Manyèl Primè ak Peryòd Echanj
Janvye: Libabit se don pou nou chwazi pou tèt pa nou


Janvye

Libabit se don pou nou chwazi pou tèt pa nou

“Se poutèt sa, lèzòm lib … pou chwazi libète ak lavi etènèl, pa mwayen gran Metyatè a ki pou tout moun nan” (2 Nefi 2:27).

Chante: “Je suis enfant de Dieu”

(paj 28 nan liv sa a)

Ranfòse ide yo bay la yo avèk kèk ide pa ou. Chak semèn, planifye fason pou (1) idantifye doktrin nan, (2) ede timoun yo konprann ni, ak (3) ede yo aplike l nan lavi yo. Poze tèt ou kesyon: “Kisa timoun yo pral fè pou aprann, ak kijan m ka ede yo santi Lespri a?”

1er ak 2yèm semèn: Libabit se don pou chwazi pou tèt pa nou.

Idantifye doktrin nan (jwe yon jwèt devinèt): Di timoun yo ke w ap panse avèk yon mo, epi ba yo kèk ide pou ede yo devine mo a. Mande yo pou leve men yo lè yo jwenn repons lan. Men kèk ide ou ka sigjere: Nou te gen sa anvan nou te vin sou tè a. Se yon kado Papa nou ki nan syèl la ba nou. Li se yon pati enpòtan nan plan Papa nou ki nan Syèl la pou nou. Satan te vle retire l nan men nou. Nou itilize li lè n ap fè chwa. Se yon kado ki mennen nou chwazi pou tèt pa nou. Li kòmanse avèk lèt L. Lè timoun yo fin devine repons la, repete ansanm: “Libabit se don pou chwazi pou tèt pa nou.”

Imaj
consequences stick

Ankouraje konpreyansyon (gade ak pale sou yon leson objè): Montre timoun yo yon tibwa ki gen mo chwa a ekri nan yon pwent ak mo konsekans la ekri nan lòt pwent la. Eksplike ke yon konsekans se sa ki rive tou natirèlman apati de yon chwa nou fè; pa egzanp, si nou chwazi pou fè pratik pou jwe yon enstriman mizik, n ap vin pi bon ladan, e si nou chwazi pou touche dife, n ap boule. Pran tibwa a epi montre timoun yo ke chak fwa nou pran tibwa a, nou menm tou nou fè chwa a ak konsekans chwa sa a. Mande youn nan timoun pi gran yo pou li 2 Nefi 2:27. Envite lòt timoun yo pou yo koute pou yo ka wè ki konsekans ki genyen lè yo fè bon chwa (libète ak lavi etènèl) ak ki konsekans ki genyen lè yo fè move chwa. Desine yon dyagram sou tablo a tankou sa yo montre la a.

Imaj
agency chart

Ede timoun yo konprann ke lè nou fè bon chwa, sa pote libète ak bonè, e lè nou fè move chwa, sa mennen nan kaptivite ak chagren.

Envite de timoun pou vini devan klas la, epi fè yo chak kenbe youn nan pwent tibwa a. Mande timoun ki kenbe pwent ki make “chwa” a pou l bay egzanp yon bon chwa (pa egzanp, pale janti avèk lòt moun). Mande lòt timoun nan pou l pataje konsekans posib chwa sa a ka pote (pa egzanp, bati amitye dirab). Repete sa avèk plizyè lòt timoun.

Imaj
children holding choice and consequences stick

Ranfòse aprantisaj timoun yo pa mwayen repetisyon. Konsève tibwa ki make “chwa ak konsekans” la. Ap gen lòt okazyon pou itilize li pandan peryòd echanj pandan tout ane a.

Ankouraje konpreyansyon (aprann istwa ekriti yo): Pandan de premye semèn mwa a, anseye kèk istwa nan ekriti yo ki montre kijan fè bon chwa mennen nan libète ak bonè ak kijan fè move chwa mennen nan kaptivite ak mizè. Istwa nan ekriti yo ou kapab itilize yo enkli Sovè a ak Satan (gade Moyiz 4:1–4); Nefi ak Laman ak Lemuel (gade 1 Nefi 2–4, 7, 18); Chadrak, Mechach, ak Abèdnego (gade Danyèl 3); oswa Alma ak Wa Nowe (gade Mozya 17–19). Lè w fin anseye yon istwa, envite de timoun pou chak kenbe yon pwent tibwa ki make “chwa ak konsekans” la. Mande youn nan timoun yo pou eksplike chwa moun yo nan istwa a te fè yo epi mande lòt la pou eksplike konsekans chwa sa yo.

Imaj
Jesus Christ

Ankouraje aplikasyon (koute yon istwa): Mete yon foto Jezikri sou tablo a. Fè desen yon eskalye ki mennen nan foto a. Desine foto yon moun sou yon moso papye, epi mete l anba eskalye a. Rakonte yon ti istwa kout sou chwa yon timoun ta kapab fè pandan yon jounen. Pou chak chwa, mande timoun yo pou montre èske se yon bon chwa oubyen yon move chwa kote y ap kanpe lè se yon bon chwa epi y ap chita lè se yon move chwa. Pa egzanp: “Jeanne pran yon jwèt nan men ti frè l la; epi tifrè a kòmanse kriye. Lè manman Jeanne mande poukisa l ap kriye, Jeanne di li pa konnen.” Pou chak bon chwa, deplase foto moun nan monte yon mach nan eskalye ki mennen jwenn Jezi a. Kontinye istwa a avèk lòt chwa yo jiskaske moun nan rive jwenn Sovè a. Pale sou fason bon chwa pote bonè pou nou e ede nou avanse pi pre Senyè a.

3zyèm semèn: Nan lavi premòtèl la, m te chwazi pou suiv plan Bondye.

Ankouraje konpreyansyon (chante chan): Briyèvman diskite sou ide sa yo, epi apresa chante chan ki koresponn avèk li a ak timoun yo: Anvan m te vini sou tè a m te viv nan syèl la (“I Lived in Heaven” [CS, 4]). M te chwazi pou vin sou tè a pou resevwa yon kò (“I Am a Child of God” [CS, 2–3]; “The Lord Gave Me a Temple” [CS, 153]). M ap batize e resevwa don Sentespri a (“When I Am Baptized” [CS, 103]; “The Holy Ghost” [CS, 105]). M ka prepare pou ale nan tanp (“I Love to See the Temple” [CS, 95]; “Families Can Be Together Forever” [CS, 188]). M ap resisite (“He Sent His Son” [CS, 34–35]).

4yèm semèn: Jezikri te kreye tè a kòm yon lye kote mwen kapab aprann chwazi bon bagay.

Idantifye doktrin nan (gade epi pale sou yon leson objè): Montre timoun yo yon bwat ki gen plizyè kalite kreyon koulè. Montre yo yon dezyèm bwat ki gen yon sèl koulè kreyon. Mande timoun yo: “Si nou pral kolore yon imaj, kiyès nan bwat kreyon sa yo nou ta renmen itilize? Poukisa?” Eksplike ke posede yon varyete chwa se yon benediksyon. Temwaye ke Papa nou ki nan Syèl la ak Jezikri renmen nou e yo vle nou fè chwa kòrèk.

Imaj
crayons

Nan aktivite sa a, ou gen dwa chwazi pou demontre ide ke chwa se yon benediksyon an avèk kreyon, kreyon koulè, yon varyete fwi, oswa nenpòt lòt bagay timoun yo familye avèk li.

Ankouraje konpreyansyon (kolore): Fè timoun yo kolore yon kopi foto ilistrasyon ki nan paj 35 nan manyèl gadri a, Behold Your Little Ones, oswa envite yo pou yo desinen menm kalite foto a avèk menm lèt yo. Diskite kiyès ki te kreye bagay yo nan ilistrasyon an ak poukisa yo te kreye yo. Anseye timoun yo ke Papa nou ki nan Syèl la atann pou nou pran swen mond sa a Pitit Gason l lan te kreye pou nou an. Mande yo pou yo pale sou fason yo kapab chwazi pou pran swen tè a ak kreyasyon ki ladan l yo. Envite yo pou yo pote foto yo a lakay yo epi fè paran yo fè yon liv avèk li.

Enprime