Manyèl Primè ak Peryòd Echanj
Jen: Mwen chwazi bon bagay lè m viv prensip levanjil yo


Jen

Mwen chwazi bon bagay lè m viv prensip levanjil yo

Men Nefi te di: “M prale e m ap fè bagay Senyè a te kòmande yo, paske m konnen Senyè a pa bay pitit lèzòm okenn kòmandman san li pa prepare yon mwayen pou yo kapab akonpli bagay li kòmande yo.” (1 Nefi 3:7).

Chante: “Nephi’s Courage”

(CS, 120–21)

Ranfòse ide yo bay la yo avèk kèk pa ou. Chak semèn, planifye fason pou (1) idantifye doktrin nan, (2) ede timoun yo konprann ni, ak (3) ede yo aplike li nan lavi yo. Mande tèt ou: “Kisa timoun yo pral fè pou yo aprann, epi kijan m ka ede yo santi Lespri a?”

1er semèn: Mwen priye Papa nou ki nan syèl la pou m gen fòs pou m fè sa ki byen.

Ankouraje konpreyansyon (pale sou priyè): Montre timoun yo yon telefòn oswa yon lòt fòm kominikasyon. Pale sou fason pou itilize li. Mande yo kijan nou ka kominike avèk Papa nou ki nan Syèl la. Eksplike ke jis menmjan nou konpoze yon nimewo pou pale avèk yon moun nan telefòn nan, se konsa tou nou kapab priye pou kominike avèk Papa nou ki nan syèl la, nou ka mande li fòs pou nou fè sa ki byen. Bay chak klas foto yon diferant kalite priyè (pa egzanp, priyè pèsonèl, priyè familyal, benediksyon sou manje, oswa priyè nan klas). Mande chak klas pou montre lòt timoun yo foto pa yo a epi di yo ki kalite priyè yo montre ladan, ak kilè, ki kote, ak poukisa yo fè kalite priyè sa a.

Ankouraje aplikasyon (jwe yon jwèt): Fè yon ti twou nan pwent de bwat lèt vid, epi konekte bwat lèt yo avèk yon fil. Tire fil la byen tire, epi fè timoun yo pran tan pou, trankilman nan youn nan bwat yo, di yon bagay yo ta ka priye Papa nou ki nan Syèl la pou li pandan y ap eseye fè sa ki byen an (pa egzanp, di laverite, gen reverans, oswa rete janti). Fè yon lòt timoun koute nan lòt bwat la. Pataje (oubyen mande yon timoun pou pataje) yon eksperyans kote Papa nou ki nan syèl la te ba ou fòs pou fè sa ki byen. Temwaye ke Papa nou ki nan syèl la tande ak reponn priyè nou yo e l ap ba nou fòs pou nou fè sa ki byen.

2zyèm semèn: Lè m peye dim mwen, Papa nou ki nan syèl la beni mwen.

Imaj
coins

Idantifye doktrin nan e ankouraje konpreyansyon (gade yon demonstrasyon): Eksplike ke dim se bay Senyè a atravè Legliz li a yon dizyèm nan lajan ou fè. Montre timoun yo dis santim. Mande yo konbyen santim ou ta dwe itilize pou peye dim. Montre yo yon anvlòp dim ak yon fèy don, epi eksplike ke nou peye dim nan ranpli fèy don an, mete l nan yon anvlòp, epi pote li bay evèk la oswa youn nan konseye l yo.

Ankouraje aplikasyon (jwe yon jwèt epi koute temwayaj): Montre foto ak objè ki reprezante benediksyon ki vini nan peye dim, tankou tanp, chapèl, yon liv chan, Liv Chan timoun yo, yon manyèl Primè, ak ekriti yo. Di timoun yo ke fon dim yo nan Legliz la kapab reyalize bagay sa yo. Kouvri foto yo ak objè yo. Retire youn oubyen de. Retire kouvèti a epi mande timoun yo pou yo devine sa ki manke a. Repete sa plizyè fwa. Eksplike ke gen lòt benediksyon nou pa ka wè ki vini nan peye dim tou (gade 3 Nefi 24:10). Fè youn oubyen de adilt pale sou benediksyon yo te resevwa nan peye dim.

3zyèm semèn: Mwen obeyi Pawòl Sajès la nan manje ak bwè sa ki bon e evite sa ki pa bon.

Ankouraje konpreyansyon (li ekriti yo ak jwe yon jwèt): Li ansanm 1 Korentyen 3:16–17. Envite timoun yo pou pataje sa ekriti sa a vle di pou yo. Eksplike ke Papa nou ki nan Syèl la vle nou pran swen kò nou. Mete foto plizyè kalite manje, bwason, ak lòt bagay ki oswa bon oswa pa bon pou kò a (tankou fwi, legim, pen, alkòl, ak sigarèt) nan yon veso. Fè kopi paj 43 a nan manyèl gadri a, epi koupe l an plizyè moso. Fè timoun yo youn apre lòt retire foto yo nan veso a. Si sa ki nan foto a bon pou nou, fè yon timoun mete moso puzzle la sou tablo a. Si bagay la pa bon, retire yon moso puzzle. Kontinye jiskaske tout puzzle la konplè (w ap bezwen gen plis bon bagay pase move bagay nan veso a). Mande yon adilt oswa yon timoun pou pataje kèk nan benediksyon li resevwa paske l obeyi Pawòl Sajès la (gade D&A 89:18–21).

Imaj
body puzzle

Manyèl gadri a disponib nan sharingtime.lds.org

4yèm semèn: Lè m abiye ak modesti, mwen respekte kò mwen kòm yon kado Bondye

Idantifye doktrin nan (gade yon foto epi li ekriti yo): Ekri bagay sa a sou tablo a: “mwen se yon ” Montre foto yon tanp. Mande “Poukisa tanp yo si espesyal?” Fè timoun yo gade nan 1 Korentyen 6:19. Mande yo pou yo chèche wè sa yo di osijè kò yo pandan y ap li ekriti a byen fò avèk ou. Mande yo ki mo ki ap konplete fraz la ki sou tablo a (kò, tanp). Envite timoun yo pou yo kanpe epi repete fraz la ansanm.

Imaj
For the Strength of Youth pamphlet

Ankouraje konpreyansyon ak aplikasyon (chante yon chan ak diskite): Di timoun yo ke kò nou se tanp kote Sentespri a kapab demere. Chante premye kouplè chan “The Lord Gave Me a Temple” la (CS, 153). Envite timoun yo pou pataje fason Papa nou ki nan syèl la vle nou abiye ak poukisa. Eksplike ke pwofèt Bondye yo toujou konseye pitit li yo pou yo abiye ak modesti. Envite timoun yo pou yo koute pou wè ki pati nan kò yo ki dwe kouvri, pandan w ap li nan seksyon “Abiman ak aparans” la nan bwochi Pou fòs jèn yo. Mande yo pou yo panse sou yon fason yo kapab abiye ak modesti. Lanse yon bagay ki mou bay yon timoun epi envite li pou pataje ide li. Mande li pou voye bagay la sou yon lòt timoun, ki pral pataje ide pa li. Kontinye avèk lòt timoun yo.

Enprime