Manyèl Primè ak Peryòd Echanj
Out: Mwen chwazi pou ranpli lavi m avèk bagay ki envite Lespri


Out

Mwen chwazi pou ranpli lavi m avèk bagay ki envite Lespri.

“Si gen nenpòt bagay ki gen vèti, ki emab, oubyen ki gen bon rapò oubyen ki atire louwanj, nou chèche bagay sa yo” (Atik Lafwa 1:13).

Chan: “I’m Trying to Be like Jesus”

(CS, 78–79)

Ranfòse ide yo bay la yo avèk kèk pa ou. Chak semèn, planifye fason pou (1) idantifye doktrin nan, (2) ede timoun yo konprann ni, ak (3) ede yo aplike li nan lavi yo. Mande tèt ou: “Kisa timoun yo pral fè pou aprann, ak ki fason m ka ede yo santi Lespri a?”

1er semèn: Fè bon zanmi ap ede m chwazi bon bagay.

Ankouraje konpreyansyon ak aplikasyon (koute yon istwa): Rakonte istwa sa a: “De tigason te jwenn yon pè soulye ize bò wout la. Pi lwen yo te wè yon mesye ki t ap mache nan yon jaden. Youn nan tigason yo te sigjere pou yo kache soulye yo epi veye reyaksyon mesye a.” Mande timoun yo pou yo di kisa yo t ap di tigason sa a. Apresa rakonte rès istwa a: “Lòt tigason an te sigjere ke olye yo te kache soulye yo, yo ta dwe mete yon pyès kòb nan chak grenn soulye, e se sa yo te fè. Mesye a te retounen tousuit. Lè l te wè kòb yo, li te si anvayi ak gratitid ke li te mete ajenou e li te fè yon priyè remèsiman. Li te pale de madanm ni, ki te malad, ak pitit li yo, ki pa t gen manje, epi li te mande Senyè a pou beni kèlkeswa moun ki te ede l la. Tigason yo te santi yon chalè nan kè yo epi yo te rekonesan dèske yo te chwazi fè bon bagay” (gade Gordon B. Hinckley, in Conference Report, Apr. 1993, 71; or Ensign, May 1993, 54). Envite plizyè timoun pou pataje lè kote bon zanmi yo te ede yo chwazi bon bagay.

2zyèm semèn: Mwen ta dwe li, koute, ak gade bagay ki fè Papa nou ki nan syèl la plezi.

Idantifye doktrin nan (gade yon leson objè): Montre timoun yo yon bòl ranpli ak fwi ak yon bòl ranpli ak tè. Mande yo kiyès ki ta bon pou manje e poukisa. Eksplike ke Papa nou ki nan syèl la vle nou ranpli lespri nou ak bagay ki bon pou nou olye de bagay ki destriktè. Envite yo pou yo repete: “Mwen ta dwe li, koute, ak gade bagay ki fè Papa nou ki nan syèl la plezi,” pandan y ap fè jès ak men yo pou li, koute, ak gade.

Imaj
bowls of dirt and fruit

Ankouraje konpreyansyon (diskite doktrin nan): Di timoun yo ke si nou fè chwa ki pa fè Papa nou ki nan Syèl la plezi nou ka pèdi yon bagay enpòtan. Mande yo pou yo koute kisa bagay enpòtan an ye pandan w ap li premye paragraf anba tit “Divètisman ak medya” a nan bwochi Pou fòs jèn yo (gade “Prensip Levanjil” mwen yo tou). Mande timoun yo si yo tande kisa nou pèdi si nou fè move chwa (Lespri a). Divize timoun yo an twa gwoup epi fè yo youn apre lòt vizite twa estasyon sa yo: “Li,” “Koute,” ak “Gade.” Nan chak estasyon envite yo pou yo li, koute, oswa gade yon bagay ki fè Papa nou ki nan syèl la plezi. Diskite sou fason yo santi yo lè yo li, koute, ak gade bagay ki fè Bondye plezi.

3zyèm ak 4yèm semèn: Mwen ta dwe fè bagay ki ap ede m rete tou pre Papa nou ki nan syèl la jou Saba.

Idantifye doktrin nan (memorize yon ekriti): Di timoun yo ke ou pral ba yo kèk ide pou yo dekouvri yon mesaj enpòtan. Ekri premye lèt chak mo nan Egzòd 20:8 la sou tablo a (T S J S P S L). Eksplike ke lèt yo se premye lèt nan chak mo nan mesaj la. Bay pwochen ide a kote w ap montre yon foto Mozyiz ak Dis Kòmandman yo. Epi envite timoun yo pou gade Egzòd 20:8 epi li l ansanm. Kite timoun yo dekouvri koneksyon ant lèt yo sou tablo a ak ekriti yo. Ede yo memorize ekriti a nan montre lèt yo sou tablo a pandan y ap repete ekriti a plizyè fwa.

Imaj
children around teacher with basket

Adapte aktivite yo ak gwosè klas ou a ap ede ou angaje plis timoun. Nan aktivite sa a, si klas Primè w la anpil, panse pou prepare plizyè panye epi divize timoun yo an ti gwoup.

Ankouraje konpreyansyon (diskite ak kolorye): Divize timoun yo an kat gwoup. Bay chak gwoup yon paragraf nan seksyon “Obsève Jou Saba a” nan bwochi Pou fòs jèn yo pou yo li. Mande yo pou yo diskite sou paragraf la nan gwoup yo a epi apresa pataje sa yo te aprann ak lòt timoun yo. Bay chak timoun yon moso papye, epi envite yo pou yo fè desen bon bagay nou ka fè nan jou Saba a. Mande kèk timoun pou pataje desen yo a avèk rès Primè a. Ankouraje yo pou pataje sa yo te aprann yo avèk fanmi yo lakay yo.

Ankouraje konpreyansyon (fè yon aktivite ekriti): Anvan Primè a, prepare yon panye ranpli ak ti moso papye ki reprezante lamàn pou w itilize nan aktivite sa a. Ekri kesyon sa yo sou tablo a:

  • Ki manje Senyè a te bay Izrayelit yo nan dezè a?

  • Ki kantite yo te ranmase chak jou?

  • Kisa yo te gen pou fè nan sizyèm jou a?

  • Kisa ki te diferan nan Saba a?

Fè timoun yo koute repons yo pandan w ap rakonte istwa Izrayelit yo ki t ap ranmase lamàn nan (gade Egzòd 16:11–31). Mande yo pou yo kanpe lè yo tande repons pou youn nan kesyon yo. Fè yon timoun rakonte pati istwa a ki reponn kesyon an ankò. Epi kontinye avèk rès istwa a. Lè w fini, pale avèk timoun yo sou rezon ki fè Senyè a pa t vle pou Izrayelit yo ranmase lamàn nan jou Saba a. Fè timoun yo fèmen je yo epi pretann ke y ap dòmi. Byen vit simaye “lamàn” nan tout sal la. Mande timoun yo pou louvri je yo epi ranmase pati lamàn pa yo (youn oswa de moso). Mande yo pou mete lamàn nan nan yon panye. Pandan ke chak timoun ap fè sa, mande yo pou pataje yon fason apwopriye pou sanktifye jou Saba a.

Èd pou dirijan mizik la

Pou ede timoun yo aprann chante “I’m Trying to Be like Jesus” la (CS, 78–79), panse fè bagay sa yo:

  • Chante chan an pou timoun yo. Envite yo pou konte sou dwèt yo konbyen fwa ou chante mo eseye oswa ap eseye a. Chante chan an ankò, epi mande timoun yo pou bat men yo nan rit mizik la pandan w ap chante.

  • Mete senp foto avèk mo kle nan chak kouplè chan an toutotou klas Primè w la (tankou suiv, renmen, fè ak di, tante, ak koute), pandan w ap kite mi devan klas la san anyen. Mande timoun yo pou koute pandan w ap kòmanse chante chan an. Envite yo pou yo montre foto yo panse ki matche avèk mo w ap chante yo. Mande youn nan timoun yo pou deplase li mete sou mi devan an. Fè chak moun chante rive nan mo sa a nan chan an. Kontinye chante e repete aktivite a pou chak foto. Apresa fè timoun yo chante tout chan an plizyè fwa. Briyèvman temwaye sou enpòtans pou eseye vin menmjan ak Jezi a.

    Imaj
    simple pictures

    Imaj yo disponib nan sharingtime.lds.org

Enprime