Pawòl Kris yo ak Sentespri a Ap Mennen Nou nan Laverite
Konnen plan enkwayab sa a ap ede nou konnen ke nou se pitit Bondye epi nou ka vin menmjan avèk Li.
Bondye se Papa nou ki nan Syèl la. Nou se pitit lespri Li, epi nou kreye daprè imaj Li. Se poutèt sa, nou chak, kòm yon pitit Bondye, genyen potansyèl divin pou nou vin menmjan avèk Li.
Nou te viv avèk Li kòm espri anvan nou te vin sou tè a. Papa nou ki nan Syèl la, antanke paran lespri nou, renmen nou, Li vle sa k pi bon pou nou, epi L prepare yon plan pou nou resevwa pi gwo benediksyon L yo, ki se imòtalite ak lavi etènèl. Selon plan an, noumenm, kòm pitit lespri, t ap resevwa libète pou nou chwazi plan Li a. Lè nou vini sou tè a, nou t ap kite prezans Bondye, bliye lavi premòtèl nou an, resevwa kò lachè ak zo, akeri pwòp eksperyans pa nou, epi devlope lafwa. Avèk kò lachè ak zo nou an, antanke lòm natirèl, nou t ap sikonbe anba tantasyon, vin enpur epi elwanye de Bondye, epi nou p a t ap kapab retounen nan prezans sakre Li. Akoz lanmou enfini Papa nou ki nan Syèl la pou nou, Li te voye Pitit Gason Premyene L la, Jezikri, pou te vin Sovè nou. Atravè sakrifis Li a, Ekspyasyon an, Jezikri te rann posib pou nou te rachte anba peche nou yo epi vin resisite e resevwa lavi etènèl.
Mwen ekstrèmman rekonesan pou verite gloriye sa yo—ke nou rele plan sali Papa a, Plan mizèrikòd Li, oswa gran plan bonè Li. Aprann verite enpòtan sa yo te ede m konnen vrè idantite mwen ak gwo benediksyon egzaltasyon ak lavi etènèl Bondye prepare pou nou an. Jan pwofèt Nefi te ansenye nou, “Se poutèt sa, … fè yon festen ak pawòl Kris yo; paske gade, pawòl Kris yo pral di nou tout bagay nou dwe fè.” Li te ajoute, “Si nou antre nan chemen an, e nou resevwa Sentespri a, l ap montre nou tout bagay nou dwe fè.” Jodia, mwen ta renmen pataje kijan pawòl Kris yo ak pawòl Sentespri a te ede m jwenn verite enpòtan sa yo nan kòmansman adolesans mwen.
Pawòl Kris yo Pral Di Nou Tout Bagay Nou Dwe Fè
Menmjan Nefi te deklare nan vèsè entwodiksyon liv 1 Nefi a, mwenmen tou mwen “gen bon paran.” Mwen te grandi nan Nagano, Japon, nan yon fwaye kote yo te grandman ankouraje onètete, dilijans, ak imilite, epi konfòmite nan ansyen koutim yo te strik. Papa m sete yon moun trè relijye. Mwen te konn gade li k ap priye devan otèl Shintoistes ak bouddhistes yo chak maten ak chak swa. Malgre ke m pa t gen okenn ide sou kiyès li t ap priye ak poukisa li t ap priye, mwen te gen kwayans ke gen yon pouvwa oswa Bondye envizib ki t ap “puisan pou sove” oubyen ede nou si nou te priye sensèman.
Tankou lòt adolesan yo, mwen te fè eksperyans anpil eprèv. M te gen difikilte, pandan m t ap panse ke lavi a pa t jis epi li te gen anpil monte desann. Mwen te santi m pèdi paske m pa t gen yon sans direksyon nan lavi mwen. Lavi te sanble l si pasaje paske li t ap fini lè nou mouri. Lavi san konnen plan sali a te plen konfizyon pou mwen.
Yon ti tan apre m te kòmanse aprann Anglè nan segondè, tout etidyan yo nan lekòl nou an te resevwa yon kopi Nouvo Testaman an. Malgre nou te apèn kòmanse etid nou sou Anglè, pwofesè nou an te di nou ta dwe li Anglè pou nou ka etidye l. Mwen te ouvri li, epi m te gade sa k te ladan l. Pawòl nan Nouvo Testaman yo te ekstrèmman difisil pou mwen. Mo an Japonè yo te egalman difisil tou. Sepandan, mwen te atire pa yon lis kesyon pwofon ke yo te enkli jis anvan tèks biblik la nan Bib Gideon an—kesyon sou santiman solitid, konfizyon, eprèv lavi, eksetera. Chak eleman yo sou lis la te suiv pa yon referans a vèsè ak paj nan Nouvo Testaman an. Mwen te espesyalman atire pa kesyon “Lè nou fatige.” a. Referans lan te pouse m louvri Matye 11: 28–30, kote Jezi te di disip Li yo:
“Vin jwenn mwen, nou tout ki bouke, nou tout ki anba chay, ma soulaje nou.
“Pran jouk mwen, mete l sou zepòl nou. Pran leson nan men mwen. Paske mwen dou, mwen toujou soumèt mwen tout bon devan Bondye. Konsa, na viv ak kè poze.
“Paske jouk mwen fasil, epi chay m ap ba nou an pa lou.”
Sa sete premye vèsè mwen sonje m te li pawòl Jezikri yo. Malgre mwen pa t konprann tout pawòl Li te di yo, pawòl Li yo te rekonfòte m, edifye nanm mwen, e ban m lespwa. Plis mwen t ap li pawòl Li yo, se plis mwen te santi ke m ta dwe eseye vèti pawòl Li yo Mwen pa t janm te konn santi sa m te santi nan jou sa a. Mwen te santi ke yo renmen mwen. Mwen te santi ke Jezikri sete yon moun mwen te konnen.
Pandan m t ap kontinye etidye, mwen te santi kòmsi Li t ap pale avèk mwen dirèkteman lè L te di: “Benediksyon pou moun ki anvi viv jan Bondye vle l la, paske Bondye va ba yo sa yo vle a.”
Pawòl Li yo te ranpli kè m malgre m pa ta ka byen dekri sa m te santi yo nan moman sa a. Byenke Jezikri te viv anpil syèk anvan sa nan yon peyi ki pa t familye pou mwen, mwen te panse ke m te ka fè pawòl Li yo konfyans ak tout kè m. Mwen te espere ke yon jou nan lefiti mwen ta ka aprann plis osijè Jezikri.
Sentespri a Ap Montre Ou Tout Bagay Ou Ta Dwe Fè
Jou sa a te rive sèlman apre kèlke ane. Mwen te rankontre de jèn misyonè aplentan Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo. Epi vit apre, mwen te rankontre yon ti gwoup Sen Dènye Jou janti ak jwaye, ki t ap efòse suiv Jezikri. Byenke sa te pran m yon ti tan pou m te kwè yo totalman, mwen te vin wè nan levanjil retabli a sa m te anvi jwenn lè m t ap etidye Nouvo Testaman an—pawòl Jezikri yo ak lesperans ek lapè ki soti nan yo.
Yon eksperyans patikilyèman sakre sete lè misyonè yo te anseye m pou m priye. Mwen te aprann ke m te dwe adrese Bondye pa non Li. Lè n ap priye, nou dwe pale sa k soti nan kè nou, eksprime gratitid nou, e pataje esperans ak dezi nou yo. Lè nou fin di tout sa nou te vle di, nou fini priyè nou an ak pawòl sa yo, “Nan non Jezikri, amèn.” Nou fè sa paske Jezi te kòmande nou pou nou priye nan non Li. Priye Papa nou ki nan Syèl la te ede m konnen kiyès Li ye ak relasyon m avèk Li—ke m sete pitit gason lespri byeneme Li. Mwen te aprann ke, paske Papa nou ki nan Syèl la konnen m e renmen mwen, Li t ap pale avèk mwen pèsonèlman, inikman, epi nan fason nou konprann atravè Sentespri a.
Te gen yon lè kote m pa t ka vrèman rekonèt Sentespri a. Mwen te mal konprann, pansan ke tout sa m te dwe fè sete suiv etap lapriyè yo epi yon bagay dramatik t ap rive. Yon jou, pandan yon leson avèk misyonè yo, mwen te kite leson an pou m te pran yon poz. Mwen te ankò gen konfizyon apwopo sa m ta pral fè ak lavi mwen si levanjil retabli Jezikri a te reyèlman vrè.
Pandan m ta pral retounen nan sal kote misyonè yo t ap tann nan, mwen te tande vwa youn nan misyonè yo. Mwen te tande non mwen. Olye ke m te ouvri pòt la, mwen te koute vwa a sou lòtbò pòt la. M te sezi. Yo t ap senpleman priye Papa nou ki nan Syèl la. Sa ki t ap fè priyè a t ap sipliye Bondye pou L te reponn priyè mwen. Malgre Japonè li pa t twò klè, tande priyè sensè l la te adousi kè mwen. Mwen te mande tèt mwen poukisa yo te si sousye pou mwen konsa. Lè sa a, mwen te reyalize ke priyè yo pou mwen an sete yon reflè lanmou Pè Selès la ak Sovè a pou mwen. Lanmou sa a te ban m lespwa epi, nan apre, mwen te mande Bondye nan lafwa epi avèk entansyon reyèl. Lè m te fè sa, mwen te santi yon santiman lajwa ak lapè ki te fè m konnen ke m sete vrèman yon pitit Bondye, epi m te gen yon potansyèl ak yon destine diven. Plan sali a te penetre fon nan kè mwen.
Prezidan Nelson te di, “Fason ou panse de kiyès ou ye a gen efè sou … chak desizyon ou pral gen pou w pran.” Sa vrè anpil pou mwen. Desizyon pou suiv Sovè a, Jezikri, nan batize ak resevwa don Sentespri a te beni lavi m plis pase janm te janm imajine. Lè nou antre nan alyans batèm nan avèk Bondye, nou pwomèt ke nou dispoze pou pran non Jezikri sou tèt nou, kenbe kòmandman Bondye yo, ak sèvi Li pou rès lavi nou. Papa nou ki nan Syèl la pwomèt nou an retou ke nou ka toujou gen Lespri Li avèk nou—gidans kontinyèl nan men Sentespri a.
Mwen envite nou pou nou gen lafwa nan mesaj Nefi te anseye nou an—ke pawòl Kris yo ak Sentespri a ap montre nou “tout sa [nou] ta dwe fè.” Tout bagay! Sa se yon don enkwayab Bondye ba nou.
Frè m ak sè m yo, mwen rekonesan pou plan bonè Papa nou ki nan Syèl la. Paske Li renmen nou, Li prepare chemen pou nou retounen nan prezans li atravè Sèl Pitit Gason Literal Li a, Jezikri. Konnen plan enkwayab sa a ap ede nou konnen ke nou se pitit Bondye epi nou ka vin menmjan avèk Li. Mwen rekonesan pou verite enpòtan sa a. Mwen rann nou temwayaj ke pawòl Jezikri yo ak Sentespri a ap gide nou pou nou resevwa lavi etènèl. Mwen konnen bagay sa yo se verite. Nan non sakre Jezikri, amèn.