Manyèl Primè ak Peryòd Echanj
Mas: Pwofèt vivan yo anseye m pou m chwazi bon bagay


Mas

Pwofèt vivan yo anseye m pou m chwazi bon bagay

“O sonje, pitit gason m nan, aprann lasajès pandan w jèn; wi, aprann respekte kòmandman Bondye yo pandan w jèn” (Alma 37:35).

Chante: “Stand for the Right”

(CS, 159)

Ranfòse ide yo bay la yo avèk kèk pa ou. Chak semèn, planifye fason pou (1) idantifye doktrin nan, (2) ede timoun yo konprann ni, ak (3) ede yo aplike li nan lavi yo. Mande tèt ou: “Kisa timoun yo pral fè pou aprann, e kijan m ap kapab ede yo santi Lespri a?”

1er semèn: Bondye pale atravè pwofèt vivan yo.

Idantifye doktrin nan (gade yon demonstrasyon ak memorize yon ekriti): Envite yon timoun pou vini devan klas la. Di lòt timoun yo pou suiv enstriksyon li. Chichote senp enstriksyon bay timoun nan, tankou “Di yo bat men yo twa fwa” oswa “Di yo pou kanpe ak mache anplas.” Kite plizyè timoun sèvi kòm moun k ap dirije. Eksplike ke malgre yo tout pa t tande ou ap bay enstriksyon yo, yo te kapab obeyi enstriksyon yo paske yo te konnen kiyès pou yo suiv. Mande kiyès nou ta dwe suiv pou konnen sa Papa nou ki nan Syèl la vle pou nou fè. Montre foto Prezidan aktyèl Legliz la. Fè timoun yo repete ansanm: “Bondye pale atravè pwofèt vivan yo.” Li Amòs 3:7, epi eksplike tout mo yo pa konprann. Ede yo memorize ekriti a (gade APGPGA, 171–72).

Imaj
teacher whispering

2zyèm semèn: Premye Prezidans lan ak Douz Apot yo se pwofèt

Idantifye doktrin nan: Ekri sou tablo a: “Premye Prezidans lan ak Douz Apot yo se pwofèt. Di timoun yo ke nan Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo, nou dirije pa Prezidan Legliz la, de konseye l yo nan Premye Prezidans lan, ak Douz Apot yo. Eksplike ke Premye Prezidans lan ak Douz Apot yo se pwofèt.

Ankouraje aplikasyon (jwe yon jwèt konparezon): Rasanble foto sis manm Premye Prezidans lan ak Kolèj Douz Apot yo, epi ekri non yo sou moso papye separe. Mete papye yo ak foto yo fas anba sou tablo a. Fè yon timoun vire yon foto, epi envite yon lòt timoun pou vire yon moso papye avèk yon non sou li. Si foto a ak non an pa matche, remete yo nan plas yo epi fè de lòt timoun chwazi. Si papye yo matche, chichote bay de timoun yo yon prensip levanjil dirijan an te anseye nan dènye konferans jeneral la (gade dènye revi konferans Ensign oswa Liahona) a, epi fè yo demontre yon fason yo kapab viv prensip la. Envite lòt timoun yo pou devine sa y ap fè a.

Imaj
matching game

3zyèm semèn: Pwofèt ak apot Bondye yo pale avèk nou nan konferans jeneral.

Ankouraje konpreyansyon ak aplikasyon (jwe yon jwèt): Sou yon moso papye separe ekri rezime yon fraz sou mesaj ki pi resan manm Premye Prezidan yo ak Kolèj Douz Apot yo te bay yo. Mete yo sou tablo a ansanm avèk foto dirijan yo. Pale sou chak mesaj. Envite yon gwoup timoun pou soti nan sal la. Retire youn nan mesaj yo sou tablo a. Envite timoun yo pou retounen e deside ansanm ki mesaj ki manke. Mande yo pou chwazi yon chan Primè ki koresponn avèk mesaj la, epi chante li ansanm. Envite yo pou sigjere fason yo kapab aplike mesaj la. Repete sa avèk lòt mesaj.

Imaj
teacher at board

Adapte aktivite w yo avèk laj ak kapasite timoun w ap anseye yo. Nan aktivite 3zyèm semèn nan, ou kapab itilize foto anplis mesaj ekri yo.

4yèm semèn: Mwen beni lè m chwazi pou suiv pwofèt la.

Idantifye doktrin nan (chante yon chan): Chante nevyèm kouplè ak refren chan “Follow the Prophet” la (CS, 110–11). Envite timoun yo pou koute rezon k fè nou suiv pwofèt la. Fè yo repete ansanm: “Mwen beni lè m chwazi pou suiv pwofèt la.”

Ankouraje konpreyansyon (jwe teyat sou istwa ekriti sa yo): Rakonte timoun yo istwa Eli ak vèv Sarepta a (gade 1 Wa 17:8–16), epi envite yo pou jwe li avèk ou. Pa egzanp: “Senyè a te di pwofèt Eli pou ale nan yon vil ki te rele Sarepta (mache anplas). Lè l te rive nan vil la, li te wè yon madanm ki t ap ranmase bwa (pretann w ap ranmase bwa). Eli te mande madanm nan pou ba l ti dlo (pretann w ap bay yon moun dlo) Madanm nan te di Eli ke li te gen sèlman yon ti farin ak yon ti luil pou fè pen pou pitit gason l lan (sekwe tèt ou pou di non). Eli te di li pou fè yon pen pou li an premye epi Bondye t ap ba li plis farin ak plis luil. Madanm nan te obeyi (pretann w ap fè pen). Li te gen ase farin ak luil pou fè pen pandan plizyè jou (pretann w ap manje).” Repete aktivite a avèk istwa Moyiz ak sèpan eren an (gade Nombres 21:5–9) ak Nefi ak plak eren yo (gade 1 Nefi 3–4; 5:21–22). Mande timoun yo pou pataje kijan moun nan istwa yo te beni paske yo te suiv konsèy pwofèt la.

Imaj
Elijah and the widow of Zarephath
Imaj
Moses and the Brass Serpent
Imaj
Nephi

Ankouraje aplikasyon (diskite sou ansèyman pwofèt yo): Mande timoun yo: “Kiyès ki pwofèt nou jodia?” Montre foto Prezidan aktyèl Legliz la. Eksplike ke li aple pa Bondye. Fè yo diskite an ti gwoup sou fason yo ka suiv li. Mande kèk timoun nan chak gwoup pou pataje ide yo. Envite timoun yo pou chwazi yon fason yo kapab suiv pwofèt la pandan semèn nan. Kreye yon rapèl pou yo ka pote lakay yo pou pataje avèk fanmi yo. Raple yo ke yo kapab tande pawòl pwofèt la pandan konferans jeneral, epi ankouraje yo pou gade oswa koute konferans lan avèk fanmi yo. Nan semèn apre konferans jeneral la, mande kèk timoun pou pataje eksperyans yo te fè pandan yo t ap koute pwofèt la ak suiv ansèyman l yo.

Imaj
small groups with pictures

Divize timoun yo an gwoup ap pèmèt plis timoun patisipe. Ou ka fòme gwoup nan plizyè fason. Pa egzanp, ou kapab mande timoun yo pou travay ansanm an gwoup klas, oubyen ou ka mete pi gran yo avèk pi piti yo. Yon adilt dwe sipèvize chak gwoup.

Enprime