Pitit gason ak Pitit fi Bondye yo
Nou vreman kwè ke nou tout se literalman pitit Bondye, e poutèt sa, nou gen potansyèl pou nou vin menmjan avèk Li.
Jodia, m ta renmen adrese youn nan verite levanjil la ki pi gloriye, pi jwaye, ak pi puisan Bondye te revele. An menm tan tou, se iwonikman youn nan verite ke moun souvan kritike nan nou. Yon eksperyans mwen te fè sa gen kèk ane te pwofondman fòtifye apresyasyon mwen pou vertite patikilye sa a nan levanjil la.
Antanke yon reprezantan Legliz la, mwen te resevwa yon envitasyon pou m te patisipe nan yon konferans relijye kote yo te anonse ke apati de moman sa a yo ta pral aksepte validite tout batèm ki te fèt pa prèske tout lòt legliz Kretyen, toutotan òdonans la te fèt avèk dlo epi nan non Papa an, ak Pitit la ak Sentespri a. Apresa, yo te eksplike ke règleman sa a pa t aplike pou batèm ki fèt nan Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo.
Apre konferans lan mwenmenm avèk dirijan ki te anchaj anons lan te rive apwofondi rezon ki fè yo te mete eksepsyon sa a. Nou te gen yon konvèsasyon ki te mèveye ak enstriktif.
An brèf, li te eksplike m ke eksepsyon sa a te prensipalman gen pou wè ak kwayans patikilye nou sou Divinite a, ke lòt denominasyon Kretyen yo souvan rele Trinite a. Mwen te eksprime apresyasyon mwen dèske li te pran tan l pou l te eksplike m kwayans li ak règleman legliz pa li. Nan fen konvèsasyon nou an, nou te bay akolad epi nou te di orevwa.
Pandan m t ap reflechi sou konvèsasyon nou an aprè, sa zanmi sa a te di konsènan kijan Sen Dènye Jou yo pa konprann sa li te rele “mistè Trinite a” te akable lespri m. Kisa li te vle di? E byen, li ta p pale konsènan sa nou konprann de nati Bondye. Nou kwè ke Bondye Papa a se “yon òm egzalte” avèk yon “kò chè ak zo” ki gloriye ke “moun ka touche menm jan avèk pa lòm nan; [ak] Pitit Gason an tou.” Konsa, chak fwa nou pale de nati Bondye, nan kèk fason se de nati pa nou n ap pale tou.
Sa se pa sèlman vre paske se nan “dapre imaj [Li], pou nou sanble ak [Li]” Li te kreye nou, men konsa tou paske, jan Salmis la te ekri, Bondye di, “Se bondye nou ye, nou tout se pitit Bondye ki anwo nan syèl la.” Sa a se pou nou yon doktrin presye ki retabli kounyea avèk evènman Retablisman an. An rezime, li plis ou mwen tankou sa misyonè nou yo anseye nan premye leson an, premye paragraf, premye liy: “Bondye se Papa Nou ki nan Syèl la … [;] nou se pitit Li.”
Kounyea, ou gendwa di, “men anpil moun kwè ke nou se pitit Bondye.” Wi, sa vre, men konpreyansyon yo gendwa on tijan diferan pase enplikasyon siyifikasyon pi pwofon li ke noumenm nou afime a. Pou Sen Dènye Jou yo, ansèyman sa a pa metaforik. Olyesa, nou vrèman kwè ke tout moun se literalman pitit Bondye. Li se “Papa espri [nou],” e poutèt sa, nou gen potansyèl pou nou vin tankou L, sa ki sanble imajinab pou kèk moun.
Sa fè plis pase 200 zan depi Premye Vizyon an te ouvri pòt Retablisman an. Nan epòk sa a, jèn Joseph Smith te chèche gidans soti nan syèl la pou l te ka konnen nan ki legliz pou l te mache. Atravè revelasyon li te resevwa jou sa a, ak lòt revelasyon li te resevwa, Pwofèt Joseph te jwenn konesans sou nati Bondye ak relasyon nou avèk Li antanke pitit Li.
Gras a sa, nou aprann pi klèman ke Pè Selès nou an te anseye doktrin presye sa a depi nan kòmansman an. Pemèt mwen site omwen de eksperyans nan ekriti yo pou ilistre sa.
Ou gendwa sonje enstriksyon Bondye te bay Moyiz yo jan yo ekri nan Pèl Gran Pri a.
Nou li ke “Bondye te pale avèk Moyiz, Li te di: Gade, m se Senyè Bondye Toupisan an, epi non mwen se Enfini.” Otremandi, Moyiz, m vle w konnen kiyès mwen ye. Apresa Li te ajoute, “Epi gade, ou se pitit gason mwen Apresa Li di, “Epi m gen yon travay pou ou, Moyiz, pitit gason m nan; epi ou nan resanblans Sèl Pitit Literal mwen an.” Epi finalman, Li te fini avèk, “Epi kounyeya, gadem m ap montre ou yon bagay, Moyiz, pitit gason m nan
Sanble ke Bondye te detèmine pou L te anseye Moyiz omwen grenn verite sa a: “Ou se pitit mwen,” ke Li te repete omwen twa fwa. Li pa t ka menm mansyone non Moyiz san Li pa t imedyatman ajoute ke Moyiz sete pitit Li.
Sepandan, apre Moyiz te vin poukont li, li te santi l fèb paske li pa t nan prezans Bondye ankò. Se lè sa a Satan te vin tante li. Èske nou ka wè yon modèl la a? Premye sa Satan te di Moyiz sete, “Moyiz, pitit gason lòm nanadore m.”
Nan kontèks sa a, demann Satan te fè pou l te adore li a te gendwa sèlman yon distraksyon. Yon tantasyon enpòtan pou Moyiz nan moman feblès sa a sete pou li te tonbe nan konfizyon epi kwè ke li te sèlman yon “pitit lòm”, olye de yon pitit Bondye.
“Epi, se te konsa, Moyiz te gade Satan epi Moyiz te di: Kiyès ou ye? Paske gade, m se yon pitit gason Bondye, nan resanblans Sèl Pitit Literal Li a.” Erezman, Moyiz pa t gen konfizyon epi li pa t pèmèt tèt li okenn distraksyon. Li te aprann leson sou kiyès li te ye.
Pwochen resi a nou jwenn ni nan Matye 4. Moun save yo rele li “TwaTantasyon Jezi yo” kòmsi se twa fwa sèlman Senyè nou an te gen tantasyon, sa nou konnen ki pa vre.
Plis pase san galon lank te sèvi pou rive eksplike siyifikasyon ak mesaj tantasyon sa yo. Nou konnen, chapit la kòmanse pa eksplike ke Jezi te ale nan dezè a, “[Li] te pase karant jou ak karant nuit san manje. Apre sa, Li vin grangou.”
Apresa, premye tantasyon Satan an te gen pou wè ak nesesite pou satisfè bezwen fizik Senyè a. Li te ba L defi. “Kòmande wòch sa yo fè yo tounen pen”.
Dezyèm ankourajman an te gen pou wè ak tante Bondye: “Lage kò ou anba. Paske, men sa ki ekri: Bondye va bay zanj Li yo lòd pou yo veye sou ou.”
Finalman, twazyèm tantasyon Satan an te gen pou wè ak aspirasyon ak laglwa mond lan. Apre l te fin montre Jezi “tout wayòm nan mond lan, … [Satan] di L konsa, M ap ba ou tout bagay sa yo, si ou mete w ajenou devan m pou w adore m.”
An verite, dènye tantasyon Satan yo te gendwa gen mwens pou wè ak twa pwovokasyon espesifik sa yo e plis pou wè ak tante Jezikri pou L te mete nati divin Li an kesyon. Omwen de fwa, ankourajman an te vini anvan defi Satan an nan akizasyon li “Si ou se pitit Bondye”—si w vreman kwè sa, ebyen fè sa a oubyen lòt la.
Tanpri remake ke sa ki te rive imedyatman anvan Jezi te ale nan dezè an pou Li te jene ak priye a, nou jwenn istwa batèm Kris la. Jezi soti nan dlo a. Lè sa a, yon vwa soti nan syèl la, Li di:, Sa se pitit mwen renmen anpil laLi fè kè m kontan anpil.”
Èske nou wè koneksyon an? Èske nou kapab rekonèt chema a?
Sa pa etonan ke chak fwa n ap aprann konsènan nati divin nou ak desten nou, advèsè a ki kont tout lajistis la tante nou pou nou remete yo an kesyon.
Ala diferan desizyon nou ta ye si nou te vrèman konnen kiyès nou reyèlman ye.
N ap viv nan yon mond difisil, yon mond kote ajitasyon ap ogmante, kote moun ki onorab ap eseye omwen mete aksan sou diyite imen nou, pandan ke nou fè pati yon Legliz epi nou anbrase yon levanjil ki elve vizyon nou ak envite nou ale nan sa ki divin.
Kòmandman Jezi pou nou “pafè, menm jan Bondye Papa nou ki nan syèl la pafè a” se yon refleksyon ki klè sou atant elve Li genyen ak posiblite etènèl nou. Okenn nan bagay sa yo p ap rive nan yon sèl kou. Nan pawòl Prezidan Jeffrey R. Holland, sa gen pou l rive “evantyèlman.” Men, pwomès la sèke si nou “vin jwenn Kris la” n ap “pèfeksyone nan Li.” Sa mande anpil travay—pa jis nenpòt travay, men yon travay divin. Travay Li!
Kounyea, bèl nouvel la sèke se presizeman Pè Selès nou an ki deklare, “Sa a se travay mwen ak laglwa mwen—pou m reyalize imòtalite ak lavi etènèl lòm.”
Envitasyon Prezidan Nelson nan pou nou “panse selès” la enplike yon rapèl puisan sou nati divin nou, orijin nou, ak destinasyon ki posib pou nou. Nou sèlman kapab atenn sa ki “selès” atravè sakrifis ekspiyatwa Jezikri.
Petèt se pou rezon sa a Satan te ankouraje Jezi avèk menm tantasyon an depi kòmansman an jiska lafen ministè terès Li. Matye te ekri ke pandan Jezi te sou kwa a, “moun ki t ap pase bò kote l la t ap plede joure Li, … yo t ap di, … Si ou se pitit Bondye a, desann sou kwa a.” Mwen bay Bondye lwanj ke Li pa t okipe yo men olyesa li te ofri nou chemen pou nou kapab resevwa tout benediskyon selès yo.
Annou toujou sonje ke te gen yon gwo pri ki te peye pou bonè nou.
Mwen temwaye menm jan ak Apot Paul ke “Lespri Bondye a bay lespri pa nou asirans ke se pitit Bondye nou ye. Si se pitit Bondye nou ye, nou gen pòsyon pa nou nan eritaj Bondye te pwomèt moun pa L yo, n a resevwa lwanj nan men Bondye ansanm ak Li tou.” Nan non Jezikri, amèn.