“Se Mwen Menm”
Charite Kris la—ki evidan nan lwayote konplèt pou volonte divin—te pèsiste epi kontinye pèsiste.
Sa se jou Saba a, epi nou rasanble pou pale de Kris la ak krisifiksyon Li. Mwen konnen Redanmtè m nan vivan.
Konsidere sèn sa a ki soti nan dènye semèn lavi mòtèl Jezi a. Yon foul moun te rasanble, enkli sòlda Women ki te ame avèk baton epi pote epe yo. Sou direksyon ofisye yo nan mitan chèf prèt yo ki te gen tòch nan men yo, ganizon deside sa a pa t an misyon pou konkeri yon vil. Jou swa sa a yo t ap chèche yon grenn gason, yon nonm pèsonn pa t konnen ki te pote yon zam, resevwa fòmasyon militè, oswa angaje nan konba fizik a okenn moman nan tout lavi Li.
Pandan sòlda yo t ap apwoche, Jezi, nan yon efò pou pwoteje disip Li yo, te avanse kote yo epi L te di, “Kimoun n ap chèche?” Yo te reponn, “Jezi de Nazarèt.” Jezi te di, “Se mwen menm. … Epi apre … lè li te fin di yo, Se mwen menm, yo te fè bak, epi tonbe plat atè.”
Pou mwenmenm, sa a se pasaj ki pi emouvan nan tout ekriti yo. Pami lòt bagay, li di m klèman ke jis antre nan prezans Pitit Gason Bondye a—gran Jewova a nan Ansyen Testaman an ak Bon Bèje a nan Nouvo a, ki pa pote okenn kalite zam—ke jis tande vwa Refij sa a nan mitan Tanpèt la, Prens Lapè sa a, te ase pou te pouse tout advèsè kouri fè bak, anpile yo pil sou pil epi fè tout gwoup la swete se nan yon kuizin yo te voye yo travay jou aswè sa a.
Kèk jou sèlman avansa, lè Li te antre nan vil la triyonfalman, “tout vil la te sou emosyon,” jan ekriti a di sa, ap mande, “Kimoun sa ye?” M ka kIèman imajine ke “Kimoun sa ye?” se kesyon sòlda sa yo t ap poze nan konfizyon yo lèsa a!
Repons la pou kesyon sa a pa tap kapab nan aparans Li, paske Ezayi te pwofetize prèske sèt syèk avansa ke “li pa t bèl gason, li pa t gen anyen nan li ki pou ta fè nou vire gade l. Li pa t sanble anyen ki ta ka fè nou kontan ret gade l.” Li sètènman pa t byen abiye ni gen anpil richès pèsonèl, anfèt Li pa t gen ni youn ni lòt. Li pa t ka soti nan okenn fòmasyon pwofesyonèl nan sinagòg lokal yo paske nou pa gen okenn evidans ke Li te janm etidye nan okenn nan yo, malgre lè L te jèn Li te lage gwo konfizyon nan mitan skrib ak avoka byen prepare yo, nan etone yo avèk doktrin Li a “kòm yon sous otorize.”
Soti nan anseye nan tanp lan rive nan antre triyonfal Li nan Jerizalèm ak arestasyon final, enjsitifye sa a, Jezi te regilyènman twouve l nan sitiyasyon difisil, souvan kalkile kote Li te toujou soti triyonfan—viktwa yo ki pa t ap gen okenn eksplikasyon eksepte ADN diven.
Men nan tout istwa anpil moun te senplifye, menm banalize imaj nou sou Li ak temwayaj de kiyès Li ye. Yo te redui entegrite Li a senp pridans, jistis Li a senp kòlè, mizerikòd Li a senp katblanch. Nou pa dwe koupab de de vèsyon senplis sa yo de Li ki fasilman inyore ansèyman yo nou ki rann nou malalèz. Kalite “banalizasyon” sa a te vrè menm nan sa ki gen te konsène karakteristik siprèm ki defini L lan, lanmou Li.
Pandan misyon L nan mòtalite a, Jezi te anseye ke genyen de gran kòmandman. Yo te anseye yo nan konferans sa a epi y ap kontinye anseye yo tout tan: “Renmen Senyè Bondye w la [ak] renmen pwochen w tankou tèt pa w.” Si nou gen pou n suiv Sovè a fidèlman nan de prensip krisyal e enseparableman lye sa yo, nou dwe akwoche n solidman ak sa Li an reyalite te di. Epi sa Li an reyalite te di sete, “Si nou renmen mwen, kenbe kòmandman mwen yo.” Nan menm aswè sa a, Li te di nou dwe “renmen youn lòt; jan m renmen nou an.”
Nan ekriti sa yo, fraz kalifikatif sa yo ki defini vrè lamou Kretyen an—ke yo pafwa rele charite a—absoliman esansyèl.
Kisa yo defini? Kijan Jezi te renmen?
Toudabò, Li te renmen avèk “tout kè [Li], pouvwa, panse ak fòs li,” sa ki ba Li kapasite pou geri doulè ki pi pwofon epi deklare verite ki pi difisil yo. An rezime, se Li ki t ap ka administre gras epi ensiste sou verite nan menm okazyon an. Jan Leyi te beni pitit gason li Jakòb la, “Redanmsyon vini nan e pa mwayen Mesi ki Sen an; paske li plen gras ak verite.” Lanmou li pèmèt yon akolad ankourajman lè sa nesesè epi yon koup amè lè nou dwe vale l. Donk nou eseye renmen—avèk tout kè, pouvwa, panse ak fòs nou—paske se fason sa a Li renmen nou.
Dezyèm karakteristik charite divin Jezi sete obeyisans Li pou chak pawòl ki te soti nan bouch Bondye, toujou aliyen volonte L ak konpòtman Li avèk volonte Papa Li ki nan Syèl la.
Lè Li te rive nan Emisfè Lwès la apre Rezirèksyon Li a, Kris la te di Nefit yo: “Gade, Mwen se Jezikri. … Mwen te bwè koup anmè sa a ke Papa a te ban mwen an, … konsa pou m te aksepte volonte Papa … depi nan kòmansman.”
Pami miryad fason Li te ka entwodui Tèt Li, Jezi te fè sa nan deklare obeyisans Li pou volonte Papa a—malgre ke pa lontan avan nan moman Li te plis gen bezwen an, Sèl Pitit Gason Byenneme Bondye a te santi li te totalman abandone pa Papa Li. Charite Kris la—ki evidan nan lwayote konplè li pou volonte divin lan—te pèsiste epi kontinye ap pèsiste, pa jis pandan jou bagay yo fasil ak konfòtab yo men espesyalman pandan jou pi sonb ak pi difisil yo.
Jezi sete “yon moun ki soufri anpil,” jan ekriti yo di a. Li te fè eksperyans tristès, fatig, desepsyon, ak solitid atwòs. Nan epòk sa yo e nan tout tan, lanmou Jezi pa fayi, ni lanmou Papa a nonplis. Avèk kalite lanmou plen matirite sa a—kalite ki bay egzanp, ki bay pouvwa, ak pataje—lanmou nou pa p fayi non plis.
Donk, si pafwa plis ou eseye, se plis bagay yo sanble vin pi difisil; si, nan moman w ap eseye travay sou limitasyon ak enpèfeksyon w yo, ou jwenn yon moun oubyen yon bagay ki detèmine pou defye lafwa ou; si, pandan w ap travay avèk devouman, ou toujou santi moman lakrent yo kouvri w, sonje ke se konsa li te ye pou kèk nan moun ki pi fidèl ak ekstraòdinè nan chak epòk listwa yo. Sonje tou ke genyen yon fòs nan inivè a ki detèmine pou opoze chak bon bagay ou eseye fè.
Donk, nan tan abondans oubyen nan povrete tou, nan moman louwanj an prive oubyen kritik anpiblik tou, devan eleman diven yo nan Retablisman an oubyen ti feblès imen yo tou ki pral inevitableman vini avèk li, nou rete sou wout la avèk vrè Legliz Kris la. Poukisa? Paske tankou Redanmtè nou an, nou te anwole pou tout semès la—pa pou fini avèk premye tibout tès entwodiksyon an men pou ale jis nan egzamen final la. Lajwa nan sa a sèke Direktè a te ba nou aksè nan repons pou tout kesyon yo depi avan nou kòmanse klas la. Anplis, nou gen yon kantite pwofesè k ap raple nou repons sa yo nan chak arè regilye yo sou wout la. Men, evidaman, anyen nan sa yo pa p mache byen si nou kontinye ap rate klas.
“Kiyès n ap chèche?” Avèk tout kè nou nou reponn, “Jezi de Nazarèt.” Lè Li di, “Se mwen menm,” nou flechi jenou nou epi konfese avèk lang nou ke Li se Kris vivan an, ke Li te volontèman ekspye pou peche nou yo, ke Li te pote n sou do menm lè nou te panse Li te abandone nou. Lè na kanpe devan Li epi nou wè blesi nan men L ak pye L ak bòkòt Li yo, nou pral kòmanse konprann kisa sa te vledi pou Li pote peche nou yo epi abitye ak soufrans, pou L ka konplètman obeyi vonlonte Papa Li—tout sa akòz lanmou pur Li pou nou. Pou prezante lòt moun lafwa, repantans, batèm, don Sentespri a, epi resevwa benediksyon nou yo nan kay Senyè a—sa yo se “prensip ak òdonans” fondamantal ki finalman revele lanmou nou pou Bondye ak pou pwochen nou epi ki jwayezman karakterize vrè Legliz Kris la.
Frè m ak sè m yo, mwen temwaye ke Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo se mwayen Bondye ofri pou egzaltasyon nou. Levanjil li anseye a vrè, epi prètriz ki ba l lejitimite a se pa yon fotokopi. Mwen temwaye ke Russell M. Nelson se yon pwofèt Bondye nou an, menm sa predesesè Li yo te ye ak sa siksesè Li yo pral ye. Epi yon jou enstriksyon pwofetik pral kondui yon jenerasyon pou l wè Mesaje Sali nou an desann tankou “zeklè … ki soti nan lès,” epi nou pral aklame, “Jezi de Nazarèt.” Avèk bra l gran louvri epi lanmou sensè, Li pral reponn, “Se mwenm menm.” Sa se pwomès mwen avèk pouvwa ak otorite apostolik la nan non sakre Li a, ki se Jezikri, amèn.