Seksyon 133
Revelasyon Joseph Smith, Pwofèt la te resevwa nan Hiram, Ohio, 3 Novanm 1831. Kòm prefas pou revelasyon sa a, Istwa Joseph Smith la deklare: “Nan epòk sa a te gen anpil bagay Ansyen yo ki nan Legliz la te vle konnen konsènan preche levanjil la devan abitan yo ki sou tè a, epi konsènan rasanbleman an; epi pou yo kapab mache bò kote vrè limyè a, epi pou yo resevwa enstriksyon anlè a, nan twa Novanm 1831, m te mande Senyè a epi m te resevwa revelasyon enpòtan sa a.” Seksyon sa a te ajoute nan liv Doktrin ak Alyans yo kòm yon adisyon epi yo te ba li nimewo yon seksyon annapre.
1–6, Sen yo resevwa kòmandman pou yo prepare Dezyèm vini an; 7–16, Tout moun resevwa kòmandman pou yo kouri kite Babilòn, vini nan Siyon, epi pou yo prepare pou gran jou Senyè a a; 17–35, Li pral kanpe sou mòn Siyon an, kontinan yo pral vin tounen yon sèl tè, epi tribi Izrayèl ki te pèdi yo pral retounen; 36–40, Levanjil la te retabli pa lantremiz Joseph Smith pou yo preche l nan tout mond lan; 41–51, Senyè a pral desann nan vanjans sou mechan yo; 52–56, Se pral ane moun Li rachte yo; 57–74, Yo dwe voye levanjil la pou sove Sen yo epi pou destriksyon mechan yo.
1 Senyè Bondye nou an di, O, pèp legliz mwen an, koute epi tande pawòl Senyè a konsènan nou—
2 Senyè a ki pral vini nan tanp li a sanzatann nan; Senyè a ki pral desann sou mond lan avèk yon malediksyon pou jijman an; wi, sou tout nasyon ki bliye Bondye yo, epi sou tout ate ki pami nou yo.
3 Paske li pral leve ponyèt li devan je tout nasyon yo, epi tout kwen tè a pral wè sali Bondye yo a.
4 Se sa ki fè, pare nou, pare nou, O pèp mwen an; sanktifye tèt nou; rasanble ansanm, O noumenm pèp legliz mwen an, sou tè Siyon an, tout moun ki pa t resevwa kòmandman pou yo rete.
5 Wete kò nou nan Babilòn. nou dwe pwòp, noumenm ki pote vesèl Senyè a.
6 Konvoke asanble solanèl nou yo, epi pale souvan youn avèk lòt. Epi se pou chak moun rele non Senyè a.
7 Wi, an verite m di nou ankò, lè a rive pou vwa Senyè a vini sou nou: soti nan Babilòn; rasanble kò nou soti pami nasyon yo, soti nan kat van yo, soti nan yon kwen syèl la ale nan yon lòt.
8 Voye ansyen yo ki nan legliz mwen an ale nan nasyon ki lwen yo; nan zile yo ki sou lanmè a; voye yo nan tout nasyon yo, premyèman Janti yo, apre sa Juif yo.
9 Epi gade, se pral son vwa pa yo, epi men vwa Senyè a pou tout moun: Ale nan peyi Siyon an, pou fwontyè pèp mwen an kapab laji, pou pye li yo ranfòse, pou Siyon kapab ale nan rejyon alantou yo.
10 Wi, se pou son an ale pami tout pèp: Reveye epi leve epi ale rankontre Mesye marye a; gade, Mesye marye a ap vini; ale rankontre l. Pare nou pou gran jou Senyè a.
11 Se poutèt sa, veye, paske nou pa konnen ni jou a ni lè a.
12 Se pou moun ki pami Janti yo kouri ale nan Siyon.
13 Epi se pou moun Jida yo kouri ale nan Jerizalèm, sou mòn kay Senyè a.
14 Soti pami nasyon yo, sa vle di nan Babilòn, nan mitan mechanste, ki se Babilòn espirityèl la.
15 Men an verite, Senyè a di konsa, pa kouri twò vit, men, se pou tout bagay pare devan nou; epi yon moun ki prale, li pa dwe gade dèyè pou yon destriksyon sanzatann pa tonbe sou li.
16 Koute epi tande, O noumenm abitan yo ki sou tè a. Koute, noumenm ansyen yo ki nan legliz mwen an ansanm, epi tande vwa Senyè a; paske l ap rele tout moun, epi li kòmande tout moun tout kote pou yo repanti.
17 Paske gade, Senyè Bondye a voye zanj li a k ap rele nan mitan syèl la, k ap di: Pare chemen Senyè a, epi fè chemen li a dwat, paske lè vini li a ap pwoche—
18 Lè Ti Mouton an pral kanpe sou Mòn Siyon, epi avèk li pral gen san karann kat mil, ki gen non Papa li ekri sou fontèn tèt yo.
19 Se sa ki fè, prepare nou pou vini n Mesye marye a; ale, ale pou nou rankontre l.
20 Paske gade, li pral kanpe sou mòn Olivye a, ak sou oseyan pisan an, sou gwo pwofondè a menm, ak sou zile yo ki sou lanmè a, ak sou tè Siyon an.
21 Epi li pral leve vwa l soti nan Siyon, epi li pral pale nan Jerizalèm, epi yo pral tande vwa li pami tout pèp;
22 Epi se pral yon vwa tankou vwa yon gwo dlo, epi tankou vwa yon gwo loray ki pral kraze mòn yo, epi yo p ap jwenn vale yo.
23 Li pral kòmande gwo pwofondè a, epi pwofondè a pral retounen nan peyi nò yo, epi zile yo pral tounen yon sèl tè;
24 Epi peyi Jerizalèm nan ak peyi Siyon an pral retounen nan plas yo a ankò, epi tè a pral vin tankou l te ye nan epòk anvan l te divize a.
25 Epi Senyè a, Sovè a menm, pral kanpe nan mitan pèp li a, epi l pral renye sou tout kò fizik.
26 Epi moun ki nan peyi nò yo, Senyè a pral sonje yo; epi pwofèt yo pral tande vwa li, epi yo p ap kenbe tèt yo ankò; epi yo pral frape wòch yo, epi glas la pral fonn nan prezans yo.
27 Epi yon granri pral bati nan mitan gwo pwofondè a.
28 Ènmi yo pral tounen manje nan men yo,
29 Epi nan savann dezole a pral gen lak dlo vivan ki pral parèt; epi tè sèch la p ap yon tè ki swaf ankò.
30 Epi yo pral pote trezò rich yo pou pitit Efrayim yo, sèvitè m yo.
31 Epi fwontyè kolin etènèl yo pral tranble nan prezans yo.
32 Epi se la yo pral tonbe epi yo pral kouwone avèk laglwa, nan Siyon menm, anba men sèvitè Senyè a, pitit Efrayim yo menm.
33 Epi yo pral ranpli avèk kantik lajwa etènèl la.
34 Gade, se benediksyon Bondye etènèl la sou tribi Izrayèl yo, ak benediksyon ki pi rich la sou tèt Efrayim ak patizan l yo.
35 Epi moun ki nan tribi Jida yo tou, apre doulè yo, yo pral sanktifye nan sentete devan Senyè a, pou yo rete nan prezans li.
36 Epi kounyeya, an verite, Senyè a di, pou moun kapab konnen bagay sa yo pami nou, O abitan yo ki sou tè a, m voye zanj mwen vole nan mitan syèl la, avèk levanjil etènèl la, ki parèt devan kèk moun epi ki bay lèzòm li, ki pral parèt devan anpil moun ki rete sou tè a.
37 Epi levanjil sa a pral preche devan chak nasyon, chak fanmi, chak lang, chak pèp.
38 Epi sèvitè Bondye yo prale, pou yo di avèk yon vwa fò: Gen lakrent pou Bondye epi ba li laglwa, paske lè jijman li a rive;
39 Epi adore limenm ki te fè syèl la, ak tè a, ak lanmè a, ak fontèn dlo yo—
40 Rele non Senyè a lajounen tankou nan nuit, di konsa: O w ta dwe fann syèl la, ou ta dwe desann, pou mòn yo ta kapab plati an prezans ou.
41 Epi repons la pral tonbe sou tèt yo; paske prezans Senyè a pral tankou dife wouj k ap boule, epi tankou dife ki fè dlo bouyi.
42 O Senyè, ou pral desann pou ou fè advèsè ou yo konnen non ou, epi tout nasyon pral tranble nan prezans ou—
43 Lè ou fè bagay ki tèrib, bagay yo pa espere;
44 Wi, lè ou desann, epi mòn yo pral plati nan prezans ou, ou pral rankontre moun ki rejwi epi ki fè lajistis la, ki sonje ou nan fason ou yo.
45 Paske depi nan kòmansman mond lan lèzòm pa t tande ni tou yo pa t aprann avèk zòrèy yo, ni tou okenn je pa t wè, O Bondye, eksepte ou menm, ki gran bagay ou pare pou moun k ap rete tann ou.
46 Epi moun pral di: kiyès sa a ki desann soti kote Bondye nan syèl la avèk rad li tache a; wi, nan rejyon nou pa konnen yo, ki abiye avèk rad gloriye li a, k ap vwayaje avèk tout grandè fòs li a?
47 Epi li pral di: Se mwen menm ki te pale avèk lajistis la, ki gen pouvwa pou sove moun.
48 Epi rad Senyè a pral wouj, epi gaman l pral tankou yon moun ki t ap travay nan faktori diven.
49 Epi laglwa prezans li pral tèlman gran, solèy la pral kache figi l avèk wont, epi lalin nan pral wete limyè pa l, epi zetwal yo pral tonbe soti nan plas yo.
50 Epi moun pral tande vwa l: M te mete anba près diven an pou kont mwen, epi m pote jijman sou tout moun; epi pèsonn pa t avèk mwen
51 Epi m te pilonnen yo lè m te fache a, epi m te pyetine yo nan kòlè mwen, epi m te awoze gaman mwen avèk san yo, epi m te tache tout rad mwen; paske se te jou vanjans ki te nan kè mwen an.
52 Epi kounyeya jou moun m te rachte yo rive; epi yo pral mansyone bon jantiyès Senyè yo a, ak tout sa li te devèse sou yo akoz bonte l, epi akoz bon jantiyès li, pou toujou ajamè.
53 Nan tout afliksyon moun sa yo, li te aflije. Epi zanj ki nan prezans li a te sove yo; epi nan amou li, ak nan pitye li, li te rachte yo, epi l te sipòte yo, epi l te pote moun nan tan ansyen yo;
54 Wi, Enòk tou, ak moun ki te avèk li yo; pwofèt ki te anvan l yo; ak Noye tou, ak moun ki te anvan l yo; ak Moyiz tou, ak moun ki te anvan l yo;
55 Epi depi nan Moyiz jouk nan Eli, epi depi nan Eli jouk nan Jan, ki te avèk Kris la nan rezirèksyon li a, ak apot sen yo, avèk Abraram, Izarak, epi Jakòb, ki pral nan prezans Ti Mouton an.
56 Epi tonb sen yo pral louvri; epi yo pral leve pou yo kanpe bò kote dwat Ti Mouton an, lè l kanpe sou mòn Siyon an, ak sou vil sen an, Nouvo Jerizalèm nan; epi yo pral chante kantik Ti Mouton an, lajounen tankou nan nuit pou toujou ajamè.
57 Epi poutèt rezon sa a, pou lèzòm kapab vin pataje nan laglwa ki te gen pou revele yo, Senyè a te voye plenitid levanjil li a, alyans etènèl li a, ki rezone klèman epi avèk senplisite—
58 Pou pare moun ki fèb yo pou bagay k ap vini sou tè a, epi pou misyon Senyè a nan jou moun ki fèb yo pral konfonn moun ki saj yo, epi pou ti piti a kapab vin tounen yon nasyon fò, epi sèlman de pral dewoute santèn milye ladan yo.
59 Epi pa mwayen bagay ki fèb sou tè a Senyè a pral pilonnen nasyon yo avèk pouvwa Lespri l.
60 Epi se pou rezon sa a Bondye te bay kòmandman sa yo; moun yo te gen kòmandman pou kenbe yo lwen mond lan nan epòk yo te resevwa yo a, men, kounyeya yo dwe ale jwenn tout moun—
61 Epi sa fèt daprè panse ak volonte Senyè a, ki gouvène sou tout moun.
62 Epi yon moun ki repanti epi ki sanktifye tèt li devan Senyè a l ap resevwa lavi etènèl.
63 Epi pou moun ki pa koute vwa Senyè a, pawòl bouch pwofèt Moyiz te pale a pral akonpli, pawòl ki di yo pral retranche pami pèp la.
64 Epi tou, bagay pwofèt Malachi te ekri a: Paske, gade, jou ki pral boule tankou yon founo a pral rive epi tout lògeye yo, wi, tout moun k ap fè mechanste yo pral tankou pay; epi Senyè tout Lame yo di jou k ap vini an pral tèlman boule yo, p ap rete ni rasin ni branch.
65 Se sa ki fè, men repons Senyè a ba yo:
66 Nan jou sa a lè m vin kote moun pa m yo, pèsonn pami nou pa t resevwa m, epi yo te mete nou deyò.
67 Lè m te rele ankò pa t gen okenn moun pami nou ki reponn; malgre sa, ponyèt mwen pa t rakousi ditou pou m pa ta kapab rachte moun, ni pouvwa m tou pou m delivre moun.
68 Gade, lè m kòmande, m seche lanmè a, m fè rivyè yo tounen yon dezè; pwason yo mouri, epi yo mouri anba swaf.
69 M abiye syèl la an nwa, epi m fè sak tounen rad li.
70 Epi men sa nou pral resevwa nan men m—nou pral kouche nan tristès.
71 Gade, pa gen pèsonn pou delivre nou; paske nou pa t obeyi vwa m lè m te rele nou anlè nan syèl la; Nou pa t kwè sèvitè m yo, epi lè m te voye yo kote nou, nou pa t resevwa yo.
72 Se sa ki fè, yo te sele temwayaj la epi yo te mare lalwa a, epi ou livre anba tenèb.
73 Moun sa yo prale nan tenèb deyò yo, kote ki gen kriye. rele, ak manje dan.
74 Gade, Senyè Bondye w la te pale sa. Amèn.