Manyèl Primè ak Peryòd Echanj
Fevriye: Lè nou chwazi bon bagay, nou beni


Fevriye

Lè nou chwazi bon bagay, nou beni

“Si nou respekte kòmandman l yo l ap beni nou e l ap fè nou pwospere” (Mozya 2:22).

Chan: “Choose the Right”

(Hymns, no. 239)

Ranfòse ide yo bay la yo avèk kèk ide pa ou. Chak semèn, planifye fason pou (1) idantifye doktrin nan, (2) ede timoun yo konprann ni, ak (3) ede yo aplike li nan lavi yo. Poze tèt ou kesyon: “Kisa timoun yo pral fè pou aprann, e ki fason m ka ede yo santi Lespri a?”

1er semèn: Nowe te beni paske li te chwazi bon bagay.

Idantifye doktrin nan (jwe yon je konparezon): Desine yon senp foto batiman sou tablo a. Prepare plizyè pè foto bèt ki parèy. Bay chak timoun yon foto. Mande timoun yo pou kanpe epi repete son bèt ki nan foto yo a fè epi koute si yon lòt moun ap fè menm kalite son an. Lè timoun yo ki gen foto ki matche yo fin youn jwenn lòt, fè yo kanpe ansanm jiskaske tout bèt yo fin jwenn parèy. Mande timoun yo pou vini pa gwoup de epi pote bèt yo mete nan batiman an ou te desinen an. Mande timoun yo: “Ki pwofèt Senyè a te mande pou rasanble bèt yo nan batiman an?” Fè yo konprann ke sete yon tach siman difisil pou rasanble si anpil bèt konsa nan batiman an, men Nowe te chwazi pou obeyi sa Senyè a te kòmande a.

Imaj
ark

Ankouraje konpreyansyon (li ekriti yo): Montre timoun yo yon foto Nowe k ap preche, epi li Moyiz 8:20. Mande timoun yo poukisa yo panse moun yo pa t koute Nowe. Divize tablo a an de, epi ekri kesyon sa yo sou yon bò, avèk referans ekriti yo nan nenpòt lòd sou lòt bò a: Kisa Senyè a ta pral fè pou detwi mechan yo? (Jenèz 6:17). Kisa li te di Nowe pou l te fè pou l te sove fanmi li? (Jenèz 6:18). Kisa Nowe te fè pou l te chwazi bon bagay? (Jenèz 7:5). Mande timoun yo pou li ekriti yo pou chèche jwenn ki repons pou chak kesyon. Montre yo yon foto Nowe k ap bati batiman an. Eksplike ke pafwa li difisil pou chwazi bon bagay. Mande: “Nan ki fason Nowe te beni paske li te chwazi bon bagay?” Ankouraje yo pou yo pataje kijan yo ap beni lè yo chwazi bon bagay.

2zyèm semèn: Disip Jezi yo te beni paske yo te chwazi bon bagay.

Ankouraje konpreyansyon (li ekriti, kolore, ak itilize maryonèt): Li avèk timoun yo istwa sa yo sou fason disip Jezi yo te chwazi bon bagay: Lik 10:38–42 (Mari); Matye 4:18–20 (Pyè ak Andre); Ak 9:1–9, 17–20 (Pòl). Pale sou kèk nan benediksyon moun sa yo te resevwa paske yo te chwazi bon bagay. Desine kèk fòm figi senp pou chak timoun (oubyen itilize figi nan ekriti yo ki nan “Funstuf,” Zanmi an, Jan. 2006, 35; ak “Funstuf,” Zanmi an, Fev. 2006, 31). Fè timoun yo kolore desen yo, koupe yo, epi fè maryonèt sou ti bwa avèk yo oswa sache maryonèt. Envite yo pou itilize maryonèt yo pou re rakonte youn nan istwa yo. Pa egzanp: “Non mwen se Pòl. M te konn pèsekite moun ki t ap suiv Jezi yo. M te fè yon vizyon sou Jezi. Jezi te mande m pou m sispann pèsekite li. M te chwazi pou suiv Jezi e m te yon misyonè pou tout rès lavi mwen.”

Imaj
children with puppets

Ou kapab itilize senp maryonèt pou jwe kèk pati nan yon leson. Yo se zouti valab pou kore ide prensipal la ak pou atire atansyon timoun yo (gade APGPGA, 176–77).

Ankouraje aplikasyon (repase istwa ekriti yo): Envite timoun yo pou itilize maryonèt yo pou rakonte fanmi yo istwa ekriti yo lakay yo. Ankouraje yo pou yo pataje avèk manm fanmi yo kijan moun nan istwa yo te chwazi bon bagay ak konbyen yo te beni. Mande yo kijan yo ka chwazi bon bagay pandan semèn k ap vini an.

Imaj
puppet template

Maryonèt sou tibwa yo disponib nan sharingtime.lds.org

3zyèm semèn: Nefi te beni paske li te chwazi bon bagay.

Ankouraje konpreyansyon (patisipe nan teyat): Fè timoun yo jwe wòl kote Nefi te obeyi papa li ak Senyè a (pa egzanp, gade 1 Nefi 16:18–24, 30–32; 1 Nefi 17:8, 17–18, 48–53; 1 Nefi 18:9–21). Panse pou fè yo itilize kostim senp (pou enfòmasyon sou dramatizasyon, gade APGPGA, 165–66). Li ansanm kisa Nefi te di nan 1 Nefi 17:31 an.

Imaj
children role playing

Èd vizyèl kapab ranfòse aprantisaj. Kenbe èd vizyèl yo senp. Sa ap pèmèt timoun yo fokis sou mesaj leson an olye sou èd vizyèl la.

Ankouraje aplikasyon (chante yon chan): Montre tibwa ki make “chwa ak konsekans lan” ou te fè an Janvye a, epi envite timoun yo pou pataje sa yo sonje sou chwa ak konsekans. Di yo ke anpil benediksyon nou resevwa se konsekans bon chwa nou fè. Envite yo pou panse sou fason yo kapab menmjan ak Nefi epi fè bon chwa. Fè yo chante “Nephi’s Courage” (CS, 120–21) epi pase tibwa ki make “chwa ak konsekans lan” pandan y ap chante a. Sispann mizik la tanzantan. Lè mizik la sispann, envite timoun ki kenbe tibwa a pou pataje yon bon chwa li kapab fè. Fè timoun nan pase tibwa a bay yon lòt timoun, epi envite li pou pataje yon benediksyon ki soti nan fè bon chwa. Refè sa si w gen ase tan.

4yèm semèn: Manm legliz yo jodia beni lè yo chwazi bon bagay.

Ankouraje konpreyansyon (pataje istwa): Envite plizyè paran oswa gran paran timoun yo nan Primè w la pou pataje istwa sou fason yo menm oswa zansèt yo te chwazi bon bagay. Sa kapab enkli istwa sou fason yo te chwazi antre nan Legliz la. Anvan chak istwa, mande timoun yo pou koute fason manm Legliz sa yo te chwazi bon bagay ak kijan yo te beni paske yo te fè sa. Apre chak istwa, mande timoun yo pou rakonte kijan manm yo te beni paske yo te chwazi bon bagay. Panse pou mande timoun yo pou desine foto sou istwa yo pandan y ap tande a epi apresa pataje foto sa yo avèk lòt timoun nan Primè a ak lakay yo.

Enprime