Konferans Jeneral
Poutèt Posterite Ou
Konferans Jeneral Oktòb 2023


Poutèt Posterite Ou

Pa vinn yon lyen fèb nan bèl chèn lafwa sa a ou te kòmanse, oswa w te resevwa, kòm yon eritaj la. Ke w se moun ki pi fò a.

Sa gen kèk ane, lè m t ap sèvi nan Zòn Nòdwès Amerik di Sid la epi m t ap viv Perou, mwen te fè yon bèl eksperyans ke m ta renmen pataje avèk nou.

Sa te rive lè m tap retounen lakay mwen apre yon wikenn okipe ak tach. Apre m te finalman fini pwosesis pase nan imigrasyon ayewopò a, mwen te jwenn yon chofè taksi amikal ki t ap tann mwen nan sèvis taksi abityèl nou an. Li te mennen m nan machin ni an, epi mwen te chita dèyè pare pou m rilaks mwen epi jwi yon vwayaj trankil ale lakay mwen. Apre l te fin travèse kèk kafou, sipèvizè chofè te rele l, pou li di l ke taksi m te pran se pa t bon taksi kòrèk la. Yo te rezève yon machin diferan pou mwen, epi sipèvizè a te mande l pou l te retounen avèk mwen nan ayewopò a si m ta vle chanje machin. Mwen te di l sa pa t nesesè, ke nou te ka kontinye ale. Apre kèk minit silans, li te gade m nan retwovizè a epi li te mande, “Ou se yon Mòmon, pa vre?“””

Wèl, apre kesyon envitan sa a, mwen te konnen moman trankilite yo te fini. Mwen pa t ka reziste eksplore ki kote kesyon li a t ap mennen nou.

Mwen te aprann ke li te rele Omar, madanm li te rele Maria Teresa, e yo te gen de timoun—Carolina, 14 an, ak Rodrigo, 10 an. Omar te yon manm Legliz la depi li te timoun. Fanmi l te aktif, men te rive yon tan, paran li sispann ale legliz. Omar te vin konplètman inaktif lè li te gen 15 an. Nan moman an, li te gen 40 an.

Nan moman sa a, mwen te reyalize ke m pa t pran move taksi a. Se pat yon kowensidans! Mwen te di l kiyès mwen ye e mwen te nan taksi l la paske Senyè a t ap rele l retounen nan twoupo L la.

Apre sa, nou te pale sou epòk kote limenm ak fanmi li te manm aktif Legliz la. Li te gen bèl souvni sou bon moman sware familyal, ak kèk kantik Primè. Epi li te chante ak tandrès kèk mo nan kantik “Je suis enfant de Dieu”1a.

Apre li te fin banm adrès li, nimewo telefòn li, ak pèmisyon pou m pataje yo ak evèk li a, mwen te di l m ap fè yon fason pou m nan chapèl la premye jou li retounen legliz la. Nou te fini vwayaj soti ayewopò a pou rive lakay mwen an, osi byen ke ti vwayaj nou nan lepase l laa, epi nou te ale nan chemen separe nou.

Kèk semèn apre, evèk li a te rele m, li di m Omar t ap planifye pou l te vin legliz yon sèten Dimanch. Mwen te di l mwen t ap la. Dimanch sa a, Omar te la avèk pitit gason li. Madanm li ak pitit fi l la potko enterese. Kèk mwa apre, evèk li a te rele m ankò, fwa sa a pou l te di m ke Oma t ap batize madanm li ak de pitit li yo, e li te envite m. Men foto jou Dimanch yo te konfime kòm manm Legliz la.

Imaj
Èldè Godoy ak fanmi Omar jou Dimanch yo te konfime a.

Menm Dimanch sa a, mwen te di Omar avèk fanmi li ke, si yo prepare yo, nan yon ane li t ap yon onè pou m fè selman yo nan tanp Lima a nan Perou. Men yon foto sou moman memorab sa a pou nou tout la, yon ane apre.

Imaj
Èldè Godoy ak fanmi Omar nan tanp lan.

Poukisa m ap pataje eksperyans sa a avèk nou? Mwen pataje li pou de rezon.

Premyèman, pou m adrese bon manm sa yo ki pou yon rezon kèlkonk abandone levanjil retabli Jezikri a. Dezyèmman, pou m adrese manm patisipan yo jodia ki petèt pa rete osi fidèl ak alyans yo jan yo ta dwe. Nan toulède ka yo, sa ap gen enpak sou jenerasyon kap vini yo, epi benediksyon ak pwomès ki te rezève pou posterite yo ap an danje.

Ann kòmanse ak premye senaryo a, bon manm ki kite chemen alyans lan, jan sa te rive avèk zanmi Pewouvyen m nan Omar. Lè m te mande l poukisa li te deside retounen, li te di se paske li menm ak madanm li te santi pitit yo t ap gen plis lajwa nan lavi a si yo gen levanjil Jezikri a. Li te santi ke l te tan pou yo te tounen legliz pou benefis pitit li yo.

Sa tris anpil lè nou rankontre manm inaktif oswa moun ki pa manm Legliz la ki te gen levanjil la nan fanmi yo yon fwa epi ki te pèdi l akoz desizyon paran yo oswa granparan yo pou yo te kite legliz la. Desizyon sa a ka gen yon enpak sou posterite yo pou tout tan!

Yo retire itit yo ak pitit pitit yo anba pwoteksyon ak benediksyon levanjil Jezikri a nan lavi yo. Sa ki pi tris toujou, yo pèdi pwomès yon fanmi etènèl ki te disponib yon lè. Desizyon youn afekte tout chèn desandan yo. Yon eritaj lafwa kase.

Sepandan, jan nou konnen, nenpòt bagay ki kase ka repare grasa Jezikri. Pou rezon sa a, tanpri konsidere envitasyon Prezidan Russell M Nelson sa a.: “Kounye a, si w te kite chemen an, mwen envite w ak tout espwa ki nan kè m pou w retounen tanpri. Kèlkeswa pwoblèm ou, kèlkeswa difikilte ou, gen yon plas pou ou la a, nan Legliz Senyè a. Oumenm ak jenerasyon ki poko fèt yo pral beni pa aksyon w ap pran kounyea pou w retounen sou chemen alyans lan.”2

Kounyea, ann abòde dezyèm senaryo a, manm k ap patisipe jodi a ki petèt pa fidèl jan yo ta dwe. Menmjan desizyon yè yo gen enpak sou reyalite jodia, se menmjan tou desizyon jodi a pral afekte avni nou ak avni manm fanmi nou.

Prezidan Dallin H. Oaks te anseye nou:

“Levanjil retabli Jezikri a ankouraje nou pou nou reflechi konsènan lavni. Li anseye bèl lide konsènan lavni an pou gide aksyon chak jou nou yo.

Pa kontras, nou tout konnen moun ki sèlman enterese avèk leprezan: pase tan jodia, pwofite tan jodia, epi pa fè sousi pou lavni.

Pandan na p pran desizyon kounyea, nou ta dwe toujou ap mande, ‘Ki kote sa pral mennen?’”3 Èske desizyon aktyèl nou yo ap mennen nou nan lajwa kounyea ak nan letènite, oswa èske y ap mennen nou nan lapenn ak dlo nan je?

Gen moun ki ka panse, “Nou pa bezwen ale legliz chak Dimanch,” oswa “Nou va peye dim lè bagay yo amelyore,” oswa “Mwen pap sipòte dirijan Legliz yo nan sijè sa a.”

“Men,” yo di, “nou konnen Legliz la vre, epi nou p ap janm kite levanjil Jezikri a.”

Moun ki gen panse tankou sa yo pa reyalize enpak negatif tip manm “sipèfisyèl” sa a pral genyen sou lavi yo ak sou lavi pitit pitit yo. Paran yo ka rete aktif, men risk pou yo pèdi pitit yo wo anpil—nan lavi sa a ak nan letènite.

Konsènan moun ki pap eritye glwa selès avèk fanmi yo, Senyè a di, “Sa yo se moun ki pa vanyan nan temwayaj Jezi a; se poutèt sa, yo pa jwenn kouwòn nan wayòm Bondye nou an.”4 Èske se sa nou vle pou tèt nou oswa pou pitit nou yo? Èske nou pa ta dwe pi vanyan ak mwens sipèfisyèl pou pwòp sekirite pa nou ak sekirite pitit pitit nou yo?

Prezidan M. Russell Ballard te adrese menm enkyetid sa a:

“Pou kèk moun, envitasyon Kris la pou kwè epi pèsevere a kontinye difisil. … Gen kèk disip k ap lite pou yo konprann yon règleman oubyen yon ansèyman espesifik Legliz la. Gen kèk lòt ki jwenn bagay ki preyokipe yo nan istwa nou oubyen nan enpèfeksyon kèk manm ak dirijan, pase ak prezan.

“… Desizyon pou w pa ‘mache ankò’ avèk manm Legliz yo ak dirijan Senyè a chwazi yo ap gen yon enpak alontèm ke ou p ap kapab wè kounyeya.”5

Ala yon eritaj tris pou nou kite—e pou ki rezon? Kèlkeswa sa li ye, li pa ase pou inyore enpak espirityèl negatif li pral kreye pou jenerasyon kap vini yo.

Chè frè m ak sè m yo, si w ap travèse youn nan de sitiyasyon sa yo mwen mansyone nan mesaj mwen an, tanpri rekonsidere fason w ap aji. Ou konnen gen yon plan pou nou nan lavi sa a. Ou konnen fanmi yo ka etènèl. Poukisa pou mete pa w la an risk? Pa vinn yon lyen fèb nan bèl chèn lafwa sa a ou te kòmanse, oswa w te resevwa, kòm yon eritaj la. Ke w pi fò. Se moman pa w pou fè li, e Senyè a ka ede w.

Soti nan fon kè m, mwen envite w pou w reflechi sou sa, pou w gade an avan epi evalye “kote sa a pral mennen” epi, si sa nesesè, pou w ase vanyan pou w refòme chemen w pou benefis posterite ou. Nan non Jezikri, amèn.