Manyèl Primè ak Peryòd Echanj
Jiyè: Mwen chwazi bon bagay lè m viv prensip levanjil yo


Jiyè

Mwen chwazi bon bagay lè m viv prensip levanjil yo

“Se poutèt sa, an nou respekte kòmandman Senyè a” (1 Nefi 3:16).

Chante: “The Wise Man and the Foolish Man”

(CS, 281) oswa yon chan ou chwazi nan Children’s Songbook

Ranfòse ide yo bay la yo avèk kèk pa ou. Chak semèn, planifye fason pou (1) idantifye doktrin nan, (2) ede timoun yo konprann ni, ak (3) ede yo aplike li nan lavi yo. Mande tèt ou: “Kisa timoun yo pral fè pou aprann, ak kijan m ka ede yo santi Lespri a?”

1er semèn: Jèn ak lapriyè kapab fòtifye temwayaj mwen

Idantifye doktrin nan (gade yon leson objè): Prepare de bann mo: Jèn ak Lapriyè. Envite de timoun pou kanpe youn kote lòt, epi bay chak timoun youn nan bann mo yo. Fè yon lòt timoun pase nan mitan yo. Mande premye de timoun yo pou yo byen mare bra yo ansanm, epi mande lòt timoun nan pou eseye pase nan mitan yo ankò. Montre yo kijan de timoun yo solid lè yo makònen ansanm. Eksplike ke jèn ak lapriyè pi puisan lè nou itilize yo ansanm. Ekri: “Jèn ak lapriyè kapab fòtifye temwayaj mwen” sou tablo a, epi fè timoun yo repete li ansanm.

Imaj
girls holding wordstrips
Imaj
july wordstrips

Mo akòdeyon yo disponib nan sharingtime.lds.org

Ankouraje konpreyansyon (koute ekriti yo ak patisipe nan yon leson objè): Mande timoun yo pou koute kisa pitit gason Mozya yo te fè pou yo te vin solid nan levanjil la pandan w ap li Alma 17:2–3. Envite timoun yo pou gonfle mis nan bra yo chak fwa yo tande yon bagay ki te ede pitit gason Mozya yo vin fò.

Fè yon pale sou jèn kote w ap poze plizyè kesyon tankou: “Kisa jèn ye?” “Poukisa nou dwe jene?” “Kilè nou dwe jene?” e “Poukisa nou dwe priye lè n ap jene?” (gade Joseph B. Wirthlin, “The Law of the Fast,” Ensign, Me 2001, 73–75). Fè chak timoun ki di yon bagay kenbe youn nan pwent yon moso fil oswa kòd. Kenbe lòt pwent chak moso fil yo nan men ou. Nan fen diskisyon an, mande timoun ki kenbe fil yo pou vini nan mitan sal la epi trese tout pwent yo ansanm, pou yo fòme yon kòd solid. Eksplike ke chak moso fil nou ajoute sou kòd la fè l vin pi solid. Ede timoun yo konprann ke nan menm fason an tou, chak fwa nou jene ak priye nou ajoute fòs sou temwayaj nou.

Imaj
string demonstration

Yon demonstrasyon vizyèl ede timoun yo konprann konsèp ki abstrè yo.

2zyèm semèn: Jantiyès se fè ak di lòt moun bon bagay.

Idantifye doktrin nan (resite yon ekriti): Ekri “se pou nou aji byen youn ak lòt” (Efezyen 4:32) sou tablo a avèk nimewo 1 rive 8 ekri anba chak mo. Bay chak timoun yon nimewo soti 1 rive 8. Kòmanse fè tout nimewo 1 yo kanpe epi repete “se pou” epi apresa chita byen vit. Apresa fè nimwewo 2 yo kanpe epi repete “nou,” epi chita byen vit. Kontinye menm jan an avèk rès fraz la. Refè sa plizyè fwa. Epi fè tout timoun yo repete fraz la ansanm.

Ankouraje konpreyansyon (koute yon istwa ak chante yon chan): Rakonte timoun yo yon istwa sou jantiyès, tankou “Defann Caleb” (Friend, Mas. 2009, 4–5). Mande yo pou leve dwèt pous yo lè yo tande yon aksyon jantiyès nan istwa a epi mete pous yo anba lè yo tande yon aksyon ki pa janti. Chante “Kindness Begins with Me” (CS, 145). Mande epi mete yo pou kanpe lè yo chante ak kimoun nou dwe janti. Chante chan an ankò, epi fè yo pwente dwèt pous yo sou tèt yo lè y ap chante: “Jantiyès kòmanse avèk mwen menm.”

Imaj
child with watch

Itilize timoun nan demonstrasyon vizyèl yo ap angaje timoun yo epi sa ap ede yo pote atansyon ak lòt timoun yo tou.

Ankouraje aplikasyon (pataje fason pou yo janti): Idantifye plizyè moun nan lavi timoun yo (tankou papa, manman, sè, frè, granpapa, zanmi, oswa pwofesè) avèk yon mo akòdeyon, yon foto, oswa yon senp bagay (tankou yon kravat pou papa yo, oswa yon baton pou gran papa yo). Bay kèk nan timoun yo bagay yo, epi envite yo pou yo vini devan klas la. Fè chak timoun pataje yon bon bagay yo ta kapab di oswa fè pou moun nan objè yo a reprezante a. Epi fè yo pase mo akòdeyon, foto, oswa objè yo bay lòt timoun yo. Refè sa si ou gen ase tan.

3zyèm semèn: Reverans se pwofon respè ak lanmou pou Bondye.

Idantifye doktrin nan (chante yon chan): Prepare plizyè kolye an fil avèk yon kè an papye tache nan chak. Ekri yon mo oswa fraz kle ke w ap pran nan chan “Reverence Is Love” an (CS, 31) sou chak kè (pa egzanp, chita dousman, panse, santiman, etsetera). Envite plizyè timoun pou mete kolye yo. Chante “Reverans se lanmou,” epi mande timoun ki gen kolye yo pou mache ak reverans vin devan sal la lè yo tande yo repete mo ki ekri sou kè yo a nan chan an. Envite timoun ki gen kolye yo pou kanpe annòd, epi chante chan an ansanm ankò.

Imaj
hearts
Imaj
heart

Kè yo disponib nan sharingtime.lds.org

Ankouraje aplikasyon (diskite sou reverans): Prepare mo akòdeyon oubyen desine senp foto je, men, pye, zòrèy, bouch, ak lespri. Divize timoun yo an gwoup, epi fè chak gwoup chwazi youn oubyen de akòdeyon oswa foto. Fè chak gwoup pataje (avèk mo ak aksyon) plizyè fason pati sa a nan kò yo a kapab reveran nan montre respè ak lanmou pou Bondye.

Imaj
body parts
Imaj
eyes
Imaj
hands
Imaj
feet
Imaj
ears
Imaj
mouth
Imaj
brain

Imaj yo disponib nan sharingtime.lds.org

4yèm semèn: Onètete se di laverite kèlkeswa konsekans lan.

Ankouraje konpreyansyon (diskite sou konsekans): Prepare plizyè ka etid (gade APGPGA, 161–62) kote timoun yo ap fè fas ak chwa pou yo onèt oswa malonèt. Pa egzanp: “Ou frape frè w la, epi manman ou mande w poukisa l ap kriye.” Mande: “Ki konsekans sa t ap pote si ou onèt?” Epi mande: “Ki konsekans sa t ap pote si ou pa onèt?” Ede timoun yo dekouvri ke konsekans imdeyat pou onètete yo gen dwa difisil men konsekans alontèm mennen nan lapè ak bonè.

Ankouraje aplikasyon (kreye yon powèm): Envite chak klas (avèk èd enstriktè yo) pou kreye yon fraz yon liy oswa yon powèm sou onètete. Pa egzanp: “Si m di laverite, mwen pa p jamè, jamè echwe!” Envite chak klas pou pataje fraz yo a avèk lòt timoun yo. Ankouraje yo pou repete fraz la kèlkeswa lè yo jwenn tantasyon pou yo pa onèt.

Imaj
children reading scriptures

Enprime