Manyèl Primè ak Peryòd Echanj
Me: Mwen chwazi bon bagay lè m batize ak konfime kòm manm Legliz la


Me

Mwen chwazi bon bagay lè m batize ak konfime kòm manm Legliz la

“Repanti, epi youn apre lòt vin resevwa batèm nan non Jezikri, pou Bondye padone tout peche nou yo, apre sa na resevwa don Sentespri a” (Travay 2:38).

Chante: “When I Am Baptized”

(CS, 103)

Ranfòse ide yo bay la yo avèk kèk nan pa ou. Chak semèn, planifye fason pou (1) idantifye doktrin nan, (2) ede timoun yo konprann ni, ak (3) ede yo aplike li nan lavi yo. Mande tèt ou: “Kisa timoun yo pral fè pou aprann, e ki fason m ka ede yo santi Lespri a?”

1er semèn: Si m repanti, mwen ka jwenn padon.

Ankouraje konpreyansyon (patisipe nan yon leson objè): Bay chak timoun yon ti wòch. Mande yo pou mete ti wòch la nan soulye yo, epi envite yo pou yo kanpe epi mache. Mande yo kijan yo santi yo pou mache avèk yon ti wòch nan soulye yo. Mande kijan peche se tankou ti wòch la. (Nou pa santi n byen; li rann nou mizerab.) Fè yo retire ti wòch la, epi mande kijan repanti ak resevwa padon Papa nou ki nan syèl la se tankou retire ti wòch la nan soulye nou. Eksplike ke gras avèk Jezikri, nou ka repanti e resevwa padon pou peche nou yo. Rann temwayaj ke repantans se yon benediksyon mèveye Papa nou ki nan Syèl la ba nou e li pote lajwa pou nou.

2zyèm semèn: Lè m batize ak konfime, m ap suiv egzanp Jezi.

Ankouraje konpreyansyon (jwe yon jwèt memwa ak li ekriti): Montre foto Jan Batis k ap batize Jezi ak yon timoun k ap batize. Fè timoun yo gade foto yo pandan 20 segond. Apresa kouvri foto yo epi mande timoun yo pou di ou otan de bagay yo wè ki menm nan de foto yo. Ou gen dwa fè lis repons yo sou tablo a.

Imaj
John Baptizing Jesus
Imaj
father baptizing child

Mande timoun yo pou li Doktrin ak Alyans 20:72–74 pou dekouvri kiyès ki ka batize yon moun ak fason yon batèm dwe akonpli. Envite yo pou pataje sa yo jwenn. Di yo ke moun k ap fè batèm nan dwe gen otorite prètriz la e moun k ap batize a dwe plonje nan dlo, oubyen ale totalman anba dlo a. Montre foto yo ankò. Montre yo ke ni Jezi ni timoun nan te batize plonje nan dlo, pa yon moun ki gen otorite prètriz la.

Ankouraje aplikasyon (kolore ak chante yon chan): Fè kopi paj 111 nan manyèl gadri a, Behold Your Little Ones, pou chak timoun ka kolorye. Chante “Baptism” (CS, 100–101), epi ankouraje timoun yo pou yo batize menm jan Jezi te batize a. Envite yon timoun ki fèk sot batize pou pale lòt timoun yo de batèm ni.

Imaj
nursery manual page

Manyèl gadri a disponib nan sharingtime.lds.org

3zyèm semèn: Sentespri a kapab ede mwen.

Idantifye doktrin nan (gade yon leson objè): Fè yon timoun kanpe bò pòt la. Bouche je li, epi fè l eseye jwenn chèz li pou l chita san moun pa ede li. Refè aktivite a, men fwa sa a mande yon lòt timoun pou gide timoun ak je bouche a nan touche bra li ak mennen l al nan chèz la. Pale avèk timoun yo sou rezon ki fè li te pi fasil pou timoun nan jwenn chèz li a dezyèm fwa a. Eksplike ke Sentespri a kapab ede nou nan ba nou direksyon nan lavi nou. Envite timoun yo pou yo repete: “Sentespri a kapab ede mwen.”

Imaj
blindfolded child

Itilize timoun yo nan demonstrasyon ak èd vizyèl la ap kapte atansyon yo ak ankouraje aprantisaj.

Ankouraje konpreyansyon (chante yon chak ak jwe yon jwèt konparezon): Ekri mo ede a sou tablo a. Chante “The Holy Ghost” (CS, 105), epi envite timoun yo pou konte bagay yo mansyone nan chan an ke Sentespri a fè pou nou yo.

Imaj
CTR shield

Logo CBB a disponib nan sharingtime.lds.org

Anvan Primè a, prepare 10 moso papye avèk CBB desine sou yon bò. Nan do chak papye, ekri youn nan 5 fraz sa yo ki dekri fason Sentespri a ede nou: Sentespri a rekonfòte nou, Sentespri a temwaye de Jezikri, Sentespri a anseye nou, Sentespri a di nou kisa pou nou fè oswa sa pou n pa fè, epi Sentespri a ede nou fè bon bagay (chak fraz ap sou de papye diferan). Mete papye yo sou tablo a nan lòd gaye avèk CBB a ki fè timoun yo fas. Envite yon timoun pou vire youn nan papye yo. Repete mo ki ekri nan do a ansanm. Chwazi yon lòt timoun pou vire yon lòt papye epi eseye fè l matche. Repete mo ki ekri sou do yo ansanm. Si papye yo matche, retire yo sou tablo a. Si yo pa matche, mete yo fas anba ankò. Repete sa jiskaske yo tout fin matche.

Ankouraje aplikasyon (diskite sou ekriti yo): Divize timoun yo an gwoup. Bay chak gwoup youn nan referans ekriti sa yo: Jan 14:26; Jan 15:26; 2 Nefi 32:5; D&A 11:12. Mande chak gwoup pou li ekriti yo a epi diskite sou siyifikasyon li. Envite timoun yo ak enstriktè yo pou pataje egzanp sou fason yo te santi enfliyans Sentespri a.

4yèm semèn: Lè m pran Sentsèn mwen renouvle alyans batèm mwen yo.

Ankouraje konpreyansyon (diskite sou alyans ak li ekriti): Eksplike ke yon alyans se yon pwomès sakre ant nou menm ak Papa nou ki nan Syèl la, nou pwomèt pou nou fè kèk bagay, e lè nou fè yo, li pwomèt pou beni nou. Raple timoun yo ke nou fè yon alyans avèk Papa nou ki nan syèl la lè nou batize, epi eksplike ke nou renouvle alyans sa a lè nou pran Sentsèn nan. Prepare bann mo avèk fraz nan priyè Sentsèn nan ki eksplike sa nou pwomèt lè nou pran Sentsèn nan ak sa Papa nou ki nan Syèl la pwomèt nou (gade Doktrin ak Alyans 20:77, 79). Bay kèk nan timoun yo bann mo yo, epi fè yo kanpe nan bon lòd la pandan w ap li ekriti yo fò.

Enprime