Konferans Jeneral
Suiv Kris la
Konferans jeneral Oktòb 2024


13:31

Suiv Kris la

Kòm disip Kris la, nou anseye ak temwaye de Jezikri, Modèl Pafè nou an. Donk an nou suiv Li nan renonse a chirepit.

Ane sa a plizyè milyon moun te enspire pa plan etid levanjil la selon envitasyon Sovè a “Vini, Suiv mwen.” Suiv Kris la se pa yon abitid tanporè ni okazyonèl. Se yon angajman pèmanan ak yon mòd lavi ki ta dwe gide nou tout tan ak tout kote. Ansèyman Li yo ak egzanp Li defini chemen an pou chak disip Jezikri. Epi tout moun envite pou suiv chemen sa a, paske Li envite tout moun vin jwenn Li, “nwa ak blan, esklav ak lib, gason ak fi; … epi tout moun se menm pou Bondye.”

I.

Premye etap la nan suiv Kris la se obeyi sa Li te defini kòm “gran kòmandman an nan lalwa a”:

“Se pou ou renmen Mèt la, Bondye ou ak tout kè ou, ak tout nanm ou, ak tout lide ou.

“Se kòmandman sa a ki pi gwo, ki pi konsekan.

“Epi dezyèm nan ki gen menm enpòtans avèk li, Se pou ou renmen frè parèy ou tankou ou renmen pwòp tèt pa ou.

“De kòmandman sa yo se fondasyon tout sa ki nan lalwa a ak sa pwofèt yo di. ”

Papa ak pitit gason l k ap monte sèvolan.

Kòmandman Bondye yo ofri fòs pou gide ak stabilize nou nan lavi nou. Eksperyans nou yo nan mòtalite a se tankou yon ti gason ak papa li ki t ap monte yon sèvolan nan yon jou gwo van. Pandan sèvolan an t ap monte pi wo, van yo te lakòz li mete presyon sou kòd la ki konekte avèk men ti gason an. San eksperyans devan fòs van yo nan mond lan, li te mande pou koupe kòd la pou sèvolan an te ka monte pi wo. Papa saj li a te konseye l pa fè sa, ak eksplikasyon ke kòd la se sa ki kenbe sèvolan an anplas kont van yo nan mond lan. Si nou pèdi anpriz nou sou kòd la, sèvolan an pa p monte pi wo. Li pral sibi kapriz van sa yo epi inevitableman retonbe kraze sou tè a.

Kòd esansyèl sa a reprezante alyans nou yo ki konelte nou ak Bondye, Papa nou ki nan Syèl la, epi Pitit gason Li a, Jezikri. Lè nou onore alyans sa yo nan kenbe kòmandman Yo epi suiv plan redanmsyon yo a, benediksyon Yo pwomèt nou yo abilite nou pou nou monte rive nan dimansyon selès yo.

Liv Mòmon an trè souvan deklare ke Kris la se “limyè mond lan.” Pandan aparisyon Li devan Nefit yo, Senyè resisite a te eksplike ansèyman sa a lè l te di yo, “M te tabli yon egzanp pou nou.” “M se limyè nou dwe leve anlè a—bagay nou te wè m yo.” Li se modèl nou. Nou aprann sa Li te di ak fè nan etidye ekriti yo ak suiv ansèyman pwofèt yo, jan Prezidan Russell M. Nelson te egzòte nou pou n fè a. Nan òdonans sentsèn nan, nou fè alyans chak jou Saba ke nou ap “toujou sonje li epi kenbe kòmandman li yo.”

II.

Nan Liv Mòmon an, Senyè a te ba nou nosyon debaz yo sou sa Li te rele “doktrin Kris la.” Nosyon sa yo se lafwa nan Senyè a Jezikri, repantans, batèm, resevwa don Sentespri a, andire jiskalafen, epi vin tounen tankou yon timoun piti, ki vledi pou mete konfyans nan Senyè a epi soumèt nou anba tout sa Li mande nou.

Senyè a bay de kalte kòmandman: pèmanan, tankou doktrin Kris la, ak tanporè. Kòmandman tanporè yo se sa yo ki nesesè pou bezwen yo nan Legliz Senyè a nan sikonstans tanporè yo, men ki dwe mete akote lè bezwen an pa egziste ankò. Yon egzanp kòmandman tanporè se direksyon Senyè a pou premye dirijan yo nan Legliz la soti Nouyòk pou ale Owayo, ale Mizouri, ale Ilinwa, epi finalman dirije egzòd pyonye yo ale nan Montay Lwès yo. Malgre yo te sèlman tanporè, pandan yo te toujou an vigè kòmandanman sa yo te bay pou moun obeyi yo.

Kèk kòmandman pèmanan te pran anpil anpil tan pou tout moun te vin obsève yo. Pa egzanp, diskou selèb Prezidan Lorenzo Snow sou lwa ladim nan te mete aksan sou yon kòmandman ki te bay avansa men ki pa te jeneralman obsève pa manm Legliz la. Li te bezwen reaksantye nan sikonstans yo ke Legliz la ak manm li yo t ap fè fas lèsa a. Egzanp ki pi resan yo you reaksantye yo sete yon nesesite akòz sikonstans aktyèl yo ke Sen Dènye jou yo nan Legliz la t ap fè fas. Sa yo enkli pwoklamasyon sou fanmi an ki te pibliye pa Prezidan Gordon B. Hinckley sa gen yon jenerasyon epi apèl resan Prezidan Russell M. Nelson pou moiun konnen Legliz la pa non ki te revele pou li a, Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo.

III.

Yon lòt nan ansèyman Sovè a sanble te bezwen reaksantye pou sikonstans yo nan epòk nou an.

Moman sa a se yon peryòd anpil pawòl mechan ak blesan nan echanj an piblik yo epi pafwa menm nan fanmi nou yo. Diferans tranchan yo sou kesyon politik piblik yo souvan abouti nan aksyon ostilite—menm layèn—nan relasyon an piblik ak pèsonèl yo. Atmosfè ostilite sa a pafwa menm paralize kapasite pou fè lwa sou sijè denpòtans yo kote pifò sitwayen yo idantifye yon bezwen ijan pou kèk aksyon nan enterè majorite a.

Kisa disip Kris yo ta dwe anseye ak fè nan moman sa pou kominikasyon toksik sa yo? Kisa Li te anseye e bay kòm egzanp?

Sovè a k ap anseye Nefit yo:

Li siyifikatif ke pami premye prensip yo ke Jezi te anseye lè Li te parèt devan Nefit yo sete pou evite chirepit. Pandan Li te anseye sa nan kontèks konfli sou doktrin relijye yo, rezon Li te bay yo klèman aplike pou kominikasyon ak relasyon yo nan deba politik yo, politik piblik, ak relasyon nan fanmi yo. Jezi te anseye:

“Yon moun ki gen lespri chirepit se pa mwen ki voye l, men se dyab la, ki se papa chirepit, e li soulve kè lèzòm pou yo goumen nan kòlè youn ak lòt.

“Gade, se pa doktrin pa m, pou soulve kè lèzòm nan kòlè youn kont lòt; men, doktrin mwen se pou bagay konsa sispann.”

Nan rès ministè Li nan mitan Nefit yo, Jezi te anseye lòt kòmandman ki etwatman gen pou wè ak entèdiksyon Li pou chirepit. Avansa Li te anseye chak nan sa yo nan gwo Diskou Li a sou Montay nan, dabitid nan presizeman menm langaj la Li te itilize apresa avèk Nefit yo. Mwen pral site langaj Biblik ki familye:

Sovè a k ap ansenye nan Jerizalèm.

“Renmen ènmi nou, beni moun ki modi nou, fè byen ak moun ki rayi nou, e priye pou moun ki maltrete nou ak moun ki pèsekite nou.”

Sa se youn nan kòmandman Kris yo ki pi popilè—pi revolisyonè ak pi difisil pou suiv. Men li se yon pati ki pi fondamantal nan envitasyon Li pou tout moun pou suiv Li. Jan Prezidan David O. McKay te anseye, “Pa genyen okenn meyè fason pou manifeste lanmou pou Bondye pase montre yon lanmou dezenterese pou sanblab nou yo.”

Pati opoze yo nan medyasyon.

Me yon lòt ansèyman fondamantal de Li ki se modèl nou: “Tout moun ki renmen mete lapè, yo beni, paske y ap rele yo pitit Bondye.”

Atizan Lapè yo! Ala sa t ap chanje relasyon pèsonèl yo si disip Kris yo te rejte pawòl mechan ak blesan yo nan tout kominikasyon nou yo.

Nan konferans jeneral ane pase a, Prezidan Russell M. Nelson te ba nou defi sa yo:

Youn nan fason pi fasil pou idantifye yon vrè disip Jezikri se nan jan moun sa a trete lòt moun avèk konpasyon.

Vrè disip Jezikri yo se patizan lapè.6

“… Youn nan pi bon fason nou ka onore Sovè a se nan vin tounen yon atizan lapè.”

Nan konklizyon ansèyman li yo: “Chirepit se yon chwa. Chèche fè lapè se yon chwa. Ou gen libabit ou pou chwazi chirepit oswa rekonsilyasyon. Mwen egzòte nou pou n chwazi pou vin atizan lapè, kounyea e pou tout tan.”

Nan diskisyon yo pati advèsè potansyèl yo ta dwe idantifye pwen komen ke yo tout dakò sou li.

Pou suiv Modèl Pafè nou an ak Pwofèt Li, nou bezwen pratike sa ke yo rele jeneralman Règ Dò a: “Tout bagay ou ta renmen pou lèzòm fè pou ou, fè menm jan pou yo: paske sa se lallwa a ak pwofèt yo.” Nou bezwen renmen epi aji byen ak tout moun. Nou bezwen evite chirepit epi tounen atizan lapè nan tout kominikasyon nou yo. Sa pa vledi pou nou aksepte konpwomi sou prensip ak priyorite nou yo men pou n sispann atake lòt moun pou pa yo. Se sa Modèl Pafè nou an te fè nan ministè Li. Sa se egzanp Li te tabli pou nou, lè Li te envite nou pou suiv Li.

Sa gen kat ane nan konferans sa a, Prezidan Nelson te ba nou yon defi pwofetik pou epòk pa nou an:

“Èske w dispoze pou w kite Bondye gen priyorite nan lavi ou? Èske w dispoze pou w kite Bondye vin pi gwo enfliyans nan lavi ou? Èske w ap pèmèt pawòl Li yo, kòmandman Li yo, ak alyans Li yo enfliyanse sa w ap fè chak jou? Èske w ap pèmèt vwa Li gen priyorite sou tout lòt vwa?”

Senyè a, Jezikri

Kòm disip Kris la, nou anseye ak temwaye de Jezikri, Modèl Pafè nou an. Donk an nou suiv Li nan renonse a chirepit. Pandan n ap defann politik nou prefere yo nan aksyon piblik yo, an nou kalifye n pou benediksyon Li yo nan itilize langaj ak metòd atizan lapè yo. Nan fanmi nou yo ak lòt relasyon pèsonèl yo, an nou evite bagay ki mechan ak blesan yo. Se pou nou chèche pou n vin sen, tankou Sovè nou an, ke nan non sakre li mwen temwaye epi chèche benediksyon Li pou ede nou vin Sen, nan non Jezikri, amèn. Nan non Jezikri, amèn.