen pa anpeche nou youn ankouraje lòt’” (Martin Luther, nan Lewis William Spitz, The Renaissance and Reformation Movements [1987], 335).