Konferans Jeneral
Antere Zàm Rebelyon Nou yo
Konferans jeneral Oktòb 2024


13:12

Antere Zàm Rebelyon Nou yo

Se pou nou antere—trè, trè fon—tout eleman rebelyon kont Bondye ki nan lavi nou epi ranplase l pa yon kè ak yon lespri byen dispoze.

Liv Mòmon an rapòte ke anviwon 90 ane anvan nesans Kris la, pitit gason Mozya yo te kòmanse sa ki t ap vin yon misyon 14 ane kay Lamanit yo. Efò san siksè te fèt atravè plizyè jenerasyon pou te mennen pèp Lamanit la vin gen yon kwayans nan doktrin Kris la. Men, fwa sa a, atravè entèvansyon mirakile Sentespri a, dè milye Lamanit te konvèti epi te vin disip Jezikri.

Nou li, “Epi, menm jan Senyè a vivan tout bon an, se konsa, tout moun ki kwè oubyen ki te vin gen konesans konsènan verite a, pa mwayen predikasyon Amon ak frè l yo, daprè lespri revelasyon ak lespri pwofesi a, e pouvwa Bondye a fè mirak nan pami yo—wi, m di nou, menm jan Senyè a vivan se konsa tout Lamanit ki te kwè nan predikasyon yo, epi ki te konvèti nan Senyè a, yo pa t janm kite legliz la.”

Kle konvèsyon dirab pèp sa a anonse nan pwochen vèsè a: “Paske, yo te vin tounen yon pèp ki jis, yo te mete zam rebelyon yo atè, pou yo pa t goumen kont Bondye ankò ni kont okenn nan frè yo.”

Referans sa a “zàm rebelyon” yo te alafwa literal e osans figire. Li te vledi epe yo ak lòt zàm lagè yo, men tou, dezobeyisans yo anvè Bondye ak nan kòmandman L yo.

Wa Lamanit ki te konvèti sa yo te eksprime l nan fason sa a: “Epi kounyeya, frè m yo, kòm se tout sa nou te kapab fè, (kòm nou te pèp ki te pi kòronpi nan pami tout limanite), pou nou repanti nan tout peche ak anpil asasina nou te fè yo, epi pou nou fè Bondye wete yo nan kè noupaske se sa sèlman nou te kapab fè pou nou repanti ase devan Bondye, pou l te wete tach nousou yo.”

Remake pawòl wa a—repantans sensè yo a te non sèlman pèmèt yo jwenn padon pou peche yo, men Bondye te wete tach peche sa yo nan kè yo tou e menm dezi pou peche ki te nan kè yo a. Jan nou konnen, olye ke yo te riske retounen nan eta rebelyon kont Bondye yo te ye anvan an, yo te antere epe yo. Epi, nan antere zàm fizik yo, avèk kè ki chanje yo a, yo te antere dispozisyon yo pou peche a tou.

Nou ta ka mande tèt nou kisa nou ta ka fè pou suiv modèl sa a, pou “depoze zàm rebelyon [nou] yo” kèlkeswa sa yo ta ye epi vin si “konvèti nan Senyè a” pou tach peche ak dezi pou peche a soti nan kè nou epi nou p ap janm tonbe nan apostazi ankò.

Rebelyon kapab aktiv oswa pasiv. Egzanp klasik sou rebelyon volontè a se Lisifè, ki, nan mond premòtèl la, te opoze a plan redanmsyon Papa a epi li te ralye lòt moun pou te opoze a li tou, “epi, jou sa a, anpil te suiv li.” Li pa difisil pou disène enpak rebelyon kontinyèl sa a nan epòk pa nou an.

Triyo anti-Kris enpi nan Liv Mòmon an—Cherèm, Neyò, ak Koriyò—founi yon ka klasik sou rebelyon aktif kont Bondye. Tèz dominan Neyò ak Koriyò a sete ke pa gen peche; konsa, pa gen bezwen repantans, epi pa gen okenn Sovè. “Chak moun pwospere daprè entèlijans pa l … epi chak moun jwenn viktwa daprè fòs pa l, e yon moun mèt fè sa li vle, se pa yon krim.” Anti-Kris yo rejte otorite relijye, yo kalifye òdonans ak alyans yo kòm pèfòmans ki “etabli pa ansyen prèt, pou akeri pouvwa ak otorite.”

William W. Parmley

Yon egzanp modèn sou yon rebelyon aktif ki te byen fini se istwa William W. Phelps la. Phelps te antre nan Legliz la an 1831 epi yo te rele l kòm enprimè Legliz la. Li te edite plizyè piblikasyon, ekri pil kantite kantik, epi sèvi kòm sekretè Joseph Smith. Malerezman, li te vire kont Legliz la ak Pwofèt la, menm rive nan pwen kote l te bay fo temwayaj kont Joseph Smith nan tribinal Missouri a, sa ki te kontribye a fèmen Pwofèt la nan prizon.

Nan apre, Phelps te ekri Joseph pou mande l padon. “Mwen konn sitiyasyon m, ou konnen li, epi Bondye konnen l, … e m vle sove si zanmi m yo ap ede mwen.”

Nan repons li a, Pwofèt la te deklare: “Se vre ke nou soufri anpil kòm konsekans konpòtman w lan. … Sepandan, nou te bwè koup la, volonte Papa nou ki nan Syèl la te fèt, epi nou toujou anvi. … Vini, chè frè, puiske lagè a fini, … paske premye zanmi toujou rete zanmi ankò alafen.”

Avèk repantans sensè, William Phelps te antere “zàm rebelyon” l lan, epi yo te resevwa l an tout fratènite yon fwa ankò, epi li pa t janm apostazye ankò.

Petèt fòm rebelyon ki pi danjere kont Bondye a se vèsyon pasif la—ki se inyore volonte Li nan lavi nou. Anpil moun ki pa t ap janm konsidere yon rebelyon aktif gendwa toujou opoze a volonte ak pawòl Bondye nan pousuiv pwòp chemen yo san sousye de direksyon divin. Sa raple m chante ki te vin selèb sa gen kèk ane a ke Frank Sinatra te chante avèk fraz detèminan sa a, “Mwen te fè l fason pa m.” Sètènman, nan lavi a, gen anpil plas pou preferans pèsonèl ak chwa pèsonèl, men lè se apwopo sali ak lavi etènèl, chan nou dwe chante kòm tèm nou an se, “Mwen te fèl nan fason Bondye,” paske vrèman, pa gen okenn lòt fason.

Ann pran, paregzanp, egzanp Sovè a konsènan batèm. Li te soumèt Li anba batèm kòm yon demonstrasyon sou lwayote anvè Papa a epi kòm yon egzanp pou nou:

“Li montre pitit lèzòm fason kote, daprè kò fizik la, li gen imilite devan Papa a, e li temwaye Papa a li t ap obeyisan devan l nan respekte kòmandman li yo.

“Epi li te di pitit lèzòm yo: Suiv mwen. “Se poutèt sa, frè byenneme m yo, èske nou kapab suiv Jezi si nou pa vle respekte kòmandman Papa a?”

Pa gen “fason pa m” si nou vle suiv egzanp Kris la. Eseye jwenn yon fason diferan se tankou fitilite nan travay nan Tou de Babèl la olye ke nou aksepte Kris la ak sali L la.

Epe ak lòt zàm Lamanit konvèti yo te antere yo sete zàm rebelyon akoz fason yo te itilize yo. Menm kalite zàm sa yo nan men pitit gason yo, ke yo te itilize pou defann fanmi yo ak libète yo a, se pa t zàm rebelyon kont Bondye ditou. Sete menm bagay la lè zàm sa yo te nan men Nefit yo tou: “Men, yon pi bon kòz te enspire Nefit yo, paske yo pa t ap goumen pou monachi ni pou pouvwa … men, yo t ap goumen pou kay yo, ak libète yo, ak madanm yo, ak pitit yo, e ak tout sa yo te genyen, wi, pou rit adorasyon yo ak legliz yo”

Nan menm fason tou, gen bagay nan lavi nou ki gendwa san patipri ou menm trè bon men ki, lè nou itilize yo nan move fason, ka vin tounen “zàm rebelyon.” Langaj nou, paregzanp, kapab edifye oubyen rabese. Jan Jak te di:

“Men, pou lang lan menm [sanble] pèsonn poko ka donte li; se yon move bagay ou pa ka kontwole, li plen pwazon ki ka touye moun.”

“Avèk lang nou, nou fè lwanj Bondye, Papa nou. Avèk menm lang lan, nou bay moun madichon, moun Bondye te kreye pòtre avèk li.”

“Menm bouch la bay benediksyon, li bay madichon tou.” Frè m yo, bagay sa yo pa dwe fèt konsa.”

Gen anpil diskou piblik ak pèsonèl jodia ki gen bagay malveyan ak mechan. Gen anpil konvèsasyon ki vilgè ak pwofàn, menm pami jèn yo. Kalite diskou sa yo, ansanm ak gwosyète ak sèmante, se “zàm rebelyon” kont Bondye, ki “plen pwazon ki ka touye moun.”

Konsidere yon lòt egzanp sou yon bagay ki esansyèlman bon men ki ta ka tounen rebelyon kont direksyon divin yo—karyè yon moun. Yon moun ka jwenn reyèl satisfaksyon nan yon pwofesyon, yon vokasyon, oswa yon sèvis, e nou tout benefisye de moun devwe ak plen talan nan anpil domèn ke yo akonpli ak kreye.

Poutan, li posib ke devosyon a karyè sa a kapab vin tounen fokis prensipal lavi yon moun. Lèsa a, tout rès bagay yo vin segondè, enkli tout reklamasyon ke Sovè a kapab fè sou tan ak talan moun nan. Pou ni gason ni fi, renonse a opòtinite lejitim pou maryaj, pa atache ak konjwen ou ni pa edifye l, pa elve pitit ou, oubyen menm entansyonèlman evite benediksyon ak responsablite pou fè pitit sèlman poutèt pou w ka avanse nan karyè ou, kapab transfòme yon akonplisman estimab an yon fòm rebelyon.

Yon lòt egzanp konsène èt fizik nou. Pòl raple nou ke nou dwe glorifye Bondye nan kò nou ak nan lespri nou epi kò nou se tanp Sentespri a, “Sentespri Bondye te ban nou an, e nou pa mèt tèt nou ankò.” Konsa, nou gen yon enterè lejitim pou pase tan ap pran swen kò nou pi byen nou kapab. Pa gen anpil nan nou ki ap atenn somè pèfòmans nou te wè dènyèman nan akonplisman atlèt Je Olenpik ak Paralenpik yo, epi gen kèk nan nou ki anba efè laj, oubyen sa Prezidan Russell Ballard rele “pati nan yon edifis k ap detache.”

Men, mwen kwè ke sa fè Kreyatè nou an plezi lè nou fè sa nou kapab pou pran swen don mèveye Li ki se kò fizik nou an. Sa t ap yon mak rebelyon si yon moun ta degrade kò li, oubyen abize li, oubyen pa fè sa l ka fè pou pousuiv yon modèl lavi ki ansante. An menm tan tou, vanite ak obsesyon pou kò fizik li, aparans li, oswa abiman li kapab yon fòm rebelyon ki ale nan yon lòt ekstrèm, ki ka mennen yon moun adore don Bondye ba li a olye ke l adore Bondye.

Alafen, antere zàm rebelyon kont Bondye a senpleman vledi sede anba pèsyazyon Sentespri a, debarase nou de lòm natirèl la epi vin tounen “yon sen atravè ekspyasyon Kris, Senyè a.” Sa vledi mete premye kòmandman an anpremye nan lavi nou. Sa vledi bay Bondye priyorite. Si lanmou nou pou Bondye ak detèminasyon nou pou sèvi Li ak tout pouvwa nou, tout lespri nou ak tout fòs nou an nou vin tounen mwayen espesyal nou sèvi pou jije tout bagay ak pou nou pran tout desizyon, se antere nou antere zàm rebelyon nou yo. Atravè lagras Kris la, Bondye ap padone peche nou ak rebelyon lepase nou yo epi l ap retire tach peche ak rebelyon sa yo nan nanm nou. Avèk letan, L ap menm wete tout dezi pou nou fè mal yo nan kè nou, jan L te fè pou Lamanit konvèti sa yo nan lepase a. Apresa, noumenm tou nou “p ap [janm] apostazye ankò.”

Antere zàm rebelyon yo mennen nan yon lajwa san parèy. Avèk tout moun ki te konvèti nan Senyè a, nou santi nou “pouse pou nou chante [kantik] lanmou Redanmtè a.” Papa nou ki nan Syèl la ak Pitit Gason L lan, Redanmtè nou an, konfime angajman san fen yo pou bonè siprèm nou atravè lanmou ak sakrifis ki pi pwofon an. Nou fè eksperyans lanmou Yo chak jou. Sètènman nou ka rann yo resipwosite a avèk pwòp lanmou ak lwayote pa nou. Se pou nou antere—trè, trè fon—tout eleman rebelyon kont Bondye ki nan lavi nou epi ranplase l pa yon kè ak yon lespri byen dispoze. Nan non Jezikri, amèn.