Konferans Jeneral
Frè ak Sè an Kris yo
Konferans Jeneral Oktòb 2023


Frè ak Sè an Kris yo

Se pou nou pwofite plis de lyen parante ki egziste antre nou an epi valorize atribi diferan ak don varye nou tout genyen yo.

Chè zanmi m yo, nou te gen sesyon konferans mèveye jodia. Nou tout te santi Lespri Senyè a ak lanmou Li atravè mesaj mèveye dirijan nou yo te pataje yo. Mwen santi m privilejye pou m adrese nou aprèmidi sa a kòm dènye oratè sesyon sa a. Mwen priye pou Lespri Senyè a kontinye avèk nou pandan n ap rejwi ansanm kòm frè ak sè an Kris.

Chè pwofèt nou an, Russell M. Nelson, te deklare: “M ap mande manm nou yo toupatou nan mond lan pou yo montre egzanp nan abandone atitid ak aksyon prejije yo. Mwen priye nou pou n ouankouraje respè pou tout pitit Bondye.”1 Antanke yon legliz mondyal ki toujou ap grandi, suiv envitasyon sa a pwofèt nou an bay la se yon kondisyon esansyèl pou bati wayom Sovè a nan chak nasyon nan mond lan.

Levanjil Jezikri a anseye ke nou tout se pitit gason ak pitit fi espri paran selès ki reyèlman renmen nou2 e nou te viv kòm yon fanmi nan prezans Bondye anvan nou te vin fèt sou tè sa a. Levanjil la anseye tou ke nou tout te kreye nan imaj ak resanblans Bondye.3 Sepoutèt sa, nou egal devan Li,4 paske Li “te kreye tout nasyon gason ak [ak fanm] ak yon sèl san.”5 Sepoutèt sa, nou tout gen nati, eritaj ak potansyèl diven, paske “gen yon sèl Bondye ak Papa nou tout, k ap dominen sou nou tout, k ap aji nan nou tout, ki nan [nou tout].”6

Antanke disip Kris, yo envite nou pou ogmante lafwa nou, ak lanmou nou pou frè ak sè espirityèl nou nan makonnen kè nou sensèman ansanm nan inite ak lanmou, kèlkeswa diferans nou genyen, konsa, n ap ogmante kapasite pou nou ankouraje respè pou diyite tout pitit gason ak pitit fi Bondye yo.7

Èske se pa t egzakteman kondisyon sa a pèp Nefi a te rankontre pou prèske de syèk apre Kris la te fin vizite yo?

“E reyèlman pa t ap kapab gen yon pèp ki pi kontan pami tout pèp Bondye te kreye ak men l. …

Ni tou pa t gen Lamanit, ni okenn kalite-it; men, yo te youn, pitit Kris yo, ak eritye wayòm Bondye a.

Epi yo te beni anpil!”8

Pi lwen, Prezidan Nelson te mete aksan sou enpòtans simaye diyite ak respè pou pwochen nou lè li te deklare: “Kreyatè nou tout la mande nou chak pou nou abandone atitid prejije kont nenpòt gwoup pitit Bondye yo. Nenpòt nan nou ki gen prejije anvè yon lòt bezwen repanti! … Se responsablite nou chak pou nou fè tout sa nou kapab ak enfliyans nou pou prezève diyite ak respè chak pitit gason ak pitit fi Bondye merite.”9 An reyalite, diyite imèn enplike respè pou diferans nou yo.10

Pandan n ap konsidere lyen sakre ki ini nou avèk Bondye kòm pitit Li yo, direksyon pwofetik sa a Prezidan Nelson bay la san dout se yon etap fondamantal nan bati pon konpreyansyon olye ke nou kreye miray prejije ak segreagsyon pami nou.11 Toutfwa, jan Pòl te avèti Efezyen yo, nou dwe rekonèt ke si nou vle akonpli objektif sa a, l ap mande pou nou fè yon efò kolektif ak endividyèl pou nou aji avèk imilite, jantiyès, ak pèseverans anvè youn ak lòt.12

Gen yon istwa yon sèten dirijan Jwif ki t ap admire solèy la k ap leve avèk de zanmi. Li te mande yo, “Kijan nou fè konnen lè nwit la fini, epi yon nouvo jou kòmanse?”

Youn nan yo te reponn, “Lè ou ka gade a lès epi ou kapab fè diferans ant yon mouton ak yon kabrit.”

Apresa lòt la te reponn, “Lè ou ka gade a lorizon epi ou kabab fè diferans ant yon pye oliv ak yon pye figye.””

Apresa yo te vire gade dirijan saj la epi yo te poze l menm kesyon an. Apre yon long refleksyon, li te reponn, “Lè ou ka gade a lès epi gade figi yon fi oswa figi yon gason epi ou kapab di, li se sè mwen, li se frè mwen.’”13

Chè zanmi m yo, mwen ka asire nou ke limyè yon nouvo jou ap briye pi klere nan lavi nou lè nou gade epi trete pwochen nou avèk respè ak diyite epi antanke frè ak sè an Kris.

Pandan ministè terès Li, Jezi te montre egzanp prensip sa a admirableman pandan li “te mache fè byen”14 ak tout moun, envite yo vini jwenn Li epi pataje nan bonte Li, kèlkeswa orijin yo klas sosyal yo oswa karakteristik kiltirèl yo. Li te sèvi, geri, epi te toujou atantif a bezwen chak moun, espesyalman moun ke nan epòk sa yo lòt te konsidere kòm diferan, rabese oswa eskli yo. Li pa t repouse okenn moun men li te trete yo avèk egalite ak lanmou, paske Li te gade yo kòm frè ak sè Li, pitit gason ak pitit fi menm Papa a.15

Youn nan okazyon pi frapan kote sa te pase sete lè Sovè a te vwayaje ale Galile, Li te pran wout ki te pase pa Samari a.16 Lè sa a Jezi te deside chita bò pui Jakòb la pou l repoze. Pandan li te chita la a, yon fanm Samaritèn te apwoche pou plen yon krich dlo. Nan omnisyans Li, Jezi te adrese fanm sa a konsa, “Banm ti gout dlo pou m bwè.”17

Fanm sa a te sezi ke yon Jwif te mande yon fanm Samaritèn asistans e li te eksprime sipriz li konsa, “Kouman? Se pa jwif ou ye? Kijan ou fè mande m dlo pou ou bwè, mwen menm ki fi Samari? Paske, jwif yo pa t gen rapò ak Samariten.”18

Men aparaman, Jezi te mete fatig Li akote epi inyore ansyen tradisyon animozite ant Samariten ak Jwif yo pou L te sèvi fanm sa a avèk lanmou, ede li konprann kiyès Li ye reyèlman, ki se Mesi a, ki t ap di tout bagay e ke li t ap tann pou l vini nan.19 Enpak ministè eman sa a te lakòz fanm nan kouri nan vil la pou anonse moun yo sa k te pase a, li te di: “Èske sa se pa Kris la?”20

Mwen gen anpil konpasyon pou moun ke dè moun ensansib ak ireflechi konn maltrete, rabese oswa pèsekite, paske pandan lavi mwen, mwen konn temwen doulè anpil bon moun soufri paske yo jije yo oswa rejte yo poutèt yo pale yon fason diferan, yo parèt diferan oswa y ap viv yon fason diferan. Mwen santi yon vrè chagren nan kè m pou moun ki gen lespri yo rete nan obskirite, vizyon yo limite epi kè yo rete andisi pa kwayans nan pwòp siperyorite yo ak enferyorite moun ki diferen de yo. Vizyon limite yo de lòt moun aktyèlman domaje kapasite yo po konnen kiyès yo ye antanke pitit Bondye.

Jan pwofèt yo te predi a, n ap viv nan moman periye k ap mennen nan Dezyèm Vini Sovè a.21 An jeneral, mond la separe pa gwo divizyon ki aksantye pa divizyon rasyal, politik ak sosyo ekonomik. Kalite divizyon sa yo pafwa fini pa enfliyanse fason moun panse ak aji avèk pwochen yo. Pou rezon sa a, li pa ra pou nou wè moun ap kalifye fason moun lòt kilti, ras ak etnisite kòm enferyè, pandan y ap itilize ide byeze, ki fo e souvan awogan, ki jenere atitid kontansyon, endiferans, mank respè e menm prejije kont yo. Atitid konsa gen rasin yo nan ògèy, awogans, anvi, jalouzi, ki karakterize yon nati chanèl,22 e ki totalman kontrè ak atribi Kris yo. Konduit sa yo pa nòmal pou moun k ap fè efò pou yo vin vrè disip Li.23 Anfèt, chè frè m ak sè m yo, pa gen plas pou panse oswa aksyon prejije nan kominote Sen yo.

Antanke pitit gason ak pitit fi alyans lan, nou kapab ede elimine kalite konpòtman sa a nan gade diferans aparan ki egziste antre nou yo avèk je Sovè a24 epi baze sou sa nou genyen an komen—idantite ak lyen parante diven nou. Epitou, nou kapab fè efò pou n wè reflè tèt nou nan rèv, espwa, chagren ak lapenn pwochen nou yo. Nou tout se konpayon vwayaj kòm pitit Bondye, egal nan eta enpafè nou ak nan kapasite nou pou nou pwogrese. Yo envite nou pou nou mache ansanm, nan lapè, avèk kè nou ranpli ak lanmou pou Bondye ak pou tout moun—oubyen, jan Abraham Lincoln te note a, “san malis pou okenn moun ak charite pou tout moun.”25

Èske nou janm medite sou kijan prensip respè pou diyite ak egalite imèn nan demontre atravè fason senp nou abiye nan kay Senyè a? Nou tout vini nan tanp la ini nan yon objektif epi ranpli avèk dezi pou nou pur epi sen nan prezans sakre Li. Abiye an blan, Senyè a resevwa nou tout pèsonèlman kòm pitit byenneme Li, gason ak fi Bondye, desandan Kris la.26 Nou gen privilèj pou nou akonpli menm òdonans, fè menm alyans, konsakre tèt nou pou nou viv nan nivo vi ki wo epi sen, ak resevwa menm pwomès etènèl yo. Ini nan objektif, nou youn wè lòt avèk nouvo je, e nan inite nou, nou selebre diferans nou yo kòm pitit diven Bondye.

Pa twò lontan mwen te ede gide kèk diyitè ak ofisyèl gouvènman nan pòt ouvèt Tanp Brazilia Brezil la. Mwen te poze nan espas pou moun chanje yo a avèk vis prezidan Brezil la, epi nou te diskite sou rad blan tout moun pote andedan tanp lan. Mwen te eksplike li ke pratik inivèsèl tout moun abiye ak rad blan an senbolize ke nou tout sanble devan Bondye e ke nan tanp lan idantite nou se pat vis prezidan yon peyi oswa yon dirijan legliz, men se idantite etènèl nou antanke pitit gason yon Pè Selès eman.

Imaj
Chit Iguazu

Rivyè Iguazu a koule atravè sid Brezil epi li devèse nan yon plato ki fòme yon sistèm kaskad koni mondyalman kòm Chit Iguazu—youn nan kreyasyon Bondye ki pi bèl ak pi enpresyonan sou latè, ki konsidere kòm youn nan sèt mèvèy mond lan. Yon gwo volim dlo k ap koule nan yon sèl rivyè epi apresa li separe, pou l fòme dèsantèn kaskad diferan. Nan yon sans figire, sistèm kaskad fenomenal sa yo se yon reflè de fanmi Bondye sou latè, paske nou pataje menm orijin ak sibstans espirityèl, ki soti nan eritaj ak lyen parante diven nou. Toutfwa, nou chak soti nan diferant kilti, ras, nasyonalite, ak diferant opinyon, eksperyans ak santiman. Malgre sa, n ap avanse antanke pitit Bondye epi antanke frè ak sè an Kris, san nou pa pèdi koneksyon diven nou, ki fè nou yon pèp patikilye ak yon kominote byenneme.27

Chè frè ak sè m yo, se pou nou aliyen kè nou ak lespri nou avèk konesans ak temwayaj ke nou tout egal devan Bondye, ke nou tout dote konplètman avèk menm kapasite ak eritaj etènèl. Se pou nou pwofite plis de lyen parante ki egziste antre nou an epi valorize atribi diferan ak don varye nou tout genyen yo. Si nou fè sa, mwen pwomèt nou ke n ap koule nan pwòp fason pa nou, menmjan ak dlo Chit Iguazu yo, san pèdi koneksyon diven ki idantifye nou kòm yon pèp espesyal, “pitit Kris la ak eritye wayom Bondye a.”28

Mwen temwanye ke pandan n ap kontinye koule fason sa a pandan lavi mòtè nou, yon nouvo jou ap kòmanse avèk yon nouvo limyè k ap klere lavi nou epi ilimine opòtinite mèveye pou nou bay plis valè epi jwenn plis benediksyon nan diferans Bondye te kreye pami pitit Li yo.29 Asireman, nap tounen enstriman nan men Li pou ankouraje respè ak diyite pami pitit gason ak pitit fi Li yo. Bondye vivan. Jezi se Sovè mond lan. Prezidan Nelson se pwofèt Bondye nan epòk nou an. Mwen rann temwaya konsènan verite sa yo nan non sakre Jezizkri, amèn.