Manyèl Primè ak Peryòd Echanj
Avril: Jezikri anseye m pou m chwazi bon bagay


Avril

Jezikri anseye m pou m chwazi bon bagay

”Mwen ba nou yon egzanp, pou nou ka fè menm bagay mwen te fè pou nou an” (Jan 13:15).

Chante: chan ou chwazi sou Jezikri nan Children’s Songbook

Ranfòse ide yo bay la yo avèk kèk nan pa ou. Chak semèn, planifye fason pou (1) idantifye doktrin nan, (2) ede timoun yo konprann ni, ak (3) ede yo aplike li nan lavi yo. Mande tèt ou: “Kisa timoun yo pral fè pou aprann, e kijan m kapab ede yo santi Lespri a?”

1er semèn: Jezikri se egzanp pafè pou mwen.

Ankouraje konpreyansyon (li ekriti ak desine imaj): Sou yon gwo moso papye ekri fraz sa a: “Jezikri se egzanp pafè pou mwen.” Koupe papye a an kat moso senp. Ekri youn nan fraz sa yo sou do chak moso:

Imaj
children holding up pictures

Lè w ap anseye prensip levanjil yo, ede timoun yo jwenn fason pou aplike yo nan lavi yo.

Chante: “I’m Trying to Be like Jesus” (CS, 78–79). Mande timoun yo pou eksplike kisa chan an anseye. Montre yon foto Kris la, epi di timoun yo ke li te anseye nou anpil bagay atravè egzanp pafè li. Divize yo an kat gwoup, epi bay chak gwoup youn nan moso puzzle yo ak kèk moso papye blan. Mande yo pou li ekriti a ansanm epi apresa desine foto sou fason yo ka suiv egzanp Kris la. Envite chak gwoup pou eksplike ekriti yo ak foto yo epi mete moso puzzle la nan plas sou tablo a. Apre puzzle la fin sanble, repete ansanm: “Jezikri se egzanp pafè pou mwen.”

2zyèm ak 3zyèm semèn: Jezikri te anseye m bon fason pou viv.

Idantifye doktrin nan (chante yon chan): Chante: “Choose the Right Way” (CS, 160–61), epi mande mwatye nan timoun yo pou koute pou wè fason nou kapab gen kè kontan epi lòt mwatye a pou koute pou wè sa k ap ede nou ak montre nou kijan nou kapab fè sa. Pale sou sa timoun yo te aprann nan chan an.

Ankouraje konpreyansyon (jwe yon jwèt devinèt epi li ekriti yo): Prepare mo akòdeyon ki gen pawòl sa yo ak referans ekriti sa yo ekri: grangou (Matye 5:6); briye (Matye 5:16); renmen (Matye 5:44); ak priye (Matye 6:6). Montre foto Diskou sou mòn nan. Eksplike ke Jezi te ale sou yon mòn pou anseye disip li yo; sa li te anseye yo rele Diskou sou mòn nan kounyeya. Montre mwatye timoun yo youn nan akòdeyon yo, epi mande yo pou jwe wòl sou mo a pou lòt timoun yo ka devine. Li ekriti korespondan an ansanm, epi ede timoun yo konprann sa Kris te anseye yo ak fason nou kapab suiv egzanp li. Repete menm bagay la avèk lòt mo ak ekriti yo.

Imaj
boy with hands as if praying
Imaj
april wordstrips

Mo sa yo disponib nan sharingtime.lds.org

Ankouraje aplikasyon (diskite sou ka etid yo): Sou kat moso papye blan ekri ansèyman sa yo Jezi te bay: (1) Grangou ak swaf pou lajistis, (2) Fè limyè ou briye, (3) Renmen enmi ou, (4) Priye Papa nou ki nan syèl la. (Panse pou itilize foto ki ilistre ansèyman sa yo pou timoun ki pi piti yo.) Mete papye yo nan plizyè kote nan sal la. Prepare ka etid yo (gade TAPGPGA, 161–62) ki ede timoun yo konprann kijan pou aplike ansèyman sa yo. Pa egzanp: “Yon moun nan lekòl la ap takinen ou ak joure ou. Kisa w t ap fè?” Repase ekriti nan jwèt devinèt la yo dekri anlè a, epi di yo ke papye ki sou mi yo nan sal la koresponn ak ekriti yo. Li yon ka etid pou timoun yo, epi envite yo pou kanpe devan papye ki gen ansèyman k ap ede yo chwazi bon bagay la. Mande kèk timoun pou di ki chwa yo t ap fè.

4yèm semèn: Mwen santi lanmou Sovè m nan lè m eseye vin tankou Jezikri.

Ankouraje konpreyansyon (chante yon chan e fè chwa): Chante “I Feel My Savior’s Love” (CS, 74–75). Ekri plizyè ka pou etid ki ilistre fason yon timoun ta ka suiv youn nan ansèyman Kris yo. Epitou mete yon referans ekriti kote li ka jwenn ansèyman sa a. Men kèk egzanp.

Sara te di ti sè l la pou l pa itilize kreyon l yo, men ti sè a te itilize yo kanmèm. Pou l ka tankou Jezi, Sara ta ka:

  1. Fache avèk sè l la.

  2. Sere kreyon l yo.

  3. Padone sè l la.

    Matye 18:21–22.

Jan ap jwe foutbòl avèk zanmi l yo, e li remake yon lòt tigason ki kanpe bò kote l ap gade jwèt la. Pou l ka tankou Jezi, Jan ta ka:

  1. Pase tigason an nan betiz paske l poukont li.

  2. Inyore tigason an e kontinye jwe avèk zanmi l yo.

  3. Envite tigason an pou jwe foutbòl avèk yo.

    Jan 13:34.

Mande yon timoun pou li youn nan ka etid yo. Epi mande li pou li repons yo youn apre lòt. Envite lòt timoun yo pou kanpe lè yo tande repons ki reprezante suiv egzanp Jezi. Envite kèk timoun pou li ekriti a fò, epi pale sou sa Jezi te anseye a. Pale sou fason suiv egzanp Jezi nan sitiyasyon sa yo kapab ede nou santi lanmou Sovè a. Repete sa avèk chak ka etid.

Imaj
girls reading scriptures

Fè timoun yo li fò nan ekriti yo. Se pou ou konsyan de kapasite chak timoun, epi ede yo chak patisipe avèk siksè.

Ankouraje aplikasyon: Envite timoun yo pou yo fè sa Jezi t ap vle yo fè semèn sa a. Di yo ke semèn pwochèn nan ou pral mande kèk nan yo pou pataje sa yo te fè ak kijan yo te santi lanmou Sovè a.

Èd pou dirijan mizik la

Imaj
teacher holding up three fingers

Pou ede timoun yo aprann yon nouvo chan, panse sou bagay sa yo:

  • Envite timoun yo pou sinyale lè yo chante yon mo espesifik oubyen pou konte sou dwèt yo konbyen fwa yo chante yon mo. Pa egzanp, chante “He Sent His Son” (CS, 34–35), epi mande yo pou yo konte sou dwèt yo konbyen fwa yo chante mo “His Son” nan.

  • Chwazi yon foto ak yon mo ki reprezante chak fraz nan yon chan, epi mete yo sou yon moso papye. Pa egzanp, lè w ap chante “Il envoya son Fils aimé” (CS, 34–35), ilistre fraz ki di: “Comment le Père a t il donné son amour, sa tendresse?” la. avèk foto yon kò ki gen mo tandrès la ekri sou li. Pou fraz “Il envoya son Premier né, l’enfant de la promesse” la, montre foto nativite a ak mo lapè a. Ou gen dwa enplike timoun yo nan fè yo kenbe imaj yo pandan y ap chante a.

Enprime