Manyèl Primè ak Peryòd Echanj
Desanm: Jezikri se Pitit Gason Bondye.


Desanm

Jezikri se Pitit Gason Bondye.

“Gade, m se Jezikri, Pitit Gason Bondye a. M se lavi ak limyè mond la” (D&A 11:28).

Ranfòse ide yo bay la yo avèk kèk pa ou. Chak semèn, planifye fason pou (1) idantifye doktrin nan, (2) ede timoun yo konprann ni, ak (3) ede yo aplike li nan lavi yo. Mande tèt ou: “Kisa timoun yo pral fè pou aprann ak ki fason m ka ede yo santi Lespri a?”

1er semèn: Papa nou ki nan syèl la te voye Pitit Gason l la sou tè a.

Idantifye doktrin nan (repete yon aktivite vèsè): Repete aktivite vèsè sa a plizyè fwa avèk timoun yo:

Papa nou ki nan syèl la te voye Pitit Gason l lan sou tè a.

Li te vini tankou yon tibebe. (fè bèso ak bra ou)

Li te grandi menmjan avèk ou menm ak mwen menm. (bese epi leve tou dousman)

Paske li renmen nou, (men sou kè) Li te mouri pou nou. (chita)

Paske li te resisite, n ap viv ankò! (kanpe ankò)

Eksplike ke nan ekriti yo, Jezi di nou ke li se Pitit Gason Bondye. Li Doktrin ak Alyans 11:28 la fò ansanm. (Ou gen dwa envite timoun ki pi piti yo pou sèlman di “Pitit Gason Bondye” lè w ap li pati sa a nan ekriti yo.)

Imaj
children participating

Pèmèt timoun yo patisipe nan rakonte istwa ap kenbe yo atantif ak angaje.

Ankouraje konpreyansyon (desine ak koute yon istwa): Fè chak timoun desine yon sèn oswa yon moun nan istwa nesans Jezikri a (pa egzanp, Mari, Jozèf, oswa bèje yo). Rakonte istwa ki nan Lik 2:4–17 ak Matye 2:1–12an ankò. Envite timoun yo pou leve foto yo a nan moman apwopriye a nan istwa a. Ou gen dwa chante chan Nwèl nan Children’s Songbook la pandan aktivite sa a (gade paj 34–54). Pou sigjesyon sou kijan pou itilize mizik nan anseye, gade APGPGA, 172–75.

Imaj
drawing of stable
Imaj
drawing of stars
Imaj
drawing of family in stable

2zyèm semèn: Jezi te grandi an sajès ak wotè ak yon fason ki te fè Bondye ak lèzòm plezi.

Idantifye doktrin nan (chante yon chan ak memorize yon ekriti): Montre foto ki montre pwogresyon Kris la soti nan tibebe pase nan laj timoun pou rive nan laj grandèt. Chante ansanm “Jesus Once Was a Little Child” (CS, 55), epi mande timoun yo pou eksplike kisa chan an anseye sou Jezi. Ede yo memorize Lik 2:52 kote w ap itilize aksyon senp pou reprezante fason Jezi te grandi: an sajès (montre tèt yo), an wotè (detire yo), ak yon fason ki te fè Bondye (kwaze bra) ak lèzòm (voye men bay yon zanmi) plezi.

Ankouraje aplikasyon (li ekriti ak patisipe nan aktivite): Divize klas la an kat zòn, epi mete youn nan siy sa yo nan chak zòn: Jezi te grandi an sajès—D&A 88:118; Jezi te devlope—D&A 89:20; Jezi te grandi nan fason ki te fè Bondye plezi—D&A 88:63; Jezi te grandi nan fason ki te fè lèzòm plezi—Pwovèb 18:24. Prepare yon aktivite senp pou chak zòn, tankou kesyon apwopriye ak laj sou Papa nou ki nan syèl la ak kòmandman l yo (“sajès”), yon santimèt pou ekri wotè chak timoun ak papye pou desine imaj manje ki bay sante (“wotè”), ak istwa nan Zanmi an oswa Liahona sou temwayaj ak amitye (“fè Bondye plezi” ak “fè lèzòm plezi”). Eksplike ke nou tout grandi nan menm fason Jezi te grandi a—“nan sajès ak wotè, e nan fason ki fè Bondye ak lèzòm plezi” (Lik 2:52). Divize timoun yo an kat gwoup, epi mande yon grandèt pou dirije chak gwoup pou al nan youn nan afich yo, kote yo pral li ekriti a ansanm ak patisipe nan aktivite a. Jwe ti mizik dousman lè se moman pou timoun yo deplase al nan yon lòt afich.

Imaj
measuring activity

Jezi te devlope

Jezi te grandi nan fason ki te fè Bondye plezi

Nan aktivite sa a, timoun yo kapab konpare yo ak Jezikri nan rekonèt ke li te grandi menmjan avèk yo.

3zyèm semèn: Jezikri se limyè ak lavi mond lan.

Idantifye doktrin nan (fè yon aktivite ekriti): mete foto nesans ak lanmò Kris la sou lòt bò mi sal la. Di timoun yo ke ou pral li kèk ekriti ki se oubyen siy nesans Jezi oubyen siy lanmò li. Mande yo pou you vire gade foto ki mache avèk ekriti w ap li yo. (Si Primè w la pa anpil, ou gen dwa fè timoun yo mache ale nan foto yo.) Li 3 Nefi 1:15, 19, 21; 8:20, 22–23. Diskite sou fason Jezikri te pote limyè nan mond lan. Mande timoun yo pou kouvri je yo epi imajine kèk pwoblèm yo ta kapab rankontre si yo t ap viv san limyè. Konpare pwoblèm sa yo avèk sa nou t ap rankontre si nou pa t gen levanjil Jezikri a. Li Jan 8:12, epi envite yo pou koute pou wè kisa nou dwe fè pou nou pa mache nan fènwa.

Ankouraje konpreyansyon (jwe yon jwèt devinèt): Eksplike ke anpil senbòl ede nou sonje ke Jezi se limyè mond lan; gen kèk nan senbòl yo ki itilize pou Nwèl. Mete kèk nan senbòl sa yo (tankou balèn, yon zetwal an papye, oswa limyè) nan yon sache. Mande yon timoun pou foure men nan sachè a, manyen youn nan bagay yo san li pa gade, devine kisa l ye, epi apresa montre lòt timoun yo li. Mande timoun nan pou pataje yon bagay Jezikri te fè pou pote limyè nan lavi nou. Repete sa avèk lòt bagay yo.

Ankouraje aplikasyon (desine yon foto): Bay chak timoun yon solèy an papye. Fè yo ekri oubyen desine yon foto sou yon fason yo pral suiv limyè Jezikri. Ankouraje yo pou pataje papye yo a avèk fanmi yo.

Imaj
sunshine

Desen solèy yo disponib nan sharingtime.lds.org

4yèm semèn: Joseph Smith te wè Jezikri e li te temwaye konsènan li.

Ankouraje konpreyansyon (louvri kado): Vlope yon foto Premye Vizyon an kòm kado. Eksplike ke anpil moun bay kado pou selebre nesans. Mande nesans kimoun nou selebre pou Nwèl. Eksplike ke yon lòt moun enpòtan te pran nesans an Desanm tou. Envite yon timoun pou louvri kado a pou dekouvri ki moun moun sa a ye. Di timoun yo ke 23 Desanm se fèt nesans Joseph Smith. Pale sou Premye Vizyon an, epi eksplike ke nou resevwa kado enpòtan paske Joseph Smith te wè ak temwaye konsènan Jezikri. Sou tablo a, ekri: “Kado nou resevwa paske Joseph Smith te wè ak temwaye konsènan Jezikri.” Prepare kat gwo moso papye, avèk youn nan kado sa yo ekri sou chak: “Nou gen Liv Mòmon an.” Nou gen vrè Legliz la sou tè a jodia.” “Nou gen prètriz la.” “Nou konnen ke Papa nou ki nan syèl la tande ak reponn priyè.”

Imaj
gifts we have been given chalkboard
Imaj
gifts we have been given

Bann mo yo disponib nan sharingtime.lds.org

Divize timoun yo an kat gwoup. Bay chak gwoup youn nan papye yo, epi mande yo pou fè yon desen kado sa a. Mande yo pou bay yon lòt gwoup desen yo a kòm kado. Envite chak gwoup pou montre kado yo a epi eksplike lòt timoun yo kisa li ye epi mete foto a sou tablo a.

Ankouraje aplikasyon (temwaye konsènan Jezikri): Fè timoun yo fèmen je yo epi panse ak yon moun yo ta ka pataje kado levanjil la avèk li. Di yo ke yo kapab menmjan ak Joseph Smith e temwaye konsènan Jezikri.

Enprime