Konferans Jeneral
Wè Fanmi Bondye a atravè Lantiy Panoramik
Konferans Jeneral Oktòb 2023


Wè Fanmi Bondye a atravè Lantiy Panoramik

Mwen kwè nou kapab, atravè je lafwa, ajiste vizyon nou epi gade tèt nou ak fanmi nou avèk espwa ak lajwa.

Lè pi jèn pitit fi nou an, Berkeley, te piti, mwen te kòmanse itilize linèt pou m li―modèl ki gen gwo loup ki agrandi tout bagay la. Yon jou, pandan nou te chita ansanm ap li yon liv, m te gade pitit fi m nan avèk lanmou men tristès tou paske, soudènman, li te sanble l te plis grandi. M te panse, “Kilè tout tan sa a pase? Li grandi anpil!”

Lè m te soulve linèt lekti mwen an pou m te siye yon dlo nan je m, mwen te reyalize, “Oh tann—li pa pi gran, se linèt la ki fè sa! Bliye sa.!”

Pafwa tout sa nou ka wè se yon vizyon rapwoche ak agrandi sou moun nou renmen yo Aswè a, mwen envite nou pou nou ajiste vizyon nou epi gade atravè lantiy diferan—yon lantiy etènèl ki konsantre sou gran imaj la, pi gran istwa w la.

Pandan premye epòk lòm t ap avanse nan domèn spasyal yo, fize san ekipaj yo pa t gen fenèt. Men rive nan misyon Apollo 8 la pou ale sou lalin nan, astwonòt yo te gen youn. Pandan yo t ap flote nan lespas la, yo te enpresyone pa vizyon yo te genyen sou tè a epi yo te pran foto spektakilè sa a, ki te kapte atansyon tout mond la. Astwonòt sa yo te fè eksperyans yon sansasyon sitèlman puisan ke yo te ba li pwòp non pa li: Efè Panorama a.

Imaj
Tè a jan l ye apati lespas.

NASA

Gade nan yon nouvo pespektiv chanje tout bagay. Yon vwayajè nan lespas te di sa “redui bagay yo nan yon gwosè nou panse nou ka jere. … Nou ka fè sa. Lapè sou tè a—san pwoblèm. Sa bay moun kalite enèji sa a … kalite pouvwa sa a.”1

Antanke imen, nou gen yon pwendvi terès, men Bondye wè yon gran apèsi sou linivè a. Li wè tout kreyasyon an, nou tout, epi li ranpli avèk espwa.

Èske sa posib pou nou kòmanse wè menmjan Bondye wè a menm pandan n ap viv sou sifas planèt sa a—pou nou santi santiman wè tout sa a? Mwen kwè nou kapab, atravè je lafwa, ajiste vizyon nou epi gade tèt nou ak fanmi nou avèk espwa ak lajwa.

Ekriti yo dakò: Mowoni pale konsènan moun ke lafwa yo te tèlman “eksesivman fèm” ke yo “te vrèman wè … avèk yon je lafwa, epi yo te gen lajwa.”2

Avèk je yo konsantre sou Sovè a, yo te santi lajwa epi yo te konnen verite sa a: Gras a Kris la, tout pwoblèm ap rezoud. Tout bagay oumenm avèk ou avèk nou ap fè sousi pou yo—yo tout pral vin OK! Epi moun ki gade avèk yon je lafwa yo ka santi bagay yo pral vin OK kounyea

Mwen te travèse yon peryòd difisil pandan dènye ane m te nan Iekòl segondè paske pa ta p fè bon chwa yo. M sonje m te konn wè manman m ap kriye, epi petèt ap mande l si m pa t fè l wont. Nan moman an, m t ap mande m si kriye l yo te vledi ke li te pèdi espwa pou mwen, epi si li pa t santi espwa pou mwen, petèt pa t gen mwayen fè bak.

Men, papa m te gen plis eksperyans nan pran rekil epi gade pi lwen. Li te aprann atravè eksperyans ke enkyetid sanble anpil avèk lanmou, men se pa menm bagay la.3 Li te itilize je lafwa a pou l te wè ke tout bagay t ap fini byen, epi apwòch optimis li a te chanje mwen.

Lè m te gradye nan lekòl segondè epi m t ale BYU, papa m te voye lèt, pou raple m kiyès mwen te ye. Li te vin tounen motivatè mwen, e tout moun bezwen yon motivatè: Yon moun ki p ap di w, “Ou pa p kouri vit ase“”; e se pou raple w avèk amou ke w kapab.

Papa m te demontre egzanp nan rèv Leyi a. Tankou Leyi, li te konnen ou pa kouri al dèyè moun ki chè pou ou yo lè yo pèdi. “Ou rete kote w ye a epi ou rele yo. Ou ale nan pyebwa [lavi a], rete bò kote pyebwa a, ou kontinye manje fwi a epi, avèk yon souri sou vizaj ou, ou kontinye fè siy a moun ou renmen yo epi montre yo atravè egzanp ou ke manje fwi a se yon bagay rejwisan!”4

Imaj vizyèl sa a te ede m pandan moman feblès yo kote m te jwenn mwen kote pyebwa a, ap manje fwi a epi m ap kriye paske m te enkyete, epi, an reyalite, kouman sa te ede m? Okontrè, an nou chwazi espwa—espwa nan Kreyatè nou an epi youn nan lòt, pou nouri kapasite nou pou vin pi bon pase jan nou ye kounyea.

Yon ti tan apre Eldè Neal A. Maxwell te mouri, yon jounalis te mande pitit gason li a kisa li te plis manke. Li te di dine yo nan kay paran li yo, paske li te toujou santi ke papa l te kwè nan li.

Sa sete apeprè nan epòk timoun nou yo ki te vin adilt te kòmanse vin lakay nou pou dine lè dimanch avèk konjwen yo. Pandan semèn nan mwen te twouve m k ap fè lis nan lespri m sou bagay m te ka fè yo sonje nan Dimanch, tankou: “Petèt eseye ofri plis sipò pou timoun yo lè yo nan kay la,” oswa “pa bliye pran tan pou koute yo.”

Lè m te li kòmantè Frè Maxwell la, m te voye lis yo jete epi m te elimine vwa kritik sa a, konsa lè m te wè timoun mwen yo ki fin granmoun pou jis ti moman brèf sa a chak semèn nan, m te konsantre sou anpil bagay pozitif yo te deja ap fè. Lè pi gran pitit gason nou an, Ryan, te mouri kèk ane apre, m sonje m te rekonesans pou moman nou yo ansanm nan ki te pi rejwisan ak pi pozitif.

Avan nou kominike avèk yon moun nou renmen, èske nou ka poze tèt nou kesyon sa a “Èske sa m pral fè a oswa di la a ap itil oubyen blesan?” Pawòl nou yo se youn nan gran pouvwa nou, epi manm fanmi nou yo se tankou tablo imen, ki kanpe anfas nou ap di nou, “Ekri sa w panse de mwen!” Mesaj sa yo, kit yo entansyonèl oswa envolontè, ta dwe pote espwa ak ankourajman.5

Travay nou se pa pou anseye yon moun k ap travèse yon moman difisil ke l se move moun oswa li desevan. Nan kèk okazyon ra, nou ka santi nou pouse pou nou korije, men pi souvan an nou di moun nou renmen yo, nan ekspresyon vèbal oswa ineksprime, mesaj y ap tann pou yo tande yo: “Fanmi nou santi nou antye ak konplè paske ou ladan l.” “N ap toujou renmen w pou rès lavi w—kèlkeswa sa k rive.”

Pafwa, sa nou bezwen se konpasyon plis pase konsèy; koute nou plis pase fè yon diskou; yon moun ki koute epi k ap mande, “Kijan m ta ye pou m ta santi pou m di sa m fèk tande l di a?”

Sonje, fanmi yo se yon laboratwa Bondye bay kote n ap chèche konprann bagay yo, konsa fopa yo ak erè kalkil yo pa sèlman posib, men, yo se yon pwobatilite. Epi èske sa pa t ap enteresan si, nan fen lavi nou, nou te ka wè ke relasyon sa yo, menm moman difisil sa yo, sete bagay ki te egzakteman ede nou vin pi plis tankou Sovè nou an? Chak entèraksyon difisil se yon opòtinite pou nou aprann kijan pou renmen nan yon nivo pi pwofon—yon nivo diven.6

An nou pran yon ti rekil pou konsidere relasyon familyal yo kòm mwayen pafè pou anseye nou leson nou te vin isit la pou n aprann yo pandan n ap vire gade Sovè a.

Annou admèt ke, nan yon mond dechi, pa gen okenn fason pou nou yon konjwen, paran, pitit fi oswa gason, pititpitit, konseye, oswa zanmi ki pafè—men, gen yon milyon fason pou nou bon moun.7 Annou rete bò pyebwa a, patisipe nan lanmou Bondye, epi pataje l. Nan ede edifye moun ki bò kote nou, nou edifye ansanm.

Malerezman, souvni ke nou te manje fwi a pa ase; nou bezwen remanje l tanzantan nan fason ki reajiste pèspèktiv nou epi konekte nou avèk panorama selès la nan louvri ekriti yo, ki ranpli avèk limyè, pou chase tenèb, nan rete sou jenou nou jiskaske priyè ensousyan nou an vin tounen priyè puisan. Se lè sa a kè nou ap adousi, epi nou kòmanse wè menmjan Bondye wè.

Nan dènye jou sa yo, petèt pi gran travay nou se pou nou avèk moun ki chè pou nou yo—bon moun k ap viv nan yon mond mechan. Esperans nou chanje fason yo wè tèt yo ak kiyès yo ye vrèman. Epi atravè lantiy lanmou sa a, yo pral wè kiyès yo pral vin tounen.

Men advèsè a pa vle noumenm oswa moun nou renmen yo retounen lakay ansanm. Epi paske n ap viv sou yon planèt ki anba kontwòl tan an ak yon kantite ane limite,7 li eseye ankouraje yon santiman panik reyèl nan nou. Li difisil pou nou wè, lè nou rete fokis, ke direksyon nou gen plis enpòtans pase vitès nou.

Sonje, “Si ou vle rive vit, ale poukont ou. Si ou vle rive lwen, ale ansanm.”9 Erezman, Bondye n ap adore a pa limite nan tan. Li wè kiyès moun nou renmen yo ye vrèman ak kiyès nou ye vrèman.10 Konsa, Li pasyan avèk nou, nan espwa ke nou ap pasyan youn ak lòt.

Mwen admèt ke gen moman kote tè a, fwaye tanporèl nou, sanble avèk yon zile chagren—moman kote m gen yon je lafwa epi lòt je a ap kriye.11 Èske w konn santi w konsa?

M te konsa Madi a.

Èske okontrè nou ka chwazi atitid fidèl pwofèt nou an ki te pwomèt nou mirak nan fanmi nou? Si nou fè sa, lajwa nou ap ogmante, menmsi boulvès ogmante. Li pwomèt ke nou ka fè eksperyans yon efè panoramik kounyea, kèlkeswa sikonstans nou ye.12

Genyen je lafwa sa a kounyea se yon rapèl, oswa yon eko, sou lafwa nou te genyen avan nou te vin sou planèt sa a. Li wè pi lwen pase ensètitid yon moman, pou pèmèt nou “fè tout bagay ki nan pouvwa nou avèk kè kontan; epi apresa … rete fèm.”13

Èske gen yon bagay ki difisil nan lavi ou kounyea menm, yon bagay ou gen enkyetid ki pa ka rezoud? San je lafwa a, sa ka sanble kòmsi Bondye pèdi kontwòl bagay yo, men èske se vre?

Oubyen petèt pi gwo krent ou sèke w ap travèse moman difisil sa a poukont ou, sa ki ta vledi ke Bondye abandone ou, men èske se vre?

Temwayaj mwen sèke Sovè a gen kapasite, gras ak Epspyasyon L lan, pou L chanje nenpòt kochma w ap travèse vin tounen yon benediksyon. Li ba nou yon pwomès “avèk yon alyans enchanjab” ke pandan n ap fè efò pou nou renmen Li ak suiv Li, “tout bagay ke [nou] genyen kòm afliksyon pral travay ansanm pou byen [nou].”14 Tout bagay.

Epi paske nou se pitit alyans lan, nou ka mande pou nou santiman espwa sa a kounyea!

Byenke fanmi nou pa pafè, nou ka pèfèksyone lanmou nou pou lòt moun jiskaske l vin tounen yon kalite lanmou ki konstan, enchanjab, enkondisyonèl—kalite lanmou ki sipòte chanjman epi ki pèmèt moun pwogrese ak retounen.

Se travay Sovè a pou mennen moun ki chè pou nou yo retounen. Se travay Li ak kalandriye pa Li. Travay nou se pou ofri espwa ak yon kè yo pou yo santi yo byenveni lakay. “Nou pa gen ni otorite [Bondye] pou kondane ni pouvwa Li pou rachte, men nou te jwenn otorizasyon pou egzèse lanmou Li.”15 Prezidan Nelson te anseye tou ke lòt moun bezwen lanmou nou plis pase jijman nou. “Yo bezwen fè eksperyans lanmou Jezikri ki reflete nan pawòl [nou] yo ak aksyon nou yo.”16

Lanmou se bagay ki chanje kè. Se motivasyon ki pi pur nan pami tout, epi lòt moun ka santi l. Se pou nou kenbe fèm nan pawòl pwofetik sa yo ki te pale sa gen anviwon 50 ane: “Okenn fwaye pa ka yon echèk sof si yo sispann eseye.”17 Asireman, moun ki renmen pi plis ak pi lontan yo pote laviktwa!

Nan fanmi terès yo, nou senpleman ap fè sa Bondye te fè avèk nou—montre wout la epi espere ke moun nou renmen yo ap kontinye nan direksyon sa a, avèk konesans ke se yo ki pou chwazi wout pou yo suiv la.

Epi lè yo pase nan lòt bò vwal la epi yo vin pi pre “chan datraksyon” lanmou fwaye selès yo a,18 mwen kwè ke y ap santi l familye pou yo paske jan yo te santi nou te renmen yo isit la.

Annou itilize lantiy panoramik sa a epi wè moun nou renmen yo epi viv avèk yo tankou konpayon nou sou bèl planèt sa a.

Oumenm avèk mwen? Nou ka fè sa! Nou ka kenbe fèm epi kontinye espere! Nou ka rete pre pyebwa a epi manje fwi a avèk yon souri sou vizaj nou, epi kite Limyè Kris la nan je nou an vin tounen yon bagay ke lòt yo ka konte sou li nan moman yo ki pi fènwa pou yo. Lè yo wè limyè manifeste sou figi nou, y ap rapwoche yo de li. Apresa nou ka ede yo rekonsantre atansyon yo sou sous orijinal lanmou ak limyè a, “etwal briyan nan maten an,” Jezikri.19

Mwen rann temwayaj mwen ke sa a—tout sa yo—ap fini pa vin pi byen ke nou te ka janm imajine! Avèk yon je lafwa sou Jezikri, se pou nou reyalize ke tout bagay ap vin byen pase alafen epi santi ke bagay yo pral anfòm kounyea Nan non Jezikri, amèn.

Nòt

  1. Anousheh Ansari, The Overview Effect and Other Musings on Earth and Humanity, According to Space Travelers,” cocre.co.

  2. Etè 12:19; italik ajoute.

  3. Gade nan Jody Moore, “How to Say Hard Things,” apati Better Than Happy (podcast), Sept. 18, 2020, ep. 270.

  4. Ronald E. Bartholomew, used with permission; gade tou 1 Nefi 11:21–22; 8:10

  5. Gade nan James D. MacArthur, “The Functional Family,” Marriage and Families, vol. 16 (2005), 14.

  6. Sa ki vin posib lè nou “priye Papa a avèk tout enèji kè nou, pou [nou] kapab chaje avèk lanmou sa a” (Mowoni 7:48).

  7. Parafraz yon deklarasyon ki atribye a Jill Churchill.

  8. Gade Richard Eyre, Life Before Life: Origins of the Soul … Knowing Where You Came From and Who You Really Are (2000), 99.

  9. Pwovèb tradisyonèl

  10. Gade Doktrin ak Alyans 93:24, 26.

  11. Gade Robert Frost, “Birches,” nan Mountain Interval (1916), 39.

  12. Gade Russell M. Nelson, “Lajwa ak Sivi Espirityèl,” Lyawona, Nov. 2016, 81–84; gade tou “Bay Bondye Priyorite,” Lyawona, Nov. 2020, 92–95.

  13. Doktrin ak Alyans 123:17.

  14. Doktrin ak Alyans 98:3, italik ajoute.

  15. Wayne E. Brickey, Inviting Him In: How the Atonement Can Change Your Family (2003), 144.

  16. Gade Russell M. Nelson, “Nou Bezwen Patizan Lapè,” Lyawona, Me 2023.

  17. Enseignements des présidents de l église: Harold B. Lee (2000), 134.

  18. Gade Paul E. Koelliker, “Li Vrèman Renmen Nou,” Lyawona, Me 2012, 18.

  19. Revelasyon 22:16.