Van An Pa T Janm Sispann Soufle
Nou kapab ede lòt moun pwogrese nan vwayaj yo pou resevwa benediksyon Bondye yo.
Nan lane 2015, nan eta Pernambuco, Brezil, 62 manm nan Sosyete Jiridik Reuben Clark la te kolabore avèk biwo Pwokirè eta a pou te mennen yon ankèt sou pwoblèm jiridik pou rezidan ki te nan kat mezon retrèt diferan. Pandan senk èdtan yon jou Samdi, avoka sa yo te poze plis pase 200 rezidan kesyon youn pa youn, sosyete a te pratikman bliye ke chak grenn moun sa yo te egziste.
Pandan entèvyou yo a, yo te dekouvri anpil krim ki te fèt kont rezidan aje sa yo tankou abandon, move tretman, ak detounman fon. Youn nan pilye prensipal sosyete jiridik sa a se pran swen moun ki pòv ak nan nesesite yo. Sèlman de (2) mwa apre, pwokirè a te depoze plen avèk siksè kont pati ki te responsab yo.
Èd yo te pote a se yon egzanp pafè sou ansèyman Wa Benjamen an ki di “Lè nou sèvi pwochen nou yo, se sèlman nan sèvis Bondye nou ye”
Yon rezidan m te pèsonèlman poze kesyon pandan pwojè pro bono a sete yon granmoun 93 lane ki gen bon kè epi ki te rele Lúcia. Rekonesan pou sèvis nou an, li te fè yon blag kote l te di byen fò, “Marye avèk mwen!”
Mwen te sezi, epi mwen te reponn li: “Voye je w lòtbò a gade bèl dam sa a! Se madanm mwen epi li se pwokirè jeneral la.”
Li te kouri reponn mwen: “E alò? Li jèn, li bèl, epi li kapab remarye byen rapid ankò. Oumenm ou se tout sa m genyen!”
Tout pwoblèm bèl rezidan sa yo pa t rezoud nan jou sa a. Yo te san okenn dout kontinye ap viv moman difisil detanzantan tankou lè Jaredit yo te nan bato yo, epi yo t ap fè vwayaj difisil la nan direksyon tè pwomiz la, “anseveli nan pwofondè lanmè a, akoz gwo kokennchenn vag ki t ap tonbe sou yo.”
Men jou Samdi sa a, rezidan ki te nan mezon retrèt sa yo te konnen ke malgre pa gen moun ki konnen yo sou tè a, yo gen yon Pè Selès ki renmen yo epi ki konnen yo pèsonèlman, Youn ki reponn menm priyè ki pi senp yo.
Mèt tout mèt yo te lakòz “yon gwo van” soufle Jaredit yo pou te mennen yo nan direksyon benediksyon yo te pwomèt yo. Menm jan an tou, nou kapab deside pou n sèvi kòm yon enb kout van nan men Seyè a. Menm jan “van an pa t janm sispann soufle” sou Jaredit yo pou te mennen yo nan tè pwomiz la, nou kapab ede lòt moun pwogrese nan vwayaj yo pou resevwa benediksyon Bondye yo tou.
Sa gen plizyè ane, lè Chris, trè chè madanm mwen avèk mwen te ale nan entèvyou pou apèl mwen kòm evèk, prezidan pieu m nan te mande pou m te reflechi nan lapriyè sou non moun m t ap rekòmande kòm konseye. Apre li te fin tande non mwen te rekòmande yo, li te di m ke gen kèk bagay mwen te dwe konnen sou youn nan frè yo.
Premyèman, frè sa a pa kapab li. Dezyèman, li pa t gen yon machin li ta kapab itilize pou vizite manm yo. Twazyèman, li te toujou—toujou—mete linèt solèy nan legliz la. Malgre enkyetid onèt prezidan an, mwen te vrèman santi ke mwen ta dwe toujou rekòmande l kòm konseye m epi prezidan pieu a te sipòte m.
Nan jou Dimanch kote yo te soutni m avèk konseye m yo nan reyinyon sentsèn nan, sipriz te parèt aklè sou vizaj manm yo. Chè frè sa a te dirije l tou dousman nan direksyon chè a, kote limyè solèy la te reflete byen klè atravè linèt solèy li yo.
Pandan li te chita bò kote m, mwen te mande l, “Frè, èske ou gen pwoblèm vizyon?”
Li te reponn “Non.”
“Alò, poukisa ou mete linèt solèy nan legliz la?” Mwen te mande. ”Zanmi mwen, manm legliz yo vle wè zye w, epi ou ta dwe kapab wè yo pi byen tou.”
Nan menm moman an, li te retire linèt solèy li a, epi li pa t janm itilize yo nan legliz la ankò.
Frè byenneme sa a te sèvi bò kote m jiskaske yo te relve kòm evèk. Jodi a, li kontinye ap sèvi fidèlman nan Legliz la epi li se yon egzanp sou devouman ak angajman anvè Seyè a, Jezikri. E poutan, sa gen dèzane, li sete yon enkoni ki te pote linèt solèy ke yo te esansyèlman bliye, chita sou ban nan chapèl la. Mwen souvan ap mande m, “Konbyen frè ak sè fidèl oubliye ki chita pami nou jodia?”
Menm si yo konnen nou byen oswa yo bliye nou, chak grenn nan nou ap inevitableman rankontre eprèv Lè nou vire jwenn Sovè a, Li kapab “konsakre afliksyon [nou] yo nan avantaj pa [nou]” epi ede nou fè fas ak eprèv yo nan yon fason ki fasilite pwogresyon espirityèl nou. Keseswa pou rezidan mezon retrèt, yon manm Legliz nou mal jije, oswa nenpòt lòt moun, nou kapab “van ki p a janm sispann soufle,” ki pote lespwa epi ki gide lòt moun nan chemen alyans lan.
Pwofèt byenneme nou an, Prezidan Russell M. Nelson, te lanse yon bèl envitasyon enspire pou jèn yo: “Mwen reyafime avèk fòs ke Seyè a mande chak jèn ki diy epi ki kapab pou prepare yo pou sèvi yon misyon. Pou jènjan Sen Dènye Jou yo, sèvis misyonè se yon responsablite prètriz. … Nou menm jèn sè ki kapab yo, yon misyon se yon opòtinite puisan tou, men li se yon opòtinite opsyonèl.”
Chak jou, dè milye jènjan ak jènfi reponn apèl pwofetik Seyè a nan sèvi kòm misyonè. Nou briyan, epi jan Prezidan Nelson te di a, nou kapab “fè plis enpak nan mond lan pase nenpòt jenerasyon anvan!” Natirèlman, sa pa vle di ke w ap vin pi bon vèsyon tèt ou nan moman ou mete pye w nan sant fòmasyon misyonè a.
Men pito, ou ka santi w tankou Nefi,“dirije pa lespri a, san ou pa konnen sa [ou] dwe fè. Men, [ou] ale kanmèm.”
Petèt ou santi ou pa an sekrite jan Jeremi te santi l la epi w anvi di, “Mwen pa kapab pale: paske m se yon timoun.”
Ou ka menm wè defo pèsonèl ou yo, epi ou anvi kriye tankou Moyiz te fè l la: “Eskize m wi, Seyè. Men, mwen pa ka pale fasil … :Men bouch mwen lou, lang mwen mare.”
Si nenpòt noumenm, jènjan ak jènfi byenneme e puisan yo, genyen yon panse konsa kounye a, sonje ke Senyè a te reponn, “Pa di se timoun ou ye. Ou gen pou ou ale bò kot tout moun m ap voye ou. Wa di yo tout sa ma ba ou lòd di yo.” Epi Li pwomèt, “Kounyeya,se poutèt sa, ale, epi m ap avèk bouch ou, pou m aprann ou sa ou dwe di.”
Transfòmasyon ou soti nan lòm natirèl pou vin espirityèl la ap fèt “liy apre liy, presèp apre presèp” pandan w ap efòse w pou w sèvi Jezikri nan chan misyon an atravè repantans chak jou, lafwa, obeyisans egzak, ak travay di pou kontinye “jwenn moun konstamman, anseye repantans, epi batize konvèti yo.”
Malgre ke ou pote yon badj, pafwa ou konn santi yo pa rekonèt ou oswa yo bliye w. Men, ou dwe sonje ke w gen yon Pè Selès ki pafè, ki konnen w pèsonèlman, ak yon Sovè, ki renmen w. W ap gen dirijan misyon, ki, malgre enpèfeksyon yo, ap kontinye sèvi w kòm “van ki pa janm sispann soufle” pou gide w atravè vwayaj konvèsyon pèsonèl ou a.
Nan “tè kote lèt ak myèl ap koule a” ou pral sèvi nan yon misyon ou, ou pral nedenouvo espirityèlman epi vin yon disip Jezikri pou tout lavi w pandan w ap rapwoche pi pre Li. Ou kapab vin konnen ke yo p ap janm bliye ou.
Menm si, gen moun ki ka tann “anpil tan” pou yo jwenn sekou, paske yo pa gen “pèsòn” ki ka ede yo kounyea, Seyè a, Jezikri, te anseye nou ke Li pa janm bliye pèsòn. Okontrè, Li sete egzanp pafè nan chèche chak moun nan chak moman ministè Li nan mòtalite a.
Chak grenn nan nou—ak moun ki bò kote nou,—ap fè fas ak pwòp tanpèt opozisyon ak vag eprèv pa nou ki anvayi nou chak jou. Men “van an [p ap janm] sispann soufle pou mennen nou nan direksyon tè pwomiz la … ; epi konsa, van an va dirije nou.”
Chak grenn nan nou ka fè pati van sa a—menm van ki te beni Jaredit yo nan vwayaj yo a, ak menm van ki, avèk èd nou, pral beni moun yo pa rekonèt epi yo bliye yo atenn pwòp tè pwomiz pa yo.
Mwen temwanye ke Jezikri se Avoka nou devan Papa a. Li se yon Bondye vivan, epi Li aji kòm gwo van ki ap toujou gide nou atravè chemen alyans lan. Nan non Jezikri, amèn.