Manyèl Primè ak Peryòd Echanj
Anseye timoun ki andikape yo


Anseye timoun ki andikape yo

Sovè a te anseye: “Tout pitit ou yo pral aprann konsènan Senyè a; e lapè pitit ou yo pral gran” (3 Nefi 22:13).

Dirijan Primè yo gen responsablite enpòtan pou anseye levanjil Jezikri a bay tout timoun, enkli timoun ki andikape yo. Primè a se yon plas kote yo dwe akeyi, renmen, nouri, ak entegre tout timoun. Nan atmosfè sa a li pi fasil pou tout timoun yo konprann lanmou Papa nou ki nan syèl la ak Jezikri epi santi ak rekonèt enfliyans Sentespri a.

Chak timoun presye pou Bondye. Yo chak bezwen lanmou, respè, ak sipò.

Pale avèk lòt moun lè w ap travay pou reponn ak bezwen timoun ki andikape yo nan Primè w la.

  1. Pale ak paran timoun nan. Paran yo abityèlman konnen pitit yo a pi byen pase tout lòt moun. Yo kapab anseye ou fason pou reponn ak bezwen li, fason pou pote atansyon, ak pi bon fason pou l aprann. Pa eganp, gen kèk timoun ki espesyalman reponn byen ak mizik, gen lòt se istwa, foto, ekriti yo, oswa mouvman. Itilize plizyè kalite metòd ansèyman, asire ou ke ou enkli fason chak timoun aprann pi byen.

    Imaj
    prayer, quiet time, singing time

    Gen kèk timoun andikape ki reponn pi byen ak èd vizyèl. Itilize èd tankou sa yo montre nou la yo pou endike lè moman an rive pou priye, pou rete trankil, oswa pou chante.

    Figi yo disponib nan sharingtime.lds.org

  2. Pale ak lòt dirijan ak enstriktè Primè. Priye epi travay ansanm pou nou jwenn mwayen pou ede chak timoun aprann levanjil Jezikri a ak santi ke nou renmen yo.

    Pou plis enfòmasyon sou fason pou ede timoun ki gen bezwen espesyal yo, gade nan Ansèyman, pa gen pi gwo apèl, 38–39, ak disabilities.lds.org.

  3. Pale avèk konsèy pawas la. Dirijan Prètriz yo ak lòt dirijan oksilyè yo kapab gen ide sou fason pou ede timoun ki gen bezwen espesyal yo. Nan yon pawas, gwoup gran prèt la te ofri pou bay yon “granpapa pou Primè” a chak semèn pou chita avèk yon jèn tigason ki te gen pwoblèm atansyon. (Lè l te posib, se te menm moun nan chak semèn.) Sa te ede tigason an fokis sou leson an ak santi ke yo renmen li.

Èldè M. Russell Ballard te anseye: “Klèman, moun nan pami nou yo ke yo konfye timoun presye sa yo gen yon responsablite nòb ak sakre, paske nou se moun Bondye chwazi pou antoure pitit li yo jodia ak lanmou ak chalè lafwa ak yon konpreyansyon sou idantite yo” (“Great Shall Be the Peace of Thy Children,” Ensign, Avr. 1994, 60).

Imaj
group of children

Enprime