Manyèl Primè ak Peryòd Echanj
Septanm: Dis kòmandman yo anseye m pou m renmen Bondye ak pitit li yo.


Septanm

Dis kòmandman yo anseye m pou m renmen Bondye ak pitit li yo.

“Si nou renmen m nou dwe sèvi m epi respekte tout kòmandman m yo” (D&A 42:29).

Ranfòse ide yo bay la yo avèk kèk pa ou. Chak semèn, planifye fason pou (1) idantifye doktrin nan, (2) ede timoun yo konprann ni, ak (3) ede yo aplike li nan lavi yo. Mande tèt ou: “Kisa timoun yo pral fè pou aprann, ak ki fason m ka ede yo santi Lespri a?”

1er semèn: Nou beni lè nou respekte kòmandman yo.

Idantifye doktrin nan (gade yon leson objè): Envite yon manman pou pote ti bebe li nan klas la pou peryòd echanj. Envite timoun yo pataje kèk règ ki ap ede kenbe tibebe a an sekirite. Di yo ke nou tout se pitit Papa nou ki nan syèl la; li renmen nou e li ba nou règ oswa kòmandman ki ap kenbe nou an sekirite ak fè nou gen kè kontan. Montre yon foto Moyiz ak Dis Kòmandman yo, epi brèfman di timoun yo kijan Moyiz te resevwa kòmandman yo (gade Egzòd 19–20).

Imaj
The Ten Commandments

Ankouraje konpreyansyon (chante chan): Ekri twa fraz sa yo sou tablo a: “Respekte ak adore Bondye,” “Onore paran,” ak “Respekte lòt moun.” Di timoun yo ke Dis Kòmandman yo kapab separe an twa kategori sa yo. Divize timoun yo an gwoup epi ba yo chak yon chan ki anrapò ak youn nan kategori yo. Mande chak gwoup pou deside kimoun ki pral chante chan an (pa egzanp, ti gason sèlman, ti fi sèlman, oswa moun ki abiye an wouj). Apre chan an fini, mande yon timoun pou plase chan an nan bon kategori a. Panse pou w itilize chan sa yo: “Saturday” (CS, 196), “Quickly I’ll Obey” (CS, 197), “My Dad” (CS, 211), “The Church of Jesus Christ” (CS, 77), ak “Kindness Begins with Me” (CS, 145).

Imaj
arches

Ankouraje aplikasyon (chante yon chan): Chante: “Keep the Commandments” (CS, 146–47), epi mande timoun yo pou pote atansyon ak pwomès nou resevwa lè nou respekte kòmandman yo. Envite yo pou yo pataje ki benediksyon yo jwenn lè yo respekte kòmandman yo.

2zyèm semèn: Mwen dwe respekte ak adore Bondye.

Ankouraje konpreyansyon ak aplikasyon (li ekriti yo): Eksplike ke kat premye kòmandman Papa nou ki nan syèl te bay Moyiz yo anseye nou ke nou dwe respekte ak adore Bondye. Ekri fraz sa yo sou tablo a. Ekri referans ekriti yo sou kat moso papye.

  1. Pinga nou gen lòt Bondye pase mwen menm. (Egzòd 20:3)

  2. Pinga nou janm fè okenn . (Egzòd 20:4)

  3. Pinga nou site non Senyè nou an . (Egzòd 20:7)

  4. Sonje , pou sanktifye li. (Egzòd 20:8)

Divize timoun yo an kat gwoup. Bay chak gwoup youn nan referans ekriti yo, epi mande yo pou yo li ekriti a epi jwenn mo ki koresponn ak fraz la ki sou tablo a. Mande premye gwoup la pou ranpli espas vid yo sou tablo a epi fè lòt timoun yo repete fraz la ansanm. Diskite sou siyifikasyon kòmandman an, epi kite timoun yo sigjere kisa yo ka fè pou obeyi li. Ekri sigjesyon yo sou tablo a. Repete sa avèk lòt gwoup yo. Ankouraje timoun yo pou chwazi youn nan sigjesyon yo ki sou tablo a pou travay sou li pandan semèn nan.

3zyèm semèn: Mwen dwe onore paran mwen.

Idantifye doktrin nan (memorize yon ekriti): Briyèvman repase kòmandman timoun yo te aprann semèn pase a, epi mande kèk timoun pou pataje sa yo te fè pou viv kòmandman sa yo. Divize timoun yo an kat gwoup, epi bay chak gwoup youn nan bann mo yo ki anba la a (gade Egzòd 20:12).

Imaj
memorize a scripture

Bann mo yo disponib nan sharingtime.lds.org

Envite premye gwoup la pou kanpe, repete pawòl ki ekri sou bann mo a, epi chita, epi fè lòt gwoup yo suiv annòd. Fè gwoup yo pase bann mo yo bay yon lòt gwoup, epi repete aktivite a jiskaske tout gwoup yo li chak bann mo. Envite tout timoun yo pou kanpe epi repete kòmandman an ansanm.

Ankouraje aplikasyon (jwe yon jwèt): Divize timoun yo an gwoup. Mande chak gwoup pou panse ak yon bagay yo kapab fè pou onore paran yo. Envite chak gwoup pou mime aksyon yo, epi mande lòt timoun yo pou devine kisa y ap fè a. Lè yo devine kòrèkteman, mande youn nan timoun yo nan gwoup la pou ekri ide yo a sou tablo a.

4yèm semèn: Mwen dwe respekte lòt moun.

Idantifye doktrin nan (diskite sou respè): Di timoun yo ke yon moun trè enpòtan ap vini nan Primè a jodia. Mande yo pou montre kijan yo kapab montre respè pou moun sa a. Fè yo devine kiyès moun sa a dwe ye. Fredone “I Am a Child of God” pandan w ap kole yon zetwal an papye sou chak timoun. Eksplike ke tout moun enpòtan epi nou youn dwe trete lòt avèk respè. Di timoun yo ke plizyè nan Dis Kòmandman yo anseye nou kijan pou n respekte lòt moun.

Ankouraje konpreyansyon (diskite sou ka etid): Eksplike ke Dis Kòmandman yo anseye nou ke nou pa dwe vòlè ni bay manti; sa se youn nan fason pou montre respè pou lòt moun. Prepare plizyè ka etid (gade APGPGA, 161–62) ki prezante sitiyasyon kote timoun yo ap fè fas ak yon chwa sou onètete. Divize timoun yo an gwoup, epi bay chak gwoup kèk ka pou etidye. Mande yo pou yo li chak ka etid yo epi pale sou fason yo te kapab rete onèt nan chak sitiyasyon.

Imaj
stars

Chèche opòtinite pou montre lanmou pou chak timoun. Lè ou montre lanmou pou moun w ap anseye yo, yo vin pi sansib ak Lespri a ak pi antouzyas pou aprann (gade APGPGA, 31).

Enprime