Konferans Jeneral
Chèche Li ak Tout Kè Nou
Konferans jeneral Oktòb 2024


12:3

Chèche Li ak Tout Kè Nou

Si Jezikri te chèche moman trankil pou l te an kominyon avèk Bondye epi fòtifye pa Limenm, li t ap saj pou nou ta fè menm bagay la tou.

Sa gen kèk ane, madanm mwen avèk mwen te sèvi kòm dirijan misyon nan Tokyo, Japon. Pandan yon vizit Èldè Russell M. Nelson nan misyon nou an, youn nan misyonè yo te mande l kijan pou l ta pi byen reyaji lè yon moun di yo ke l twò okipe pou l koute yo. San ezitasyon, Prezidan Nelson te di, “Mwen t ap mande yo si yo twò okipe pou pran dejene, epi apresa anseye yo ke yo gen yon kò ak yon lespri, epi menmjan kò yo ap mouri si l pa nouri a, se menmjan tou lespri yo ap mouri si l pa nouri pa bon pawòl Bondye a.”

Li enteresan pou note ke mo Japonè pou “okipe” a, isogashii, ekri avèk yon karaktè ki konpoze pa de senbòl (). Sa bò goch la siyifi “kè” oswa “lespri,” epi sa bò dwat la siyifi “lanmò”—ki sigjere petèt, jan Prezidan Nelson te anseye a, ke si nou twò okipe pou nouri lespri nou, sa ka fè nou mouri spirityèlman.

Senyè a te konnen—nan mond an vitès sa a, ki plen distraksyon ak ajitasyon an—ke rezève tan pou Li se t ap youn nan pi gwo difikilte epòk nou an. Pa lentèmedyè pwofèt Ezayi, Li te bay pawòl konsèy ak avètisman sa yo ki ka konpare avèk epòk ajite kote n ap viv la:

“Se nan retounen ak repo ke n ap sove; nan ret dousman ak nan konfyans ke fòs nou ap ye; epi nou pa t vle.

“Men nou te pito di: Ann moute chwal nou kouri ale. Enben, ale! Ale non! Sove kò nou! Nou te pito di: na moute sou chwal ki konn kouri. Men tou, sa k ap kouri dèyè nou yo pral kouri pi vit pase nou!”

Otremandi, byen ke sali nou depann sou retounen al jwenn Li souvan epi repoze anba sousi mond lan, nou pa vle fè sa. Epi menmsi konfyans nou ap vini soti nan yon fòs nou devlope nan moman trankil kote nou chita avèk Senyè a nan meditasyon ak refleksyon yo, nou pa fè sa. Poukwa pa? Paske nou di, “Non, nou okipe avèk lòt bagay—n ap kouri sou cheval nou, si m ka di sa. Konsa, n ap elwanye nou plis an plis ale lwen Bondye; n ap ensiste pou n ale pi vit e pi vit toujou; epi, pi vit nou kouri, se plis Satan ap pousuiv nou.

Petèt se poutèt sa Prezidan Nelson egzòte nou san rete pou nou rezève tan pou Senyè a nan lavi nou—“chak grenn jou.” Li raple nou ke “moman trankilite yo se moman sakre—moman ki ap fasilite revelasyon pèsonèl epi enspire lapè.” Men pou nou tande ti vwa dous Senyè a, li konseye, “noumenm tou nou dwe trankil.”

Men, pou nou rete kalm, sa mande plis pase rezève tan pou Senyè a—sa mande pou nou abandone panse dout ak laperèz nou yo epi konsantre kè nou ak lespri nou sou Li. Èldè David A. Bednard te anseye, “Avètisman Senyè a pou ‘ret trankil’ la enplike plis pase jis pa pale oubyen pa bouje.” Ret trankil, li te anseye, “se petèt yon fason pou raple nou pou nou konsantre sou Sovè a san fay.”

Ret trankil se yon zak lafwa epi sa mande efò. Lectures on Faith deklare, “Lè yon moun aji pa lafwa, li aji selon yon efò mantal.” Prezidan Nelson te deklare, “Atansyon nou dwe konsantre sou Sovè a ak levanjil Li a. Sa mande anpil rigè mantal pou n fè efò pou n leve je gade Li nan chak panse. Men, lè nou fè sa, dout ak laperèz nou yo efase.” An palan de nesesite pou nou konsante lespri nou an, Prezidan David O. McKay te di: “Mwen panse ke nou pa pote ase atansyon a valè meditasyon, yon prensip devosyon. … Meditasyon se youn nan … pòt ki pi sakre nou ka pase pou nou antre nan prezans Senyè a.”

Gen yon mo an Japonè, mui, ki, pou mwen, kapte pi gwo sans lafwa ak meditatif sou kisa sa vledi pou ret trankil. Li konpoze pa de karaktè (無為). Karaktè agoch la vledi “anyen” oswa “neyan,” epi sa ki adwat la vledi “fè.” Ansanm yo vledi “pa fè.” Si nou pran l literalman, mo a ta ka mal entèprete kòmsi l vledi “pa fè anyen” nan menm fason “ret trankil” kapab mal entèprete kòm “pa pale oubyen pa bouje.” Sepandan, tankou ekspresyon “Ret trankil” la, li gen yon pi gwo sans; pou mwen, li se yon rapèl pou nou ralanti epi viv avèk yon pi gwo priz de konsyans spirityèl.

Pandan m t ap sèvi nan Prezidans Entèrejyon Nò Azi a avèk Èldè Takashi Wada, mwen te aprann ke madanm ni, Sè Naomi Wada, sete yon kaligraf Japonè akonpli. Mwen te mande Sè Wada si l ta renmen desine pou mwen karaktè Japonè pou mo muia. Mwen te vle mete kaligrafi a sou mi lakay mwen kòm yon rapèl pou m ret trankil ak konsantre sou Sovè a. Mwen te etone lè li pa t tousuit dakò avèk demand aparaman senp sa a.

Nan demen, konesan ke m te ka siman mal konprann ezitasyon l lan, Èldè Wada te eksplike m ke ekri karaktè sa yo t ap mande yon efò siyifikatif. Li t ap bezwen reflechi ak medite sou konsèp la ak karaktè yo jiskaske l te konprann sans pwofon yo nan nanm li epi l te ka eksprime tout enpresyon sensè sa yo avèk chak kout penso. Mwen te santi m anbarase dèske m te si lejèman mande l pou l te fè yon bagay ki te si egzijan konsa. Mwen te mande l pou l te prezante sè a ekskiz mwen pou inyorans mwen epi pou te fè l konnen ke m te retire demand mwen an.

Karaktè Japonè nan biwo Evèk Budge.

Nou ka imajine sipriz ak gratitid mwen lè anvan m te kite Japon, Sè Wada, san m pa t mande l, te fè m kado bèl pyès kaligrafi sa a ki te genyen karaktè Japonè pou mo muia. Li akwoche kounyea byen vizib sou mi biwo mwen, pou raple m pou m chèche Senyè a chak jou epi sèvi Li ak tout kè m, tout panse m, lespri m, ak fòs mwen. Li te kaptire, nan aksyon plen jenewozite sa a, sans mui, oubyen imobilite, pi byen pase nenpòt kijan lòt mo ta kapab. Olye ke l te desine karaktè yo san reflechi e pasivman, li te apwoche kaligrafi l la avèk tout kè li ak entansyon reyèl.

Menmjan tou, Bondye vle pou nou apwoche tan n ap pase avèk Li a avèk menm kalite devosyon sensè a tou. Lè nou fè sa, adorasyon nou vin tounen yon ekspresyon sou lanmou nou pou Li.

Li anvi pou nou an kominyon avèk Li. Yon jou, apre m te fin fè envokasyon nan yon reyinyon avèk Premye Prezidans lan, Prezidan Nelson te vire gade m epi l te di, “Pandan w t ap priye a, mwen t ap panse a konbyen Bondye dwe apresye lè nou pran tan nan orè chaje nou yo pou nou rekonèt Li.” Sete yon rapèl senp men puisan sou kisa sa vledi pou Senyè a lè nou pran tan pou nou an kominyon avèk Li.

Byenke Li vle gen atansyon nou, Li p ap fòse nou vin jwenn Li. Pou Nefit yo, Senyè resisite a te di, “Konbyen fwa m te vle rasanble nou tankou yon manman poul rasanble ti poul li yo, epi nou pa t vle.” Li te kontinye avèk envitasyon plen espwa sa a ki aplike pou nou tou jodia: “Konbyen fwa mwen pral rasanble nou menmjan yon manman poul rasanble ti poul li yo anba zèl li, si nou repanti epi retounen vin jwenn mwen avèk kè nou byen dispoze.”

Levanjil Jezikri a ba nou opòtinite pou nou retounen jwenn Li. Opòtinite sa yo enkli priyè chak jou, etid ekriti, òdonans sentsèn nan, jou Saba a, ak adorasyon nan tanp. E si nou ta retire opòtinite sakre sa yo nan lis “bagay pou nou fè” yo epi mete yo nan lis “bagay pou nou pa fè”— ki vledi pou nou apwoche yo avèk menm atansyon ak fokis Sè Wada abòde kaligrafi l la?

Ou gen dwa ap panse, “Mwen pa gen tan pou sa.” Mwen souvan santi menm bagay la tou. Men, kite m sigjere ke sa nou petèt bezwen se pa nesesèman plis tan men plis konsyans ak fokis sou Bondye pandan moman nou deja mete apa pou Li yo.

Paregzanp, lè n ap priye, e si nou ta pase mwens tan ap pale epi plis tan pou nou senpleman avèk Bondye; epi lè pou nou pale, pou nou bay plis ekspresyon gratitid ak lanmou sensè ak spesifik?

Prezidan Nelson konseye pou nou pa jis li ekriti yo men pou nou savoure yo. Ki diferans sa t ap fè si nou ta li mwens e savoure plis?

E si nou ta fè plis pase prepare lespri nou pou nou pran sentsèn e jwayezman medite sou benediksyon Ekspyasyon Jezikri a pandan òdonans sakre sa a?

Nan Saba a, ki an Ebre vledi “repo,” e si nou ta repoze anba lòt sousi nou yo epi pran tan pou nou chita trankilman avèk Senyè a pou nou ofri devosyon nou pou Li?

Pandan adorasyon nou nan tanp, e si, jan yo enstwi nou an, nou ta fè yon efò pi disipline ak pi konsantre pou pote atansyon oswa fè yon ti rete anplis nan sal selès la ap medite trankilman?

Lè fokis nou santre mwens sou fè aksyon e plis sou ranfòse koneksyon alyans nou avèk Papa nou ki nan Syèl la ak Jezikri, mwen temwaye ke chak nan moman sakre sa yo pral anrichi, epi n ap resevwa gidans nou bezwen nan lavi pèsonèl nou an. Nou menm tou, tankou Mat nan istwa Lik la, nou souvan “preyokipe ak twouble apwopo anpil bagay. ” Sepandan, si nou rete an kominyon avèk Senyè a chak jou, L ap ede nou konnen sa ki pi nesesè a.

Menm Sovè a te pran tan nan ministè L la pou l te ret trankil. Ekriti yo ranpli ak egzanp sou Senyè a ki ale nan yon andwa izole—yon montay, nan dezè a, yon kote dezè oubyen elwanye “yon ti kras plis”—pou L te priye Papa a. Si Jezikri te chèche moman trankil pou l te an kominyon avèk Bondye epi fòtifye pa Limenm, li t ap saj pou nou ta fè menm bagay la tou.

Pandan n ap konsantre kè nou ak lespri nou sou Papa nou ki nan Syèl la ak Jezikri epi koute ti vwa dous Sentespri a, n ap gen pi gwo klète sou sa ki pi nesesè yo, n ap devlope pi gwo konpasyon, epi n ap jwenn repo ak fòs nan Li. Paradoksalman, ede Bondye akselere travay sali ak egzaltasyon L lan kapab mande pou nou ralanti. Si nou toujou an mouvman, sa ka ajoute sou ajitasyon nan lavi nou yo epi anpeche nou jwenn lapè n ap chèche a.

Mwen temwaye ke si nou retounen souvan al jwenn Senyè a avèk yon kè byen dispoze, nan trankilite ak konfyans n ap ka vin konnen Li epi santi lanmou enfini Li pou nou.

Senyè a pwomèt:

“Pwoche kote m epi m ap pwoche kote nou; chèche m avèk dilijans epi n ap jwenn mwen.”

“Epi n ap chèche m, epi n ap jwenn mwen, lè n ap chèche m ak tout kè nou.”

Mwen temwanye ke pwomès sa a se verite. Nan non Jezikri, amèn.

Nòt

  1. Gade Etè 2:14–15.

  2. Ezayi 30:15–16; italik ajoute.

  3. 2 Nefi 10:24 envite nou pou nou re-kon-silye volonte nou avèk volonte Bondye. “Re” vle di ankò, “kon” vle di avèk, epi “silye” a se yon chèz oswa yon twòn. Rekonsilye volonte nou avèk pa Bondye ka vledi pou nou literalman chita ankò avèk Bondye.

  4. Russell M. Nelson, “Rezève Tan pou Senyè a,” Liahona, Nov. 2021, 120.

  5. Russell M. Nelson, “Sa N ap Aprann epi Nou P ap Janm Bliye,” Liahona, Me 2021, 80.

  6. Russell M. Nelson, “Sa N ap Aprann epi Nou P ap Janm Bliye,” 80.

  7. David A. Bednar, “Be Still, and Know That I Am God,” Liahona, Me 2024, 28.

  8. Gade Ebre 11:6.

  9. Lectures on Faith (1985), 72.

  10. Russell M. Nelson, “Atire Pouvwa Jezikri nan Lavi Nou,” Lyawona, Me 2017, 41.

  11. David O. McKay, “Consciousness of God: Supreme Goal of Life,” Improvement Era, Jen 1967, 80.

  12. Gade Doktrin ak Alyans 4:2.

  13. Gade Mozya 7:33; Etè 2:14.

  14. “Yon kè sen k ap fonksyone esansyèl pou sante ak byennèt nou chak. Men, sa m aprann kòm yon sèvitè ak temwen Jezikri sèke yon kè fizik an sante se sèlman mwatye defi nou. Mwen pran egzòtasyon pou nou renmen Bondye ak tout kè nou an oserye, paske renmen Li se sa k ki ap kenbe nou pou n rete dinamik” (Russell M. Nelson, The Heart of the Matter: What 100 Years of Living Have Taught Me [2023], 8; italik ajoute).

  15. Gade Som 14:2; Revelasyon 3:20.

  16. 3 Nefi 10:5; italik ajoute.

  17. Èldè Dale G. Renlund te anseye: “Chanje konpòtman epi retounen sou “wout dwat” la fè pati repantans, men se sèlman yon pati l ye. Repantans reyèl enkli tou yon vire kè nou ak volonte nou bay Bondye ak yon renonsyasyon de peche” (“Repantans: Yon Chwa Jwaye,” Liahona, Nov. 2016, 121; italik ajoute).

  18. 3 Nefi 10:6; italik ajoute.

  19. Èldè Neal A. Maxwell te anseye, “Yon pi gwo konsekrasyon se pa sitèlman yon demand pou plis èdtan travay nan Legliz la ke yon pi gwo konsyans de sa travay sa a reyèlman ye!” (“Prenez dans votre coeur la résolution,” Ensign, Nov. 1992, 67).

  20. Pandan l t ap kòmante sou kijan priyè l yo evolye avèk letan, Desmond Tutu te deklare: “Mwen panse [ke m ap] eseye grandi, nan jis la a sèlman. Se tankou lè w chita devan yon chemine an ivè—ou jis chita devan dife a. Ou pa bezwen entelijan ni fè anyen. Dife a ap chofe ou” (“Desmond Tutu, Insisting We Are ‘Made for Goodness’” [NPR interview by Renee Montagne, Mas. 11, 2010], npr.org).

  21. Gade Russell M. Nelson, “Panse Selès!,” Lyawona, Nov. 2023, 117–19.

  22. Gade Russell M. Nelson, “Viv Selon Gidans Ektiti yo,” Liahona, Jan. 2001, 19–22; gade tou Russell M. Nelson, “Repons la Se Toujou Jezikri,” Liahona, Me 2023, 127–28.

  23. Gade 3 Nefi 17:3. Prezidan David O. McKay te deklare:

    “Mwen kwè ke ti peryòd kout benediksyon Sentsèn nan se youn nan meyè opòtinite nou genyen pou meditasyon sa a, epi pa gen anyen pandan peryòd sakre sa a ki ta dwe distrè atansyon nou sou objektif òdonans sa. …

    “Mwen rekòmande grandman ke òdonans sakre sa a antoure avèk plis reverans, avèk lòd pafè; pou nou chak ki vini nan kay Bondye a ka medite epi an silans e nan lapriyè eksprime apresyasyon nou pou bonte Bondye. … Se pou lè Sentsèn nan vin yon eksperyans jounen an kote moun ki ap adore a eseye omwen reyalize nan limenm ke l posib pou li an kominyon avèk Bondye l la” (“Consciousness of God: Supreme Goal of Life,” Improvement Era, Jen 1967, 80–81).

  24. Gade Doktrin ak Alyans 59:10.

  25. “Lè w pote rekòmandasyon tanp ou, yon kè kontri, ak yon espri rechèch nan kay aprantisaj Senyè a, Li ap anseye ou”“Tanp Lan ak Fondasyon Spirityèl Nou,” Liahona, Nov. 2021, 95).

  26. “L ap dirije ak gide ou nan lavi pèsonèl ou si w fè tan pou Li nan lavi ou—chak grenn jou” (Russell M. Nelson, “Fè Tan pou Senyè a,” 121).

  27. Gade Lik 10:40–42.

  28. 3 Nephi 19:19; gade tou Tradiksyon Joseph Smith, Matye 4:1 (in Matye 4:1, referans a); Matye 5:1; 14:13, 23; Mak 1:35; 6:46; Lik 5:16; 6:12.

  29. Gade 3 Nefi 21:29.

  30. Doktrin ak Alyans 88:63.

  31. Jeremi 29:13; gade tou Lamentasyon 3:25.