Konferans Jeneral
Nou Se Pitit Li
Konferans Jeneral Oktòb 2023


9:42

Nou Se Pitit Li

Nou tout gen menm orijin divin nan epi nou gen menm potansyèl san limit atravè lagras Jezikri.

Èske w sonje eksperyans pwofèt Samyèl te fè a lè Senyè a te voye l al lakay Izayi pou l te konsakre nouvo wa Izrayèl la? Samyèl te wè Eliyab, premye pitit Izayi a. Eliyab, sanble l te wo epi li te gen aparans yon gwo dirijan. Samyèl wè sa epi li tire konklizyon pa li. Men sete yon move konklizyon, e Senyè a te anseye Samyèl: “Pa gade sou bèl aparans li, ni sou bèl wotè li. … Lezòm gade sou sa ki parèt devan je yo. Men, mwen menm mwen gade sa ki nan kè moun.”1

Èske w sonje eksperyans disip ki te rele Ananyas la te fè lè Senyè a te voye l al beni Sòl? Repitasyon Sòl te presede l, epi Ananyas te konn tande pale de kijan Sòl te mechan, ak jan li te konn pèsekite sen yo tout tan. Ananyas te tande epi li te tire konklizyon ke petèt li pa ta dwe al rann Sòl sèvis. Men se te yon move konklizyon, e Senyè a te anseye Ananyas: “Mwen chwazi l pou sèvis mwen, pou l fè tout moun konnen non mwen, moun lòt nasyon yo ak tout wa yo ansanm ak pèp Izrayèl la.”2

Kisa ki te pwoblèm Samyèl ak Ananyas nan de sikonstans sa yo? Yo te wè avèk je yo e yo te tande avèk zorèy yo, epi poutèt sa, yo te pase jijman pa yo sou lòt moun dapre aparans yo ak sa moun te di.

Lè direktè lalwa yo ak Farizyen yo te wè fi ke yo te kenbe nan adiltè a, kisa yo te wè? Yon fi ki deprave, yon pechrès ki merite lanmò. Lè Jezi te wè l, kisa Li te wè? Yon fi ki nan yon moman te tonbe nan feblès lachè men ke L te gendwa rekipere atravè repantans ak Ekspyasyon Li an. Lè moun yo te wè kapitèn lame women an, ki te gen yon domestik lakay li ki paralize, kisa yo te wè? Li posib yo te wè yon moun ki pa t nan plas li, yon etranje, yon moun pou yo meprize. Lè Jezi te wè l, kisa Li te wè? Yon gason ki te enkyete pou byennèt yon moun nan kay li, yon moun ki te chache Senyè ak franchiz ak lafwa. Lè moun yo te wè fi ki t ap soufri ak emoraji a, kisa yo te wè? Petèt yon fi ki enpur, yon moun ki kondane pou yo rejte l. Lè Jezi te wè l, kisa Li te wè? Yon fi ki te malad, ki te nan solitid ak alyene akozde sikonstans li pa t ka kontwole, ki te atann yon gerizon e pou l ka santi l entegre.

Nan chak ka, Senyè a te wè moun sa yo pou moun yo te ye a epi Li te rann yo sèvis dapre sa. Jan Nefi ak frè li Jakòb te deklare:

“Li envite tout moun pou vin jwenn Li…, nwa ak blan, esklav ak lib, gason ak fi; e li sonje payen yo; e tout moun se menm pou Bondye.”3

“Epi tout moun gen menm enpòtans devan l.”4

Se pou nou tankou Li pa kiteje nou, ak zorèy nou, oubyen krent nou twonpe nou, men ouvri kè nou ak panse nou pou n rann tout moun ki bòkote nou sèvis menm jan Li te fè l la.

Kèk ane de sa, madanm mwen, Isabelle, te resevwa yon envitasyon sèvis pastoral. Yo te mande l pou l te vizite yon granmoun vèv ki te nan pawas nou an, yon sè ki te gen pwoblèm sante e ki kite solitid pote rankin nan lavi l. Rido li te fèmen; apatman li te ankonbre; li pa t vle pou moun vizite li e li te di klèman “mwen pa gen anyen m ka fè pou pèsòn.” San dekouraje, Isabelle te reponn, “Wi, ou kapab! Ou kapab fè yon bagay pou nou lè w kite nou vin vizite ou.” Epi konsa, Isabelle te ale, fidèlman.

Yon ti tan apre, bon sè sa a te fè yon operasyon nan pye li, ki te mande pou pansman li chanje chak jou, sa te yon bagay li pa t kapab fè poukont li. Pou anpil jou, Isabelle te ale lakay sè a, li te lave pye li, e li te chanje pansman l yo. Li pa t janm te wè salte; li pa t janm pran move odè. Li te sèlman wè yon bèl pitit fi Bondye ki te bezwen lanmou ak atansyon.

Nan ane ki pase yo, mwen menm ak anpil lòt moun te beni pa don Isabelle genyen pou li wè jan Senyè a wè. Kit ou se prezidan pieu an oubyen moun ki akeyi manm yo, kit ou se wa Angletè oubyen ou abite nan yon ti joupa, kit ou pale lang li oubyen yon lòt, kit ou kenbe kòmandman yo oubyen w ap konbat ak kèk nan yo, l ap sèvi w pi bon manje li genyen sou pi bèl asyèt li genyen. Kondisyon ekonomik, koulè po, eritaj kiltirèl, nasyonalite, degre lajistis, klas sosyal, oubyen nenpòt lòt sa ki idantifye w oubyen klasman w pa gen enpòtans pou li. Li wè kè moun nan; li wè tout moun tankou yon pitit Bondye.

Prezidan Russell M. Nelson te anseye:

“Advèsè a rejwi nan klasman yo paske yo divize nou e yo mete restriksyon sou sa nou panse de tèt nou ak yoiun lòt. Ala sa tris lè nou onore etikèt plis pase nou onore youn lòt.

Etikèt yo ka mennen nan jijman ak animozite. Nenpòt abi oswa prejije kont yon lòt akozde nasyonalite, ras, oryantasyon seksyèl, sèks, nivo edikasyon, kilti, oubyen tout lòt faktè enpòtan ki idantifye moun se yon ofans nan je Mèt nou an!”5

Fransè pa defini kimoun mwen ye; se jis kote m te fèt. Blan pa defini kimoun mwen ye; se jis koulè po m, oubyen koulè m pa genyen. Pwofesè pa defini kimoun mwen ye; se jis sa mwen te fè pou m soutni fanmi m. Swasanndis Otorite Jeneral pa defini kimoun m ye; se jis kote m ap sèvi nan wayòm nan nan moman sa a.

“Toutabò,” jan Prezidan Nelson te raple nou, mwen se yon “pitit Bondye.”6 Se menm jan avèk ou; e menm jan pou tout lòt moun ki antoure nou. Mwen priye pou nou ka vin jwenn yon pi gwo apresyasyon pou verite mèveye sa a. Li chanje tout bagay!

Nou gendwa te elve nan kilti ki diferan; nou gendwa nan sikonstans ekonomik ak sosyal ki diferan; eritaj mòtèl nou, sa gen ladan nasyonalite nou, koulè po nou, preferans nou nan manje, oryantasyon politik, elatriye, gendwa varye anpil. Men nou se pitit Li, nou tout san eksepsyon. Nou tout gen menm orijin divin nan epi nou gen menm potansyèl san limit atravè lagras Jezikri.

C. S. Lewis te eksplike l konsa: “Se yon bagay serye pou nou viv nan konpayi dye ak deyès potansyèl, pou nou sonje ke moun ki pi parese, pa enteresan ou ka pale ak a gendwa yon jou vini yon kreyati ki, si w ta wè l kounyea, ou ta gen tantasyon pou w adore li. … Pa gen moun ki òdinè. Ou poko janm pale avèk yon moun ki senpleman mòtèl. Nasyon yo, kilti yo, travay atistik yo, sivilizasyon yo—tout se bagay mòtèl, epi lavi yo konpare ak pa nou se tankou lavi yon ti mouch. Se avèk moun ki imòtèl nou bay blag, travay, marye, repouse, ak eksplwate.”7

Fanmi nou te gen privilj èpou nou viv nan diferan peyi ak kilti; pitit nou yo te beni pou yo te marye ak moun anndan diferan gwoup etnik. Mwen vin rive konprann kijan levanjil retabli Jezikri a egalize nou. Lè nou vrèman anbrase li, “Lespri a limenm rann temwayaj bay espri nou, ke nou se pitit Bondye.”8 Verite enkwayab sa a libere nou, epi tout etikèt ak distenksyon ki otreman gendwa aflije nou ak relasyon nou pou youn lòt senpleman vin “anglouti nan … Kris la.”9 Li byento vin klè ke, nou, tankou lòt moun yo, “pa etranje ni moun lòt peyi ankò, men nou se sitwayen menmjan ak sen yo, e nou fè pati kay Bondye a.”10

Tou dènyeman mwen te tande prezidan branch youn nan inite miltilang nou yo refere a konsèp sa a, menm jan Èldè Gerrit W. Gong te fè l la, tankou yon alyans apatenans lan.11 Ala yon bèl konsèp! Nou apateni a yon gwoup moun ki tout ap eseye plase Sovè a ansanm ak alyans nou yo nan sant lavi nou e pou nou viv levanjil la avèk lajwa. Se pousa, olye pou nou wè youn lòt atravè lantiy defòme mòtalite a, levanjil la amelyore vizyon nou epi pèmèt nou gade youn lòt atravè lantiy pafè alyans sakre nou yo ki pa chanje. Lè nou fè sa, nou kòmanse elimine prejije ak pasyalite natirèl pa nou anvè lòt moun, sa ki ap ede yo minimize prejije ak pasyalite pa yo anvè nou menm,12 nan yon bèl sèk bonte. Anfèt, nou suiv envitasyon pwofèt byenneme nou an: “Chè frè m ak sè m yo, fason nou youn trete youn lòt vrèman enpòtan! Fason nou pale ak lòt moun e konsènan yo nan fwaye nou, nan legliz la, nan travay nou, ak anliy vrèman enpòtan. Jodia, m ap mande nou pou nou entèaji avèk lòt moun nan yon fason ki pi elve, pi sakre.”13

Aprèmedi sa a, nan espri envitasyon, mwen swete ajoute angajman pa m sou angajman mèveye timoun Primè nou yo fè:

Si w pa mache tankou pifò moun,

Gen de moun k ap mache ale lwen ou,

Men pa mwen menm! Pa mwen menm!

Si w pa pale tankou tout lòt moun,

Gen de moun ki fè blag sou ou epi yo ri ou,

Men pa mwen menm! Pa mwen menm!

M ap mache avè w. M ap pale avè w.

Se konsa m montre lanmou m pou ou.

Jezi pa t mache ale lwen pèsòn.

Li te bay tout moun lanmou Li.

Alò mwen menm tou! Mwen menm tou!14

Mwen temwaye ke Limenm nou adrese tankou Papa nou ki nan Syèl la se vreman Papa nou Li ye, Li renmen nou, Li konnen chak grenn pitit Li trè byen, Li gen anpil sousi pou nou chak, e ke nou vreman se menm nan je Li. Mwen temwaye ke jan nou trete youn lòt se yon reflè dirèk de konpreyansyon nou ak apresyasyon nou pou sakrifis siprèm ak Ekspyasyon Pitit gason Li a, Sovè nou an, Jezikri. Mwen priye pou, tankou Li, nou va rive renmen lòt moun paske se sa ki bon pou nou fè, pa paske y ap fè sa ki bon oubyen adapte ak moul ki “apwopriye” a. Nan non Jezikri, amèn.

Nòt

  1. 1 Samyèl 16:7.

  2. Travay 9:15.

  3. 2 Nefi 26:33.

  4. Jakòb 2:21.

  5. Russell M. Nelson, “Chwa pou Letènite” (devosyon mondyal pou jèn adilt yo, 15 Me, 2022), Bibliyotèk Levanjil.

  6. Russell M. Nelson, “Chwa pou Letènite.”

  7. C. S. Lewis, The Weight of Glory and Other Addresses (1949), 14–15.

  8. Women 8:16.

  9. Alma 31:38.

  10. Efezyen 2:19.

  11. Gade tou nan Gerrit W. Gong, “Apatenans nan Alyans,” Liahona, Nov. 2019, 80–83.

  12. Dale G. Renlund and Ruth Lybbert Renlund, The Melchizedek Priesthood: Understanding the Doctrine, Living the Principles [Prètriz Mèlkizedèk la: Konprann Doktrin nan, Viv Prensip yo] (2018), 112.

  13. Russell M. Nelson, “Nou Bezwen Patizan Lapè, Lyawona, Me 2023, 99.

  14. Je viens vers toi,” Chants pour les enfants, 78