Konferans Jeneral
Nouri Rasin yo, epi Branch yo Ap Grandi
Konferans jeneral Oktòb 2024


14:31

Nouri Rasin yo, epi Branch yo Ap Grandi

Branch yo nan temwayaj nou ap tire fòs soti nan lafwa apwofondi nou nan Papa nou ki nan Syèl la ak nan Pitit Gason Byeneme Li a.

Yon Ansyen Chapèl nan Zwickau

Ane 2024 la se yon ane enpòtan anpil pou mwen. Li make 75 ane depi mwen te batize ak konfime kòm manm Legliz Jezikri pou Sen Dènye jou yo nan Zwickau, Almay.

Apatenans mwen nan Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo presye pou mwen. Pou m konte nan pami pèp alyans Bondye a, avèk nou, frè m ak sè m yo, se youn nan pi gran onè nan lavi m.

Lè m reflechi sou pakou pèsonèl mwen kòm yon disip, panse m souvan tounen nan yon ansyèn vila nan Zwickau a, kote m genyen souvni presye sou asistans nan reyinyon sensèn nan Legliz Jezikri a lè m te timoun. Sa se kote semans temwayaj mwen an te resevwa premye nouriti li.

Chapèl Zwickau a te gen yon ansyen òg avèk ponp. Chak Dimanch yo te bay yon jènjan tach pou pouse monte desann gwo pedal ki t ap pouse van pou fè òg la mache a. Mwen te pafwa gen gwo privilèj pou m te ede nan tach enpòtan sa a.

Pandan kongregasyon an t ap chante bèl kantik nou yo, mwen te konn ponpe avèk tout fòs mwen pou òg la pa t manke van. Apati syèj operatè ponp yo, mwen te gen yon bèl vizyon sou kèk bèl fenèt anvit kolore, youn ki te reprezante Sovè a Jezikri ak yon lòt ki sete pòtrè Joseph Smith nan Boskè Sakre a.

Mwen ankò sonje santiman sakre mwen te genyen yo lè m t ap gade limyè solèy la nan fenèt sa yo pandan m t ap tande temwayaj Sen yo epi chante kantik Siyon yo.

Nan lye sakre sa a, Lepri Bondye te rann temwayaj nan espri ak kè m ke sa te verite: Jezikri se Sovè mond lan. Sa a se Legliz Li. Pwofèt Joseph Smith te wè Bondye Papa a ak Jezikri epi tande vwa Yo.

Pi bonè ane sa a, pandan yon tach an Ewòp, mwen te gen opòtinite pou m te retounen Zwickau. Tristeman, ansyen chapèl byenneme sa a pa la ankò. Yo te kraze li sa gen kèk ane pou fè plas pou yon gwo bilding apatman.

Kisa ki Etènèl epi Kisa Ki Pa Etènèl?

M ap admèt ke li tris pou konnen ke bilding byenneme sa a nan anfans mwen an se jis yon souvni kounyea. Se te yon bilding sakre pou mwen. Men sete jis yon bilding.

An kontras, temwayaj spirityèl mwen te jwenn nan meni Sentespri a depi anpil ane sa yo pa mouri. Anfèt, li grandi vi pi puisan. Bagay mwen te aprann yo nan jenès mwen an konsènan prensip fondamantal yo nan levanjjil Jezikri a se fondasyon solid mwen pandan tout lavi m. Koneksyon alyans mwen te fòje avèk Papa m ki nan Syèl la ak Pitit Gason Byenneme Li a rete avèk mwen—lontan apre chapèl Zwickau a te demantle epi fenèt glas tente yo te pèdi.

“Syèl la ak tè a ap pase,” Jezi te di, “men pawòl mwen yo pa p pase.”

“Paske montay yo pral sòti, e kolin yo pral deplase; men jantiyès mwen p ap kite w, ni mwen p ap retire alyans lapè mwen an nonplis, se sa Senyè a di.”

Youn nan bagay ki pi enpòtan nou ka aprann nan lavi sa a se diferans ant sa ki etènèl ak sa ki pa etènèl. Depi nou konprann sa, tout bagay chanje—relasyon nou yo, chwa nou fè yo, fason nou trete moun.

Konnen sa ki etènèl ak sa ki pa etènèl se kle pou grandi temwayaj nou konsènan Jezikri ak Legliz Li a.

Pa Pran Branch yo pou Rasin yo

Levanjil retabli Jezikri a, jan Pwofèt Joseph Smith te anseye a, “anbras[e] tout, epi chak aspè nan verite a.” Men sa pa vledi tout verite gen menm valè. Gen kèk verite ki se nwayo, ki esansyèl, nan rasin lafwa nou. Gen lòt ki se derive oswa branch—presye, men sèlman lè yo konekte avèk fondamantal yo.

Pwofèt Joseph Smith te di tou “Prensip fondamantal yo nan relijyon nou an se temwayaj Apot yo ak Pwofèt yo, konsènan Jezikri, ki te mouri, ki te antere, epi ki te leve ankò nan twazyèm jou an, epi ki te monte nan syèl; e tout lòt bagay ki anrapò avèk relijyon nou yo se sèlman derive li.”

Otreman di, Jezikri ak sakrifis ekspyatwa Li a se rasin temwayaj nou. Tout lòt bagay yo se branch.

Se pa pou di ke branch yo pa enpòtan. Yon pyebwa bezwen branch. Men jan Sovè a te di disip Li yo, “Branch la pa kapab pote fwi pou tèt pa li, eksepte si li konekte avèk rasin li.” San yon koneksyon avèk Sovè a, pou nouriti ki soti nan rasin yo, yon branch ap seche epi mouri.

Nan sa ki gen pou wè ak nouri temwayaj nou de Jezikri, m ap mande m si nou pafwa pa pran branch yo pou rasin yo. Se erè sa a Jezi te obsève kay Farizyen yo nan epòk Li a. Yo te pote tèlman anpil atansyon pou detay relativman minè yo nan lalwa a ke yo te fini pa neglije sa Sovè a te rele “bagay ki pi enpòtan yo”—prensip fondamantal yo tankou “jistis ak mizerikòd ak lafwa.”

Si ou vle nouri yon pyebwa, ou pa voye dlo sou branch yo. Ou wouze rasin yo. Menmjan tou, si ou vle pou branch temwayaj ou yo grandi epi pote fwi, nouri rasin yo. Si ou pa sèten konsènan yon doktrin patikilye oswa pratik oubyen eleman nan istwa Legliz la, chèche limyè avèk lafwa ou nan Jezikri. Chèche konprann sakrifis Li a pou ou, lanmou Li pou ou, volonte Li pou ou. Suiv Li nan imilite. Branch temwayaj ou yo pral tire fòs ki soti nan apwofondi lafwa ou nan Papa nou ki nan Syèl la ak Pitit gason Byeneme Li a.

Pa egzanp, si ou vle yon temwayaj ki pi puisan nan Liv Mòmon an, fokis sou temwayaj li konsènan Jezikri a. Note kijan Liv Mòmon an temwaye de Li, sa li anseye konsènan Li, ak fason li envite ak enspire ou pou vin jwenn Li.

Si w ap chèche yon eksperyans pi siyifikatif nan reyinyon Legliz yo oswa nan tanp lan, eseye chèche jwenn Sovè a nan òdonans sakre nou resevwa la yo. Jwenn Senyè a nan kay sakre Li a.

Si ou janm santi w fatige oswa depase pa apèl ou nan Legliz la, eseye refokis sèvis ou sou Jezikri. Fè l tounen yon ekspresyon lanmou ou pou Li.

Nouri rasin yo, epi branch yo ap grandi. Epi avèk letan, yo pral pote fwi.

Anrasinen epi Devlope nan Li

Lafwa solid nan Jezikri pa rive otomatikman. Non, nan mond mòtèl sa a, se pikan ak epin dout yo ki grandi spontaneman. Pyebwa lafwa ansante ak fètil mande efò entansyonèl. Epi yon pati vital nan efò sa a se fè sèten ke nou solidman anrasine nan Kris la.

Pa egzanp: Toudabò, nou ka vin atire sou levanjil ak Legliz Sovè a paske nou enpresyone pa manm amikal yo oswa pa yon evèk janti oswa jan chapèl la parèt pwòp. Sikonstans sa yo sètènman enpòtan pou grandi Legliz la.

Sepandan, si rasin temwayaj nou pa janm grandi pi pwofon pase sa, kisa ki pral pase lè nou rive nan yon pawas ki reyini nan yon batiman mwen enpresyonan, avèk manm ki pa tèlman amikal, epi yon evèk ki di yon bagay ki ofanse nou?

Yon lòt egzanp: Ėske sa pa sanble rezonab pou espere ke si nou kenbe kòmandman yo epi sele nan tanp, n ap jwenn benediksyon yon gran fanmi ki gen kè kontan, timoun ki briyan ak obeyisan, yo tout rete aktif nan Legliz la, sèvi misyon, chante nan koral pawas la, epi volontè pou ede netwaye chapèl la chak Samdi maten?

Mwen sètènman espere ke nou tout wè sa nan lavi nou. Men e si sa pa rive? Èske n ap rete kole ak Sovè a kèlkeswa sikonstans yo—konfye n nan Li ak tan Li?

Nou dwe mande tèt nou: Èske temwayaj mwen baze sou sa mwen espere ki rive nan lavi mwen? Èske li depann de aksyon oswa atitid lòt moun? Oubyen èske li solidman fonde sou Jezikri, “anrasinen epi ankre nan li,” kèlkeswa sikonstans k ap chanje nan lavi a?

Tradisyon, Abitid, ak Lafwa

Liv Mòmon an pale de yon pèp ki “te strik nan obsève òdonans Bondye yo.” Men apresa yon septik ki te rele Koriyò te rive, ap moke levanjil Sovè a, rele li tradisyon “stipid” ak “idyo papa yo.” Koriyò te detounen “kè anpil moun, lakoz yo anfle tèt yo nan mechanste yo.” Men gen lòt moun li pa t ka twonpe, paske pou yo, levanjil Jezikri a te plis pase yon tradisyon.

Lafwa solid lè li genyen rasin pwofon nan eksperyans pèsonèl, angajman pèsonèl pou Jezikri, endepandaman de sa tradisyon yo ye oubyen sa lòt moun di oswa fè.

Temwayaj nou pral teste epi epwouve. Lafwa se pa lafwa si li pa janm teste. Lafwa pa solid ase si l pa janm jwenn opozisyon. Donk pa pèdi espwa si ou gen eprèv lafwa oswa kesyon san repons.

Nou pa ta dwe atann pou n konprann tout bagay avan nou aji. Sa se pa lafwa. Jan Alma te anseye, “Lafwa se pa genyen yon konesans pafè.de bagay yo.” Si nou tann pou nou aji jiskaske tout kesyon nou yo jwenn repons, nou sevèman limite byen nou ka akonpli a, epi nou limite pouvwa lafwa nou.

Lafwa bèl paske li pèsiste menm lè benediksyon yo pa vini jan nou te espere a. Nou pa kapab wè lavni, nou pa konenn tout repons yo, men nou ka fè Jezikri konfyans pandan n ap kontinye avanse epi monte pi wo paske Li se Sovè ak Redanmtè nou.

Lafwa andire eprèv ak ensètitid lavi yo paske li solidman anrasinen nan Kris la ak doktrin Li a. Jezikri, ak Papa nou ki nan Syèl la ki te voye Li a, ansanm konstitye grenn objè konstan, pafètman otantik pou konfyans nou.

Yon temwayaj se pa yon bagay ke ou bati yon sèl fwa epi ki rete pou tout tan. Li plis tankou yon pyebwa ke ou kontinye nouri. Plante pawòl Bondye a nan kè nou se sèlman premye etap la. Yon fwa temwayaj ou kòmanse grandi, se lèsa a vrè travay la kòmanse! Se lèsa a ou “nouri li avèk anpil swen, pou li ka pouse rasin, epi pwodui fwi.” Li mande “gran dilijans” ak “pasyans avèk pawòl la.” Men pwomès Senyè a pou nou asire: “Nou ap rekòlte rekonpans yo pou lafwa nou, ak dilijans nou, ak payans, ak andirans, nan rete tann pou pyebwa a pwodui fwi ba nou.”

Chè frè m ak sè m yo, chè zanmi m yo, gen yon pati nan mwen ki sonje ansyen chapèl Zwickau a ak fenèt anvit tente l yo. Men nan espas 75 ane ki pase yo, Jezikri te kondui m nan yon vwayaj atravè lavi m ki pi sansasyonèl ke sa m te ka janm imajine. Li te rekonfòte m nan afliksyon m yo, ede m rekonèt feblès mwen yo, geri blesi spirityèl mwen yo, epi nouri mwen pandan lafwa m ap grandi.

Priyè ak benediksyon sensè mwen se pou nou konstaman nouri rasin lafwa nou nan Sovè a, nan doktrin Li a, ak nan Legliz Li a. Konsènan sa mwen temwaye, nan non sakre Redanmtè nou an, Mèt nou—nan non Jezikri, amèn.

Nòt

  1. Ane 2024 la make tou 30 ane depi apèl mwen kòm yon Otorite Jeneral epi 26 ane depi fanmi nou te demenaje kite Almay vini Etazini kòm rezilta apèl sa a. Epi sa gen preske egzaktan 20 ane—jou 2 Oktòb, 2004—Mwen te soutni kòm yon manm nan Kolèj Douz Apot yo ak yon temwen spesyal “pou non Kris la nan tout mond lan” (Doktrin ak Alyans 107:23

  2. Nan kèk fason, santiman m yo konsènan bilding sa a se tankou sa pèp Alma a te santi konsènan Dlo Mòmon yo—sete yon bèl andwa pou yo, paske “se la [yo] te vin jwenn konesans sou Redanmtè yo a” (Mozya 18:30).

  3. Matye 24:35; gade tou Joseph Smith—Matye 1:35.

  4. Ezayi 54:10; gade tou 3 Nefi 22:10.

  5. Prezidan Thomas S. Monson te anseye menm verite sa a avèk pawòl sa yo: “Mwen kwè ke pami pi gran leson yo nou dwe aprann nan ti vwayaj kout sa a sou tè a se leson yo ki ede nou distenge ant sa ki enpòtan ak sa ki pa enpòtan. Mwen egzòte nou pou nou pa kite bagay ki pi enpòtan sa yo pase kite nou” (“Finding Joy in the Journey,” Lyawona, Nov. 2008, 85). Menmjan an, lè Prezidan Russell M. Nelson resaman te ankouraje nou pou “panse selès,” li te di, “Mòtalite se yon klas metriz nan aprann chwazi bagay yo ki gen pi gwo enpòtans etèmèl yo” (“Panse Selès!,” Lyawona, Nov. 2023, 118).

  6. Enseignements des Presidents de l’Eglise: Joseph Smith (2007), 264; see also Enseignements des Presidents de l’Eglise: Brigham Young (1997), 16–18.

  7. Ansèyman yo: Joseph Smith, 49.

  8. Jan 15:4.

  9. Matye 23:23, Nouvo Vèsyon Ofisyèl Revize.

  10. Eske li pa enteresan pou note similarite akeyolojik yo ant kilti Amerik ansyen yo ak pèp yo nan Liv Mòmon an? Sa kapab. Eske li itil pou aprann apati resi skrib yo ak lòt yo konsènan detay yo sou fason Joseph Smith te tradui Liv Mòmon an? Se sa l ye pou kèk moun. Men anyen nan sa yo pa konstitye yon temwayaj dirab ke Liv Mòmon an se pawòl Bondye a. Pou sa, ou bezwen jwenn Sovè a nan Liv Mòmon an, tande vwa Li k ap pale ak ou. Yon fwa sa rive, li pa enpòtan pou ou ki kote ansyen vil Zarahemla te aktyèlman lokalize oswa kisa Urim ak Thummim lan te sanble. Sa yo se branch yo ki ka taye soti nan pyebwa w la si nesesè, men pyebwa a ap rete.

  11. Gade Doktrin ak Alyans 84:19–20.

  12. Gade Joy D. Jones, “Pou Li,” Lyawona, Nov. 2018, 50–52.

  13. Gade Jenèz 3:18.

  14. Prezidan Nelson envite nou tout “pou pran responsablite pwòp temwayaj [nou] de Jezikri ak levanjil Li a. Travay pou sa. Nouri li yon fason pou li ka grandi” (“Venk Mond lan epi Jwenn Repo,” Lyawona, Nov. 2022, 97).

  15. Kolosyen 2:7.

  16. Alma 30:3.

  17. Gade Alma 30:12–16, 31.

  18. Alma 30:18.

  19. Enteresaman, agiman Koriyò yo te antyèman pa konvenkan nan mitan Lamanit yo ki te resaman konvèti yo, pèp Amon an (gade Alma 30:19–20), ki pa t ap suiv Kris akòz tradisyon papa yo.

    An kontras, Liv Mòmon an pale tou de yon jenerasyon jèn moun ki te separe tèt yo de Legliz Senyè a paske “yo pa te kwè nan tradisyon papa yo” (gade Mozya 26:1–4). Li bon pou fanmi yo etabli tradisyon jis yo. Men li vrèman pi enpòtan pou fanmi yo klèman komprann rezon an ki dèyè tradisyon sa yo. Poukisa nou priye chak maten ak aswè? Poukisa nou fè etid ekriti familyal? Poukisa nou fè sware familyal chak semèn, aktivite familyal yo ak pwojè sèvis yo, ak anpil lòt bagay? Si pitit nou yo konprann kijan tradisyon sa yo atire nou pi pre Papa nou ki nan syèI la ak Jezikri, l ap pi fasil pou yo kontinye yo—epi amelyore nan yo—nan pwòp fanmi pa yo.

  20. Alma 53:21. Lafwa gen puisans pa akòz de sa l konnen men akòz de sa li

  21. Gade Ebre 10:23.

  22. Alma 32:37, 41–43.