Manyèl Primè ak Peryòd Echanj
Kijan pou itilize mizik nan Primè a


Kijan pou itilize mizik nan Primè a

Bi mizik la nan Primè a se pou anseye timoun yo levanjil Jezikri a ak ede yo aprann viv li. Chan Primè yo rann aprantisaj la pi agreyab, yo ede timoun yo aprann ak sonje verite levanjil yo, epi yo envite Lespri nan Primè a.

Men kèk teknik ki ap ede ou anseye timoun yo levanjil la atravè mizik. Egzanp sa yo ap ede ou avèk chan yo sigjere yo nan pwogram sa a. Gade seksyon “Kijan pou itilize mizik nan Primè a” ki nan pwogram 2010 ak 2011 yo pou ide adisyonèl.

Anseye levanjil la atravè mizik

Kèk nan pi gwo leson yo anseye nan Primè a anseye atravè mizik. “Mizik ka elaji konpreyansyon timoun yo sou prensip levanjil yo ak fòtifye temwayaj yo” (APGPGA, 174). Panse pou poze kesyon sou yon chan pou ede timoun yo konprann siyifikasyon li. Pa egzanp, “Bien choisir” (Cantiques, no. 154) anseye ke nou pa poukont nou pou n pran desizyon nan lavi a; Sentespri a ap gide nou pou nou fè bon chwa. Desine twa boukliye CBB sou tablo a epi ekri kesyon sa yo andedan yo: “Kimoun ki ap gide m pou m chwazi bon bagay?” “Kilè m ap resevwa èd?” ak “Kisa yo pwomèt mwen lè m chwazi bon bagay?” Montre premye boukliye a, li kesyon an ansanm, epi mande timoun yo pou yo koute pandan w ap chante chan an epi apresa kanpe lè yo tande repons la. Fè yo chante repons la avèk ou plizyè fwa ansanm. Sa ap ede yo konekte pawòl yo ak melodi a. Repete sa avèk lòt kesyon yo. Pale sou fraz ak mo ki kapab difisil pou timoun yo konprann. Chante tout chan an, epi raple timoun yo ke lè yo chante li, yo temwaye ke Sentespri a ap ede nou si nou koute ak fè bon chwa.

Angaje tout timoun yo nan aktivite mizikal yo

Timoun tout laj ak kapasite renmen mizik e yo renmen patisipe nan aktivite mizikal. Lè chante yo ede timoun yo sonje sa yo chante a ak mesaj ki nan pawòl yo. Pandan w ap chante “Stand for the Right” (CS, 159), panse pou varye kadans ak volim chante a. Panse pou anseye tèm mizikal tankou legato (lantman ak dousman) ak staccato (vit ak fò) epi fè timoun yo chante chan an toulède fason yo.

Imaj
actions to music

Timoun renmen patisipe avèk jès tou, tankou bat men oubyen fè jès men ki koresponn ak pawòl yo. Nan chan “The Wise Man and the Foolish Man” nan (CS, 281), jès men yo ap ede timoun yo fokis sou pawòl yo nan chan an. Ou kapab itilize jès lè y ap chante “Nephi’s Courage” (CS, 120–21) la tou. Pa egzanp, mande timoun yo pou pretann ke yo kenbe yon boukliye avèk yon bra lè y ap chante “Ma prale” a, pretann ke yo kenbe yon epe lè y ap chante “M ap fè sa Senyè a kòmande yo,” epi mache anplas lè y ap chante “Mwen konnen Senyè a ap banm yon mwayen; li vle m obeyi.” Envite timoun yo pou bay kèk jès apwopriye pa yo pou nenpòt ki chan (gen kèk jès ki gen dwa pa apwopriye pou prezantasyon reyinyon Sentsèn nan).

Repase chante yo pou ranfòse prensip levanjil yo

Lè w ap anseye yon chan, w ap bezwen repete li souvan pou timoun yo ka aprann ni. Epitou w ap bezwen repase chan yo pandan tout ane a pou kenbe yo frèch nan lespri timoun yo. Lè w fin anseye yon chan, repase li epi chante li nan plizyè kalite fason amizan. Kontinye chante chan yo menm apre prezantasyon reyinyon sentsèn nan pou timoun yo ka sonje yo. Panse pou w ekri chan ou ta renmen timoun yo repase yo sou plizyè objè diferan (pa egzanp, flè nan yon veso, pwason an papye nan yon lak, plim sou yon kodenn, fèy sou yon pyebwa, oswa kè ki tepe nan tout sal la). Mande timoun yo pou yo chwazi yon objè alafwa epi chante chan an. Men kèk ide adisyonèl sou fason pou repase chan yo (èd vizyèl yo disponib nan sharingtime.lds.org):

  • Kib pou chante: Fè yon kib avèk plizyè aksyon jès ekri sou chak bò. Mande yon timoun pou woule kib la pou detèmine ki aksyon yo pral fè lè y ap chante a.

    Imaj
    kib pou chante
  • Tifi chante/Tigason chante: Fè foto yon tigason ak foto yon tifi, epi kole yo oubyen tepe yo sou tibwa diferan. Lè w ap repase yon chan, chanje foto yo pou montre kimoun ki dwe chante. Sa ap fè timoun yo patisipe aktivman.

    Imaj
    tifi chante/tigason chante
  • Maryonèt pou chante: Kopye epi koupe youn nan ilistrasyon ki nan paj 63 nan manyèl gadri a, Behold Your Little Ones, pou chak timoun kolorye. Kole oswa tepe chak ilistrasyon sou yon sachè papye pou fè maryonèt. Envite timoun yo pou yo chante avèk maryonèt yo a.

    Imaj
    maryonèt pou chante
    Imaj
    boy puppet
    Imaj
    girl puppet
  • Boul papye nan panye: Envite youn nan timoun yo pou lanse yon tisak pwa oswa boulèt papye nan yon panye. Si li reyisi nan premye lanse a, fè timoun yo chante kouplè a yon fwa; si li lanse l defwa, fè yo chante kouplè a defwa, e kontinye konsa.

    Imaj
    boul papye nan panye
Imaj
music, As a Child of God

Enprime