Manyèl Primè ak Peryòd Echanj
Oktòb: Benediksyon Prètriz yo disponib pou tout moun


Oktòb

Benediksyon Prètriz yo disponib pou tout moun

“Senyè a di: epi tou, tout moun ki resevwa prètriz sa a yo resevwa m” (D&A 84:35).

Ranfòse ide yo bay la yo avèk kèk pa ou. Chak semèn, planifye fason pou (1) idantifye doktrin nan, (2) ede timoun yo konprann ni, ak (3) ede yo aplike li nan lavi yo. Mande tèt ou: “Kisa timoun yo pral fè pou aprann, ak ki fason m ka ede yo santi Lespri a?”

1er semèn: Jèn gason ki diy yo resevwa prètriz la lè yo gen 12 zan.

Idantifye doktrin nan (gade yon foto): Montre timoun yo yon foto Jezikri k ap enstitiye Sentsèn nan. Eksplike ke Kris la te bay Apot li yo ak disip li yo sentsèn nan Liv Mòmon an, epi li te mande yo pou yo kontinye beni ak distribye Sentsèn lè li ale. Li ansanm 3 Nefi 18:5–6. Poze timoun yo kesyon tankou: Kimoun ki beni Sentsèn nan epòk nou an? Kimoun ki distribye Sentsèn nan? Ki pouvwa yon moun bezwen genyen pou l kapab beni ak distribye Sentsèn?

Ankouraje konpreyansyon (diskite sou doktrin nan): Eksplike ke prètriz la se pouvwa Bondye pou sèvi ak beni moun sou tè a. Nan dènye jou yo Kris la anseye nou ke tout gason kapab detni prètriz la si li reponn ak de kondisyon. Premye a se pou li gen laj apwopriye a. Mande timoun yo pou yo kanpe lè yo tande w di laj pou yon ti gason resevwa prètriz la. Konte dousman soti en rive douz. Di yo ke lòt kondisyon an se pou ti gason an diy. Eksplike kisa sa vle di pou yon moun diy, epi eksplike ke ni tigason yo ni tifi yo kapab itilize “Prensip Levanjil mwen yo” pou ede yo konnen kijan pou yo viv diy.

Ankouraje aplikasyon (patisipe nan yon aktivite fizik): Divize timoun yo an gwoup. Bay chak gwoup yon prensip nan “Prensip Levanjil mwen yo.” Mande chak gwoup pou panse ak yon aksyon senp ki reprezante prensip yo a. Di kèk mo pou idantifye prensip la, epi mande gwoup ki gen tach la pou kanpe epi montre aksyon yo. Kontinye jiskaske tout gwoup yo patisipe. Eksplike ke viv prensip sa yo ede tigason yo rete diy pou detni prètriz la ak resevwa òdonans prètriz yo; e sa ede tifi yo rete diy pou resevwa òdonans prètriz , tankou batèm ak òdonans tanp.

2zyèm semèn: Nou resevwa òdonans sali yo atravè prètriz la.

Imaj
children under umbrella

Ou kapab itilize leson objè a pou kapte enterè timoun yo, atire atansyon yo, oswa pou entwodui yon prensip levanjil.

Idantifye doktrin nan (gade yon leson objè): Fè yon timoun kenbe yon parapli louvri. Fè kèk timoun kanpe anba li. Konpare parapli a avèk prètriz la. Montre ke si li t ap fè lapli, tout timoun yo ki anba parapli a t ap resevwa benediksyon pou rete sèk, non pa sèlman timoun ki kenbe l la. Menmjan tou, Bondye bay, atravè prètriz li a, yon mwayen pou tout pitit li yo beni. Atravè prètriz la nou resevwa òdonans sali yo ki pèmèt nou retounen al viv avèk Bondye ankò.

Imaj
baptism puzzle

Ankouraje konpreyansyon (mete puzzle ansanm): Ekri chak bagay sa yo sou yon moso papye separe: batèm, konfimasyon, òdonans prètriz (pou gason), dotasyon nan tanp, ak sèlman nan tanp. Koupe chak moso papyye vin tounen yon puzzle. Briyèvman eksplike timoun yo kisa yon òdonans ye (yon seremoni oswa ak sakre ki gen siyifikasyon espirityèl), epi di yo ke gen kèk òdonans prètriz ki obligatwa pou nou retounen al viv avèk Papa nou ki nan syèl la. Desine senk mach eskalye sou tablo a, epi mete yon foto Jezikri sou premye mach eskalye. Divize timoun yo an senk gwoup epi bay chak gwoup youn nan puzzle ou te fè yo. Mande yo pou yo sanble puzzle yo epi apresa pataje sa yo konnen sou òdonans la avèk rès Primè a. Fè gwoup yo kole puzzle yo sanble a nan bon lòd sou mach eskalye yo ki sou tablo a.

Imaj
steps to salvation
Imaj
chalk words

3èm semèn: Mwen ka resevwa pouvwa atravè benediksyon prètriz yo.

Idantifye doktrin nan (diskite doktrin nan): Mande timoun yo pou leve men yo epi gade yo. Mande yo kijan men yo ede yo jwe, travay, ak prepare pou legliz. Envite yo pou yo mime chak repons. Apresa mande yo kijan moun kapab itilize men yo pou ede lòt. Eksplike ke detantè prètriz yo kapab itilize men yo pou bay benediksyon ki ap ede nou ak fòtifye nou.

Ankouraje konpreyansyon ak aplikasyon (gade foto ak pataje eksperyans): Mete foto sentsèn, batèm, konfimasyon, yon benediksyon tibebe, ak administre malad nan tout sal la, epi eksplike sa k ap pase nan chak foto. Envite timoun yo pou trase de men yo sou yon fèy papye epi koupe yo. Fè yo ekri non yo devan chak men yo. Envite yo pou tepe youn nan men an papye yo tou pre yon foto ki montre yon benediksyon oswa òdonans yo te resevwa nan men yon detantè prètriz. Chwazi kèk men, epi envite timoun sa yo pou pataje sa yo santi sou fason prètriz la te beni ak fòtifye yo. Rakonte istwa Jezi k ap beni timoun yo ki nan 3 Nefi 17:11–25 la. Mete yon foto Jezi avèk timoun yo devan sal la, epi envite chak timoun pou kole dezyèm men an papye yo a tou pre foto a. Eksplike ke detantè prètriz yo gen pouvwa pou aji nan non Jezikri; yo ka beni nou menmjan Jezi t ap fè si l te la.

Imaj
hand tracing

Ede timoun yo pou yo aktivman angaje nan leson an ap ede yo byen metrize doktrin w ap anseye a.

4yèm semèn: Mwen ka ale nan tanp pou resevwa òdonans pou zansèt mwen yo lè m pi gran.

Idantifye doktrin nan ak ankouraje konpreyansyon (kolorye): Raple timoun yo ke nou bezwen resevwa òdonans prètriz yo anvan nou ka retounen al viv avèk Papa nou ki nan syèl la. Mande yo pou site kèk nan òdonans sa yo. Eksplike ke anpil moun te mouri san yo pa t gen yon chans pou resevwa òdonans sa yo, e yo bezwen èd nou. Pale timoun yo de youn nan zansèt pa ou ki te mouri anvan l te resevwa òdonans sa yo. Bay chak timoun yon reprezantasyon yon moun ou koupe nan papye. Mande yo pou yo desine yo menm sou yon bò papye a ak foto zansèt ou te pale a sou lòt bò a. (Si timoun yo konnen youn nan zansèt pa yo ki te mouri san l pa t resevwa òdonans prètriz yo, yo kapab desine moun sa a. Fè yo repete tèm pou semèn sa a pandan yo kenbe moun an papye yo a devan yo. Mande yo pou montre foto pa yo a lè y ap di mo “Mwen” an ak foto zansèt yo a lè y ap di mo “zansèt” la.

Enprime