Manyèl Primè ak Peryòd Echanj
Enstriksyon pou Peryòd Echanj ak Prezantasyon Reyinyon Sentsèn Timoun yo


Enstriksyon pou Peryòd Echanj ak Prezantasyon Reyinyon Sentsèn Timoun yo

Chè Prezidans Primè ak Dirijan Mizik,

Ane sa a nou pral gen okazyon pou anseye timoun yo enpòtans pou chwazi bon bagay. Aprann fè bon chwa se yon pati enpòtan nan plan Papa nou ki nan Syèl la pou nou e sa ap pote anpil benediksyon. Chèche envite Lespri Senyè a lè nan yon espri lapriyè n ap anseye leson yo ki nan pwogram sa a. Pandan n ap fè sa, timoun yo pral aprann ke yo kapab resevwa èd pou fè chwa yo nan suiv egzanp Jezikri, nan viv prensip levanjil yo, ak koute enspirasyon Sentespri a. Chwazi bon bagay ap ede timoun yo rete sou chemen ki pou mennen yo tounen al jwenn Papa nou ki nan syèl la.

Nou rekonesan pou sèvis fidèl nou pandan n ap renmen ak anseye timoun presye yo nan Primè nou an. Nou priye pou nou e nou konnen ke Senyè a ap beni nou pandan n ap sèvi nan apèl enpòtan sa a.

Prezidans Jeneral Primè a

Enstriksyon pou Peryòd Echanj

Enstriksyon levanjil

Itilize bwochi sa a lè w ap prepare pou anseye yon leson 15 minit chak semèn pandan peryòd echanj. Ou gen dwa konplete leson chak semèn yo avèk lòt materyèl Legliz la apwouve, tankou Friend oubyen Lyawona. Direksyon sa yo ap ede ou planifye ak prezante leson yo.

Renmen moun w ap anseye yo. Montre amou ou pou timoun yo nan aprann non yo ak chèche konnen sa k enterese yo, talan yo, ak bezwen yo.

Anseye doktrin nan pa Lespri. Lè w ap prepare leson yo, priye pou gidans epi efòse pou ou fòtifye temwayaj ou konsènan prensip w ap anseye yo. Sa ap ede ou anseye pa Lespri.

Envite yo aprann. Bwochi sa a prepare pou ede ou konnen non sèlman kisa pou ou anseye men tou kijan pou w anseye ak envite aprantisaj dilijan. Ou va anseye doktrin nan pi efikasman si ou fè twa bagay sa yo nan chak leson:

  1. Idantifye doktrin nan. Prezante doktrin timoun yo pral aprann nan klèman. Reflechi sou fason pou fè sa oralman ak vizyèlman. (Pou jwenn kèk egzanp, gade leson pou twazyèm semèn yo nan mwa Me a ak sa dezyèm semèn nan mwa Out yo.)

  2. Ankouraje konpreyansyon. Asire ou ke timoun yo akeri yon konpreyansyon pwofon sou doktrin nan pa mwayen yon varyete metòd ansèyman ki enplike yo nan aprann nan, tankou chante chan yo, jwe wòl, ak li pasaj ekriti.

  3. Ankouraje yo fè pratik. Bay timoun yo okazyon pou aplike doktrin nan nan lavi yo. Reflechi sou fason yo kapab eksprime santiman yo konsènan doktrin nan oubyen fikse yon bi an relasyon ak doktrin nan.

Bwochi sa a bay leson konplè pou kèk nan semèn yo nan ane a. Kèk ide, men pa leson konplè, enkli pou lòt semèn yo. Kore ide sa yo avèk kèk pa nou. Ou kapab pran ide nan li lòt leson yo nan bwochi sa a. Lè gen yon senkyèm Dimanch, itilize okazyon sa a pou repase leson anvan yo. Lespri a kapab gide ou lè w ap planifye ak prepare aktivite pou leson yo.

Travay avèk dirijan mizik la lè w ap prepare leson w yo. Chan yo ap ede ou ranfòse doktrin w ap anseye yo. Tanzantan ou gen dwa envite kèk enstriktè ak klas yo pou ede ou nan kèk pati nan ansèyman levanjil la.

Gen kèk leson ki sigjere pou envite lòt moun vin patisipe nan Primè a. Ou dwe jwenn apwobasyon evèk ou oswa prezidan branch ou anvan w envite moun sa yo pou patisipe.

Gen plizyè konsèy pedagojik ki akonpaye leson yo ki pral ede ou amelyore aptitid ou pou anseye. Leson yo gen imaj ki ap ede ou wè kisa aktivite a sanble. Byenke li enpòtan pou devlope teknik pedagojik ou, se preparasyon espirityèl pèsonèl ou ak temwayaj ou ki pral envite Lespri a pou konfime doktrin sa yo nan kè timoun yo.

Tan pou chan

Nan Primè a, mizik la dwe etabli yon atmosfè reverans, anseye levanjil la, ak ede timoun yo santi enfliyans Sentespri a ak lajwa ki genyen nan chante. Ou dwe pran 20 minit nan peryòd echanj lan pou chante ak anseye mizik. Sa ap pèmèt ou gen ase tan pou anseye nouvo mizik ak pou ede timoun yo renmen chante.

Liv sa a gen yon nouvo chan pou timoun yo aprann ane sa a (gade paj 28). Li gen yon seksyon ki rele “Kijan pou itilize mizik nan Primè a” tou (gade paj 26–27) ak ide adisyonèl pou anseye timoun yo chan yo (gade paj 9, 17).

Direksyon pou Prezantasyon Reyinyon Sentsèn nan

Sou direksyon evèk la oswa prezidan branch lan, prezantasyon reyinyon Sentsèn timoun yo nòmalman fèt nan katriyèm trimès la nan ane a. Reyini avèk konseye nan episkopa a oswa prezidans branch lan ki responsab Primè a bonè nan ane a pou diskite sou planifikasyon preliminè yo. Chèche jwenn apwobasyon li lè planifikasyon an finalize.

Planifye pou timoun yo prezante pwogram nan dapre tèm peryòd echanj chak mwa yo.Pandan tout ane a, kenbe nòt sou diskou timoun yo fè ak eksperyans pèsonèl yo pou ou kapab itilize yo si posib nan prezantasyon an. Lè w ap planifye pou timoun yo pataje sa yo te aprann sou tèm ane sa a, panse sou fason yo kapab ede kongregasyon an konsantre sou pwen doktrin levanjil yo anseye yo. Yon manm episkopa a kapab fini reyinyon an avèk kèk brèf remak.

Lè w ap prepare prezantasyon an, sonje direksyon sa yo:

  • Repetisyon yo pa dwe initilman retire sou tan klas yo oubyen sou fanmi yo.

  • Èd vizyèl, kostim ak prezantasyon odyo oswa videyo pa apwopriye pou reyinyon Sentsèn.

Imaj
children singing

Resous yo itilize nan bwochi sa a

Abrevyasyon sa yo itilize nan tout bwochi a:

CSChildren’s Songbook

APGPGA Ansèyman, pa gen pi gwo apèl

Anpil leson gen sigjesyon pou itilize imaj yo. Ou kapab jwenn imaj nan Gospel Art Book la, Liv Ilistrasyon Levanjil la, pake imaj nan manyèl Primè yo, revi Legliz yo ak sou entènèt nan images.lds.org.

Enprime