Konferans Jeneral
Pouvwa Gerizon Sovè a nan “Zile sou Lanmè yo”
Konferans Jeneral Oktòb 2023


10:27

Pouvwa Gerizon Sovè a nan “Zile sou Lanmè yo”

Atravè benediksyon tanp yo, Sovè a geri rmoun yo, fanmi yo, ak nasyon yo.

Nan ane 1960 yo, papa m t ap anseye nan Kolèj Legliz la nan Laie Hawaii, kote mwen fèt. Sèt pi gran sè m yo te ensiste pou paran m te rele m “Kimo,” yon non Awayen. Nou t ap viv tou pre tanp Laie a nan Hawaii ki ap sèvi pifò manm Legliz la nan Zòn Azi Pasifik, enkli Japon.1 Nan moman sa a, yon gwoup Sen Japonè te kòmanse vini Hawaii pou resevwa benediksyon tanp yo.

Youn nan manm yo se te yon sè ki te soti sou bèl zile Okinawa a. Istwa youn nan vwayaj li pou ale nan Tanp Awayi a remakab. Ventan desa, li te marye nan yon maryaj Boudis tradisyonèl ki te aranje. Jis kèk mwa apre maryaj li a nan lane 1941, Japon te atake Pearl Harbor, Hawaii, sa ki te mete Etazini nan yon konfli avèk Japon. Apre gwo kokennchen batay tankou Midway ak Iwo Jima, vag lagè yo te rive pouse fòs Japonè yo retounen sou kòt yo nan zile lakay yo, Okinawa, dènye liy defans kont fòs Alye yo anvan rejyon santral Japon an.

Nan lane 1945, Batay Okinawa a te fè raj pandan twa mwa difisil anpil. Yon flòt 1300 bato Ameriken te ansèkle epi te bonbade zile a. Viktim militè ak sivil yo te anpil. Jounen jodi a gen yon moniman nan Okinawa ki gen yon lis plis pase 240.000 non moun yo konnen ki te mouri nan batay la.2

Nan yon tantativ dezespere pou yo chape anba atak la, dam Okinawa sa a, mari l, ak de timoun piti li yo te pran refij nan yon gwòt nan montay. Yo te pase mizè endeskriptib pandan semèn ak mwa apre yo.

Yon lannuit dezespwa nan mitan batay la, avèk fanmi l tou pre ki t ap mouri anba grangou ak mari l endispoze, li te anvizaje pou l te mete fen a soufrans li avèk yon grenad amen, ke otorite yo te bay limenm ak lòt pou bi sa a menm. Sepandan, pandan li t ap prepare l pou l te fè sa, gen yon eksperyans pwofondeman espirityèl ki te pase ki te ba li yon vizyon klè sou reyalite Bondye ak lanmou l pou li, sa ki te ba li fòs pou li te kontinye. Nan jou ki te vini apre yo, li te leve mari l epi li te nouri fanmi l avèk zèb, myèl ki soti nan myèl sovaj ak bèt li te peche nan yon ti rivyè toupre a. Remakableman, yo te andire sis mwa nan gwòt la, jiskaske abitan vilaj yo te enfòme yo ke batay la te fini.

Lè fanmi li te retounen lakay yo epi kòmanse rebati lavi yo, fi Japonèz sa a te kòmanse chèche jwenn repons konsènan Bondye. Li te gradyèlman devlope yon kwayans nan Jezikri ak nesesite pou li batize. Sepandan, li t ap poze tèt li kesyon sou moun pwòch li yo ki te mouri san yo pa t gen konesans sou Jezikri ak batèm, tankou manman l, ki te mouri pandan l t ap akouche l.

Imajine lajwa l lè yon jou, de misyonè ki soti nan Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo te vini lakay li epi te anseye l apre yo fin mouri, moun yo kapab tande pale sou Jezikri nan monn lespri a. Li te kaptive ak ansèyman ki di paran li yo kapab chwazi pou suiv Jezikri apre lanmò epi aksepte batèm li fè nan non yo nan espas sakre ki rele tanp yo. Limenm ak fanmi l te konvèti nan non Sovè a epi li te batize.

Fanmi li te travay di epi yo te kòmanse pwospere, yo te kontan gen yon bèl kay epi ajoute twa lòt timoun anplis. Yo te rete fidèl ak aktif nan Legliz la. Epi, sanzatann, mari l te soufri anba yon kriz kadyak epi l te mouri, sa ki te oblije l al travay pandan pil èdtan nan tout kalite djòb pandan plizyè ane pou l te ka okipe senk pitit li yo.

Gen kèk moun nan fanmi l ak nan vwazinaj li ki t ap kritike l. Yo te fè konnen se dezisyon pou li vin manm yon legliz Kretyen ki lakòz pwoblèm li yo. San l pa t dekouraje pa trajedi pwofon ak move kritik, li te kenbe lafwa li nan Jezikri, ak detèminasyon pou avanse, konfyan ke Bondye te konnen l epi te genyen jou pi klè pi devan.3

Kèk ane apre lanmò prematire mari li, prezidan misyon nan Japon an te santi l enspire pou ankouraje manm Japonè yo pou travay nan bi pou ale nan tanp lan. Prezidan misyon an sete yon veteran Ameriken nan Batay Okinawa a, kote sè Okinawan nan avèk fanmi li te soufri si anpil konsa a.4 Malgre tou, sè enb lan pale konsa de li: “Lèsa a li te youn nan enmi nou te rayi, men kounya li te isit la avèk levanjil lanmou ak lapè a. Sa a, pou mwen, sete yon mirak.”5

Apre l te fin tande mesaj prezidan misyon an, sè vèv la te gen yon dezi pou li te sele avèk fanmi li nan tanp yon jou. Sepandan, sa te enposib pou li, akoz baryè finansye ak lang yo.

Epi apre, plizyè solisyon inovatif te prezante. Frè a ta kapab redui amwatye si manm nan Japon yo fwete yon avyon antye pou vwayaje ale Hawaii pandan sezon ki pa gen anpil aktivite yo6 Manm yo te anrejistre mizik epi yo te vann yo sou plak ki te rele Japanese Saints Sing. Kèk manm te menm vann kay yo. Lòt te abandone travay yo pou te ale nan vwayaj la.7

Lòt pwoblèm pou manm yo sete ke prezantasyon an nan tanp lan pa t disponib an Japonè. Dirijan Legliz yo te aple yon frè Japonè pou l te vwayaje al nan tanp Awayi a pou l te ka tradui seremoni dotasyon an.8 Li sete premye konvèti Japonè apre lagè a, li te anseye epi batize pa sòlda Ameriken fidèl.9

Lè manm Japonè ki dote k ap viv nan Hawaii yo te premye tande tradiksyon an yo te kriye. Youn manm yo ekri, “Nou te ale nan tanp lan, pandan plizyè fwa. Nou te tande seremoni yo an Anglè. [Men] nou pa t janm santi lespri travay tanp lan jan nou santi l prezan jan sa a nou [nou t ap tande l] nan pwòp lang natif pa nou an.”10

Nan apre nan ane a, 161 adilt avèk timoun te anbake soti Tokyo pou yo te fè vwayaj pou ale nan tanp Hawaii a. Yon frè Japonè te fè yon refleksyon sou vwayaj la: “Lè mwen t ap gade pa deyò avyon an, mwen te wè Pearl Harbor epi mwen te sonje sa peyi nou an te fè moun sa yo jou ki te 7 desanm 1941, mwen te santi yon laperèz andedan kè m. Èske y ap aksepte nou? Men mwen te etone wè yo te montre nou yon gwo lanmou ak jantiyès mwen pa t janm wè nan lavi m.”11

Yo akeyi Sen Japonè yo avèk kolye flè.

Apre nou te fin rive, manm Awayen yo te resevwa Sen Japonè yo avèk yon kantite flè “leis” pandan yo t ap bay akolad epi anbrase sou jou yo, yon koutim ki etranje ak kilti Japonèz la. Apre yo te fin pase 10 jou transfòmasyon nan Hawaii, Sen Japonè yo te fè adye yo pandan Sen Awayen yo t ap chante “Aloha Oe”.10

Dezyèm vwayaj manm japonè yo te òganize a te gen ladan l sè Okinawan vèv la. Li te fè vwayaj 16.000 km sa a gras a don plen jenewozite ke misyonè ki te sèvi nan branch li a te bay. Pandan li te nan tanp lan, li te fè yon batèm pa pwokirasyon pou manman l, epi li te sele avè mari l ki te mouri a.

Vwayaj pou ale nan tanp yo te kontinye regilye jiskaske Tanp Tokyo Japon an te konsakre nan lane 1980, se te 18yèm tanp ki ap fonksyone nan dispansasyon sa a. Nan mwa Novanm ane sa a, yo pral dedikase 186yèm tanp nan Okinawa, Japan. Li pa twò lwen gwòt Okinawa a, kote dam sa a ak fanmi l te pran abri.13

Menm si m pa t janm rankontre sè ekstraòdinè sa a ki soti Okinawa, eritaj li rete vivan atravè posterite fidèl li, ki gen anpil nan yo mwen konnen ak renmen.14

Papa m, yon veteran Dezyèm Gè Mondyal nan Pasifik la, te kontan lè m te resevwa apèl pou m te sèvi nan Japon kòm yon jèn misyonè a. Mwen te rive tousuit apre Tanp Tokyo a te fin konsakre epi m te temwen lanmou yo pou tanp lan.

Alyans tanp yo se kado Papa nou ki nan Syèl la pou moun k ap fidèlman suiv Pitit Gason li a, Jezikri. Atravè tanp lan, Papa nou ki nan syèl la lye moun ak fanmi yo ak Sovè a epi youn ak lòt.

Prezidan RussellM. Nelson te deklare ane pase:

“Chak moun ki fè alyans nan fon batismo yo ak nan tanp yo—epi ki kenbe yo—ogmante aksè yo nan pouvwa Jezikri. …

“Rekonpans ki genyen nan kenbe alyans nou fè avèk Bondye yo se pouvwa selès—pouvwa ki fòtifye nou pou n pi byen reziste devan eprèv yo, tantasyon yo, ak chagren yo. Pouvwa sa a fasilite wout nou.”15

Atravè benediksyon tanp yo, Sovè a geri moun, fanmi ak nasyon yo—menm sa ki yon lè te kanpe kòm gwo lènmi. Senyè resisite a te deklare a yon sosyete ki te plen konfli, pou moun ki onore “non m yo, yo va wè Pitit Lajistis la leve avèk gerizon nan zèl Li.”16

Mwen rekonesan paske mwen se temwen akonplisman pwomès Senyè a k ap kontinye ke “yon tan pral vini e konesans konsènan yon Sovè pral gaye nan pami chak nasyon, fanmi, lang ak pèp,”14elakalnkli moun ki nan “zile ki sou lanmè yo.”18

Mwen temwanye sou Sovè Jezikri a ak sou pwofèt ak apot li yo nan dènye jou sa yo. Mwen temwanye solanèlman sou pouvwa Pè Selès la pou li lye nan syèl sa ki lye sou tè a.

Sa a se travay Sovè a, epi tanp yo se mezon sakre li.

Avèk yon konviksyon inebranlab, mwen rann temwayaj konsènan verite sa yo nan non Jezikri, amèn.

Nòt

  1. Tanp Laie Hawaii a te konsakre an 1939 pa Preidan Hebert J. Grant. Antanke yon Apostle, li te louvri Legliz la nan Japon an 1901. Sete senkyèm tanp operasyonèl epi premye tanp ki te konstwi andeyo Etazini kontinantal.

  2. Apati 2 Mas, 2023, genyen anviwon 241 281 non ki te enskri sou moniman an.

  3. Gade Gordon B. Hinckley, “Kenbe Chenn nan San Kase l” (devosyon nan Inivèsite Brigham Young, 30 Nov. 1999), 4, speeches.byu.edu.

  4. Dwayne N. Andersen te blese nan batay Okinawa a. LI te sèvi kom prezidan misyon nan Japon 1962 rive 1965 aepi sete premye prezidan Tanp Japon Tokyo, soti 1980 rive 1982.

  5. Mwen te ranoontre manm avèk fanmi yo pandan madanm yo ak mwen mwen te sèvi kom dirijan misyon yo nan Tokyo. Yo te founi done emfomasyon apati kont pèsonèl.

  6. Gade Dwayne N. Andersen: An Autobiography for His Posterity, 102–5, Bibliyotèk Istwa Legliz la, Salt Lake City.

  7. Gade Dwayne N. Andersen, 104.

  8. Gade Edward L. Clissold, “Tradui Seremoni Dotasyon an nan lang Japonè,” nan Istwa Tanp lan nan Laie, Hawaii, comp. Clinton D. Christensen (2019), 110–13.

  9. Tradiktè a, Tatsui Sato, te batize 7 Jiyè 1946, pa yon militè ameriken, C. Elliott Richards. Madanm Tatsui, Chiyo Sato, te batize nan menm jou a ak Boyd K. Packer. Separeman, Neal A. Maxwell te konbat nan Batay Okinawa a, epi L. Tom Perry te pami premye vag Marin ki te akoste Japon apre trete lapè a. Èldè Packer, Maxwell, ak Perry te vin manm Kolèj Douz Apot yo.

  10. Nan Clissold, “Translating the Endowment into Japanese,” 112.

  11. Nan Dwayne N. Andersen, “1965 Japanese Excursion,” Stories of the Temple in Lā‘ie, Hawai‘i114.

  12. Gadee Andersen, “1965 Japanese Excursion,” 114, 117.

  13. Pita nan sesyon sa a pou Oktob 2023 konferan jeneral a; Prezidan Russlell M. Nelson te anonse 20 nouvo, ki enkli Osaka Japon, ki pral senkyèm tanp lan nan Japon.

  14. Pandan misyon nou nan Tokyo soti lane 2018 pou rive 2021, malgre defi pandemi COVID la, fanmi li te ban mwen menm ak fanmi m lanmou ak atansyon, m ap toujou rete rekonesan pou sa.

  15. Russell M. Nelson, “Venk Mond lan epi Jwenn Repowas baptized July 7, 1946, by a US serviceman, C. Elliott Richards.

  16. 3 Nefi 25:2.

  17. Mozya 3:20.

  18. 2 Nefi 9:7.