Konferans Jeneral
Men Li Pare pou Ede Nou
Konferans jeneral Oktòb 2024


10:13

Men Li Pare pou Ede Nou

Si nou vire gade Jezikri ak lafwa, L ap toujou la pou nou.

Lè m te timoun piti, antanke fanmi, nou te al an vakans bò lanmè nan peyi natal mwen, Chili. Mwen te kontan pou m te pase kèk jou ap pwofite solèy ete a avèk fanmi m. Mwen te kontan tou paske m te panse, finalman mwen t a pral rive fè sa de pi gran frè m yo te konn fè pou amize yo nan dlo a.

Yon jou frè m yo t al jwe kote vag lanmè yo t ap kraze, epi mwen te santi m ase gran ak plen matirite pou m te suiv yo. Lè m te avanse pwoche bò zòn nan, mwen te reyalize ke vag lanmè yo te pi laj pase sa yo to sanble bò rivaj la. Toudenkou, yon vag lanmè te pwoche byen vit sou mwen, li te pran m pa sipriz. Mwen te santi kòmsi pouvwa lanati te atrap mwen, epi l te trennen m byen fon nan lanmè a. M pa t ka wè ni santi okenn pwen referans pandan dlo a t ap balote m toupatou. Jis lè m panse ke avanti m sou tè a genlè te rive nan pwen final li, mwen te santi yon men ki te rale m monte nan sifas la. Finalman, m te ka wè solèy la epi pran souf mwen.

Frè m nan, Claudio te remake efò m pou m te aji tankou yon grandèt epi li te vin pote m sekou. M pa t trò lwen rivaj la. Menmsi dlo a pa t fon, mwen te dezoryante epi mwen pa t relayize ke m te kapab ede tèt mwen. Claudio te di mwen ke m te bezwen fè plis atansyon e si m vle, li te ka ede m. Malgre galon dlo m te fin vale yo, ogèy mwen ak anvi m pou m te yon gwo gason an te pi fò, alò mwen te di l, “pa gen pwoblèm.”

Claudio te di m mwen te bezwen atake vag yo. M te panse nan tèt mwen ke m t ap asireman pèdi batay sa kont sa ki te sanble tankou yon gwo mi dlo.

Pandan yon gwo vag lanmè t ap pwoche nou, Claudio di byen vit: “Gade m; se konsa w dwe fè l.” Claudio te kouri al kontre vag lanmè ki t ap vini an epi li plonje andedan l avan l te kase. Fason li plonje a te tèlman enpresyone mwen ke m te pèdi vizyon lòt vag lanmè ki t ap vini an. Konsa, ankò, mwen te voltije al nan pwofondè lanmè a epi fòs lanati yo te sakaje mwen. Kèk segond aprè, yon men te kenbe men m, epi ankò li te rale m monte nan sifas ak nan lè a. Flanm ògèy mwen an te kòmanse ap etenn.

Fwa sa a, frè m nan te envite m plonje ansanm avèk li. Konfòm a envitasyon l lan, m te suiv li, epi nou te plonje ansanm. Mwen te santi m kòmsi m t ap konkeri defi ki te pi konplike a. Sètènman, li pa t fasil ditou, men mwen te fè l, gras a èd ak egzanp frè m nan te montre m nan. Men li te pote m sekou de fwa; egzanp li te montre m kijan pou m te fè fas a defi m nan epi jwenn laviktwa jou sa a.

Prezidan Russell M. Nelson te envite nou pou nou panse selès, e mwen vle suiv konsèy li ak aplike li a istwa ete m nan.

Pouvwa Sovè a Kont Advèsè a

Si nou panse selès, n ap konprann ke nan lavi nou n ap gen pou nou fè fas a difikilte ki sanble yo pi gwo pase kapasite nou genyen pou nou simonte yo. Nan tan nou nan mòtalite a, nou sijè anba atak advèsè a. Tankou vag lanmè yo ki te gen pouvwa sou mwen jou ete sa a, nou kapab santi nou enpuisan epi nou vle sede devan yon desten ki pi fò. “Move vag” sa yo ta gendwa sakaje nou soti nan yon bò al nan yon lòt. Men pa bliye kiyès ki gen pouvwa sou vag sa yo, epi an reyalite, sou tout bagay. Se Sovè nou an, Jezikri. Li gen pouvwa pou l ede nou simonte tout kondisyon mizerab oswa sitiyasyon defavorab. Keseswa nou santi nou pwòch Li oubyen nou lwen Li, Li toujou kapab atenn nou kote nou ye a ak jan nou ye a.

Lè nou vire al jwenn Li ak lafwa, L ap toujou la, epi nan tan pa Li, L ap pare ak dispoze pou Li gripe men nou epi rale nou monte nan yon kote ki an sekirite.

Sovè a ak Egzanp Ministè Li a

Si nou panse selès, nou va rekonèt Jezikri kòm yon egzanp pafè sou sèvis. Gen yon modèl pou nou nan ekriti yo kote Limenm ak disip Li yo lonje lamen bay yon moun ki bezwen èd, pote sekou, oswa bay yon benediksyon pandan yo lonje lmen yo. Menmjan ak istwa m nan, m te konnen frè m nan te la, men sa pa t ase pou l te la pou mwen. Claudio te konnen ke m te an danje, epi li te vini pou ede m soti nan dlo a.

Pafwa, nou panse ke nou sèlman bezwen la pou yon moun ki nan bezwen, men plizyè fawa, gen plis nou kapab fè. Kenbe yon pèspektif etènèl kapab ede nou resevwa revelasyon pou n ofri moun ki nan bezwen èd lè yo bezwen li. Nou kapab konte sou gidans ak enspirasyon Sentespri a pou nou disène ki kalite èd moun nan bezwen, keseswa se sipò tanporèl tankou rekonfò emosyonèl, manje, èd nan tach chak jou yo, oswa gidans espirityèl pou ede lòt moun prepare, fè, oswa onore alyans sakre yo nan vwayaj yo.

Sovè a Pre pou l Souve Nou

Lè Pyè, chèf Apot la, te “kòmanse mache sou dlo a pou li al jwenn Jezi … li te pè. Lè sa a, li kòmanse koule”, apresa “li pran rele: Mèt, sove m non.” Jezi te konnen lafwa Pyè te egzèse pou li te kapab vin jwenn Li nan dlo a. Konsa tou, li te konnen Pyè te pè. Dapre istwa a, Jezi te “lonje men l, li te pran Pyè,” li te di li: “Gade jan ou manke konfyans; poukisa ou pa te fin kenbe konfyans ou nèt?” Pawòl sa yo se pa t pou te reprimande Pyè men se te pou raple li ke Limenm, Mesi a, te avè li ak disip yo.

Si nou panse selès, n ap resevwa konfimasyon nan kè nou ke Jezikri vrèman se Sekou nou, Avoka nou devan Papa a, ak Redanmtè nou. Si nou egzèse lafwa nan Li, L ap sove nou nan eta dechi nou an, odela difikilte nou yo, maladi nou yo, ak bezwen nou genyen nan lavi tanporèl sa a, epi L ap bannou pi gwo nan tout kado a, kise lavi etènèl.

Sovè a Pa p Abandone Nou

Frè m nan pa t abandone m jou sa a men li te pèsiste pou mwen te kapab aprann kijan pou m te rive fè li poukont mwen. Li te pèsiste, menm si sa te mande pou l te pote m sekou defwa. Li te pèsiste menm lè m pa t kapab fè l okòmansman. Li te pèsiste pou m te kapab simonte defi sa a epi jwenn siksè. Si nou panse selès, n ap reyalize ke Sovè nou ap toujou la pou nou tout kantite fwa ki nesesè pou ofri nou asistans si nou vle aprann, chanje, simonte, andire, oswa jwenn siksè nan kèlkseswa sa ki ap pote vrè lajwa etènèl nan lavi nou.

Men Sovè a

Ekriti yo imòtalize senbòl ak siyifikasyon men Sovè a. Nan sakrifis ekspyatwa Li, klou te pèse men Li pou kloure Li sou kwa a. Apre Rezirèksyon Li, Li te parèt devan disip Li yo avèk yon kò pafè, men mak klou nan men L yo rete kòm yon rapèl sou sakrifis enfini Li a. Men Li ap toujou la pou nou, menm lè nou pa kapab wè yo oubyen santi yo okòmansman, paske Pè Selès nou an te chwazi Li pou L te Sovè nou, Redanmtè tout limanite.

Men Sovè a lonje devan

Alapòte Nou, pa Jay Bryant Ward

Men sekou Sovè a

Men Bondye, pa Yongsung Kim

Si m panse selès, mwen konnen ke nou pa p poukont nou nan lavi sa a. Pandan ke nou dwe fè fas a difikilte ak eprèv, Pè Selès nou an konnen kapasite nou epi Li konnen nou kapab andire oswa simonte difikilte nou yo. Nou dwe fè pati pa nou an epi vire al jwenn Li ak lafwa. Pitit Gason byenenme L la, Jezikri, se Sovè nou epi L ap toujou la. Nan non Li, non sakre Jezikri, amèn.

Nòt

  1. Gade Russell M. Nelson, “Panse Selès!,” Lyawona, Nov. 2023, 118.

    “Lè n ap fè chwa yo, mwen envite n pou pran vizyon pi lwen an—yon pèspektiv etènèl. Mete Jezikri an premye, paske lavi etènèl nou depann de lafwa nou nan Li ak Ekspyasyon Li a. …

    “Lè nou anfas yon dilèm, panse a bagay selès! Lè tantasyon ap teste nou, panse bagay selès! Lè lavi a oswa moun ou renmen yo abandone w, panse a bagay selès! Lè yon moun mouri prematireman, panse a bagay selès. Lè yon moun ap soufri avèk yon maladi devastan, panse a bagay selès. Lè presyon lavi a tonbe sou nou, panse a bagay selès! Pandan w ap rekipere de yon aksidan oswa blesi, jan m ap fè kounya, panse a bagay selès!”

  2. Gade Mak 4:35–41.

  3. Pandan nou kwè ke Pè Selè nou ak Jezikri gen kapasite pou yo ede nou lè nou bezwen li, èd Yo gendwa pa vini toujou jan nou espere a. Li enpòtan pou nou mete konfyans ke Yo konnen nou pi byen ke nou konnen tèt nou epi Y ap ofri sipò ak asistans ki pi bon pou nou nan bon moman an: “konnen, pitit gason m nan, tout bagay sa yo ap ba w eksperyans, epi se ap pou byen w” (Doktrin ak Alyans 122:7).

    Eprèv ak pwoblèm nou fè fas yo ede nou devlope fòs ak karaktè pou nou reziste anba tantasyon epi simonte lòm natirèl la.

  4. Gade Mat 14:31; Mak 1:31; 5:41; 9:27; Tra 3:7; 3 Nefi 18:36.

  5. Lè Prezidan Russell M. Nelson te envite nou fè sèvis pastoral nan yon nouvo fason ki pi sen an (gade “Sèvis Pastoral,” Lyawona, Me 2018, 100), li te mande tou pou nou konprann ke nouvo metòd pou nou fè sèvis pastoral la se pa pou mwen ak sa mwen vle ofri men se pou sa moun bezwen. Jezikri ban nou opòtnite pou nou renmen pwochen nou (gade (gade Lik 10:27) nan yon metòd ki pi wo pi sen.

  6. Matye 14:29–30.

  7. Matye 14:31.

  8. Pou nou ka pi byen konprann lajwa, nou bezwen konprann wòl benediksyon yo nan lavi nou. Definisyon benediksyon yo ede nou klarifye konsèp sa a: “Yon benediksyon se pou mete favè divin sou yon moun. Nenpòt bagay ki kontribye ak vre lajwa ou, byennèt, oswa posperite se yon benediksyon” (Gid Ekriti yo, “Beni, Benediksyon yo,” Libreri Levanjil). Mondlan souvon konfonn vre lajwa avèk plezi tanporè, ki imite yon “lajwa” ki pa dire lontan.

  9. See Ezayi 49:16.