Konferans Jeneral
Bondye Konnen Ou epi Li Renmen Ou
Konferans Jeneral Oktòb 2023


Bondye Konnen Ou epi Li Renmen Ou

Plan bonè Bondye a se jis konsènan oumenm. Ou se pitit presye Li epi ou gen anpil valè.

Sa gen sizan, fanmi nou t ap vwayaje sou yon gwo otowout nan mitan lannuit andeyò vil Oxford la. Kòm se souvan ka a avèk timoun piti, nou te oblije kanpe, konsa, nou te jwenn yon estasyon gaz ki te gen yon pakèt boutik ak restoran. Avèk presizyon, nou te sòti nan machin nan, nou te vizite sèvis yo, epi nou te retounen, pou nou te reprann vwayaj nou an.

Kenz minit aprè, pi gran pitit gason nou an te poze yon kesyon ki enpòtan: “Kote Jasper?” Jasper toujou chita poukont li, dèyè machin nan. Nou te sipoze ke li te dòmi te pran li oubyen li te kache oubyen li t ap jwe pou fente nou.

Pandan frè l la t ap enspekte pi byen dèyè machin nan, nou te dekouvri ke pitit gason nou an ki te gen senkan an pa t la. Kè nou te ranpli ak laperèz. Pandan nou te vire machin nan pou n te retounen nan estasyon gaz la, nou te sipliye Papa nou ki nan Syèl la pou Jasper te an sekirite. Nou te rele lapolis epi nou te enfòme yo konsènan sitiyasyon an.

Lè nou te rive ak kè sote, plis pase 40 minit aprè, nou te jwenn de machin lapolis nan pakin machin nan, ak limyè ki t ap flache. Jasper te andedan youn nan yo, li t ap jwe avèk bouton yo. Mwen p ap janm bliye lajwa nou te santi lè nou te reyini ansanm avèk li. ankò a.

Anpil nan ansèyman nan parabòl Sovè a konsantre sou rasanbleman, retablisman, oubyen fè efò pou jwenn sa ki dispèse oubyen ki pèdi. Pami parabòl sa yo gen parabòl mouton ki pèdi a, pyès monnen ki pèdi a ak pitit gason ki pèdi a.1

Pandan ensidan sa a avèk Jasper la ap pase nan lespri m atravè ane yo, mwen reflechi sou idantite diven ak enpòtans pitit Bondye yo, sou pouvwa redanmsyon Jezikri a, ak lanmou pafè yon Papa ki nan Syèl la ki konnen oumenm avèk mwen. Mwen vle rann temwayaj sou verite sa yo jodia.

I. Pitit Bondye

Lavi a difisil. Anpil moun santi yo akable, poukont yo, izole, oubyen fatige. Lè bagay yo difisil, nou ka santi ke nou te pèdi wout oubyen nou vin tonbe dèyè. Lè nou konnen nou tout se pitit Bondye ak manm fanmi etènèl Li a, sa ap retabli yon sans apatenans ak objektif.2

Prezidan M. Russell Ballard te pataje: “Gen yon idantite enpòtan nou tout pataje kounyeya ak pou toutan. … Sa vle di ke ou se epi ou te toujou yon pitit gason oubyen pitit fi Bondye. … Konprann verite sa a—reyèlman konprann li epi anbrase li—sa ap rann lavi a chanje.”3

Pa mal konprann oubyen devalorize jan ou enpòtan pou Papa ou ki nan Syèl la. Ou pa yon aksidan lanati pwodui, yon òfelen kosmik, oubyen rezilta ki soti konsènan matyè plis tan plis chans. Kote ki gen konsepsyon, gen yon kreyatè.

Lavi ou gen sans ak objektif. Retablisman kontinyèl levanjil Jezikri a pote limyè ak konpreyansyon konsènan idantite diven ou. Ou se yon pitit byenneme Pè Selès la. Ou se sijè prensipal nan tout parabòl sa yo ak ansèyman yo. Bondye renmen w anpil se pou sa li voye Pitit Gason l lan pou l geri, pou l delivre ak pou l rachte w.4

Jezikri te rekonèt nati diven ak valè etènèl chak moun.5 Li te eksplike kijan de gwo kòmandman pou renmen Bondye ak renmen pwochen nou yo an se fondasyon tout kòmandman Bondye yo.6 Youn nan responsablite diven nou yo se pran swen moun ki nan bezwen yo.7 Se poutèt sa antanke disip Jezikri nou “youn pote chay lòt, … kriye ak moun ki nan lapenn … , epi konsole moun ki nan bezwen konsolasyon.”8

Relijyon se pa sèlman konsènan relasyon noumenm avèk Bondye; li gen pou wè tou konsènan relasyon nou youn ak lòt. Èldè Jeffrey R. Holland te eksplike ke mo anglè relijyon an soti nan mo Laten religare, ki vle di “mare” oubyen, plis literalman, “re-mare”. Kidonk, “vrè relijyon se lyen ki mare nou avèk Bondye epi nou youn ak lòt”.9

Fason nou youn trete lòt vrèman enpòtan. Prezidan Russell M. Nelson anseye, “Mesaj Sovè a klè: vrè disip Li yo bati, edifye, ankouraje, konvenk, ak enspire.”10 Sa a ankò pi enpòtan lè konpayon vwayajè parèy nou yo santi yo pèdi, yo poukont yo, yo bliye yo, oubyen yo ekate yo.

Nou pa bezwen gade byen lwen pou nou jwenn moun ki gen difikilte. Nou ka kòmanse ede yon moun nan pwòp fanmi pa nou, nan kongregasyon nou an oubyen nan kominote nou an. Nou kapab chèche tou pou soulaje soufrans 700 milyon moun k ap viv nan povrete ekstrèm11 oubyen 100 milyon moun ke yo fòse pou deplase akoz pèsekisyon, konfli ak vyolans.12 Jezikri se egzanp pafè pou pran swen moun ki nan bezwen—sa ki grangou, etranje yo, moun ki malad, moun ki pòv yo, moun ki nan prizon yo. Travay Li se travay nou.

Èldè Gerrit W. Gong anseye ke “vwayaj nou fè pou Bondye a souvan fè n rejwenn ansanm.13 Konsa, pawas nou yo ta dwe yon refij pou tout pitit Bondye yo. Èske nou ale nan legliz la pasivman oubyen n ap aktivman kreye kominote ki gen pou objektif pou adore, sonje Kris la, epi sèvi youn lòt?14 Nou ka koute konsèy Prezidan Nelson pou jije mwens, renmen plis, epi pwolonje lanmou pi Jezikri a atravè pawòl ak aksyon nou yo.15

II. Pouvwa Redanmsyon Jezikri a

Ekspyasyon Jezikri a se ekspresyon siprèm lanmou Papa nou ki nan Syèl la pou pitit li yo.16 Mo ekspyasyon an dekri paramèt “nan youn” pou moun sa yo ki te ale lwen oubyen ki te separe.

Misyon Sovè nou an se te bay tou de yon fason pou retounen al jwenn Papa nou ki nan Syèl la ak soulajman nan vwayaj la. Sovè a konnen atravè eksperyans Li yo kijan pou L sipòte nou atravè difikilte yo nan lavi a.17 Pa fè erè, Kris la se sovè nou ak gerisè nanm nou.

Pandan n ap egzèse lafwa, Li ede nou avanse atravè difikilte yo. Li kontinye lanse envitasyon lanmou ak mizèrikòd Li a:

“Vin jwenn mwen, nou tout ki bouke, nou tout ki anba chay, ma soulaje nou.

“Pran jouk mwen an sou ou, epi aprann de mwen; … epi ou pral jwenn repo pou nanm ou.”18

Metafò tèm jouk la puisan anpil! Kòm Prezidan Howard W. Hunter te eksplike: “Jouk la se te yon aparèy … ki te pèmèt fòs yon dezyèm bèt dwe lye ak makonnen avèk efò ak yon sèl bèt, yo pataje ak diminye travay ki lou [ki t ap fèt la]. Yon chay ki te akablan oubyen ki petèt enposib pou yon sèl te kapab pote yon fason ekitab ak alèz kote li mare yo de a ansanm avèk yon jouk ki komen.”19

Prezidan Nelson te anseye: “Ou vin jwenn Kris la pou ou ka konekte avèk Li ak pouvwa Li, pou w pa oblije pote fado lavi a poukont ou W ap rale chay lavi a jouke avèk Sovè ak Redanmtè mond lan.”20

Kijan nou mare nou oubyen nou lye nou ansanm avèk Sovè a? Èldè David A. Bednar eksplike:

“Lè nou fè ak kenbe alyans sakre yo, sa jouke nou avèk Senyè a, Jezikri. Esansyèlman, Sovè a ap fè nou siy pou nou konte sou li epi pou nou mete tèt nou ansanm avèk li. …

Nou pa poukont nou e nou pa janm bezwen poukont nou.”21

Pou nenpòt moun ki chaje, pèdi, konfonn, ou pa oblije fè sa poukont ou.22 Atravè Ekspyasyon Kris la ak òdonans Li yo ou ka vin konekte w oubyen lye avèk Limenm. L ap bay avèk lanmou fòs ak gerizon ou bezwen an pou w fè fas ak vwayaj ki devan w lan. Li toujou se refij nou nan tanpèt nou yo.23

III. Lanmou Papa nou ki nan Syèl la

Pou m di nou, Jasper se yon moun ki spirityèl, afektye, entèlijan, epi ki bouje anpil. Men, kle istwa sa a sè ke li se pa m. Li se pitit gason m, epi mwen renmen l plis ke l ap janm konnen. Si yon papa ki enpafè sou tè a santi l konsa pou pitit li, èske w ka imajine kijan yon Papa pafè, gloriye, ak eman ki nan Syèl la santi L pou nou?

Pou zanmi m yo nan jenerasyon k ap grandi a, Jen Z ak Jen Alpha yo: tanpri konnen ke lafwa mande fòk nou travay.24 N ap viv nan yon tan kote pou anpil moun, sèlman “wè se kwè”. Lafwa ka difisil epi li mande pou nou chwazi. Men, lapriyè yo jwenn repons.25 Epi nou ka santi repons yo.26 Kèk nan bagay ki pi reyèl nan lavi yo, nou pa ka wè yo; nou santi yo, nou konnen yo epi nou fè eksperyans avèk yo. Yo menm tou yo reyèl.

Jezikri vle nou konnen Papa nou ki nan Syèl la epi pou nou gen yon relasyon avèk Li.27 Li te ansenye, “Kiyès nan pami nou, si l gen yon pitit, ki kanpe deyò, epi ki di l: Papa, ouvri kay ou a pou mwen pou m ka antre vin manje avèk ou, ki p ap di li, antre, pitit mwen, paske sa k pou mwen se pou ou, epi sa k pou ou se pou mwen?”28 Èske w ka panse avèk yon imaj ki pi pèsonèl, ki pi eman sou Bondye Papa Etènèl la?

Ou se pitit li. Si w santi w pèdi, si w gen kesyon oubyen si w manke sajès, si w ap lite ak sikonstans ou yo oubyen w ap lite avèk dezakò espirityèl, tounen vin jwenn Li. Priye L pou rekonfò, lanmou, repons, ak direksyon. Kèlkeswa bezwen an ak kèlkeswa kote w ye, devèse kè w bay Papa w ki nan Syèl la. Pou kèk moun, ou ka vle suiv envitasyon Prezidan Nelson te fè a epi “mande si Li vrèman la—si Li konnen w. Mande L kisa L santi konsènan oumenm. Epi apresa koute.”29

Chè frè ak sè m yo:

  • Konnen Papa w ki nan Syèl la. Li pafè e Li plen lanmou.

  • Konnen kiyès Jezikri ye.30 Li se Sovè nou ak Redanmtè nou. Liye tèt ou ak moun ou renmen yo avèk li.

  • Epi konnen kiyès ou ye. Konnen vrè idantite diven ou. Plan bonè Bondye a se jis konsènan oumenm. Ou se pitit presye li epi ou gen anpil valè. Li konnen w epi Li renmen w.

Konsènan bagay senp sa yo men ki se verite fondamantal mwen temwaye nan non Jezikri, amèn.

Nòt

  1. Gade nan Lik 15:4–32.

  2. Gade Preche Levanjil Mwen An: Yon Gid poi Pataje Levanjil Jezikri a (2023), 1.

  3. M. Russell Ballard, “Pitit Papa nou ki nan Syèl la” (Devosyon nan BYU, 3 mas 2020.) speeches.byu.edu.

  4. Gade nan Jan 3:16; Mozya 15:1; 3 Nefi 17:6–10.

  5. Gade nan Preche Levanjil Mwen an, chapit 3.

  6. Gade nan Matye 22:36–40.

  7. Gade nan Manyèl Enstriksyon Jeneral la: Sèvi nan Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo, 1.2, Bibliyotèk Levanjil la.

  8. Mozya 18:8–9.

  9. Jeffrey R. Holland, “Religion: Bound by Loving Ties” Devosyon BYU, 16 Out 2016.

  10. Gade nan Russell M. Nelson, “Peacemakers Needed,” Lyawona, Me 2023, 99.

  11. “Kantite moun ki nan ekstrèm pòvrete yo ogmante soti nan 70 milyon pou rive nan 700 milyon moun” (“Poverty,” Nov. 30, 2022, World Bank, worldbank.org).

  12. “Plis pase 100 milyon moun te deplase pa lafòs” (“Refugee Data Finder,” 23 Me 2022, United Nations High Commissioner for Refugees, unhcr.org).

  13. Gerrit W. Gong, “Room in the Inn,” Liahona, May 2021, 25.

  14. Gade Manyèl Jeneral, 1.3.7, Bibliyotèk Levanjil la.

  15. Gade nan Russell M. Nelson, “Nou Bezwen Patizan Lapè,” 98––101.

  16. Gade nan Jan 3:16.

  17. Gade nan Alma 7:11–12; Doktrin ak Alyans yo 122:8.

  18. Matye 11:28–29.

  19. Howard W. Hunter, “Vin Jwenn Mwen,” Ensign, Nov. 1990, 18.

  20. Misyon ak Ministè Sovè a: Yon Diskisyon avèk Èldè Russell M. Nelson,” Ensign, Je 2005, 18.

  21. David A. Bednar, “Pote Fado yo Alèz,” Lyawona, Me 2014, 88.

  22. Prezidan Camille Johnson te di: “Frè ak sè yo, mwen pa ka al fè l poukont mwen, e mwen pa oblije, epi mwen p ap fè l. Pandan m ap chwazi pou m lye m avèk Sovè m nan, Jezikri, atravè alyans mwen te fè avèk Bondye, “Mwen ka fè tout bagay atravè Kris la ki fòtifye m’ [Filipyen 4:13]” (“Jezikri se Sekou,” Liahona, Me 2023, 82.

  23. Gade nan Sòm 62:6–8.

  24. Gade nan Jak 2:17.

  25. Gade nan Matye 7:7–8; Jak 1:5.

  26. “Sentespri a se Konsolatè a (Jan 14:26). Kòm vwa kalm yon paran ki gen lanmou ka trankilize yon timoun k ap kriye, chichotman Lespri a ka kalme laperèz nou yo, mete silans nan enkyetid k ap pèsiste nan lavi nou, ak rekonfòte nou lè nou nan lapenn. Sentespri a kapab ranpli nou ‘avèk lespwa ak lanmou pafè’ epi ‘anseye [nou] bagay ki pote lapè nan wayòm’ (Mowoni 8:26; Doktrin ak Alyans yo 36:2)” (Sijè ak Kesyon, “Sentespri,” Bibliyotèk Levanjil la).

    “Sentespri a ‘temwaye konsènan Papa a ak Pitit Gason an‘ (2 Nefi 31:18). Se sèlman atravè pouvwa Sentespri a ke nou ka resevwa yon temwayaj ki asire n konsènan Bondye Papa a ak Pitit Gason l lan, Jezikri.

    “Sentespri a temwaye konsènan verite, epi se atravè pouvwa Li ke nou ‘kapab konnen verite tout bagay‘ (Mowoni 10:5)” (“Sentespri a Temwaye sou Laverite,” Liahona, Mas. 2010, 14, 15).

    “Men, lè Konsolatè a vini, ke m ap voye ba nou ki soti bò kote Papa a, Lespri verite a menm, ki soti nan Papa a, l ap temwaye de mwen” (Jan 15:26).

  27. Gade nan Jan 14:6–7; 17:3.

  28. Tradiksyon Joseph Smith la, Matye 7:17 (nan apenndis Bib la).

  29. Russell M. Nelson, “Vini, Suiv Mwen,” Lyawhona, Me 2019, 90.

  30. Gade nan Mak 8:27–29.