Manyèl Primè ak Peryòd Echanj
Novanm: Mwen ka chwazi pou m yon misyonè kounyeya


Novanm

Mwen ka chwazi pou m yon misyonè kounyeya

“Epi li di yo: Ale toupatou sou latè; preche levanjil la bay tout kretyen vivan” (Mak 16:15).

Ranfòse ide yo bay la yo avèk kèk pa ou. Chak semèn, planifye fason pou (1) idantifye doktrin nan, (2) ede timoun yo konprann ni, ak (3) ede yo aplike li nan lavi yo. Mande tèt ou: “Kisa timoun yo pral fè pou aprann ak ki fason m ka ede yo santi Lespri a?”

1er semèn: Mwen ka yon misyonè nan sèvi lòt moun

Ankouraje konpreyansyon (jwe wòl): Li Matye 25:34–40, epi eksplike ke lè nou sèvi lòt moun se Papa nou ki nan Syèl la n ap sèvi tou (gade Mozya 2:17) epi sèvis ap pote bonè pou nou e ap ede nou vin kapab viv avèk Bondye ankò. Fè plizyè timoun jwe kèk aksyon sèvis, tankou bay yon moun ki grangou manje, fè zanmi ak yon moun ki poukont li, oswa vizite yon moun ki malad. Fè lòt timoun yo devine kisa k ap pase nan chak wòl ki jwe yo. Montre foto kèk misyonè Mande kijan misyonè yo ap sèvi Bondye. Eksplike ke lè nou sèvi lòt moun nou jwe wòl misyonè tou.

Ankouraje aplikasyon (jwe yon jwèt): Fè yon tablo jwèt avèk yon wout ki fèt an sis koulè diferan k ap mennen ale nan yon foto Jezi. Prepare yon lawoulèt avèk sis pati kolore pou matche avèk koulè yo ki sou tablo jwèt la. Sou chak koulè ekri non yon moun timoun yo ta ka sèvi, tankou yon paran, yon zanmi, ak yon vwazen. Chwazi yon timoun pou vire lawoulèt la epi di kijan li ta ka sèvi moun ki parèt la. Apresa fè timoun nan deplase yon pyès nan jwèt la ale nan pwochen kare ki koresponn ak koulè ki sou lawoulèt la. Repete sa avèk lòt timoun yo jiskaske pyès jwèt la atenn foto Sovè a. Raple yo ke lè nou sèvi lòt moun se Bondye n ap sèvi. Chante “When We’re Helping” (CS, 198).

Imaj
game board
Imaj
games

Tablo jwèt ak lawoulèt la disponib nan sharingtime.lds.org

2zyèm semèn: Mwen ka yon misyonè nan bay bon egzanp.

Idantifye doktrin nan (gade yon leson objè): Anvan Primè a, bati yon bagay avèk blòk, epi kouvri li pou timoun yo pa wè l. (Si pa gen blòk ki disponib, ou gen dwa desine yon foto sou tablo a epi kouvri desen an avèk yon moso papye.) Dekri bagay ki kache a ak fason ou te bati li. Epi bay kèk timoun kèk blòk epi mande yo pou yo eseye bati yon bagay ki matche ak sa ou te bati a. Lè yo fini, dekouvri pa w la, epi gade ki diferans ki genyen ant yo de a. Mande timoun yo pou rebati pa yo a pandan y ap gade egzanp pa w la. Eksplike ke anpil bagay pi fasil lè nou suiv yon egzanp.

Imaj
building with blocks

Pwofite opòtinite pou ankouraje timoun yo pou yo reflechi. Reveye lespri yo avèk kesyon oswa sitiyasyon apwopriye ak laj yo kapab pouse yo aprann.

Imaj
Daniel Refusing the King’s Meat and Wine
Imaj
Three Men in the Fiery Furnace
Imaj
Daniel in the Lions’ Den

Ankouraje konpreyansyon ak aplikasyon (koute istwa ak chante chan): Montre foto epi brèfman rakonte kèk istwa nan ekriti yo kote jèn yo te tabli bon egzanp (pa egzanp, Danyèl ak zanmi l yo k ap refize bwè diven wa a [ Daniel 1:5–16]; Shadrach, Meshach, ak Abed-nego [gade Daniel 3:4–29]; ak Danyèl nan fòs lyon an [gade Daniel 6]). Montre foto misyonè yo, epi mande timoun yo nan ki fason misyonè yo se bon egzanp. Eksplike ke lè nou bay yon egzanp, nou se misyonè paske egzanp nou kapab ede lòt moun aprann plis konsènan Jezikri. Pale de lè ou konn wè timoun nan pawas ou oswa branch ou ap tabli bon egzanp.

Imaj
missionaries tracting

Mande timoun yo pou chante “Shine On” (CS, 144). Pandan y ap chante a, fè yo sikile yon solèy ki fèt sou yon moso papye nan tout sal la. Chak fwa mizik la kanpe, mande timoun ki kenbe solèy la pou l di kijan li kapab yon bon egzanp (pa egzanp, nan rete janti, di laverite, oswa envite zanmi pou vini nan Primè a).

Envite chak nan timoun yo pou fè pwòp solèy an papye pa yo avèk mo sa yo: “Mwen kapab yon bèl egzanp” ekri sou li. Fè timoun yo leve solèy yo a anlè pandan y ap chante “I Am like a Star” (CS, 163), “Jesus Wants Me for a Sunbeam” (CS, 60–61), oswa “Shine On” (CS, 144).

3zyèm semèn: Mwen ka anseye zanmi m yo sou Jezikri ak Legliz li a.

Idantifye doktrin nan (gade yon demonstrasyon): Bay youn oswa plizyè timoun lamen epi jwe wòl kote w ap envite yo pou vini nan Primè a pou aprann sou Jezi. Bay moun ki resevwa envitasyon yo enstriksyon pou envite lòt jiskaske tout timoun yo envite. Eksplike ke Senyè a vle pou nou tout misyonè nan anseye zanmi nou sou Jezikri ak Legliz li a.

Ankouraje konpreyansyon (koute yon istwa): Pataje istwa Prezidan Spencer W. Kimball ki t ap pale de yon tigason nan Primè ki sete yon bon misyonè. Yon mesye nan yon tren te poze tigason an kesyon sou Legliz Mòmon an. Tigason an te resite tout Atik Lafwa yo. Mesye a te sitèlman enpresyone palefèt ke jèn tigason sa a te konnen sa l te kwè ke l te ale Salt Lake City pou aprann plis sou Legliz la (gade Conference Report, Oct. 1975, 117–19; oswa Ensign, Nov. 1975, 77–79). Eksplike ke aprann Atik Lafwa yo kapab ede nou vin misyonè kounyeya.

Ankouraje aplikasyon (repase Atik Lafwa yo): Prepare 13 moso papye avèk yon nimewo soti 1 rive 13 sou chak. Divize timoun yo an gwoup. Fè chak gwoup chwazi yon moso papye epi travay ansanm pou aprann atik lafwa ki koresponn ak nimewo sa a. Lè chak gwoup fin pare, fè yo resite li pou lòt timoun yo epi apresa pran yon lòt papye. Kontinye si gen tan pou fè sa.

4yèm semèn: Mwen ka prepare kounyeya pou sèvi yon misyon aplentan.

Idantifye doktrin nan (gade yon leson objè ki anrapò ak travay misyonè): Prepare yon ti valiz oswa malèt ki gen bagay misyonè aplentan yo itilize, tankou soulye pou jou Dimanch, yon kravat, ak ekriti yo. Envite kèk timoun pou rale bagay sa yo nan valiz la epi montre yo pou rès timoun yo ka wè. Mande timoun yo pouki posede bagay sa yo sèlman pa vle di ke yon moun prepare pou l se yon misyonè. Li Doktrin ak Alyans 84:62, epi envite timoun yo pou koute yon lòt bagay chak misyonè bezwen (temwayaj). Temwaye sou enpòtans pou akeri yon temwayaj pèsonèl.

Imaj
suitcase activity

Planifye fason pou kapte atansyon yo nan kòmansman yon aktivite. Pa egzanp, nan aktivite sa a timoun yo pral enterese pandan y ap devine kisa yo pral rale soti nan valiz la.

Ankouraje konpreyansyon (gade foto ak reponn kesyon): Ede timoun yo konprann pati esansyèl yon temwayaj. Montre foto ki reprezante kèk nan pati sa yo (pa egzanp, Papa nou ki nan syèl la renmen nou, Jezikri se Sovè nou, Joseph Smith se yon pwofèt, Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo se vrè Legliz Senyè a, e nou dirije pa yon pwofèt vivan). Poze plizyè kesyon sou chak foto, tankou: Kisa oswa kimoun sa ye? Kisa nou konnen osijè sa? Ki fason nou ka fòtifye temwayaj nou konsènan sa? Mande timoun yo pou site moun yo ka pataje temwayaj avèk yo. Temwaye ke menmjan timoun yo pataje sa yo konnen avèk lòt moun nan, temwayaj yo ap grandi epi y ap vin prepare pou sèvi misyon.

Enprime